Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Inite kretyen yo genyen an bay Bondye glwa

Inite kretyen yo genyen an bay Bondye glwa

Inite kretyen yo genyen an bay Bondye glwa

“Fè gwo efò pou nou kenbe inite lespri a.” —EFE. 4:3.

1. Kòman kretyen nan premye syèk la ki te nan Efèz te bay Bondye glwa?

INITE ki te genyen pami kretyen yo, nan kongregasyon Efèz nan tan lontan an, te bay Jewova, vrè Dye a, glwa. Anndan vil rich sa a, kote yo te konn fè komès, sanble te gen kèk kretyen ki te rich e ki te posede esklav, alòske gen lòt se esklav yo te ye e petèt yo te pòv anpil (Efe. 6:5, 9). Kèk ladan yo se te Juif ki te aprann laverite pandan twa mwa apot Pòl te fè ap anseye nan sinagòg yo. Gen lòt ki te konn adore Atemis anvan sa e ki te konn pratike maji (Tra. 19:8, 19, 26). Li klè, vrè krisyanis la te atire moun tout kalite kilti e ki te soti tout kote. Pòl te rekonèt Jewova jwenn glwa grasa inite ki gen nan kongregasyon an. Men sa l te ekri: “Glwa pou li pa mwayen kongregasyon an.” —Efe. 3:21.

2. Ki sa ki te mete inite kretyen nan Efèz yo an danje?

2 Men, inite sa a Bondye te beni ki te egziste nan kongregasyon Efèz la te an danje. Pòl te avèti ansyen yo: “Gen yon seri mesye k ap leve nan mitan nou, y ap pale bagay kwochi pou yo rale disip yo vin suiv yo.” ​(Tra. 20:30). Epitou, gen kèk frè ki te gen lespri “k ap aji [...] nan moun ki dezobeyisan yo”, yon lespri k ap divize moun Pòl te avèti yo kont li. —Efe. 2:2; 4:22.

Yon lèt ki montre enpòtans inite genyen

3, 4. Kòman lèt Pòl te ekri Efezyen yo te mete aksan sou inite?

3 Pòl te rann li kont pou kretyen yo ta kontinye kowopere nan amoni youn ak lòt, yo chak ta dwe fè gwo efò pou yo gen inite. Bondye te enspire Pòl pou l ekri Efezyen yo. Inite se youn nan sijè enpòtan lèt sa a gen ladan l. Pa egzanp, Pòl te ekri sou objektif Bondye genyen pou l “reyini tout bagay ansanm ankò nan Kris”. (Efe. 1:10.) Li te pale tou de kretyen yo kòm diferan kalite wòch yo itilize pou bati yon kay. “Tout konstriksyon an, ki byen kole ansanm, ap grandi ann inyon avèk [Kris] pou l vin yon tanp sakre pou Jewova.” ​(Efe. 2:20, 21). Anplis de sa, Pòl te mete aksan sou inite ki te genyen ant kretyen ki te soti pami Juif yo ak kretyen ki te soti nan lòt nasyon yo e li te fè frè yo sonje tou se Bondye ki kreye yo tout. Li pale de Jewova kòm etan “Papa a, li menm ki pèmèt tout fanmi ki nan syèl la e ki sou tè a egziste”. —Efe. 3:5, 6, 14, 15.

4 Pandan n ap egzamine chapit 4 nan liv Efezyen an, nou pral wè poukisa sa mande efò pou nou gen inite, kòman Jewova ede nou pou nou ini e ki atitid k ap ede nou rete ini. Petèt li ta bon pou w li tout chapit sa a yon fason pou w pi byen tire pwofi nan etid la.

Poukisa sa mande anpil efò pou nou gen inite?

5. Sa k fè zanj Bondye yo rive sèvi l nan inite, men, sa k fè li ka pi difisil pou nou gen inite nan mitan nou?

5 Pòl te ankouraje frè Efèz yo pou yo ‘fè gwo efò pou yo kenbe inite lespri a’. (Efe. 4:3.) Pou nou ka konprann nesesite pou nou fè efò nan sans sa a, ann pran egzanp zanj yo. Pa gen de bagay ki gen vi ladan yo sou tè a ki egzakteman menm jan. Kidonk, nou ka kwè Jewova fè chak zanj diferan youn parapò ak lòt (Dàn. 7:10). Poutan, yo rive sèvi Jewova nan inite paske yo tout koute sa l di e yo fè volonte l. (Li Sòm 103:20, 21.) Alòske zanj fidèl yo gen diferan kalite, kretyen yo yo menm nonsèlman gen diferan kalite, men tou yo gen diferan defo. Sa ka fè li pi difisil pou yo ini.

