Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova se Souvren Seyè nou an!

Jewova se Souvren Seyè nou an!

Jewova se Souvren Seyè nou an!

“Se nan Jewova, Souvren Seyè a, mwen pran refij mwen.” —SÒM 73:28, NW.

1. Ak ki sa petèt Pòl t ap panse lè l te ekri pawòl ki nan 1 Korentyen 7:31 an?

“MONN sa a se chanje l ap chanje tankou sèn nan pyès teyat.” Se apot Pòl ki te di pawòl sa yo (1 Kor. 7:31). Sanble li t ap konpare monn nan ak yon sèn kote yon pyès teyat ap dewoule, e aktè yo ap jwe wòl yo kòm bon moun oswa kòm bandi tank sèn yo ap chanje.

2, 3. a) Ak ki sa nou ka konpare sitiyasyon kote souvrènte Jewova jwenn opozisyon an? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

2 Jodi a, gen yon sitiyasyon ki ekstrèmman enpòtan nou ka konpare ak yon pyès teyat k ap dewoule, e ou se youn nan aktè yo. Dram sa a gen rapò ak souvrènte Jewova Dye ki gen pou l jistifye. Nou ka pran egzanp yon sitiyasyon ki ka egziste nan yon peyi pou nou pi byen konprann. Yon bò, gen yon gouvènman legal k ap mete lòd nan sosyete a. Yon lòt bò, gen yon òganizasyon kriminèl k ap fè vòl, vyolans ak zak asasinay. Òganizasyon ilegal sa a se yon opozisyon pou gouvènman an e li fè l difisil pou sitwayen yo fidèl anvè gouvènman an.

3 Gen yon sitiyasyon konsa ki egziste nan linivè. Yon bò, gen gouvènman legal “Souvren Seyè Jewova” a (Sòm 71:5, NW). Yon lòt bò, gen òganizasyon kriminèl “Mechan an” ap dirije a ki mete lèzòm an danje (1 Jan 5:19). Li reprezante yon opozisyon pou gouvènman legal Bondye a e li fè l difisil pou tout moun fidèl anvè dominasyon Souvren an. Kòman yon bagay konsa fè rive? Poukisa Bondye pèmèt sa rive? Ki sa nou chak ka fè nan sitiyasyon sa a?

Ak ki sa dram nan gen rapò?

4. Ak ki de kesyon ki makònen youn ak lòt dram inivèsèl la gen rapò?

4 Dram sa a k ap dewoule a gen rapò ak de kesyon ki makònen youn ak lòt: souvrènte Jewova ak entegrite lèzòm. Nan Bib la, byen souvan, yo rele Jewova “Souvren Seyè a”. Pa egzanp, se avèk anpil konfyans nan Jewova salmis la te chante pawòl ki vin annapre yo: “Se nan Jewova, Souvren Seyè a, mwen pran refij mwen.” ​(Sòm 73:28, NW). “Souvrènte” vle di pouvwa oswa dominasyon nan pi wo nivo a. Se souvren an ki gen plis otorite. Gen bonjan rezon ki fè se Jewova nou dwe konsidere kòm sèl Souvren an. —Dàn. 7:22.

5. Poukisa nou ta dwe anvi soutni souvrènte Jewova?

5 Antanke Kreyatè, Jewova Dye se Souvren tè a ak tout linivè. (Li Revelasyon 4:11.) Jewova se Jij nou, Moun ki fè lwa pou nou an e li se Wa nou tou paske li gen toule twa pouvwa yo, sètadi pouvwa jidisyè, pouvwa pou fè lwa, ak pouvwa egzekitif (Iza. 33:22). Piske se grasa Bondye nou egziste e nou depann de li pou sa nou bezwen, nou dwe konsidere l kòm Souvren Seyè nou. N ap wè enpòtans pou nou soutni l nan gwo pozisyon sa a si nou bat pou n pa janm bliye pawòl sa yo: “[Jewova] mete fòtèy li anwo nan syèl la, l’ap gouvènen tout bagay.” —Sòm 103:19; Tra. 4:24.

6. Ki sa entegrite ye?

6 Pou nou soutni souvrènte Jewova, nou dwe kenbe entegrite nou. “Entegrite” vle di san tach nan domèn moral e li gen sans yon bagay ki konplè. Yon moun ki entèg se yon moun ki san tach e ki dwat. Patriyach Jòb te yon moun konsa. —Jòb 1:1.

Fason dram nan te kòmanse

7, 8. Kòman Satan te konteste dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren?

