Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Bondye ap tande priyè nou yo, e èske l ap reponn yo?

Èske Bondye ap tande priyè nou yo, e èske l ap reponn yo?

KESYON yo poze nan tit atik la se yon kesyon anpil moun poze e yo chofe pou yo jwenn repons pou li. Labib fè konnen Jewova tande priyè moun jodi a. Se nou menm ki ka fè l swa tande priyè nou swa pa tande priyè nou.

Jezi te denonse chèf relijye nan epòk li a ki te konn priye yon fason ipokrit. Sèl sa ki te enpòtan pou yo, se fè moun wè yo se moun ki jis. Jezi te di moun sa yo t ap jwenn “tout rekonpans yo”, sa vle di sa yo te plis vle a: pou moun wè yo. Sepandan, yo pa t ap jwenn sa yo bezwen an: pou Bondye tande yo (Matye 6:5). Menm jan an tou jodi a, anpil moun pa priye selon volonte Bondye, men yo priye selon volonte pa yo. Piske yo pa suiv prensip biblik nou sot pale de yo la a, Bondye pa tande yo lè y ap priye.

E pou ou menm? Èske Bondye ap tande priyè w yo, e èske l ap reponn yo? Sa pa depann de ras ou, nasyonalite w oswa ran sosyal ou. Men asirans Labib ban nou: “Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” ​(Travay 10:34, 35). Èske se yon moun konsa ou ye? Si w gen krent pou Bondye, sa vle di ou gen gwo respè pou li e ou pa ta renmen fè anyen pou fè l fache. Si w ap chèche fè sa ki jis, ou se yon moun k ap chèche fè sa Bondye di ki dwat olye w fè sa ou menm ou vle oswa sa lòt moun vle w fè. Èske w ta renmen toutbon pou Bondye tande priyè w? Labib montre ki sa w kapab fè pou sa posib pou ou *.

Natirèlman, anpil moun ap tann pou Bondye fè yon mirak pou l reponn priyè yo. Men, menm nan tan biblik yo, Bondye se yon lè konsa li te konn fè mirak. Selon Labib, pafwa, plizyè syèk te konn pase ant lè yon mirak te fèt ak lè yon lòt mirak te vin fèt. Anplis, Labib montre epòk yo te konn fè mirak la fini depi apre epòk apot yo (1 Korentyen 13:8-10). Si se konsa, èske sa vle di Bondye pa reponn priyè moun jodi a? Okontrè! Annou egzamine kèk priyè li reponn.

Bondye bay sajès. Jewova se pi gwo sous tout vrè sajès ki egziste. Li pa fè chich avè l, moun k ap chèche direksyon nan men l e moun ki vle viv ann amoni ak sajès sa a, li ba yo l san grate tèt. —Jak 1:5.

Bondye bay lespri sen l ak tout avantaj sa genyen. Lespri sen se fòs aktif Bondye. Pa gen pi gwo fòs pase sa. Li ka ede nou andire anba eprèv. Lè nou twouble, li ka fè kè nou poze. Li ka ede nou kiltive lòt bèl kalite tou ki atiran (Galat 5:22, 23). Jezi te bay disip li yo asirans Bondye t ap ba yo lespri a san grate tèt. —Lik 11:13.

Bondye ouvri entèlijans moun ki chèche l ak tout kè yo. (Travay 17:26, 27). Sou tout kò tè a, gen moun k ap chèche laverite toutbonvre. Yo vle aprann konnen Bondye, ki jan l rele, ki objektif li genyen pou tè a ak moun k ap viv sou li yo e ki jan yo kapab pwoche bò kote l (Jak 4:8). Souvan, Temwen Jewova yo jwenn moun konsa e yo byen kontan pataje repons Labib bay pou kesyon sa yo avèk yo.

Èske se pou rezon sa a ki fè w te aksepte peryodik sa a? Èske w ap chèche Bondye? Petèt se fason sa a li reponn priyè w la.

^ § 5 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou ki jan pou w priye pou Bondye tande w, gade chapit 17 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.