6. Ki fason pou nou panse k ap ede nou jwenn plezi nan kowopere ak frè nou yo ki gen defo ki diferan ak pa nou yo?

6 Lè moun enpafè ap eseye kowopere youn ak lòt, li fasil pou yo gen pwoblèm. Pa egzanp, imajine yon frè ki gen tanperaman dou, ki anreta souvan k ap sèvi Jewova bò kote yon frè ki toujou alè, men ki fasil pou l fè kòlè. Yo chak ka santi konduit lòt la pa apwopriye pou yon kretyen, men yo ka bliye kèk aspè nan konduit pa yo ki pa apwopriye nonplis. Kòman de frè konsa ka rive sèvi Jewova nan inite? Note ki fason Pòl te ankouraje kretyen yo panse e ki parèt nan pawòl ki vin annapre yo. Apre sa, reflechi sou fason nou ka pèmèt gen inite lè nou fè efò pou nou panse menm jan an. Pòl te ekri: “M ap sipliye nou pou nou mache [...] avèk yon imilite ak yon dousè ki konplè, avèk pasyans, toutpandan youn ap sipòte lòt nan lanmou, e toutpandan n ap fè gwo efò pou nou kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a.” —Efe. 4:1-3.

7. Sa k fè li enpòtan anpil pou nou travay pou nou ini ak lòt kretyen yo ki enpafè?

7 Li enpòtan anpil pou nou aprann sèvi Bondye nan inite avèk moun ki enpafè menm jan ak nou paske se yon sèl gwoup vrè adoratè Bondye ki genyen. “Gen yon sèl kò, e gen yon sèl lespri, menm jan yo te rele nou pou nou vin gen yon sèl esperans. Gen yon sèl Seyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm. Gen yon sèl Bondye ki Papa nou tout.” ​(Efe. 4:4-6). Pou yon moun jwenn lespri Jewova ak benediksyon l, fòk li fè pati òganizasyon nou fòme antanke frè a, sèl òganizasyon Bondye ap itilize a. Menmsi yon moun nan kongregasyon an ta fè nou fache, ki kote nou gen pou n ale? Pa gen okenn lòt kote nou ka ale pou nou tande pawòl k ap fè nou jwenn lavi ki pap janm fini an. —Jan 6:68.

“Gason kòm kado” yo ede nou gen inite

8. Ki moun Kris itilize pou l ede nou kont enfliyans ki ka divize nou?

8 Pòl te itilize yon abitid ki te kouran pami sòlda nan tan lontan yo kòm egzanp pou l te montre kòman Jezi bay “gason kòm kado” pou ede kongregasyon an rete ini. Lè yon sòlda te genyen nan lagè, li te gen posiblite mennen yon prizonye lakay li antanke esklav pou ede madanm li fè travay nan kay la (Sòm 68:1, 12, 18). Menm jan an tou, viktwa Jezi sou monn nan te fè l jwenn yon pakèt esklav ki ofri tèt yo volontèman. (Li Efezyen 4:7, 8.) Kòman li te itilize moun sa yo li te pran kòm esklav yo? “Li bay kèk ladan yo kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm moun k ap evanjelize, kèk kòm bèje ak anseyan, pou redrese moun ki sen yo, pou fè travay ki gen rapò ak sèvis Bondye, pou konstriksyon kò Kris la, jiskaske nou tout nou rive fè yon sèl nan lafwa.”—Efe. 4:11-13.

9. a) Ki jan “gason kòm kado” yo ede nou rete ini? b) Poukisa chak manm nan kongregasyon an dwe kontribye pou gen inite ladan l?

9 Antanke bèje ki plen lanmou, “gason kòm kado” sa yo ede nou rete ini. Pa egzanp, si yon ansyen nan kongregasyon an wè de frè ki “nan konpetisyon youn ak lòt”, li kapab ba yo bonjan èd pou l kenbe kongregasyon an ini lè li ba yo konsèy an prive pou l ‘redrese yo avèk dousè’. (Gal. 5:26–6:1.) Antanke anseyan, “gason kòm kado” sa yo ede nou bati yon lafwa solid ki baze sou ansèyman Labib yo. Konsa, yo pèmèt nou rete ini e yo ede nou pwogrese epi vin moun ki gen matirite espirityèl. Pòl te ekri rezon ki fè sa enpòtan, lè l te di: “Konsa, nou pap tankou timoun ankò, pou n ap fè ale vini tankou se lanm lanmè k ap balanse nou, pou tout van ansèyman ap pote nou ale adwat agoch poutèt n al koute moun ki sèvi ak trik ak riz pou twonpe nou.” ​(Efe. 4:13, 14). Se nou chak antanke kretyen ki dwe kontribye pou kongregasyon entènasyonal nou fòme antanke frè a rete ini, menm jan chak manm nan kò nou jwe wòl pa l nan ede lòt manm yo jwenn sa yo gen bezwen. —Li Efezyen 4:15, 16.

