Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Gid nou an toujou aktif jodi a

Gid nou an toujou aktif jodi a

Gid nou an toujou aktif jodi a

“Li derape pou l konbat ènmi l yo e pou l fin ranpòte laviktwa sou yo.” —REV. 6:2.

1, 2. a) Ki jan Kris montre li aktif antanke Wa depi 1914, jan yo dekri sa nan Bib la? b) Ki aksyon Kris fè depi yo te mete l Wa sou twòn nan?

AN 1914, Jewova te mete Kris, Mesi a, Wa nan Wayòm li an. Ki jan nou imajine l ye kounye a? Èske nou wè l kòm yon wa ki chita sou twòn li de bra kwaze k ap reflechi e ki fè yon koudèy sou tè a detanzantan pou l wè ki jan kongregasyon l lan ye? Si se konsa nou wè l, nou ta dwe chanje fason n panse. Liv Sòm nan ansanm ak liv Revelasyon an dekri Jezi antanke yon Wa ki pisan, ki monte sou yon cheval, ki kontinye ap ‘konbat ènmi l yo e k ap fin ranpòte laviktwa sou yo’. —Rev. 6:2; Sòm 2:6-9; 45:1-4.

2 Premye aksyon Kris te fè antanke Wa, apre Bondye fin mete l sou twòn nan, se batay li te batay ak “dragon an ak zanj li yo”. E li te ranpòte laviktwa sou yo. Antanke akanj lan, Mikayèl, Kris, ki t ap kòmande zanj li yo, te pimpe Satan ak demon l yo sot nan syèl la, yon kote ki sakre, e li fè yo desann vin ozalantou tè a (Rev. 12:7-9). Apre sa, li ranpli wòl li antanke ‘mesaje kontra a’, e li vini ansanm ak Papa l pou l enspekte tanp espirityèl la (Mal. 3:1). Li te jije lakretyente, pati ki pi mal nan “Gran Babilòn nan”, li jwenn li koupab pou san li fè koule yo e paske l komèt adiltè nan domèn espirityèl ak sistèm politik monn nan. —Rev. 18:2, 3, 24.

Li netwaye esklav li a ki sou tè a

3, 4. a) Ki travay Kris te akonpli antanke “mesaje” Jewova a? b) Ki sa enspeksyon yo te fè nan tanp lan te montre, e ki chwa Jezi te fè antanke Chèf kongregasyon an?

3 Yon lòt bò, enspeksyon Jewova ansanm ak “mesaje” l la te fè a te montre tou te gen yon gwoup vrè kretyen ki te la nan lakou tanp espirityèl la ki pa t fè pati legliz lakretyente yo. Men, menm kretyen sa yo Bondye chwazi pou y al nan syèl la, sètadi “pitit Levi” yo, yo t ap gen pou yo netwaye yo. Sa t apral fèt jan pwofèt Malaki te di l la. Men sa li te di: “[Jewova ap] vini tankou moun k’ap fonn fè pou wete kras ki ladan l. L’ap netwaye pitit pitit Levi yo, l’ap wete tou sa ki pa bon nan yo tankou yo netwaye lò ak ajan, pou yo ka nan kondisyon ankò pou yo prezante ofrann bay Bondye jan yo dwe fè l la.” ​(Mal. 3:3). Jewova te sèvi ak Kris Jezi, ‘mesaje kontra a’, pou l netwaye Izrayelit espirityèl sa yo.

4 Sepandan, Kris te jwenn kretyen fidèl sa yo Bondye chwazi pou y al nan syèl la ap fè tout sa yo kapab pou yo bay tout sèvitè fidèl li yo manje espirityèl nan bon moman. Apati 1879, nan bon tan kou nan move tan, yo te kòmanse pibliye verite biblik sou Wayòm Bondye a nan peryodik sa a. Jezi te fè konnen alavans li t ap jwenn yon esklav ki t apral bay “manje nan bon moman”, nan moman li t ap “rive” pou l enspekte domestik li yo pandan “fen sistèm nan”. Li te fè konnen tou li t apral deklare esklav sa a byennere e li t “ap mete l responsab tout byen l yo” sou tè a (Mat. 24:3, 45-47). Antanke Chèf kongregasyon kretyen an, Kris sèvi ak “esklav fidèl [sa a] ki prevwayan” pou l jere enterè Wayòm nan sou tè a. Li bay “domestik” li chwazi yo ak “lòt mouton” yo enstriksyon pa mwayen Kolèj santral la. —Jan 10:16.

