Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w jwe wòl pa w pou reyinyon yo ka ankourajan?

Èske w jwe wòl pa w pou reyinyon yo ka ankourajan?

Èske w jwe wòl pa w pou reyinyon yo ka ankourajan?

“Lè nou reyini ansanm, [...] fè tout bagay pou youn fòtifye lòt.” —1 KOR. 14:26.

1. Selon 1 Korentyen chapit 14, bay youn nan prensipal objektif reyinyon yo.

ÈSKE sa rive w deja, apre ou fin asiste yon reyinyon nan Sal Wayòm nan pou w di: ‘Reyinyon sa a te fòtifye m’? Siman sa rive w deja. Reyinyon kongregasyon yo vrèman ankourajan, men sa pa etonan, paske menm jan sa te ye pou kretyen nan premye syèk la, youn nan prensipal objektif reyinyon nou yo se fòtifye tout moun ki la yo nan domèn espirityèl. Gade kòman Pòl te montre sa nan premye lèt li te ekri kretyen Korent yo. Nan tout chapit 14 la, an plizyè fwa, li di chak patisipasyon ki gen nan reyinyon yo ta dwe gen objektif pou yo “fòtifye kongregasyon an”. Li 1 Korentyen 14:3, 12, 26 *.

2. a) Ki sa k fè reyinyon yo fòtifye nou? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

2 Nou rann nou kont se prensipalman grasa enfliyans lespri sen ki fè reyinyon yo fòtifye nou. Se sa k fè, nou priye Jewova ak tout kè nou nan kòmansman chak reyinyon pou nou mande l pou l beni reyinyon yo pa mwayen lespri sen l. Sepandan, chak moun nan kongregasyon an kapab jwe wòl pa yo pou pwogram reyinyon yo fòtifye tout moun plis toujou. Alò, ki sa nou kapab fè pèsonèlman pou nou asire nou reyinyon nou gen chak semèn nan Sal Wayòm nan toujou yon sous ankourajman pou nou?

3. Ki enpòtans reyinyon yo genyen?

3 Pou nou reponn kesyon sa a, nou pral egzamine kèk aspè nan reyinyon yo moun ki gen patisipasyon yo dwe sonje. Nou pral wè tou ki jan tout moun nan kongregasyon an kapab jwe wòl pa yo pou reyinyon yo fòtifye moun ki la yo. Sijè sa a enpòtan pou nou anpil paske reyinyon nou yo sakre. An reyalite, asiste reyinyon yo epi patisipe ladan yo se de aspè enpòtan nan adorasyon n ap bay Jewova a. —Sòm 26:12; 111:1; Iza. 66:22, 23.

Yon reyinyon ki fèt pou nou etidye Bib la

4, 5. Nan ki objektif yo fè etid Toudegad la?

4 Li enpòtan pou nou byen pwofite etid Toudegad nou fè chak semèn nan. Pou nou byen konprann prensipal objektif reyinyon sa a, annou gade kèk nan ajisteman ki te fèt nan Toudegad la ak nan atik etid yo.

5 Nan premye Toudegad ki te parèt pou ane 2008 la, ki te gen atik etid yo ladan l lan, Toudegad 15 janvye 2008 la, gen yon detay enpòtan ki te parèt sou paj kouvèti a. Èske w te remake l? Gade Toudegad ki nan men w lan byen. Anba nèt nan paj kouvèti a, w ap remake yon Bib ki tou ouvri. Foto Bib la atire atansyon sou rezon ki fè yo fè etid Toudegad la. Se pou nou ka etidye Labib pa mwayen Toudegad la. Lè nou asiste reyinyon sa a chak semèn, yo “esplike” nou Pawòl Bondye a e yo ede nou “konprann” li, jan sa te konn fèt nan epòk Neyemya a, nan tan lontan. —Ney. 8:8; Iza. 54:13.

6. a) Ki chanjman ki te fèt nan etid Toudegad la? b) Ki sa pou nou sonje anrapò ak vèsè yo mete mo “li” bò kote yo a?