Adopte nouvo atitid

10. Kòman konduit imoral kapab menase inite nou?

10 Nan chapit kat lèt Pòl te ekri frè Efèz yo, èske nou te remake, antanke kretyen ki gen matirite, lè nou montre nou gen lanmou, se kle pou nou gen inite nan kongregasyon an? Apre sa, li te montre sa lanmou gen ladan l. Youn nan bagay li mansyone, sèke pou yon moun suiv chemen lanmou an, sa mande pou l kouri pou fònikasyon ak konduit deregle. Pòl te konseye frè yo pou yo pa “kontinye mache menm jan nasyon yo ap mache”. Moun sa yo, pou “kesyon moralite a, yo pa gen sa menm ankò”, e “yo lage kò yo nan konduit deregle”. (Efe. 4:17-19.) Monn imoral n ap viv ladan l lan se yon menas pou inite nou an. Moun yo pran fònikasyon pou yon jwèt, yo chante sou sa, yo pran plezi gade li sou televizyon, e yo pratike fònikasyon swa ouvètman, swa an kachèt. Se sa k fè menm flète, yon pratik ki ka gen ladan l pran pòz nou renmen yon lòt moun san nou pa gen entansyon marye avè l, ka separe nou ak Jewova e li ka lakòz nou pèdi plas nou nan kongregasyon an. Poukisa? Paske li tèlman fasil pou sa mennen nan fònikasyon. Menm jan an tou, flète kapab fè yon moun marye komèt adiltè, sa ki ka lakòz separasyon ant timoun yo ak paran yo, epi lakòz konjwen inosan an pèdi konjwen li yon fason ki fè l mal. Sa klè bagay sa yo ka divize nou! Se pa san rezon Pòl te ekri: “Se pa yon moun konsa nou te aprann Kris te ye.”—Efe. 4:20, 21.

11. Ki chanjman Labib ankouraje kretyen yo fè?

11 Pòl te mete aksan sou enpòtans sa genyen pou nou abandone tout move fason moun panse ki ka pwovoke diskisyon oswa divizyon e pou nou kiltive atitid ki kapab ede nou viv byen ak lòt moun lè l te di: “Nou dwe voye ansyen pèsonalite a jete, pèsonalite ki ann akò ak konduit nou te genyen anvan an, e ki vin kòwonpi selon dezi li genyen ki chaje twonpri [...]; nou dwe kontinye renouvle mantalite k ap domine nan nou an, e nou dwe abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis ak vrè fidelite a mande.” ​(Efe. 4:22-24). Kòman nou kapab “renouvle mantalite k ap domine nan nou an”? Si nou medite ak anpil rekonesans sou Pawòl Bondye a e sou bèl egzanp kretyen ki gen matirite yo kite pou nou, nou kapab rive genyen nouvo pèsonalite a ki “te kreye selon volonte Bondye” a grasa efò n ap fè.

Chanje fason w pale

12. Lè yon moun di laverite, kòman sa kapab pèmèt gen inite, e poukisa li difisil pou kèk moun di laverite?

12 Pou moun ki nan menm fanmi oswa nan menm kongregasyon, se yon bagay ki trèzenpòtan pou youn di lòt laverite. Lè nou pale avèk franchiz youn ak lòt e nou demontre bonte nan fason nou pale youn ak lòt, sa ka fè nou vin pi pwòch (Jan 15:15). Men, ki sa k ka pase si yon moun ap bay frè l oswa sè l manti? Lè frè l la oswa sè l la vin wè sa, l ap kòmanse pèdi konfyans nan li. Nou ka konprann poukisa Pòl te ekri pawòl sa yo: “Se pou nou chak di pwochen nou laverite, paske nou se manm yon sèl kò.” ​(Efe. 4:25). Yon moun ki pran abitid bay manti, petèt li te kòmanse fè sa depi lè l te toupiti, li kapab twouve li difisil pou l kòmanse di laverite. Sepandan, si li fè efò pou l chanje, Jewova ap apresye sa e l ap ede l.

13. Ki sa sa mande pou yon moun sispann joure lòt moun?

13 Jewova anseye nou yon fason pou gen respè ak inite ni nan kongregasyon an ni nan fanmi nou lè l bay yon seri prensip byen klè sou fason nou dwe pale youn ak lòt. “Pa kite okenn pawòl pouri sot nan bouch nou [...]. Se pou nou retire tout kalite rankin malveyan lakay nou ansanm ak kòlè ak move san. Sispann rele sou moun, sispann joure moun e sispann fè kèlkeswa mechanste a.” ​(Efe. 4:29, 31). Youn nan fason pou nou evite di move pawòl se lè nou travay pou nou vin gen plis respè pou lòt moun. Pa egzanp, yon gason ki konn pale mal ak madanm li oswa ki konn joure l ta dwe fè efò pou l chanje fason li wè madanm li, lè l aprann fason Jewova trete medam yo avèk respè. Bondye menm chwazi kèk fi e li ba yo lespri sen l ak esperans pou y al dirije ak Kris kòm wa (Gal. 3:28; 1 Pyè 3:7). Menm jan an tou, yon madanm ki abitye rele sou mari l ta dwe fè efò pou l chanje lè l aprann kòman Jezi te kontwole tèt li lè yo te konn chèche fè l fache. —1 Pyè 2:21-23.