7 Sa gen anviwon 6 000 an, yon zanj te konteste dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren. Zanj sa a ki te vin egoyis te vle yo adore l, e sa te pouse l vin rebèl ni nan pawòl li ni nan aksyon l. Li te lakòz de premye moun yo, Adan ak Èv, vin enfidèl anvè dominasyon Bondye a e li te eseye sal repitasyon Jewova lè l te fè konprann Bondye te bay manti. (Li Jenèz 3:1-5.) Rebèl sa a te vin tounen pi gwo Advèsè a. Se li ki Satan (Opozan an), Dyab la (Medizan an), sèpan an (sila k ap twonpe moun nan) ak dragon an (sila k ap chèche devore moun nan). —Rev. 12:9.

8 Satan fè tèt li vin yon dirijan ki opoze ak dominasyon Jewova a. Devan yon opozisyon konsa, ki sa Jewova, Souvren Seyè a, t apral fè? Èske l t apral detwi rebèl yo la pou la, anpalan de Satan, Adan ak Èv? Sa klè li te gen pouvwa pou l fè sa, e yon aksyon konsa t ap fè konnen kiyès ki gen plis pouvwa nan linivè. Sa t ap pwouve sa Jewova te di ki t ap rive Adan ak Èv si yo te dezobeyi kòmandman li te ba yo a se te laverite. Men, poukisa Bondye pa t detwi yo?

9. Ki sa Satan te mete an dout?

9 Lè Satan te bay manti e l te fè Adan ak Èv vire do bay Bondye, li te mete an dout dwa Jewova genyen pou l mande pou lèzòm obeyi l. Anplis de sa, lefètke Satan te pouse de premye moun yo dezobeyi Bondye, li te mete dout tou sou fidelite tout kreyati entèlijan. Jan sa te parèt klè nan ka Jòb, ki te soutni souvrènte Jewova, Satan fè konprann li kapab detounen tout moun pou yo pa sèvi Bondye. —Jòb 2:1-5.

10. Lefètke Jewova pa t deside montre menm kote a se li menm ki Souvren an, ki posiblite li te bay?

10 Lefètke Jewova pa t deside montre menm kote a se li menm ki Souvren an, li te bay Satan tan pou l pwouve sa l te di yo. Konsa, Bondye te tou bay lèzòm opòtinite pou yo montre fidelite yo anvè souvrènte l. Ki sa k pase pandan tout syèk sa yo? Satan mete yon gwo òganizasyon kriminèl sou pye. Jewova gen pou l detwi Satan ak tout òganizasyon l lan, konsa, l ap bay prèv solid ki montre se li ki gen dwa pou l Souvren an. Jewova te tèlman sèten bagay yo ap fini jan l vle a, li te gentan anonse sa menm kote moun yo te rebele kont otorite l la ann Edenn. —Jen. 3:15.

11. Ki sa anpil moun fè pou yo soutni souvrènte Jewova?

11 Gen anpil moun ki demontre lafwa nan Jewova, ki soutni souvrènte l e ki sangtifye non l lè yo kenbe entegrite yo. Pami moun sa yo gen Abèl, Enòk, Noye, Abraram, Sara, Moyiz, Rit, David, Jezi, premye disip Kris yo, ak plizyè milyon moun k ap kenbe entegrite yo jodi a. Moun sa yo ki soutni souvrènte Bondye jwe wòl pa yo nonsèlman nan pwouve Satan se yon mantè, men tou, nan lave non Bondye, yon non Dyab la te sal lè l te pretann li te ka detounen tout moun pou l fè yo bay Bondye do. —Pwo. 27:11.

Nou konnen ki jan dram nan ap fini

12. Ki sa ki ban nou asirans Bondye pap tolere mechanste nètale?

12 Nou kapab sèten, talè konsa, Jewova pral demontre se li ki Souvren an. Li pap tolere mechanste nètale, anplis nou konnen n ap viv nan dènye jou yo. Jewova te aji kont mechan yo lè l te fè delij la. Li te detwi Sodòm ak Gomò, Farawon ak tout lame li a. Sisera ak lame li a, Senakerib ak bann Asiryen ki te avè l yo pa t ka kanpe devan Trèwo a (Jen. 7:1, 23; 19:24, 25; Egz. 14:30, 31; Jij 4:15, 16; 2 Wa 19:35, 36). Donk, nou ka gen asirans Jewova pap tolere moun ki pa gen respè pou non l yo nètale e ki maltrete Temwen l yo. Anplis, kounye a, nou wè prèv ki montre Jezi prezan ak prèv ki montre n ap viv nan fen sistèm mechan an. —Mat. 24:3.

