Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye”

“Kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye”

“Kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye”

“Kidonk, kontinye chèche wayòm nan an premye, e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou.” —MAT. 6:33.

1, 2. Ki sa sa ki jis nan je Bondye yo ye, e sou ki sa yo baze?

“KONTINYE chèche wayòm nan an premye.” ​(Mat. 6:33). Temwen Jewova yo jodi a konn lòd sa a byen, lòd Jezi Kris te bay nan Sèmon sou montay la. Nan tout aspè nan lavi nou, nou fè efò pou nou demontre nou renmen Wayòm sa a e nou vle rete fidèl ak li. Men, se pou nou sonje dezyèm pati lòd la tou, ki di: “Kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye”. Ki sa sa vle di pou nou fè sa ki jis nan je Bondye, e ki sa sa vle di pou nou chèche fè sa an premye?

2 Nou ta ka mete “sa ki dwat” tou pou nou tradui mo grèk orijinal nou mete “fè sa ki jis” pou li a. Kidonk, sa ki jis nan je Bondye se sa ki dwat selon prensip li e selon sa ki gen valè pou li. Antanke Kreyatè, Jewova gen dwa pou l deside sa ki bon ak sa ki mal (Rev. 4:11). Men, sa ki jis nan je Bondye se pa yon lis lwa ki byen long, yon lis lwa li ban nou san l pa gade si y ap bon pou nou, e ki difisil pou nou suiv. Men pito, sa ki jis nan je l yo baze sou pèsonalite l e yo baze sou jistis, ki se youn nan kalite prensipal li yo, e sou lòt kalite prensipal li genyen yo anpalan de lanmou, sajès ak pisans. Kidonk, sa ki jis nan je Bondye makònen ak volonte l ansanm ak objektif li. Sa gen ladan l tou sa l ap tann pou moun ki vle sèvi l yo fè.

3. a) Ki sa sa vle di pou nou chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye? b) Poukisa nou soutni prensip Jewova yo ki dwat?

3 Ki sa sa vle di pou nou chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye? Angwo, sa vle di pou nou fè volonte Bondye yon fason pou n fè l plezi. Chèche fè sa ki jis nan je l gen ladan l pou nou fè efò pou nou viv selon prensip li yo ki pafè e selon sa ki gen valè nan je l. (Li Women 12:2.) Pou nou gen bon relasyon avèk Jewova, fò nou viv selon prensip sa yo. Nou pa obeyi lwa li bay yo paske nou pè pou l pa pini nou, men lanmou nou gen pou li pouse nou fè efò pou n fè l plezi lè nou suiv prensip pa l yo, san nou pa etabli pa nou. Nou rekonèt nonsèlman se sa pou nou fè, men tou, se pou rezon sa a menm li te kreye nou. Menm jan Jezi Kris, Wa nan Wayòm Bondye a, renmen sa ki jis nan je Bondye, se konsa tou nou dwe renmen sa ki jis nan je Bondye. —Ebre 1:8, 9.

4. Sa k fè se yon bagay ki enpòtan anpil pou nou chèche fè sa ki jis nan je Bondye?

4 Èske sa enpòtan pou nou chèche fè sa ki jis nan je Jewova? Ann egzamine sa k te pase nan jaden Edenn nan: eprèv Adan ak Èv te jwenn nan se te yon eprèv pou yo te montre si wi ou non yo t ap aksepte pou se Jewova ki deside sa ki bon ak sa ki mal (Jen. 2:17; 3:5). Se paske yo pa t rive pase eprèv sa a ki fè nou menm, antanke desandan yo, nou soufri e nou mouri (Wom. 5:12). Yon lòt bò, Pawòl Bondye a di: “Moun k ap pousuiv jistis ak bonte ki plen lanmou ap jwenn lavi, jistis ak glwa.” ​(Pwo. 21:21, NW). Wi, lè nou chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, sa fè nou vin gen yon bon relasyon avè l e kòm rezilta, sa ap pèmèt nou jwenn delivrans. —Wom. 3:23, 24.

Danje ki genyen lè yon moun vin jis nan je pa l

5. Ki danje nou bezwen evite?

5 Lè apot Pòl t ap ekri kretyen ki nan vil Wòm yo, li te pale sou yon danje nou menm tou nou bezwen evite si nou vle rive fè sa ki jis nan je Bondye an premye. Men sa Pòl te di lè l t ap pale de Juif parèy li yo: “Men temwayaj m ap bay sou yo: yo chofe pou yo sèvi Bondye, men se pa ann amoni ak konesans egzak la. Anfèt, kòm yo pa konnen sou ki baz Bondye konsidere yon moun jis, men y ap chèche montre yo jis nan jan pa yo, yo pa chèche konfòme yo ak prensip Bondye yo ki jis.” ​(Wom. 10:2, 3). Dapre Pòl, moun sa yo ki t ap adore Bondye pa t konprann sa sa vle di fè sa ki jis nan je l paske yo te twò okipe ap chèche fè sa ki jis nan je pa yo *.

