Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Sèl Gid nou genyen, se Kris”

“Sèl Gid nou genyen, se Kris”

“Sèl Gid nou genyen, se Kris”

“Pa kite yo rele nou gid, paske sèl Gid nou genyen, se Kris.” —MAT. 23:9, 10.

1. Kiyès Temwen Jewova yo rekonèt kòm Gid yo, e poukisa?

LEGLIZ lakretyente yo gen moun yo konsidere kòm chèf yo, tankou pap la ki nan vil Wòm, patriyach ak dirijan nan Legliz òtodòks ki nan lès yo ansanm ak lòt chèf relijye ankò. Temwen Jewova yo yo menm pa konsidere okenn imen kòm chèf yo. Yo pa disip okenn moun sou tè a. Sa ann amoni ak sa Jewova te di nan yon pwofesi konsènan Pitit Ii a. Li te di: “Gade. Mwen te fè l chèf pou l te kòmande nasyon yo. Mwen te fè l sèvi m temwen nan mitan yo.” ​(Iza. 55:4). Kongregasyon entènasyonal nou an ki gen ladan l kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la ansanm ak konpayon yo, “lòt mouton” yo, pa aksepte okenn lòt moun kòm chèf yo, eksepte chèf Jewova ba yo a (Jan 10:16). Yo dakò ak sa Jezi te di a: “Sèl Gid nou genyen, se Kris.” —Mat. 23:10.

Zanj ki te chèf pèp Izrayèl la

2, 3. Ki aksyon Pitit Bondye a te fè ann Izrayèl?

2 Plizyè syèk anvan kongregasyon kretyen an te fòme, Jewova te gen yon zanj ki t ap gide Izrayèl, pèp li a. Apre Jewova te kondui Izrayelit yo pou yo soti nan peyi Ejip, li te di yo: “M’ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou pou pwoteje nou sou wout la, pou l fè nou rive san danje kote mwen pare pou nou an. Veye kò nou devan li. Koute sa l’ap di nou. Pa kenbe tèt avè l. Si nou fè sa, li p’ap padonnen nou sa paske se nan non mwen l’ap fè tou sa l’ap fè a.” ​(Egz. 23:20, 21). Gen rezon pou nou kwè zanj sa a ki ‘t’ap fè tout sa li t’ap fè nan non [Jewova] a’ se te premye Pitit li a.

3 Anvan li te fèt antanke yon òm sou tè a, sanble non Pitit Jewova a se te Mikayèl. Nan liv Dànyèl la, yo di li se zanj ki “chèf pèp [Dànyèl] la”, sa vle di pèp Izrayèl la (Dàn. 10:21). Jid, yon disip nan premye syèk la, montre Mikayèl te jwe yon wòl nan zafè pèp Izrayèl la lontan anvan epòk Dànyèl la. Apre Moyiz te fin mouri, sanble Satan te vle itilize kò Moyiz nan enterè pa l yon fason kèlkonk. Petèt li te vle sèvi ak kò a pou l fè Izrayelit yo tonbe nan idolatri. Mikayèl te anpeche sa fèt. Men sa Jid di: “Lè Mikayèl, akanj lan, te gen yon dezakò avèk Dyab la, e yo t ap diskite konsènan kò Moyiz, li pa t oze joure Dyab la pou l kondane l, men li te di l: ‘Se pou Jewova reprimande w.’” ​(Jid 9). Yon ti tan annapre, anvan Izaryelit yo te antoure vil Jeriko, sandout se Mikayèl, “kòmandan an chèf lame Senyè a”, ki te parèt bò kote Jozye pou l ba l asirans Bondye avèk li. (Li Jozye 5:13-15.) Lè yon demon te eseye anpeche yon zanj Bondye pote yon mesaj enpòtan bay pwofèt Dànyèl, Mikayèl, akanj lan, t al ede zanj sa a. —Dàn. 10:5-7, 12-14.

Chèf yo te pwomèt la vini

4. Ki pwofesi Bondye te bay konsènan moman Mesi a te gen pou l vini an?

4 Anvan evènman nou sot mansyone nan paragraf anvan an, Jewova te voye zanj Gabriyèl bò kote pwofèt Dànyèl pou l ba l yon pwofesi konsènan ki lè “chèf Bondye chwazi a” te gen pou l vini (Dàn. 9:21-25) *. Nan otòn ane 29 epòk nou an, nan moman egzak Bondye te anonse a, Jan te batize Jezi. Nan moman sa a, Jezi te resevwa lespri sen, sa ki te fè l vin Moun Bondye chwazi a, Kris la oswa Mesi a (Mat. 3:13-17; Jan 1:29-34; Gal. 4:4). Antanke Moun Bondye chwazi a, li t ap gen pou l vin yon Chèf san parèy.