6 Lefètke Bib la se prensipal liv nou itilize, gen yon lòt chanjman ki te fèt nan etid Toudegad la. Gen plizyè vèsè ki parèt nan atik Toudegad yo ki gen mo “li” bò kote yo. Yo ankouraje nou tout pou nou suiv nan pwòp Bib pa nou lè y ap li vèsè sa yo pandan reyinyon an (Tra. 17:11). Poukisa? Se paske lè nou wè konsèy Bondye bay yo nan pwòp Bib pa nou, sa fè yon pi gwo efè sou nou (Ebre 4:12). Se sa k fè, apre frè k ap kondui etid Toudegad la mande yon moun li vèsè sa yo, li dwe bay moun ki la yo ase tan pou yo jwenn vèsè yo yon fason pou yo kapab suiv lekti a.

Nou gen plis tan pou n fè kòmantè ki montre nou gen lafwa

7. Ki posiblite nou genyen pandan etid Toudegad la?

7 Gen chanjman ki fèt nan longè atik etid ki nan Toudegad yo tou. Nan dènye ane ki pase yo, yo pi kout. Konsa, pandan etid Toudegad la, yo pase mwens tan ap li paragraf yo e vin gen plis tan pou moun fè kòmantè. Sa fè kounye a, plis moun nan kongregasyon an gen posiblite pou yo fè kòmantè ki montre yo gen lafwa. Yo fè sa lè yo reponn kesyon yo, lè yo aplike vèsè yo, lè yo rakonte yon eksperyans tou kout ki montre li saj pou nou suiv prensip ki nan Bib la, oswa lè yo chwazi yon lòt fason ankò pou yo fè kòmantè. Frè k ap kondui etid Toudegad la dwe rezève tan pou moun yo fè kòmantè sou imaj yo. —Li Sòm 22:22; 35:18; 40:9.

8, 9. Ki wòl kondiktè etid Toudegad la?

8 Sèl fason n ap kapab pwofite tan nou vin genyen anplis pou nou fè kòmantè a se lè moun k ap fè kòmantè yo fè kòmantè ki kout, e lè kondiktè etid Toudegad la pa fè twòp kòmantè. Ki sa li kapab fè pou l fè ekilib ant kòmantè l ap fè yo ak kòmantè frè ak sè yo ap fè, yon fason pou reyinyon an kapab fòtifye tout moun ki la yo?

9 Pou nou reponn kesyon sa a, ann pran yon egzanp. Yon etid Toudegad ki byen kondui sanble ak yon boukeflè nou pran plezi gade. Menm jan yon gwo boukeflè gen divès kalite flè ladan l, se konsa tou, nan etid Toudegad la, gen diferan kòmantè ki fèt. Menm jan flè yo ki nan boukeflè a pa gen menm gwosè e yo pa gen menm koulè, se menm jan an tou kòmantè ki fèt nan reyinyon sa a pa gen menm longè e yo pa fèt menm jan. Men, ki wòl siveyan an jwe? Kòmantè li fè detanzantan yo tankou kèk ti branch ki gen fèy vèt sou yo ki byen aranje nan boukeflè a. Se pa ti branch sa yo ou plis wè, men yo mele ak flè yo pou yo bay yon bèl aspè. Menm jan an tou, kondiktè etid Toudegad la bezwen sonje wòl li se pa pou l fè yon bann kòmantè, men se pou l fè ti kòmantè detanzantan k ap kore kòmantè lòt frè ak sè yo fè pou yo bay Bondye glwa. Lè kòmantè frè ak sè yo vin mele ak kèk bonjan remak siveyan an fè avèk ladrès, sè kòmsi yo fòme yon bèl boukeflè ki fè tout moun ki la yo kontan.

“Annou toujou bay Bondye louwanj kòm sakrifis”

10. Ki jan kretyen nan premye syèk yo te konsidere reyinyon yo?

10 Nan 1 Korentyen 14:26-33, deskripsyon Pòl bay sou reyinyon yo ede nou konprann ki jan yo te fèt nan premye syèk la. Men kòmantè yon biblis fè sou vèsè sa yo: “Sa ki vrèman remakab nan reyinyon ki te konn fèt nan Legliz premye syèk la, sèke tout moun ki te vini yo te santi se te yon privilèj ak yon obligasyon pou yo patisipe ladan yo. Yon moun pa t vini nan entansyon sèlman pou l koute; li te vini nonsèlman pou l resevwa men tou pou l bay.” Premye kretyen yo te konsidere reyinyon yo kòm yon okazyon pou yo eksprime lafwa yo. —Wom. 10:10.