6. Ki atitid nou ta dwe evite genyen, e poukisa?

6 Yon fason nou ta ka tonbe nan pyèj sa a, se si nou ta konsidere sèvis n ap bay Bondye a tankou yon konpetisyon kote n ap konpare tèt nou ak lòt moun. Si nou panse konsa, li fasil pou n vin gen twòp konfyans nan kapasite nou. Men, an reyalite, si nou ta aji konsa, nou t ap bliye sa ki jis nan je Jewova (Gal. 6:3, 4). Rezon ki dwe pouse nou fè sa ki dwat se lanmou nou gen pou Jewova. Kèlkeswa sa nou fè pou nou demontre se nou ki pi jis, sa ka fè lanmou nou di nou gen pou Bondye a vin san valè. —Li Lik 16:15.

7. Ki sa Jezi te di konsènan moun ki jis nan je pa yo?

7 Jezi te enkyete pou moun “ki te gen konviksyon yo jis, men ki pa t pran lòt moun pou anyen”. Nan egzanp ki vin annapre a, li te pale de pwoblèm sa a. Men sa l te di: “Gen de mesye ki te monte nan tanp lan pou y al priye: youn se te yon Farizyen, e lòt la se te yon pèseptè. Farizyen an kanpe e li kòmanse priye nan kè l, li di: ‘O Bondye, mwen di w mèsi dèske mwen pa tankou lòt moun yo, yon bann moun ki dechèpiyè, ki enjis, ki nan adiltè, oubyen ankò m pa tankou pèseptè sa a. Mwen fè jèn de fwa pa semèn, mwen bay yon dizyèm nan tout bagay mwen vin genyen.’ Men, pèseptè a te kanpe a distans, li pa t menm vle leve je l gade syèl la, li pa t sispann frape lestomak li, li t ap di: ‘O Bondye, gen pitye pou mwen. Mwen se yon pechè.’” Men sa Jezi di pou l fini: “M ap di nou sa: Mesye sa a desann lakay li pi jis nan je Bondye pase lòt la. Paske, nenpòt moun ki glorifye tèt li, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap glorifye l.” —Lik 18:9-14.

Yon lòt danje ki genyen se lè yon moun vin “jis aleksè”

8, 9. Sa sa vle di pou nou “jis aleksè”, e ki sa sa ka fè nou fè?

8 Yon lòt danje nou dwe evite se danje yo pale de li nan Eklezyas 7:16 la (NW): “Pinga w vin jis aleksè, ni pa montre w saj depase. Poukisa pou w ta lage tèt ou nan dezolasyon?” Apre sa, moun ki te enspire ki te ekri pawòl sa yo te kontinye nan vèsè 20 an pou l bay yon rezon ki fè nou dwe evite panse konsa, lè l te di: “Pa gen moun ki jis sou tè a ki toujou ap fè sa ki byen epi ki pa peche.” Yon moun ki vin “jis aleksè” se yon moun ki etabli pwòp prensip pa l anrapò ak sa ki jis e l jije lòt moun selon prensip sa yo. Poutan, li pa rann li konn lè l fè sa se monte li monte prensip pa l yo sou tèt prensip Bondye yo, e konsa li pwouve li pa jis nan je Bondye.

9 Lè nou vin “jis aleksè”, sa ka lakòz nou mete fason Jewova regle bagay yo an dout. Men, nou dwe sonje lè nou mete desizyon Jewova yo an dout, kòmkwa yo pa rezonab oswa yo pa jis, anfèt se mete nou mete sa nou konsidere ki jis anlè prensip Jewova yo. Se kòmsi nou rele Jewova lajistis e nou jije l selon sa nou menm nou konsidere ki bon oswa ki pa bon. Men, se Jewova ki gen dwa etabli sa ki jis, se pa nou menm. —Wom. 14:10.

10. Menm jan ak Jòb, sa k ka lakòz nou jije Bondye?

10 Se vre pa gen youn nan nou k ap chwazi jije Bondye, men kòm nou enpafè sa ka rive kanmenm. Li fasil pou sa rive, sitou lè nou wè yon bagay nou panse ki pa jis oswa lè nou gen pwoblèm. Menm Jòb, ki te yon moun fidèl, te fè erè sa a. Nan yon premye tan, yo te pale de Jòb kòm yon moun ki te “san repwòch ki te mache dwat nan tou sa l’ap fè. Li te gen krentif pou Bondye, li te toujou ap chache fè sa ki byen”. (Jòb 1:1.) Men, annapre, lè yon seri kalamite te tonbe sou Jòb, li te panse sa pa t jis pou l ap soufri konsa. Sa te fè Jòb ‘bay tèt li rezon, e li te bay Bondye tò’. (Jòb 32:1, 2.) Jòb te bezwen pou yo korije fason l panse. Kidonk, nou pa dwe sezi si nou twouve nou nan sitiyasyon konsa pafwa. Si sa rive, ki sa k ka ede nou korije fason nou panse?

