Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn, kite Pawòl Bondye a gide nou

Jèn, kite Pawòl Bondye a gide nou

Jèn, kite Pawòl Bondye a gide nou

“Chèche gen sajès, chèche gen entèlijans.” —PWO. 4:5, NW.

1, 2. a) Ki sa k te ede apot Pòl nan lit li t ap mennen ak tèt li a? b) Ki jan w ka fè pou w vin gen sajès ak entèlijans?

“LÈ M vle fè sa ki dwat, se sa ki mal la ki prezan lakay mwen.” Èske w konn ki moun ki te di pawòl sa yo? Se apot Pòl. Byenke Pòl te renmen Jewova, pafwa li te oblije lite pou l fè sa ki byen. Ki jan l te santi l lè konsa? Li te ekri: “Ala mizè pou mwen!” ​(Wom. 7:21-24). Èske w konprann ki jan Pòl te santi l? Èske pafwa ou konn twouve l difisil pou w fè sa ki byen? Èske sa konn dekouraje w menm jan ak Pòl? Si se sa, pa dekouraje. Pòl te reyisi fè sa ki byen malgre l te oblije lite ak tèt li, ou menm tou ou ka reyisi fè menm jan an.

2 Pòl te reyisi paske l te kite “pawòl ki pwofitab” yo gide l (2 Tim. 1:13, 14). Kòm rezilta, li te vin gen sajès ak entèlijans pou l fè fas ak pwoblèm li yo e pou l pran bon desizyon. Jewova Dye kapab ede w vin gen sajès ak entèlijans (Pwo. 4:5). Li bay pi bon konsèy ki egziste yo nan Pawòl li a, Labib. (Li 2 Timote 3:16, 17.) Annou egzamine ki jan prensip nou jwenn nan Bib la ka ede w nan relasyon w ak paran w, nan fason w jere kòb ou, ak lè w poukont ou.

Kite Pawòl Bondye a gide w nan fanmi w

3, 4. Ki sa k fè ou ka twouve l difisil pou w obeyi règ paran w ba ou, men, pou ki rezon yo ba ou yo?

3 Èske w twouve l difisil pou w viv selon règ paran w ba ou? Sa k ka fè sa? Youn nan rezon yo se kapab paske w anvi jwenn plis endepandans. Se nòmal pou w vle sa. Se yon etap ki nesesè pou w vin granmoun. Men, toutotan w kay paran w, ou oblije obeyi yo. —Efe. 6:1-3.

4 Si w konprann rezon ki fè paran w ba w yon seri règ pou w suiv e yo fè w yon seri egzijans, l ap pi fasil pou w obeyi yo. Se vre, pafwa ou ka santi w menm jan ak Woz *, yon jèn fi 18 an, ki t ap pale de paran l e ki te di: “Yo bliye nèt kòman yo te ye lè yo te gen laj mwen. Yo pa vle m di anyen, yo pa vle m pran desizyon, ni yo pa vle m vin granmoun.” Menm jan ak Woz, ou ka santi paran w ba w mwens libète pase sa w panse yo ta dwe ba ou. Men, premye rezon ki fè paran w ba w yon seri règ pou w suiv se paske yo gen sousi pou ou. Anplis, paran ki kretyen yo konnen yo gen kont pou yo rann Jewova pou fason yo pran swen pitit yo. —1 Tim. 5:8.

5. Ki avantaj ou ka jwenn lè w obeyi paran w?

5 Anfèt, lè w obeyi paran w se tankou lè w peye labank yon kòb ou dwe l: si w toujou peye alè, bank lan ap pi dispoze ba w plis kredi. (Li Pwovèb 1:8.) Menm jan an tou, ou dwe paran w respè ak obeyisans, donk, plis ou obeyisan, se plis li pwobab pou yo pi dispoze ba w plis endepandans (Lik 16:10). Natirèlman, si w toujou ap dezobeyi règ paran w ba ou, pa sezi wè si yo fè w mwens konfyans, petèt yo ka pa fè w konfyans ankò ditou.

6. Kòman paran yo ka ede jèn yo pou yo obeyisan?

6 Lè paran yo bay pitit yo egzanp se youn nan fason yo ka ede yo obeyi règ yo ba yo. Lè yo menm yo dispoze obeyi sa Jewova mande yo, sa ap montre pitit yo prensip Bondye yo rezonab. Sa ap ede jèn yo konprann li rezonab pou yo obeyi règ paran yo ba yo (1 Jan 5:3). Anplis, Bib la pale de plizyè okazyon kote Jewova te bay sèvitè l posiblite pou yo di sa yo panse sou kèk bagay (Jen. 18:22-32; 1 Wa 22:19-22). Èske pafwa paran yo ka bay pitit yo posiblite pou yo di sa yo panse sou diferan sijè?