5. Ki jan Jezi te montre nan ministè l sou tè a li se yon Gid?

5 Depi nan kòmansman ministè Jezi sou tè a, li te montre li se “chèf Bondye chwazi a”. Nan espas kèk jou sèlman, li te kòmanse fè disip e li te fè premye mirak li (Jan 1:35–2:11). Disip Jezi yo te vwayaje avè l nan kat kwen peyi a ap preche bon nouvèl Wayòm nan (Lik 8:1). Li te fòme yo nan travay predikasyon an e li te pran latèt nan preche ak anseye. Konsa, li kite yon bèl egzanp pou nou (Lik 9:1-6). Ansyen yo dwe imite Jezi nan sans sa a jodi a.

6. Ki jan Jezi te montre li se yon Bèje e li se yon Gid?

6 Jezi te montre yon lòt aspè nan li antanke Gid lè l te konpare tèt li ak yon bèje ki gen lanmou. Nan zòn Oryan, bèje yo dirije twoupo yo vrèmanvre. Men sa W. M. Thompson ekri nan yon liv ki pale de bèje nan zòn sa a (The Land and the Book): “Bèje a pran devan, pa senpleman pou l montre chemen an, men pou l wè si chemen an an bon eta e si pa gen danje sou li [...]. Avèk baton li nan men l, li dirije twoupo a e li gide l pou l mennen l nan patiraj kote gen zèb vèt, e li defann li kont ènmi l yo.” Pou Jezi te montre li se yon vrè Bèje e yon vrè Gid, li te di: “Mwen se bon bèje a. Bon bèje a bay lavi l pou mouton yo. Mouton m yo koute vwa m, mwen konnen yo, e yo suiv mwen.” ​(Jan 10:11, 27). Vrèmanvre, Jan Jezi te di sa, li te mouri pou mouton l yo lè li te bay tèt li kòm sakrifis, men Jewova “leve l [...] kòm Dirijan prensipal e kòm Sovè”. —Tra. 5:31; Ebre 13:20.

Siveyan kongregasyon kretyen an

7. Grasa ki sa Jezi ap gide kongregasyon an?

7 Yon ti tan apre rezirèksyon Jezi, anvan li te monte nan syèl la, men sa li te di disip li yo: “Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a.” ​(Mat. 28:18). Jewova te fè Jezi bay disip li yo lespri sen l pou yo te ka kenbe fèm nan laverite (Jan 15:26). Jezi te vide lespri sa a sou premye kretyen yo nan Pannkòt ane 33 epòk nou an (Tra. 2:33). Se konsa kongregasyon kretyen an te vin fonde. Jewova te bay Pitit li a dwa, kote li ye nan syèl la, pou l dirije kongregasyon an sou tè a. (Li Efezyen 1:22; Kolosyen 1:13, 18.) Jezi gide kongregasyon kretyen an grasa lespri sen Jewova, e li gen zanj k ap sèvi li ki “soumèt devan l”. —1 Pyè 3:22.

8. Nan premye syèk la, ak ki gwoup moun Jezi te sèvi pou l dirije disip li yo, e ki gwoup moun li itilize jodi a?

8 Grasa lespri sen tou, Jezi bay “gason kòm kado”. Genyen nan yo ki sèvi “kòm bèje ak anseyan” anndan kongregasyon an (Efe. 4:8, 11). Men konsèy Pòl bay siveyan yo nan kongregasyon an: “Veye sou tèt nou, e veye sou tout twoupo lespri sen etabli nou siveyan sou li a, pou nou ka pran swen kongregasyon Bondye a.” ​(Tra. 20:28). Lè kongregasyon kretyen an te fèk fòme, tout siveyan yo se te gason Bondye te chwazi ak lespri sen l. Apot yo ak ansyen nan kongregasyon ki te nan Jerizalèm nan te fòme kolèj santral la. Kris te sèvi ak kolèj santral sa a pou l dirije tout “frè” l yo ki te sou tè a Bondye te chwazi ak lespri sen l (Ebre 2:11; Tra. 16:4, 5). Nan dènye jou sa yo, Kris konfye “esklav fidèl ki prevwayan an” ak Kolèj santral li a “tout byen l yo”, sa vle di tout sa k sou tè a ki pou Wayòm nan. Kolèj santral la fòme ak yon gwoup gason ki fè pati kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la (Mat. 24:45-47). Kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la ansanm ak lòt mouton yo, ki se konpayon yo, konnen lè yo suiv direksyon Kolèj santral la nan epòk nou an, se Gid yo a, Kris, yo suiv.