Nou pa toujou gen tout detay yo

11, 12. a) Ki sa pou nou sonje lè n devan yon sitiyasyon nou santi ki enjis? b) Sa k fè kèk moun ka gen enpresyon sitiyasyon Jezi te pale de li nan parabòl sou travayè nan jaden rezen an se yon sitiyasyon ki enjis?

11 Premye bagay pou nou sonje sèke nou pa toujou gen tout detay yo. Se konsa sa te ye nan ka Jòb la. Li pa t okouran si Satan te akize l san rezon nan reyinyon zanj yo te gen ak Bondye nan syèl la (Jòb 1:7-12; 2:1-6). Jòb pa t konnen se Satan ki te lakòz pwoblèm li yo. Anfèt, nou pa menm sèten si Jòb te konnen kiyès Satan ye an reyalite. Se sa k fè li te nan erè lè l te panse se Bondye ki te lakòz pwoblèm li yo. Wi, li fasil pou nou mal konprann bagay yo lè nou pa gen tout detay yo.

12 Ann egzamine parabòl Jezi te bay sou travayè nan jaden rezen an. (Li Matye 20:8-16.) Nan parabòl sa a, Jezi te pale de yon moun ki peye tout travayè l yo menm kantite kòb la, kit yo te travay tout jounen an, kit se inèdtan sèlman yo te travay. Ki jan w santi w lè w tande sa? Èske sa parèt jis? Petèt tousuit sa fè w mal pou moun ki te travay pandan tout jounen an anba solèy cho a. Ou ka gen enpresyon yo vrèman merite pou yo ba yo plis kòb. Si nou baze nou sou sa, nou ta ka konsidere mèt la kòm yon moun ki pa gen lanmou e ki enjis. Ata repons li te bay travayè k ap plenyen yo ka sanble repons yon moun ki gen otorite k ap fè moun abi. Men, èske nou gen tout detay yo?

13. Ki lòt fason nou ka analize parabòl Jezi te bay sou travayè nan jaden rezen an?

13 Annou wè ki lòt fason nou ka analize parabòl sa a. Nou gen tout rezon pou nou kwè mèt la te konsyan tout mesye sa yo te gen pou yo bay fanmi yo manje. Nan epòk Jezi a, se pa jou yo te konn peye moun k ap travay nan jaden yo. Fanmi moun sa yo te depann de sa yo te touche chak jou. Avèk sa nan lespri nou, annou reflechi sou sitiyasyon travayè sa yo mèt la te jwenn nan fen jounen an e ki te travay inèdtan sèlman. Petèt yo pa t ap ka bay fanmi yo manje avèk kòb inèdtan travay yo te fè a, poutan yo te dispoze travay e yo te tann pandan tout jounen an pou yon moun ba yo travay (Mat. 20:1-7). Se pa t fòt yo si yo pa t rive travay tout jounen an. Pa gen anyen ki montre yo pa t vle travay. Imajine si w te tann tout yon jounen pou w jwenn travay, e ou konnen gen moun ki depann de kòb w ap fè pou jounen an pou yo manje. Se pa ti rekonesan ou t ap santi w rekonesan si w ta jwenn yon travay, e se pa ti sezi w t ap sezi si kòb yo peye w la ta ase pou w bay fanmi w manje!

14. Ki gwo leson nou aprann nan parabòl jaden rezen an?

14 Kounye a, annou egzamine fason mèt la te aji a ankò. Li pa t peye pèsonn twò piti kòb. Okontrè, li te kwè tout travayè yo gen dwa pou yo jwenn kòb pou yo pran swen tèt yo ansanm ak fanmi yo. Mèt la te gen yon bann travayè devan l, sa te ka pouse l pwofite sitiyasyon an yon fason pou l jwenn yon mendèv bon mache. Men, se pa t sa l te fè. Tout moun ki te travay pou li yo te tounen lakay yo ak ase lajan pou yo bay fanmi yo manje. Lè nou egzamine detay sa yo, sa ka chanje fason nou konsidere sa mèt la te fè a. Desizyon l lan se yon desizyon ki te baze sou lanmou, se pa t abi li te fè paske l gen otorite. Ki sa nou aprann nan sa? Lè se kèk detay sèlman nou gen sou yon sitiyasyon, sa ka fè nou mal konprann sitiyasyon an. Parabòl sa a montre sa ki jis nan je Bondye siperyè lontan pase sa nou menm nou konsidere ki jis. Li montre tou, Bondye pa baze l sèlman sou lwa ni sou sa lèzòm merite pou l deside sa ki jis.