7, 8. a) Ki difikilte kèk jèn rankontre? b) Ki bagay lè w konprann li ki ka ede w tire pwofi nan disiplin ou resevwa?

7 Si jèn yo panse kritik paran yo fè yo pa fonde, yo ka mal pou yo aksepte yo. Pafwa, ou ka santi w menm jan ak Gregori, yon jèn gason ki te di: “Manman m tankou yon detektif ki toujou ap veye lè m fè erè.”

8 Souvan yon koreksyon oswa yon disiplin y ap ban nou sanble ak yon kritik. Labib rekonèt disiplin se yon bagay ki difisil pou nou aksepte, menm lè nou merite l (Ebre 12:11). Ki sa k ka ede w tire pwofi nan disiplin ou resevwa? Yon bagay enpòtan pou w sonje, sèke se lanmou ki kapab pouse paran w ba w yon konsèy (Pwo. 3:12). Yo pa ta renmen w vin gen move abitid, men yo vle ede w gen bon abitid. Petèt paran w konnen si yo pa korije w se kòmsi yo ta montre yo rayi w. (Li Pwovèb 13:24.) Epitou, se pou w konprann lè w fè erè sa pèmèt ou pwogrese. Kidonk, lè paran w korije w, chèche sajès ki gen nan sa yo di a. “Benefis [sajès] ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l’ap bay gen plis valè pase lò.” —Pwo. 3:13, 14.

9. Olye pou jèn yo ret ap reflechi sou sa paran yo fè yo yo panse se yon enjistis, ki sa yo ka fè pito?

9 Men, paran yo konn fè erè (Jak 3:2). Lè y ap ba w disiplin, sa ka rive yo pale san reflechi (Pwo. 12:18). Ki sa k kapab fè sa? Petèt yo anba strès, oswa yo ka konsidere se fòt yo si ou menm ou fè erè. Olye w ret ap reflechi sou sa yo fè w ou panse se yon enjistis, èske li pa ta pi bon pou w demontre ou gen rekonesans poutèt yo vrèman anvi ede w? Si w pran abitid aksepte disiplin, sa ap itil ou lè w vin granmoun.

10. Ki sa w ka fè pou w pi byen reyaji devan règ ak koreksyon paran w ba ou?

10 Èske w ta renmen li vin pi fasil pou w aksepte règ ak koreksyon paran w ba ou yon fason pou w tire pwofi ladan yo? Si se sa, w ap bezwen amelyore fason w kominike. Ki jan w ka fè sa? Premye bagay pou w fè se pou w koute. Labib di: “Prese koute, [ou] pa dwe prese pale, ni prese fè kòlè.” ​(Jak 1:19). Olye pou w kouri ap defann tèt ou, eseye kontwole santiman w pito epi tande sa paran w ap di. Konsantre sou sa y ap di a olye w konsantre sou fason yo di l la. Apre sa, redi yo sa yo sot di a nan pwòp mo pa w avèk respè. Lè w fè sa, sa ap ba yo asirans ou te tande sa yo te di a. E si w ta renmen esplike yo rezon ki fè w te di oubyen ou te fè yon bagay? Jeneralman, li pi saj pou w “kenbe bouch ou fèmen” pou jis ou fin fè sa paran w vle a (Pwo. 10:19). Yonfwa paran w wè ou te fè sa yo mande a, y ap vrèman pi dispoze tande w. Si w aji avèk matirite konsa, sa ap demontre ou kite Pawòl Bondye a gide w.

Kite Pawòl Bondye a gide w nan fason ou jere kòb ou

11, 12. a) Anrapò ak lajan, ki sa Pawòl Bondye a ankouraje nou fè, e poukisa? b) Ki jan paran w ka ede w jere kòb ou?

11 Labib di: “Lajan bay yon pwoteksyon.” Men, menm vèsè sa a montre sajès gen plis valè lontan pase lajan (Ekl. 7:12, NW). Pawòl Bondye a ankouraje nou pou nou rekonèt valè lajan genyen, men li pa di nou pou n renmen lajan. Poukisa nou dwe evite vin renmen lajan? Ann pran yon egzanp: Yon kouto ki file se yon bon zouti nan men yon moun ki konn fè manje byen e ki konn sèvi ak kouto. Men, si kouto sa a nan men yon moun ki pap veye sa l ap fè oswa ki neglijan, sa ka lakòz malè. Menm jan an tou, lajan ka itil nou si nou byen sèvi avè l. Sepandan, byen souvan, moun “ki byen deside pou yo rich” sakrifye relasyon yo gen ak zanmi yo, relasyon yo gen ak fanmi yo, e pafwa menm relasyon yo ak Bondye. Kòm rezilta, yo “pèse kò yo toupatou avèk anpil soufrans”. —Li 1 Timote 6:9, 10.