Kris te kòmanse travay predikasyon an

9, 10. Ki jan Kris te fè gaye bon nouvèl Wayòm nan?

9 Depi okòmansman, Jezi te dirije travay predikasyon an ak travay ansèyman an pèsonèlman. Li te fè konnen nan ki lòd yo ta dwe preche moun sou tè a bon nouvèl Wayòm nan. Pandan ministè li, li te bay apot li yo enstriksyon sa a: “Pa al kot moun ki nan nasyon yo, e pa antre nan yon vil samariten. Men okontrè, ale sèlman kot mouton ki pèdi ki fè pati pèp Izrayèl la. Toutpandan nou prale, preche. Men sa pou nou di: ‘Wayòm syèl la vin pi pre.’” ​(Mat. 10:5-7). Apot yo te fè sa avèk zèl ni pami Juif yo ni pami pwozelit yo, sitou apre Pannkòt ane 33 epòk nou an. —Tra. 2:4, 5, 10, 11; 5:42; 6:7.

10 Annapre, grasa lespri sen, Jezi te etann travay predikasyon Wayòm nan. Disip yo te kapab preche Samariten ak lòt moun ki pa t Juif (Tra. 8:5, 6, 14-17; 10:19-22, 44, 45). Nan entansyon pou Jezi te gaye bon nouvèl la nan nasyon yo, li te aji pèsonèlman pou l pouse Sòl, moun Tas, vin yon kretyen. Men enstriksyon Jezi te bay Anànyas, yon disip li: “Leve, al nan ri yo rele ri Dwat la, al lakay Jida, mande pou yon mesye yo rele Sòl, moun Tas. [...] Ou mèt ale, paske mesye sa a se yon enstriman mwen chwazi pou pote non m devan moun nasyon yo, devan wa e devan pitit Izrayèl yo.” ​(Tra. 9:3-6, 10, 11, 15). “Mesye sa a” te vin tounen apot Pòl. —1 Tim. 2:7.

11. Ki jan Jezi te itilize lespri sen pou l etann travay predikasyon an?

11 Lè moman an te rive pou travay predikasyon Wayòm nan te fèt nan lòt nasyon yo, Bondye te dirije Pòl pou l al fè vwayaj misyonè nan Azi Minè e ann Ewòp. Men sa nou li nan Evanjil Lik la: “Etan yo [pwofèt kretyen yo ansanm ak anseyan ki te gen nan kongregasyon Antyòch ki nan peyi Siri a] te nan sèvis Jewova e yo t ap fè jèn, lespri sen di: ‘Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen kounye a, pou travay mwen te rele yo pou yo fè a.’ Lè sa a, yo fè jèn, yo priye, yo poze men yo sou mesye yo, apre sa, yo kite yo ale.” ​(Tra. 13:2, 3). Jezi te rele Sòl, moun Tas, pèsonèlman pou l vin “enstriman” pa l li te “chwazi” pou fè moun nasyon yo konnen non l. Kidonk, kout pous sa a nan travay la, se Kris, Gid kongregasyon an, ki te bay li. Jezi te itilize lespri sen pou l dirije travay predikasyon an, e sa te parèt klè nan dezyèm vwayaj misyonè Pòl la. Bib la di pa mwayen lespri a, Jezi te gide Pòl ak konpayon ki t ap vwayaje avè l yo nan chwa yo t ap fè konsènan kote yo t aprale e li te fè yo konnen, nan yon vizyon, se ann Ewòp pou y ale. —Li Travay 16:6-10.

Fason Jezi gide kongregasyon l lan

12, 13. Ki jan liv Revelasyon an montre Kris ap veye avèk swen sou sa k ap pase nan chak kongregasyon?