14. Poukisa gen danje lè yon moun pa kontwole kòlè l?

14 Lè yon moun pa metrize kòlè l, sa kapab fè l joure lòt moun e sa ka lakòz divizyon nan mitan moun ki gen bon relasyon youn ak lòt. Kòlè tankou dife. Li fasil pou yon moun pa ka kontwole l, sa ki ka lakòz gwo pwoblèm (Pwo. 29:22). Yon moun ki gen tout rezon pou l montre l pa kontan akoz bagay yo fè l ki fè l fache dwe bat pou l kontwole kòlè li yon fason pou l pa kraze bon relasyon li genyen ak lòt moun. Kretyen yo bezwen fè tout efò yo pou yo padone lòt moun, pou yo pa kenbe rankin nan kè yo e pou yo sispann pale sou dezakò yo te gen ak lòt moun (Sòm 37:8; 103:8, 9; Pwo. 17:9). Pòl te bay kretyen Efèz yo konsèy sa a: “Menmsi nou an kòlè, pinga nou peche. Pa kite solèy la kouche sou nou tou an kòlè, e pa kite jwen pou Dyab la.” ​(Efe. 4:26, 27). Si yon moun pa rive kontwole kòlè l, se yon okazyon li bay Dyab la pou l simen divizyon nan kongregasyon an e pou l mete hinghang ladan l.

15. Ki konsekans sa ka genyen si yon kretyen ta pran sa ki pa pou li?

15 Lè nou montre nou gen respè pou sa lòt moun posede, sa fè gen inite nan kongregasyon an. Men sa nou li: “Se pou moun k ap vòlè a sispann vòlè.” ​(Efe. 4:28). Moun ki fè pati pèp Jewova a santi yo gen konfyans youn nan lòt. Si yon kretyen abize konfyans sa a lè l pran sa k pa pou li, li t ap kraze bèl inite sa a.

Lanmou nou gen pou Bondye ini nou

16. Kòman nou kapab di pawòl ki ka fòtifye moun pou nou ranfòse inite nou an?

16 Kongregasyon an ini paske lanmou nou gen pou Jewova pouse nou trete frè nou yo avèk lanmou. Piske Jewova montre bonte anvè nou e nou rekonesan pou sa, sa pouse nou fè anpil efò pou nou aplike konsèy sa a: “Sèl pawòl ki dwe sot nan bouch nou se pawòl ki bon pou fòtifye moun lè sa nesesè, yon fason pou pawòl sa a pote sa ki bon pou moun ki tande l yo. [...] Se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen konpasyon ak tandrès, se pou youn padone lòt ak tout kè l, menm jan Bondye padone nou ak tout kè l [...] grasa Kris.” ​(Efe. 4:29, 32). Jewova bon anvè nou piske li padone enpèfeksyon nou. Èske nou pa ta dwe padone lòt moun tou lè enpèfeksyon yo fè yo aji mal ak nou?

17. Poukisa nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou rete ini?

17 Inite ki gen nan mitan pèp Jewova a bay Jewova glwa. Lespri Jewova dirije nou divès fason pou nou ka rete ini. Se sèten, li pa tap bon pou nou reziste kont enfliyans lespri sa a. Men sa Pòl te ekri: “Pa fè lespri sen Bondye lapenn.” ​(Efe. 4:30). Inite nou genyen an se yon trezò ki merite pou nou pwoteje l. Tout moun k ap viv nan inite sa a gen lajwa; e inite sa a glorifye Jewova. “Kidonk, se pou nou imite Bondye, antanke pitit li renmen, e se pou nou kontinye mache nan lanmou.” —Efe. 5:1, 2.

Ki repons nou ta bay?

• Ki atitid kretyen yo bezwen genyen pou gen inite nan mitan yo?

• Ki jan konduit nou kapab pèmèt gen inite nan kongregasyon an?

• Ki jan pawòl nou kapab ede nou jwenn plezi nan kowopere youn ak lòt?

[Kesyon]

[Foto nan paj 17]

Moun ki soti tout kote e ki gen kilti diferan ap viv nan inite.

[Foto nan paj 18]

Èske w konprann tout danje ki genyen lè yon moun ap flète?