11. a) Pou reyinyon yo fòtifye nou, ki sa ki enpòtan anpil, e poukisa? b) Ki konsèy lè nou suiv yo k ap ede nou fè pi bon kòmantè nan reyinyon yo? (Gade nòt anba paj la.)

11 Lè nou eksprime lafwa nou nan reyinyon yo, sa jwe yon wòl enpòtan nan “fòtifye kongregasyon an”. Siman w ap dakò kèlkeswa kantite ane nou genyen depi n ap asiste reyinyon yo, nou toujou pran bonjan plezi pou nou koute kòmantè frè n ak sè n yo. Lè kwayan parèy nou yo ki aje e ki fidèl bay repons ki soti nan kè yo, sa touche nou, lè ansyen yo ki gen sousi pou nou fè kòmantè ki gen sajès ladan yo, sa ankouraje nou, mete sou sa, lè yon timoun rete konsa li fè yon kòmantè ki montre bonjan lanmou li gen pou Jewova, se sèten sa fè nou souri. Sa klè, lè nou tout nou fè kòmantè nan reyinyon yo, reyinyon yo fòtifye nou tout *.

12. a) Ki sa nou kapab aprann nan egzanp Moyiz ak Jeremi? b) Ki wòl lapriyè jwe nan kesyon fè kòmantè a?

12 Sepandan, li ka vrèman difisil pou moun ki timid yo fè kòmantè. Si se ka pa w, petèt sa ka ankouraje w lè w sonje gen lòt sèvitè Bondye ki te menm jan avè w. Sa te parèt klè, kèk sèvitè Bondye ki te fidèl, tankou Moyiz ak Jeremi, te manke konfyans nan tèt yo pou yo pale an piblik (Egz. 4:10; Jer. 1:6). Sepandan, menm jan Bondye te ede ansyen sèvitè sa yo pou yo fè louwanj pou li an piblik, l ap ede w tou pou w ba li louwanj kòm sakrifis. (Li Ebre 13:15.) Ki sa w ka fè pou w jwenn èd Jewova yon fason pou w pa pè fè kòmantè? Premye bagay pou w fè se prepare reyinyon yo byen. Apre sa, anvan w al nan Sal Wayòm nan, priye Jewova espesyalman pou l ba w fòs pou w fè kòmantè nan Sal la (Fil. 4:6). Lè w mande l sa, ou mande l yon bagay “selon volonte l”, se sa k fè ou mèt gen konfyans l ap reponn priyè w la. —1 Jan 5:14; Pwo. 15:29.

Objektif reyinyon yo se ‘fòtifye moun, ankouraje yo, epi konsole yo’

13. a) Ki efè reyinyon yo ta dwe genyen sou moun ki la yo? b) Ki kesyon ki gen anpil enpòtans sitou pou ansyen yo?

13 Pòl di youn nan prensipal objektif reyinyon yo genyen se ‘fòtifye moun’ ki la yo, ‘ankouraje yo, epi konsole yo’ *. (1 Kor. 14:3.) Ki jan ansyen yo kapab asire yo patisipasyon y ap fè yo ap ankouraje frè yo e y ap pote konsolasyon pou yo? Pou nou reponn, ann gade yon reyinyon Jezi te fè yon ti tan apre rezirèksyon l.

14. a) Ki evènman ki te pase anvan yon reyinyon Jezi t apral fè? b) Poukisa apot yo dwe te santi yo soulaje lè ‘Jezi te pwoche e li pale avèk yo’?

14 Premyèman, remake kèk evènman ki te pase anvan reyinyon sa a. Jis anvan yo te touye Jezi, apot yo te “abandone l, yo kouri y ale”, e jan sa te anonse, “chak moun [t al] lakay yo”. (Mak 14:50; Jan 16:32.) Apre rezirèksyon Jezi, li te envite apot li yo, ki te dekouraje, nan yon reyinyon espesyal *. Vrèmanvre, “onz disip yo yo menm y al Galile, sou mòn kote Jezi te ba yo randevou a”. Lè yo rive, “Jezi pwoche, li pale avèk yo”. (Mat. 28:10, 16, 18.) Èske w imajine jan apot yo dwe te santi yo soulaje lè Jezi te pwoche bò kote yo epi li pale ak yo? Sou ki sa Jezi te pale?