L ap rekòlte sou tè a

5. Nan vizyon Jan te fè a, ki aktivite li te wè Wa a t ap fè?

5 Nan yon vizyon apot Jan te fè, li te wè yon lòt bagay Wa a, oubyen Mesi a, t apral fè “nan jou Seyè a”, apre l fin monte sou twòn nan an 1914. Men sa Jan te ekri: “Mwen gade, mwen wè yon nyaj blan, e gen yon moun ki chita sou nyaj la ki sanble ak yon pitit lòm. Li gen yon kouwòn annò sou tèt li ak yon sèpèt byen file nan men l.” ​(Rev. 1:10; 14:14). Jan te tande yon zanj Jewova ki di Moun sa a ki t apral fè rekòt la pou l pase sèpèt li a paske “rekòt ki sou tè a byen mi”. —Rev. 14:15, 16.

6. Ki sa Jezi te di ki t ap fèt avèk letan?

6 ‘Rekòt sa a k ap fèt sou tè a’ fè nou sonje parabòl ble ak move zèb Jezi te bay la. Jezi te konpare tèt li ak yon moun k ap simen semans ble nan jaden l nan entansyon pou l rekòlte bonjan ble. Ble sa a reprezante “pitit wayòm nan”, sètadi vrè kretyen Bondye te chwazi pou y al nan syèl la pou yo dirije ak Jezi nan Wayòm li an. Men, pandan lannuit, yon ènmi, “Dyab la”, simen move zèb, sètadi “pitit Mechan an”, nan jaden an. Moun k ap simen an di travayè l yo pou yo kite ble a grandi ansanm ak move zèb la jiskaske tan rekòt la rive, sètadi “fen sistèm nan”. Lè sa a, li t ap voye zanj li yo pou yo separe ble a ak move zèb la. —Mat. 13:24-30, 36-41.

7. Kòman Jezi ap fè “rekòt ki sou tè a”?

7 Lefètke Jezi ap dirije yon rekòt k ap fèt sou tout tè a, sa montre sa Jan te wè nan vizyon an akonpli. “Rekòt ki sou tè a” te kòmanse ak rasanbleman rès 144 000 yo, sètadi “pitit wayòm nan”, oubyen “ble” ki nan parabòl Jezi a. Diferans ant vrè kretyen yo ak fò kretyen yo te tèlman vin parèt klè apre Premye Gè mondyal la, sa te jwe yon wòl enpòtan nan dezyèm pati “rekòt ki sou tè a”, sa vle di rasanbleman moun ki fè pati lòt mouton yo. Moun sa yo pa “pitit wayòm nan”, men yo fè pati “gwo foul moun” ki dispoze soumèt yo anba dominasyon Wayòm nan. Yo soti nan ‘tout peyi, tout ras ki pale tout lang’. Yo soumèt yo anba dominasyon Wayòm Mesi a ki gen Kris Jezi ladan l ak 144 000 “moun ki sen” yo ki pral dirije avè l nan gouvènman Bondye a ki nan syèl la. —Rev. 7:9, 10; Dàn. 7:13, 14, 18; NW.

L ap dirije kongregasyon yo

8, 9. a) Ki sa ki montre Kris pa sèlman suiv sa k ap pase nan tout kongregasyon yo, men li suiv fason chak moun nan kongregasyon yo mennen lavi yo? b) Jan yo montre sa nan paj 26 la, ki bagay nou dwe evite ki fè pati “swadizan bagay pwofon Satan yo”?

8 Nan atik anvan an, nou te wè ki jan Jezi t ap veye avèk swen sou kondisyon espirityèl chak kongregasyon nan premye syèk la. Jodi a, antanke Wa ki resevwa “tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a”, Kris, Gid nou an, jwe yon wòl aktif nan dirije kongregasyon yo sou tout tè a ansanm ak ansyen ki ladan yo (Mat. 28:18; Kol. 1:18). Jewova “mete l alatèt tout bagay pou kongregasyon” moun Li chwazi pou y al nan syèl la (Efe. 1:22). Antanke moun k ap dirije kongregasyon an, pa gen anyen ki pase nan youn nan plis pase 100 000 kongregasyon Temwen Jewova yo li pa wè.