12 Ki jan w ka aprann fason pou w byen jere kòb ou? Poukisa w pa mande paran w konsèy sou fason pou w jere kòb ou? Salomon te ekri: “Moun ki saj la ap koute e l ap ranmase plis enstriksyon, e moun ki entèlijan an se moun ki vin gen ladrès pou dirije a.” ​(Pwo. 1:5, NW). Men sa Ana, yon jèn fi ki te chèche èd nan men paran l, di: “Papa m te montre m kòman pou m fè yon bidjè, e fason l jere kòb fanmi an aprann mwen enpòtans pou m gen lòd nan fason m jere kòb mwen.” Manman Ana te anseye l kèk leson ki itil tou. Ana di: “Li te montre m enpòtans pou m konpare pri anvan m achte.” Ki pwofi Ana te tire? Men repons li te bay: “Kounye a, mwen ka jere kòb mwen. Mwen fè atansyon anpil ak fason m ap depanse, konsa, lespri m lib e li anpè paske mwen evite fè dèt ki pa nesesè.”

13. Ki jan w ka disipline tèt ou lè w gen pou w depanse lajan?

13 Si w achte san reflechi oswa si w fè depans sèlman pou w enpresyone zanmi w, anvan w bat je w w ap chaje ak dèt. Ki sa k ka ede w evite tonbe nan pyèj sa yo? Se pou w aprann disipline tèt ou lè w gen pou depanse lajan. Se sa yon jèn fi ki nan kòmansman ventèn li, ki rele Elèn fè. Men sa l di: “Lè m soti ak zanmi m yo, mwen planifye e mwen kalkile konbyen kòb m ap depanse [...]. Epitou, mwen twouve se yon bagay ki saj pou m soti al achte ak zanmi ki pa depanse san gad dèyè, ki ankouraje m konpare pri anvan m achte e ki ankouraje m pa achte premye bagay mwen wè a.”

14. Poukisa ou dwe fè atansyon ak “pouvwa richès genyen pou l twonpe moun”?

14 Youn nan bagay ki enpòtan nan lavi a se travay pou gen kòb epi jere kòb la. Men, Jezi te di se moun ki “rann yo kont yo bezwen Bondye” k ap gen kè kontan toutbon (Mat. 5:3). Li te avèti nou gen yon seri bagay, tankou “pouvwa richès genyen pou l twonpe moun”, ki ka fè yon moun pa enterese ankò nan bagay espirityèl (Mak 4:19). Kidonk, sa enpòtan anpil pou w kite Pawòl Bondye a gide w e pou w toujou gen yon bon pwennvi sou lajan.

Kite Pawòl Bondye a gide w lè w poukont ou

15. Nan ki moman fidelite w devan Bondye pi an danje?

15 Ki lè w panse fidelite w devan Bondye pi an danje, lè w avèk lòt moun oswa lè w poukont ou? Bon, lè w lekòl oswa lè w nan travay, ou sou pinga w yon fason pou anyen pa kraze relasyon w ak Bondye. Se lè w ap pran detant, lè w pap veye sou tèt ou, li pi fasil pou w pa reyaji devan bagay ki kontrè ak prensip moral ou yo.

16. Poukisa ou ta dwe anvi obeyi Jewova menm lè w poukont ou?

16 Sa k fè ou ta dwe anvi obeyi Jewova menm lè w poukont ou? Sonje sa: Ou kapab fè Jewova lapenn oswa ou kapab fè kè l kontan (Jen. 6:5, 6; Pwo. 27:11). Aksyon w gen efè sou Jewova paske “li gen sousi pou [ou]”. (1 Pyè 5:7.) Li vle w koute l pou byen w (Iza. 48:17, 18). Nan Izrayèl tan lontan an, lè kèk nan sèvitè Jewova yo te pase sou konsèy li te bay, sa te fè Jewova lapenn (Sòm 78:40, 41). Yon lòt bò, nou konnen Jewova te renmen pwofèt Dànyèl paske gen yon zanj ki te di Dànyèl li se “yon moun Bondye renmen anpil”. (Dàn. 10:11.) Sa k fè Bondye te renmen l konsa? Se paske l te rete fidèl devan Jewova ni lè l te devan moun ni lè l te poukont li. —Li Dànyèl 6:10.

