Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan pou nou priye?

Ki jan pou nou priye?

NAN kesyon priyè a, anpil relijyon mete aksan sou aspè fizik yo, tankou pozisyon yon moun pran, pawòl li di oswa yon seri jès li dwe fè lè l ap priye. Sepandan, Labib pa konsantre sou aspè sa yo, men li konsantre sou lòt aspè ki pi enpòtan tankou: “Ki jan pou nou priye?”

Labib montre sèvitè fidèl Bondye yo te konn priye nan tout kalite sitiyasyon e yo te konn priye nan diferan pozisyon. Yo te konn priye an silans oswa yo te konn fè sa awotvwa, selon sikonstans yo. Yo te konn priye pandan yo t ap gade syèl la oubyen pandan yo te pwostène sou fas yo. Olye yo te sèvi ak imaj, chaplè oubyen liv priyè lè yo t ap priye, yo te priye ak tout kè yo, ak pawòl pa yo. Ki sa k fè Bondye te koute priyè yo?

Jan sa te parèt nan atik anvan an, yo te priye yon sèl Dye, Jewova. Gen yon lòt bagay enpòtan ki fè Bondye te koute priyè yo. Men sa nou li nan 1 Jan 5:14: “Men asirans nou gen nan Bondye: kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” Nou dwe priye ann amoni ak volonte Bondye. Sa sa vle di?

Pou nou priye ann amoni ak volonte Bondye, nou bezwen konnen volonte l. Se sa k fè li enpòtan pou nou etidye Labib. Èske sa vle di Bondye pap koute nou si nou pa yon biblis, sa vle di yon moun ki fè gwo etid sou Labib? Non. Men, Bondye vle nonsèlman pou nou chèche konnen volonte l, men tou pou nou chèche konprann volonte sa a epi aji selon sa nou aprann sou volonte l (Matye 7:21-23). Priyè nou yo dwe ann amoni ak sa nou aprann yo.

Bondye koute priyè moun fè ki ann amoni ak volonte l, ki montre moun k ap priye a gen lafwa nan li e ki fèt nan non Jezi.

Pou Bondye koute priyè nou, li enpòtan tou pou n gen lafwa. Toutpandan n ap aprann konnen sa volonte Jewova ye, se plis lafwa nou ap ogmante. Men sa Jezi te di: “Tout bagay nou mande nan lapriyè, depi nou gen lafwa, n ap resevwa yo.” ​(Matye 21:22). Gen lafwa pa vle di kwè nenpòt sa yo di nou. Men, sa vle di kwè nan yon bagay byenke nou pa wè l, paske gen bonjan prèv ki montre nou gen rezon pou n kwè ladan l (Ebre 11:1). Labib chaje ak prèv ki montre Jewova, Bondye nou pa ka wè a, reyèl, nou kapab konte sou li, e li dispoze koute priyè moun ki gen lafwa nan li yo. Sa k pi bèl la, nonsèlman nou kapab toujou mande Jewova pou l fè nou gen plis lafwa, men tou, li pran plezi ban nou sa nou bezwen. —Lik 17:5; Jak 1:17.

Men yon lòt aspè enpòtan nan kesyon ki jan pou nou priye a. Jezi te di: “Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” ​(Jan 14:6). Donk, Jezi se mwayen pou moun pwoche bò kote Papa a, Jewova. Se sa k fè l te di disip li yo se pou yo priye nan non l (Jan 14:13; 15:16). Sa pa vle di pou nou priye Jezi. Men, nou priye nan non Jezi toutpandan n ap sonje se grasa li ki fè nou kapab pwoche bò kote Papa nou ki pafè e ki sen.

Gen yon lè disip ki pi pwòch Jezi yo te mande l: “Seyè, montre nou ki jan pou nou priye.” ​(Lik 11:1). Sa klè, yo pa t ap pale konsènan bagay nou te mansyone anvan yo. An reyalite, yo te vle konnen ki sa pou yo mande nan priyè yo.