9 Men mesaj Jezi te voye bay ansyen kongregasyon ki te nan Tiyati a: “Men sa Pitit Bondye a di, li menm je l tankou flanm dife [...]: ‘Mwen konnen sa w fè.’” ​(Rev. 2:18, 19). Li te blame moun nan kongregasyon sa a ki te imoral e ki t ap viv pou yo fè tèt yo plezi. Li te di moun sa yo: “Se mwen menm ki egzamine panse ki pwofon e ki egzamine kè. E m ap ban nou chak sa nou merite, selon sa nou fè.” ​(Rev. 2:23). Pawòl sa yo Kris te di yo montre nonsèlman li wè sa chak kongregasyon ap fè, men tou li wè fason chak moun nan kongregasyon an mennen lavi yo. Jezi te felisite kretyen nan kongregasyon Tiyati a “ki pa [t] konnen swadizan ‘bagay pwofon’ Satan yo”. (Rev. 2:24.) Jodi a tou, li apwouve ni moun ki jèn ni moun ki aje ki pa fouye nan “swadizan bagay pwofon Satan yo” sou Entènèt oswa nan jwèt videyo ki vyolan e ki pa dakò ak move rezònman kèk moun genyen ki fè yo santi yo gen dwa fè sa yo vle. Se pa ti kontan li kontan lè l wè efò ak sakrifis anpil kretyen fè jodi a pou yo suiv li nan tout aspè nan lavi yo!

10. Ki jan yo montre Kris ap dirije ansyen yo nan kongregasyon yo, men ki sa ansyen yo bezwen rekonèt?

10 Kris veye sou kongregasyon l yo sou tè a avèk amou, e li sèvi ak siveyan yo pou l fè sa (Efe. 4:8, 11, 12). Nan premye syèk la, tout siveyan yo se moun Bondye te chwazi pa mwayen lespri sen pou y al nan syèl la. Nan liv Revelasyon an, yo pale de yo antanke etwal ki nan men dwat Kris (Rev. 1:16, 20). Jodi a, pifò nan ansyen yo nan kongregasyon yo fè pati lòt mouton yo. Anvan moun k ap pran desizyon pou yo nome yo fè sa, yo lapriyè Bondye pou yo jwenn direksyon lespri sen. Se sa k fè nou kapab di yo menm tou yo anba direksyon Kris (Tra. 20:28). Sepandan, yo rekonèt Kris ap sèvi ak yon ti gwoup gason ki se kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la, ki fòme Kolèj santral la, pou l gide disip li yo sou tè a e pou l dirije yo. —Li Travay 15:6, 28-30.

“Vini non, Seyè Jezi”

11. Poukisa nou pa ka tann pou nou wè Gid nou an vini byen vit?

11 Nan revelasyon apot Jan te resevwa a, an plizyè okazyon, Jezi te di l ap vini byen vit (Rev. 2:16; 3:11; 22:7, 20). Sandout li t ap pale de vini li te gen pou l vini pou l egzekite jijman l sou Gran Babilòn nan ak sou rès sistèm Satan an ki mechan (2 Tes. 1:7, 8). Apot Jan ki te aje pa t ka tann pou l wè tout sa yo te anonse yo akonpli. Se sa k fè li te di: “Amèn! Vini non, Seyè Jezi.” Nou menm k ap viv nan tan lafen sistèm sa a ki mechan, nou menm tou, nou pa ka tann pou nou wè Gid nou an, ki Wa nou, vini ak tout pouvwa li pou l sangtifye non Papa l e pou l jistifye souvrènte L.

12. Ki travay Kris ap fin fè anvan yo lage van destriksyon yo?

12 Anvan Jezi frape pati vizib òganizasyon Satan an, y ap gentan fin poze so sou dènye manm 144 000 Izrayelit espirityèl yo. Bib la montre aklè yo pap lage van destriksyon ki pral frape sistèm Satan an anvan yo fin poze so sou dènye manm 144 000 yo. —Rev. 7:1-4.

13. Ki jan Kris pral fè prezans li parèt aklè nan premye pati “gwo tribilasyon” an?

13 Pifò moun k ap viv sou tè a pa rann yo kont “prezans” Kris la te kòmanse nan ane 1914 (2 Pyè 3:3, 4). Sepandan, talè konsa, li pral fè prezans li parèt aklè lè li egzekite jijman Jewova yo sou diferan bagay ki konpoze sistèm Satan an. Destriksyon “moun k ap fè sa ki ilegal la”, sa vle di klèje lakretyente a, pral fè ‘prezans Kris parèt aklè’ san mank. (Li 2 Tesalonisyen 2:3, 8.) Sa pral montre aklè tou Kris kòmanse aji antanke Jij Jewova nome a. (Li 2 Timote 4:1.) Detwi yo pral detwi pati sa a nan Gran Babilòn nan ki pi mal la pral sèvi kòm yon siy k ap anonse destriksyon total fo relijyon an, ki mechan, sou tout tè a. Jewova pral mete lide nan tèt chèf politik yo pou yo detwi pwostitye senbolik la (Rev. 17:15-18). Sa pral fèt nan premye pati “gwo tribilasyon” an. —Mat. 24:21.

14. a) Poukisa y ap retire nan kantite jou premye pati gwo tribilasyon an ap dire yo? b) Ki sa “siy Pitit lòm nan” pral vle di pou pèp Jewova a?

