Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kiyès pou nou priye?

Kiyès pou nou priye?

ÈSKE tout priyè al yon sèl kote kèlkeswa moun nou priye a? Nan monn n ap viv jodi a, moun yo gen tandans panse konsa. Moun ki vle pou tout relijyon met tèt yo ansanm e ki kwè yo tout bon nan je Bondye, malgre yo diferan youn ak lòt, panse sa tou. Men, èske sa yo panse a se sa?

Labib montre gen yon pakèt moun ki pa priye moun yo dwe priye a. Nan epòk yo te ekri Labib, se yon bagay ki te kouran pou moun yo priye imaj taye. Sepandan, Bondye li menm te toujou kondane sa. Pa egzanp, gade sa Sòm 115:4-6 di sou zidòl yo: “Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande.” Si se sa, poukisa pou w priye yon dye ki pap janm ka tande w?

Gen yon bèl istwa nan Labib ki ede nou pi byen konprann sa. Vrè pwofèt Bondye a, Eliya, te bay pwofèt Baal yo yon defi. Yo t ap gen pou yo priye dye pa yo a e pwofèt Bondye a, li menm, t ap gen pou l priye Bondye. Eliya te di yo vrè Dye a ap reponn, men fo dye a pap reponn. Pwofèt Baal yo te aksepte defi a, yo te mete tout yo menm nan priyè byen long yo t ap fè a, yo te menm rele byen fò, men anyen pa t mache! Men sa nou li nan istwa a: “Men, ankenn vwa pa reponn! Anyen pa pati.” ​(1 Wa 18:29). Men, kòman sa te pase pou Eliya?

Kou Eliya fin priye, Bondye te reponn li san pèdi tan, li te fè dife soti nan syèl la tonbe sou sakrifis Eliya te prepare a. Ki sa k fè Dye Eliya a te tande priyè l la? Gen yon bagay nan priyè Eliya a, priyè nou jwenn nan 1 Wa 18:36, 37 la, ki montre poukisa. Nan lang Eliya te priye a, lang ebre a, priyè l la te kout anpil, li te gen anviwon 30 mo ladan l sèlman. Epoutan, Eliya te site non Bondye, Jewova, twa fwa.

Baal se dye Kananeyen yo, non sa a vle di “pwopriyetè” oswa “mèt”. Nan chak zòn nan tèritwa Kananeyen yo te gen yon Baal diferan. Sepandan, non Jewova a, se yon sèl Dye nan tout linivè ki pote l. Dye sa a te di pèp li a: “Mwen se Jewova. Sa se non mwen. E mwen pap bay pèsonn glwa mwen.” —Izayi 42:8, NW.

Èske priyè Eliya a ak priyè pwofèt Baal yo te ale yon sèl kote? Moun ki t ap adore Baal yo te pratike pwostitisyon nan adorasyon yo t ap ba li a e sa te rabese yo. Yo te menm konn ofri moun parèy yo kòm sakrifis. Yon lòt bò, adorasyon pèp Izrayèl te konn bay Jewova a te leve nivo moralite yo e li te libere yo anba vye pratik sal sa yo. Donk, fè yon ti reflechi, si w ta ekri yon zanmi yon lèt, yon zanmi ou respekte anpil, èske w t ap atann pou se yon lòt moun ki pa gen menm non avè l yo bay lèt la, yon moun ki pa gen bon repitasyon ditou e ki pa suiv menm prensip wo nivo li suiv yo? Non!

Defi Eliya te bay pwofèt Baal yo montre byen klè tout priyè pa ale menm kote.

Si se Jewova ou priye, se ak Kreyatè a w ap pale, Papa tout moun *. Pwofèt Izayi te di nan yon priyè: “Ou menm, O Jewova, ou se Papa nou.” ​(Izayi 63:16, NW). Se de Jewova menm Jezi t ap pale lè l te di disip li yo: “M ap monte kot Papa m, ki Papa nou tou, kot Bondye m, ki Bondye nou tou.” ​(Jan 20:17). Jewova se Papa Jezi. Li se Bondye Jezi te konn priye a e se li menm Jezi te anseye disip li yo pou yo priye. —Matye 6:9.

Èske Labib anseye nou pou nou priye Jezi, Mari, sen yo oswa zanj yo? Non. Se sèl Jewova nou dwe priye. Ann analize de rezon ki montre sa. Premyèman, lapriyè se yon fòm adorasyon, e Labib di se sèl Jewova nou dwe adore (Egzòd 20:5). Dezyèmman, Labib fè nou konnen li se Moun ki “tande lè y’ap lapriyè” a (Sòm 65:2). Byenke Jewova bay kreyati l yo fè yon seri bagay ki anba responsablite l, men li pa janm bay pèsonn lòt moun tande lapriyè nan plas li. Li se Bondye ki pwomèt l ap tande priyè nou yo pèsonèlman.

Donk, si w ta renmen Bondye tande priyè w, pa bliye konsèy sa a nou jwenn nan Labib: “Tout moun ki envoke non Jewova ap sove.” ​(Travay 2:21). Men, èske Jewova tande kèlkeswa priyè a? Oubyen, èske gen lòt bagay nou ta dwe konnen si nou ta renmen Jewova tande priyè nou?

^ § 9 Nan kèk relijyon, yo fè konnen li pa bon pou moun site bon non Bondye menm lè y ap priye. Sepandan, non sa a parèt anviwon 7 000 fwa nan lang orijinal yo te ekri Bib la, e anpil fwa se nan priyè ak nan sòm sèvitè fidèl Jewova yo li te parèt.