15. a) Sou ki sa Jezi te pale, e sou ki sa li pa t pale? b) Ki efè reyinyon sa a te gen sou apot yo?

15 Lè Jezi kòmanse pale ak yo, li di yo: “Mwen resevwa tout pouvwa.” Apre sa, li ba yo yon misyon, li di yo: “Kidonk, ale, epi fè disip.” Finalman, li ba yo asirans sa a avèk amou: “Mwen avèk nou toulejou.” ​(Mat. 28:18-20). Èske w remake ki sa Jezi pa t fè? Li pa t reprimande apot li yo, ni li pa t pwofite reyinyon sa a pou l poze yo kesyon konsènan rezon ki fè yo te abandone l, oswa pou l fè yo santi yo pi koupab toujou paske lafwa yo te febli. Olye de sa, Jezi ba yo asirans ni li menm ni Papa l renmen yo lè l konfye yo yon kokennchenn misyon. Ki efè fason Jezi te kondui reyinyon an te gen sou apot yo? Yo te tèlman santi li fòtifye yo, li ankouraje yo e li konsole yo, yon ti tan apre reyinyon sa a, yo te rekòmanse ap “anseye san rete”, e yo te rekòmanse “anonse bon nouvèl” la. —Tra. 5:42.

16. Jodi a, ki jan ansyen yo imite egzanp Jezi lè yo kondui reyinyon yo yon fason pou reyinyon sa yo bay moun ki la yo fòs?

16 Menm jan ak Jezi, jodi a, ansyen yo konsidere reyinyon yo kòm okazyon yo genyen pou yo bay kwayan parèy yo asirans Jewova ap toujou renmen pèp li a (Wom. 8:38, 39). Se sa k fè lè yo gen patisipasyon, yo konsantre sou pwen fò frè yo olye yo konsantre sou pwen fèb yo. Yo pa pale yon fason ki montre yo gen dout sou frè yo. Okontrè, yo montre nan pawòl yo yo konsidere frè ak sè yo kòm moun ki renmen Jewova e ki vle fè sa ki byen (1 Tes. 4:1, 9-12). Natirèlman, pafwa, ansyen yo ka bezwen bay konsèy pou yo korije tout kongregasyon an. Men, si se kèk moun an patikilye ki bezwen disiplin, li pi bon pou yo konseye moun sa yo nan konvèsasyon yo gen avèk yo an prive (Gal. 6:1; 2 Tim. 2:24-26). Lè ansyen yo ap pale ak tout kongregasyon an, yo chèche bay felisitasyon chak fwa sa apwopriye (Iza. 32:2). Yo fè efò pou yo pale yon fason pou lè reyinyon an fini, tout moun ki la yo santi yo jwenn fòs ak enèji. —Mat. 11:28; Tra. 15:32.

Nou jwenn rekonfò nan reyinyon yo

17. a) Poukisa li pi enpòtan kounye a pou reyinyon nou yo pote rekonfò pou moun ki vin asiste yo? b) Ki sa ou kapab fè pèsonèlman pou reyinyon yo kapab fòtifye moun ki la yo? (Gade kare ki gen tit  “Dis bagay nou kapab fè pou nou fòtifye tèt nou ak lòt moun nan reyinyon yo”.)

17 Ofiramezi monn Satan an ap fè plis presyon sou nou, n ap bezwen asire nou reyinyon nou yo pote rekonfò pou nou tout (1 Tes. 5:11). Gen yon sè ak mari l ki te pase anba gwo eprèv sa gen kèk ane. Men sa sè a rakonte: “Lè nou te Sal Wayòm nan, nou te santi se kòmsi Jewova te pote nou nan bra l. Pandan moman nou te la bò kote frè ak sè yo, nou te santi sa te ede nou lage chay nou yo sou Jewova e sa te fè kè nou poze.” ​(Sòm 55:22). Se pou tout moun ki asiste reyinyon nou yo santi yo jwenn ankourajman ak konsolasyon menm jan an! Pou nou asire nou sa fèt, annou tout kontinye jwe wòl pa nou pou reyinyon yo fòtifye tout moun ki la yo.

