Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Anseye pitit ou

Yon Wayòm ki pral fè gwo chanjman sou tè a

Yon Wayòm ki pral fè gwo chanjman sou tè a

ÈSKE W ka devine ki Wayòm sa a? — * Se Wayòm Jezi te aprann nou priye pou li a. Jezi anseye nou pou nou mande Bondye pou wayòm li an vini. (Matye 6:9, 10.) Sa gen prèske 2 000 an depi disip Jezi yo ap mande Bondye pou Wayòm li an vini. Èske w konn priye pou sa? —

Anvan pou w konprann ki sa yon wayòm ye, ou bezwen konprann ki sa yon wa ye. Yon wa se yon moun k ap dirije yon peyi. Peyi l ap dirije a se tèritwa l. Tè a fè pati tèritwa Wayòm Bondye a pral dirije a. Lè Wayòm sa a vini, avèk letan, tout moun sou tè a ap jwenn benediksyon li pral vide sou limanite yo.

Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki nan syèl la. Nan Izayi 9:6 (NW), Labib pale de Chèf gouvènman sa a. Gade sa vèsè a di sou li: “Gen yon timoun ki fèt pou nou [...], e dominasyon prens lan ap sou zepòl li. E yo pral rele l [...] Prens lapè.”

Èske w konn sa yon prens ye? — Wi, se pitit yon wa. Kiyès nan syèl la ki se pi gwo Wa ki genyen an? — Wi, se Jewova. Labib di ‘se li menm sèl ki Trèwo sou tout tè a’. (Sòm 83:18, NW.) Nan Bib la, souvan, yo rele Jezi “Pitit Bondye”. Yon rezon ki fè sa, se paske se Jewova ki te ba l lavi. An reyalite, se Jewova ki vrè Papa Jezi. —Lik 1:34, 35; Jan 1:34, 49; 3:17; 11:27; 20:31; Travay 9:20.

Jezi te anseye nou pou nou priye pou Wayòm Bondye a vini. Wayòm sa a se yon gouvènman espesyal. Se ‘dominasyon yon prens’ paske Jewova mete Jezi, Pitit li a, kòm Chèf, oswa Wa, nan Wayòm nan. Èske w te konnen gen lòt moun Bondye chwazi pou yo vin wa ansanm ak Jezi nan Wayòm Papa a? — Ann fè yon ti pale de yo.

Anvan Jezi te mouri, li te di apot fidèl li yo li t apral “lakay” Papa l nan syèl la. Men sa li te di yo tou: “Mwen prale pou m prepare yon plas pou nou [...] dekwa pou kote m ye se la nou ye tou.” ​(Jan 14:1-3). Èske w konnen ki sa apot yo ak lòt moun yo te chwazi yo pral fè nan syèl la ak Jezi? — Yo pral “dirije antanke wa avèk Kris”. Labib menm di nou konbyen yo ye. Antou, yo se 144 000 moun. —Revelasyon 14:1, 3; 20:6.

Ki jan w panse lavi a pral ye sou tè a lè Prens lapè a pral dirije ansanm ak 144 000 moun Bondye chwazi yo? — Lavi a pral bèl anpil. Pap gen lagè ankò. Bèt yo pral viv anpè youn ak lòt e yo pral viv anpè avèk nou tou. Pa gen moun k ap malad oswa k ap mouri ankò. Moun ki avèg yo pral wè, moun ki soud yo pral tande, moun ki gen pwoblèm nan pye pral kouri e yo pral sote ponpe tankou ti kabrit. Tè a pral pwodui bon manje pou tout moun manje. Tout moun pral renmen youn lòt jan Jezi te anseye disip li yo pou youn renmen lòt (Jan 13:34, 35). Annou gade vèsè yo site la yo ki soti nan liv Izayi a pou nou wè bèl bagay ki pral fèt yo. —Izayi 2:4; 11:6-11; 25:8; 33:24; 35:5, 6; 65:21-24.

Depi lè Jezi te fin anseye disip li yo pou yo priye Bondye ‘pou wayòm li an vini’, gen plizyè milyon moun ki vin konnen ki sa Wayòm nan ye. Konesans sa a chanje lavi yo. Talè konsa, lè Wayòm sa a vini pou l ranplase tout gouvènman ki sou tè a, tout moun k ap sèvi Jewova ak Chèf li chwazi a, Jezi Kris, pral jwenn lapè, lasante ak kè kontan. —Jan 17:3.

^ § 3 Si w ap li atik sa a avèk yon timoun, tirè a se pou fè w sonje pou w kanpe e pou w kite l reponn.