12 Nan premye syèk la, Jezi te veye avèk swen sou sa ki t ap pase nan kongregasyon kretyen Bondye te chwazi pou y al nan syèl la te fòme a. Li te konnen trè byen nan ki kondisyon chak kongregasyon te ye nan domèn espirityèl. Sa parèt klè lè nou li chapit 2 ak chapit 3 liv Revelasyon an. Nan liv sa a, li site non sèt kongregasyon. Yo tout te ann Azi Minè (Rev. 1:11). Nou gen tout rezon pou nou kwè li te byen konnen tou nan ki kondisyon lòt kongregasyon disip li yo sou tè a te ye nan domèn espirityèl nan epòk sa a. —Li Revelasyon 2:23.

13 Jezi te felisite kèk nan kongregasyon yo pou andirans yo, fidèlite yo anba eprèv, paske yo te rete kole ak pawòl li e paske yo te rejte aposta yo (Rev. 2:2, 9, 13, 19; 3:8). Yon lòt bò, li te blame kèk kongregasyon yon fason fèm paske lanmou yo te gen pou li te rafredi e yo te tolere idolatri, fònikasyon ak sèk (Rev. 2:4, 14, 15, 20; 3:15, 16). Antanke yon siveyan k ap veye sou espirityalite kongregasyon yo avèk amou, men sa Jezi te di menm moun li te blame yon fason fèm yo: “Mwen reprimande tout moun mwen gen afeksyon pou yo, e mwen disipline yo. Kidonk, se pou w zele e se pou w repanti.” ​(Rev. 3:19). Byenke Jezi te nan syèl la, li t ap dirije kongregasyon ki te fòme ak disip li yo sou tè a grasa lespri sen. Nan fen mesaj li te voye bay kongregasyon sa yo, men sa li te di: “Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande sa lespri a di kongregasyon yo.” —Rev. 3:22.

14-16. a) Ki jan Jezi montre li se yon Chèf vanyan pou pèp Jewova a sou tè a? b) Ki sa ki rive lefètke Jezi “avèk” disip li yo “toulejou rive jis nan fen sistèm nan”? c) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

14 Nou te wè jan Mikayèl, sètadi Jezi, te montre li se yon Chèf vanyan antanke zanj ki te Chèf nasyon Izrayèl la. Annapre, Jezi te montre li se yon Gid ki gen kouraj e li se yon Bèje ki renmen disip li yo anpil. Pandan ministè l sou tè a, li te pran latèt nan travay preche bon nouvèl Wayòm nan. Apre rezirèksyon l, li te veye pou travay sa a etann li.

15 Grasa lespri sen, avèk letan, Jezi t apral etann travay predikasyon an sou tout tè a. Anvan Jezi te monte nan syèl la, men sa li te di disip li yo: “Nou pral resevwa pisans lè lespri sen vin sou nou, e nou pral sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” ​(Tra. 1:8; li 1 Pyè 1:12.) Anba direksyon Jezi Kris, gen yon kokennchenn travay temwayaj ki te fèt nan premye syèk la. —Kol. 1:23.

16 Men, Jezi te montre travay sa a t ap kontinye jis nan tan lafen an. Apre Jezi te fin bay disip li yo misyon pou yo preche nan tout nasyon, li te fè yo pwomès sa a: “Mwen avèk nou toulejou rive jis nan fen sistèm nan.” ​(Mat. 28:19, 20). Depi Kris te fin resevwa pouvwa antanke Wa nan syèl la nan ane 1914, li vin plis “avèk” disip li yo e l vin pi aktif antanke Gid yo. Nan atik ki vin apre a, yo pral egzamine kokennchenn travay l ap fè depi ane 1914.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Pou plis enfòmasyon konsènan pwofesi sa a, gade chapit 11 nan liv Prêtons attention à la prophétie de Daniel! la.

Revizyon

• Ki jan Pitit Bondye a te pwouve li se yon Chèf ki t ap aji pou pèp Izrayèl la?

• Pa mwayen ki sa Kris ap dirije kongregasyon l lan sou tè a?

• Ki jan Kris te dirije travay predikasyon bon nouvèl la pou travay sa a te kapab etann li?

• Ki sa ki montre Kris ap veye avèk swen sou kondisyon chak kongregasyon nan domèn espirityèl?

[Kesyon]

[Foto nan paj 21]

“M’ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou.”

[Foto nan paj 23]

Menm jan Kris te fè sa nan tan lontan, li toujou ap sèvi ak “gason kòm kado” pou l pran swen twoupo l la.