13. Ki jan nou ka rive chape lè Jewova pral detwi tout ènmi l yo?

13 Si nou pa vle detwi ansanm ak ènmi Jewova yo, nou dwe montre fidelite nou anvè souvrènte l. Kòman nou ka fè sa? Se lè nou pa soumèt nou anba dominasyon Satan an ki kriminèl e nou pa kite patizan l yo entimide nou (Iza. 52:11; Jan 17:16; Tra. 5:29). Se lè nou aji konsa sèlman n ap kapab soutni souvrènte Papa nou ki nan syèl la e n ap gen espwa pou n chape lè Jewova pral sangtifye non l e li pral montre se li ki Souvren tout linivè.

14. Ki enfòmasyon nou jwenn nan diferan pati ki nan Bib la?

14 Nan Bib la, nou jwenn anpil enfòmasyon sou lèzòm ak sou souvrènte Jewova. Twa premye chapit yo pale sou kreyasyon an ak fason lèzòm te fè tonbe nan peche, e twa dènye chapit yo menm pale sou kòman lèzòm pral libere anba sitiyasyon yo ye a. Enfòmasyon nou jwenn anndan Bib la ant twa premye ak twa dènye chapit yo bay bonjan esplikasyon sou ki sa Jewova, Souvren Seyè a, te fè pou l reyalize objektif li genyen ni pou lèzòm, ni pou latè e ni pou linivè. Liv Jenèz la montre kòman Satan ak mechanste te vin egziste nan monn nan, e dènye pati nan liv Revelasyon an fè konnen kòman mechanste pral disparèt, kòman yo pral detwi Dyab la, e kòman volonte Bondye pral fèt sou tè a menm jan l deja fèt nan syèl la. Bib la bay rezon ki fè peche ak lanmò ​egziste, li esplike kòman bagay sa yo pral disparèt sou tè a e kòman moun ki kenbe entegrite yo pral viv ak kè kontan pou toutan.

15. Ki sa nou chak dwe fè pou nou jwenn benediksyon lè dram ki gen rapò ak kesyon souvrènte a pral fini?

15 Talè konsa sèn monn nan pral chanje nèt. Rido a pral desann pou l mete fen nan pyès teyat sa a ki gen rapò ak souvrènte Jewova e ki gen plizyè syèk depi l ap dewoule. Yo pral retire Satan sou sèn nan, yo pral detwi l e volonte Bondye pral fèt san mank. Men, pou nou ka pwofite tout benediksyon sa yo Bib la anonse yo, nou dwe soutni souvrènte Jewova depi kounye a. Tout moun dwe pran yon pozisyon nan kesyon sa a. Pou nou kapab di “Jewova bò kote m”, nou dwe rete bò kote l. —Sòm 118:6, 7, NW.

Nou kapab rete entèg!

16. Poukisa nou mèt gen asirans li posib pou lèzòm rete entèg devan Bondye?

16 Nou kapab soutni souvrènte Jewova epi kenbe entegrite nou, paske, men sa apot Pòl te ekri: “Pa gen okenn tantasyon nou jwenn lòt moun pa konn jwenn. Men, Bondye fidèl, li pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou jwenn tantasyon an, l ap ouvri yon chemen tou, dekwa pou nou ka andire l.” ​(1 Kor. 10:13). De ki kalite tantasyon Pòl t ap pale la a, e kòman Bondye ouvri yon chemen pou nou?

17-19. a) Nan ki tantasyon pèp Izrayèl la te tonbe nan dezè a? b) Poukisa li posib pou nou rete entèg devan Jewova?

17 Jan eksperyans pèp Izrayèl la te fè nan dezè a montre sa, yon moun jwenn “tantasyon” lè l nan yon sitiyasyon ki ka lakòz li dezobeyi lwa Bondye yo. (Li 1 Korentyen 10:6-10.) Izrayelit yo te kapab reziste anba tantasyon, men yo te anvi “move bagay” lè Jewova te fè yon mirak epi li ba yo vyann pou yon mwa. Byenke pèp la te pase yon tan san l pa manje vyann, Bondye te ba yo ase màn pou yo manje. Malgre sa, yo te tonbe nan tantasyon pou yo fè saf lè yo t ap ranmase zwazo yo. —Nonb 11:19, 20, 31-35.