17. Ki kesyon ou ka poze tèt ou lè w ap chwazi detant?

17 Pou w ka rete fidèl devan Bondye lè w poukont ou, ou dwe devlope ‘kapasite w genyen pou w konprann nan’ yon fason pou w “distenge sa ki byen ak sa ki mal”, ou dwe antrene kapasite sa a “afòs [ou] sèvi avè l”, epi aji ann amoni ak bon prensip ou aprann yo (Ebre 5:14). Pa egzanp, lè w ap chwazi mizik pou w koute, fim pou w gade oswa sit Entènèt pou w vizite, kesyon ki vin annapre yo ap ede w chwazi sa ki bon epi evite sa ki mal. Mande tèt ou: ‘Èske chwa sa a ap ankouraje m demontre konpasyon ak tandrès oswa èske l ap fè m kontan “lè malè rive yon lòt” moun?’ ​(Pwo. 17:5). ‘Èske l ap ede m “renmen sa ki byen” oswa l ap fè l difisil pou m “rayi sa ki mal”?’ ​(Amòs 5:15). Sa w fè lè w poukont ou montre ki sa ki gen valè pou ou toutbonvre. —Lik 6:45.

18. Ki sa w ta dwe fè si w gen yon move konduit an kachèt, e poukisa w ta dwe fè sa?

18 Ki sa w ta dwe fè si w gen yon bagay w ap fè an kachèt e w konnen ou pa dwe fè l? Sonje: “Moun k’ap kache peche p’ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.” ​(Pwo. 28:13). Sa pa t ap saj ditou pou w ta kontinye gen yon move konduit e pou w ta “fè lespri sen Bondye lapenn”. (Efe. 4:30.) Ou gen obligasyon anvè Bondye, anvè paran w e anvè tèt ou pou w konfese tout move aksyon w fè. Nan sans sa a, “ansyen yo nan kongregasyon an” kapab ede w anpil. Men sa disip Jak di: “Se pou yo priye pou [moun ki aji mal la], pou yo pase luil sou li nan non Jewova. E lapriyè yo fè ak lafwa ap fè moun ki malad la refè, e Jewova ap leve l. Epitou, si l te fè peche, l ap jwenn padon.” ​(Jak 5:14, 15). Se vre sa ka fè w santi w jennen, e petèt sa ka gen kèk konsekans ki pa enteresan pou ou. Men, si w gen kouraj pou w mande èd, w ap evite lòt pwoblèm e w ap santi w soulaje paske konsyans ou ap vin klè ankò. —Sòm 32:1-5.

Fè kè Jewova kontan

19, 20. Ki sa Jewova vle pou ou, men ki sa w dwe fè?

19 Jewova se “Bondye ki gen kè kontan an” e li vle w gen kè kontan tou (1 Tim. 1:11). Li enterese nan ou toutbon. Menmsi pèsonn moun pa wè efò w ap fè pou w fè sa ki byen, Jewova wè. Pa gen anyen ki kache pou Jewova. Li pa gen je sou ou paske l ap chèche defo lakay ou, men li gen je sou ou paske l vle soutni w nan efò w ap fè pou w fè sa ki byen. Bondye ap “veye tou sa k’ap pase sou latè. Li pa kite anyen chape pou l ka bay moun ki mete tout konfyans yo nan li fòs ak kouray”. —2 Kwo. 16:9.

20 Kidonk, kite Pawòl Bondye a gide w, epi aplike konsèy ki ladan l yo. Konsa, w ap jwenn sajès ak entèlijans ki nesesè pou w fè fas ak gwo difikilte e pou w ka pran desizyon ki difisil nan lavi w. Si w fè sa, nonsèlman w ap fè kè paran w ak kè Jewova kontan, men tou w ap gen kè kontan nan lavi w toutbon.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Yo chanje non moun yo.

Ki repons nou ta bay?

• Ki sa jèn yo ka fè pou yo byen reyaji devan règ ak koreksyon paran yo ba yo e pou yo tire pwofi ladan yo?

• Poukisa li enpòtan pou w gen yon bon pwennvi sou lajan?

• Ki sa w ka fè pou w rete fidèl devan Jewova menm lè w poukont ou?

[Kesyon]

[Foto nan paj 6]

Èske w ap ret fidèl devan Bondye lè w poukont ou?