14 Jezi te fè konnen yo t ap retire nan kantite jou tribilasyon sa a ap dire “poutèt moun Bondye chwazi yo”, sa vle di rès kretyen Li chwazi pou y al nan syèl la, k ap sou tè a toujou (Mat. 24:22). Lè chèf politik yo ap detwi fo relijyon an, Jewova pap kite yo detwi kretyen li chwazi pou y al nan syèl la ansanm ak konpayon yo, lòt mouton yo. Jezi te di “apre tribilasyon k ap gen nan jou sa yo”, pral gen siy nan solèy la, nan lalin nan, nan zetwal yo, “e apre sa, siy Pitit lòm nan pral parèt nan syèl la”. Sa pral fè moun ki nan nasyon yo sou tè a “frape lestomak yo tèlman y ap tris”. Sepandan, kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la, ansanm ak konpayon yo, ki gen esperans pou yo viv sou tè a, pap gen reyaksyon sa a. Yo pral ‘kanpe dwat e yo pral leve tèt yo, paske se delivrans yo k ap pwoche’.—Mat. 24:29, 30; Lik 21:25-28.

15. Ki travay Kris ap gen pou l fè lè l vini?

15 Anvan Pitit lòm nan fin ranpòte laviktwa, l ap vini yon lòt fason ankò. Men sa li te di nan yon pwofesi: “Lè Pitit lòm nan ap vini nan glwa li, ansanm ak tout zanj yo, li pral chita sou twòn li a nan laglwa. E tout nasyon yo ap rasanble devan l, e li pral separe moun yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit. Li pral mete mouton yo adwat li, men l ap mete kabrit yo agoch li.” ​(Mat. 25:31-33). Pwofesi sa a gen rapò ak moman Kris ap vini antanke Jij pou l separe moun ki soti nan “tout nasyon yo” an de kategori moun: “mouton yo”, sa vle di moun k ap soutni, yon fason aktif, frè espirityèl li yo (kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la ki sou tè a), ak “kabrit yo”, sa vle di “moun ki pa obeyi bon nouvèl sou Jezi, Seyè nou an”. (2 Tes. 1:7, 8.) Yo dekri mouton yo kòm “moun ki jis”, e yo pral jwenn “lavi ki pap janm fini an” sou tè a, men kabrit yo “pral detwi pou toutan”. —Mat. 25:34, 40, 41, 45, 46.

Jezi ap fin ranpòte laviktwa

16. Ki jan Kris, Gid nou an, pral fin ranpòte laviktwa?

16 Apre yo fin poze so sou tout moun k ap dirije kòm wa avèk Kris yo e k ap prèt avè l anmenmtan, apre Kris fin idantifye mouton yo e li mete yo adwat li pou yo ka sove, l ap vanse pou l “fin ranpòte laviktwa” sou ènmi l yo nèt (Rev. 5:9, 10; 6:2). Antanke Chèf ki alatèt yon lame zanj ki pisan, se sèten Kris ap gen frè l ki resisite yo avè l lè l pral detwi tout sistèm Satan an sou tè a, ni pati politik la, ni pati militè a, ni pati komèsyal la (Rev. 2:26, 27; 19:11-21). Kris ap fin ranpòte laviktwa lè li detwi sistèm Satan an ki mechan. Apre sa, l ap lage Satan ak demon l yo nan twou san fon an, e y ap ret la pandan mil an. —Rev. 20:1-3.

17. Ki sa Kris pral ede mouton l yo jwenn pandan Rèy mil an an, e ki detèminasyon nou dwe pran?

17 Anpalan de “gwo foul moun” ki fè pati lòt mouton yo ki pral sove nan gwo tribilasyon an, apot Jan te bay yon pwofesi kote l te di “Timouton an ki toupre twòn nan ap pran swen yo, e l ap mennen yo nan sous dlo lavi yo”. (Rev. 7:9, 17.) Wi, pandan Rèy mil an an, Kris pral kontinye gide lòt mouton yo ki vrèman koute l yo pou yo ka jwenn lavi ki pap janm fini an. (Li Jan 10:16, 26-28.) Annou kontinye suiv Gid nou an, Wa nou an, avèk fidelite depi kounye a pou jiskaske nou antre nan monn nouvo Jewova pwomèt la.

Revizyon

• Ki aksyon Jezi te fè apre yo te fin mete l sou twòn nan?

• Ak ki moun Kris sèvi pou l gide kongregasyon yo?

• Ki lòt fason Kris, Gid nou an, gen pou l vini?

• Ki jan Kris pral kontinye gide nou nan monn nouvo a?

[Kesyon]

[Foto nan paj 29]

Destriksyon monn Satan an ki mechan pral fè prezans Kris la parèt aklè.