[Nòt anba paj]

^ § 1 Yo te anonse gen kèk aspè nan reyinyon yo te konn fè nan premye syèk la ki pa t ap egziste ankò. Pa egzanp, nan reyinyon yo, pa gen moun ki “pale nan lòt lang” ankò, ni pa gen moun ki “pwofetize” ankò (1 Kor. 13:8; 14:5). Sepandan, enstriksyon Pòl te bay yo ede nou konprann fason pou reyinyon yo fèt jodi a.

^ § 11 Pou nou jwenn konsèy sou fason pou nou fè pi bon kòmantè nan reyinyon yo, gade Toudegad 1ye septanm 2003, paj 19-22 (fransè).

^ § 13 Konsènan diferans ki genyen ant “ankouraje” ak “konsole”, gen yon diksyonè (Vine’s Expository Dictionary of Old and New Testament Words) ki di mo grèk lè yo tradui l yo mete “konsole” pou li a “gen plis tandrès ladan l pase mo [ankouraje] a”. —Konpare ak Jan 11:19.

^ § 14 Li posib Pòl t ap pale de reyinyon sa a lè l te di annapre Jezi te “parèt devan plis pase 500 frè anmenmtan”. —1 Kor. 15:6.

Ki repons nou ta bay?

• Ki enpòtans reyinyon yo genyen?

• Poukisa lè nou bay kòmantè nan reyinyon yo sa “fòtifye kongregasyon an”?

• Ki sa nou ka aprann nan yon reyinyon Jezi te fè avèk disip li yo?

[Kesyon]

 [Kare/Foto nan paj 22, 23]

DIS BAGAY NOU KAPAB FÈ POU NOU FÒTIFYE TÈT NOU AK LÒT MOUN NAN REYINYON YO

Prepare alavans. Lè w etidye enfòmasyon yo pral prezante nan Sal Wayòm nan alavans, reyinyon yo ap pi enteresan e y ap gen plis efè sou ou.

Asiste yo regilyèman. Lefètke lè gen anpil moun la, reyinyon yo pi ankourajan, prezans ou enpòtan.

Rive alè. Si w chita nan plas ou anvan pwogram nan kòmanse, w ap kapab chante kantik nan kòmansman reyinyon an e w ap kapab koute priyè ki fèt la tou. Kantik yo ak priyè yo fè pati adorasyon n ap bay Jewova a.

Vini ak tout sa w bezwen. Se pou w vin ak Bib ou ak lòt piblikasyon w ap bezwen pandan reyinyon yo, yon fason pou w ka suiv e pou w pi byen konprann ansèyman y ap bay la.

Pa kite anyen distrè w. Pa egzanp: Pa li mesaj elektwonik ou yo pandan reyinyon yo, fè sa apre. Konsa, w ap kenbe bagay pèsonèl yo nan plas yo.

Patisipe. Plis gen moun ki fè kòmantè, se plis moun k ap santi yo jwenn fòs grasa kòmantè lòt moun fè pou montre lafwa yo.

Fè kòmantè ki kout. Lè w fè sa, ou rann li posib pou plis moun fè kòmantè.

Fè patisipasyon w genyen yo. Antanke etidyan ki enskri nan Lekòl ministè teyokratik la, oubyen antanke moun ki gen patisipasyon nan reyinyon sèvis la, ou bezwen byen prepare w, ou bezwen fè repetisyon alavans e ou bezwen fè efò pou w fè patisipasyon w lan.

Felisite moun ki te gen patisipasyon. Di moun ki te gen patisipasyon yo oubyen ki te fè kòmantè yo jan w apresye efò yo te fè.

Pale ak frè ak sè yo. Lè w salye frè ak sè yo avèk jantiyès e ou gen konvèsasyon ankourajan avèk yo anvan e apre reyinyon yo, sa fè yo pran plis plezi nan reyinyon yo e yo tire plis pwofi ladan yo.