18 Anvan sa, pandan Bondye t ap bay Moyiz Lalwa sou mòn Sinayi, Izrayelit yo te lage kò yo nan idolatri, nan adorasyon ti bèf la ak nan plezi ki imoral. Lefètke yo pa t wè gid yo a, yo pa t veye kò yo pou yo pa tonbe nan tantasyon (Egz. 32:1, 6). Jis anvan yo te antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a, plizyè milye Izrayelit te kite medam peyi Mowab yo sedui yo, sa ki te fè yo tonbe nan imoralite seksyèl. Lè sa a, plizyè milye Izrayelit te mouri akoz peche sa a (Nonb 25:1, 9). Pafwa, pèp la te konn plenyen lè y ap fè rebèl. Yon lè, yo te menm rive pale kont Moyiz e kont Bondye (Nonb 21:5). Apre Bondye te detwi Kora, Datàn, Abiram, ak lòt moun ki te ansanm avèk yo, pèp Izrayèl la te plenyen paske yo te panse sa Bondye te fè a te enjis. Kòm konsekans, 14 700 Izrayelit te pèdi lavi yo nan yon flewo Bondye te lage sou yo. —Nonb 16:41, 49.

19 Pa gen youn nan tantasyon nou sot pale de yo la a pèp Izrayèl la pa t ka reziste kont li. Pèp la te tonbe nan tantasyon paske yo te pèdi lafwa, yo te bliye Jewova ak fason l te pran swen yo, e yo te bliye li toujou fè sa ki dwat. Menm jan sa te ye pou Izrayelit yo, tantasyon nou jwenn yo se tantasyon moun abitye jwenn. Si nou fè bonjan efò pou nou pa tonbe ladan yo e nou konte sou Bondye pou l ede nou, n ap kapab kenbe entegrite nou. Piske “Bondye fidèl” e li pap kite nou “tante depase sa nou ka sipòte”, nou mèt gen asirans l ap ede n. Jewova pap janm abandone nou nan pwen pou l kite nou rive devan yon sitiyasyon kote li vin enposib pou nou antanke moun pou nou fè volonte l. —Sòm 94:14.

20, 21. Lè nou devan tantasyon, kòman Bondye “ouvri yon chemen” pou nou?

20 Lè nou anba tantasyon, Jewova “ouvri yon chemen” pou nou lè l ban nou fòs pou nou reziste. Pa egzanp, moun k ap pèsekite nou yo kapab maltrete nou fizikman nan objektif pou yo fè nou pèdi lafwa. Move tretman sa yo kapab fè nou anvi fè konpwomi petèt pou nou pa pran plis baton, pou yo sispann maltrete nou oswa petèt pou nou chape anba lanmò. Men, selon pawòl Pòl yo nou jwenn nan 1 Korentyen 10:13, nou konnen sitiyasyon ki fè nou jwenn tantasyon yo pa la pou lontan. Jewova pap kite okenn sitiyasyon rive nan pwen kote nou pap kapab rete fidèl devan l. Bondye kapab fòtifye lafwa nou epi ban nou fòs nou bezwen nan domèn espirityèl pou nou ka rete entèg.

21 Jewova soutni nou pa mwayen lespri sen l. Lespri sa a raple nou panse biblik nou bezwen pou nou ka reziste kont tantasyon (Jan 14:26). Konsa, sa anpeche nou fè move bagay. Pa egzanp, nou konprann kesyon souvrènte Jewova a ak kesyon entegrite lèzòm nan se de kesyon ki makònen youn ak lòt. Grasa konesans sa a, Bondye ede anpil moun rete fidèl jiska lamò. Se pa lanmò ki ouvri chemen pou yo, men se Jewova ki pèmèt yo andire jiskaske yo mouri san yo pa tonbe nan tantasyon. Li ka fè menm bagay la pou nou tou. An reyalite, li sèvi ak zanj fidèl li yo tou antanke sèvitè piblik li “voye [...] pou yo sèvi moun ki pral jwenn delivrans yo”. (Ebre 1:14.) Jan atik ki vin apre a pral montre sa, se sèlman moun ki rete entèg yo ki ka gen espwa y ap gen privilèj pou yo soutni souvrènte Bondye pou toutan, yon privilèj ki bay kè kontan. Nou kapab pami moun sa yo si nou kenbe pye Jewova antanke Souvren Seyè nou.

Ki repons nou ta bay?

• Poukisa nou dwe rekonèt Jewova kòm Souvren Seyè nou?

• Ki sa sa vle di pou nou kenbe entegrite nou devan Bondye?

• Kòman nou fè konnen talè konsa Jewova pral montre se li ki Souvren?

• Jan nou wè sa nan 1 Korentyen 10:13, poukisa li posib pou nou rete entèg?

[Kesyon]

[Foto nan paj 24]

Satan te twonpe Adan ak Èv pou l fè yo vin enfidèl anvè Jewova.

[Foto nan paj 26]

Pran detèminasyon pou w soutni souvrènte Jewova.