Fason nou wè bagay yo kapab defòme oswa li ka limite

15. Poukisa pwennvi nou sou sa ki jis kapab swa defòme swa limite?

15 Dezyèm bagay pou nou sonje lè nou devan yon sitiyasyon ki sanble enjis sèke fason nou wè bagay yo kapab defòme oswa li ka limite. Enpèfeksyon, prejije oswa kilti ka defòme fason yon moun wè bagay yo. Epitou, kòm nou pa gen kapasite pou nou konnen sa k pouse moun aji ak sa ki nan kè yo, sa ka limite fason nou wè bagay yo. Men, Jewova ak Jezi pa gen limit sa yo. —Pwo. 24:12; Mat. 9:4; Lik 5:22.

16, 17. Ki sa petèt ki te fè Jewova pa t aplike lwa li te bay sou adiltè a lè David ak Batcheba te peche a?

16 Annou analize istwa David lè l te fè adiltè ak Batcheba a (2 Sam. 11:2-5). Selon lwa Bondye te bay Moyiz la, yo toule de te merite mouri (Lev. 20:10; Det. 22:22). Byenke Jewova te pini yo, li pa t fè sa selon sa Lalwa te mande. Èske se yon bagay enjis Jewova te fè? Èske l te pran pati pou David? Èske l te vyole pwòp prensip li yo ki jis? Gen kèk moun k ap li Labib ki konn panse sa.

17 Sepandan, lwa sa a Jewova te bay sou adiltè a, se jij enpafè ki pa t ka li nan kè moun li te bay li. Malgre limit yo te genyen, lwa sa a te ba yo posiblite pou yo toujou jije moun yon fason ki jis. Men, Jewova li menm gen kapasite pou l li nan kè moun (Jen. 18:25; 1 Kwo. 29:17). Kidonk, nou pa dwe konprann Jewova oblije soumèt li anba yon lwa li te etabli pou jij ki enpafè. Si l ta fè sa se kòmsi yo ta fòse yon moun ki wè trè byen mete yon linèt ki fèt pou moun ki gen pwoblèm nan je e ki pa wè byen. Jewova te ka li nan kè ni David ni Batcheba e li te wè yo te repanti toutbon. Donk, li te jije yo selon sa l te wè nan kè yo, yon fason ki demontre li gen mizèrikòd ak lanmou.

Kontinye chèche fè sa ki jis nan je Jewova

18, 19. Ki sa k ap ede nou pou nou pa janm jije Jewova selon sa nou menm nou panse ki jis?

18 Pafwa, si nou santi Jewova aji yon fason ki enjis, kit se lè n ap li yon istwa nan Bib la, kit se yon bagay ki rive nou pèsonèlman, pinga nou janm jije Bondye selon sa nou panse ki jis. Sonje, nou pa toujou gen tout detay sou yon sitiyasyon e fason nou panse a ka defòme oswa li ka limite. Pa janm bliye “kòlè lèzòm pa reyalize sa jistis Bondye mande”. (Jak 1:19, 20.) Konsa, nou pap janm “fache sou Bondye”. —Pwo. 19:3.

19 Menm jan ak Jezi, annou toujou rekonèt se sèl Jewova ki gen dwa etabli prensip sou sa ki jis (Mak 10:17, 18). Annou fè efò pou nou gen yon “konesans egzak” sou prensip li yo (Wom. 10:2; 2 Tim. 3:7). Lè nou aksepte yo e lè nou konfòme lavi nou ak volonte Jewova, nou montre nou se moun k ap “chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye”. —Mat. 6:33.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Dapre sa yon biblis di, mo orijinal lè yo tradui l yo mete “chèche montre” pou li a kapab vle di ‘bati yon moniman’. Donk, se kòmsi Juif yo t ap bati yon moniman pou pwòp glwa pa yo, men pa pou glwa Bondye.

Èske nou sonje?

• Sa k fè li enpòtan pou nou chèche fè sa ki jis nan je Jewova?

• Ki de danje nou bezwen evite?

• Ki jan nou ka chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye?

[Kesyon]

[Foto nan paj 9]

Ki leson nou aprann nan parabòl Jezi te bay sou de mesye ki t ap priye nan tanp lan?

[Foto nan paj 10]

Èske mèt la te fè mesye ki te travay tout jounen yo abi lè l te peye yo menm kantite kòb ak mesye ki te travay inèdtan yo?