Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou nou mache nan entegrite nou!

Se pou nou mache nan entegrite nou!

Se pou nou mache nan entegrite nou!

“Kanta pou mwen, m ap mache nan entegrite m.” —SÒM 26:11, NW.

1, 2. Ki sa Jòb te di konsènan entegrite l, e ki sa chapit 31 nan liv Jòb la di sou li?

NAN tan lontan, jeneralman, yo te konn sèvi ak yon balans ki fèt ak yon moso bwa ki gen yon klou nan mitan l ki pèmèt li balanse. Te gen yon plato nan chak pwent bwa a. Yo te konn mete bagay yo pral peze a sou youn nan plato yo e yo mete pwa k ap pèmèt yo wè konbyen bagay la peze sou lòt plato a. Pèp Bondye a te dwe itilize balans ki jis ak pwa ki egzak. —Pwo. 11:1.

2 Lè Jòb, yon moun ki te gen lakrentif pou Bondye, t ap soufri anba men Satan, men sa l te di: “[Jewova] ap peze m sou yon balans ki egzak. E l ap vin konnen entegrite m.” ​(Jòb 31:6, NW). Jòb te site yon seri sitiyasyon ki kapab mete entegrite yon moun aleprèv. Jòb te pase eprèv li a avèk siksè, jan pawòl nou li nan Jòb chapit 31 an montre sa. Bon egzanp li kapab pouse nou aji menm jan avè l epi pouse nou gen menm konviksyon ak salmis David ki te di: “Kanta pou mwen, m ap mache nan entegrite m.” —Sòm 26:11, NW.

3. Poukisa li enpòtan pou nou fidèl ni nan bagay ki piti ni nan bagay ki gwo?

3 Malgre Jòb te anba gwo eprèv, li te rete fidèl devan Bondye. Gen kèk moun ki ka di gwo eprèv Jòb te jwenn yo ak fason l te kontinye kenbe entegrite l te vrèman estrawòdinè. Nou gendwa pa soufri egzakteman menm jan ak Jòb, sepandan, nou dwe rete fidèl devan Bondye ni nan bagay ki gwo ni nan bagay ki piti si nou vle montre nou se moun k ap mache nan entegrite nou e k ap soutni souvrènte li. —Li Lik 16:10.

Entegrite nan domèn moral enpòtan

4, 5. Ki konduit Jòb te evite antanke yon moun ki te entèg?

4 Pou nou ka rete entèg devan Jewova, nou dwe obeyi prensip moral li yo menm jan Jòb te fè sa. Men sa l te di: “Mwen te fè sèman pou m pa janm gade yon jenn fi avèk move lide. Si mwen te kite yon lòt fanm pran tèt mwen, pou [m al] kache devan pòt yon frè mwen ap veye, se pou madanm mwen fè manje pou yon lòt gason. Se pou lòt gason kouche avè l.” —Jòb 31:1, 9, 10.

5 Jòb te gen detèminasyon pou l kenbe entegrite l, se sa k fè li te evite gade fi jiskaske pou l ta vin anvi gen relasyon seksyèl avèk yo. Antanke mesye marye, li pa t konn flète ak jèn fi ni li pa t chèche renmen ak madanm lòt moun. Nan sèmon sou montay la, Jezi te fè yon gwo deklarasyon sou kesyon moralite seksyèl la, yon deklarasyon tout moun ki entèg bezwen sonje. —Li Matye 5:27, 28.

Pa janm chèche twonpe moun

6, 7. a) Menm jan Bondye te fè sa pou Jòb, ak ki sa l sèvi pou l wè si nou se moun ki entèg? b) Poukisa nou pa dwe twonpe moun ni nan pawòl nou ni nan aksyon nou?

6 Si nou ta renmen yo konsidere nou kòm moun ki entèg, nou pa dwe janm fè sa k pa sa. (Li Pwovèb 3:31-33.) Jòb te di: “Si m te mache ak moun k ap viv nan manti, e m te chofe pou m twonpe moun, Bondye ap peze m sou yon balans ki egzak. E l ap vin konnen entegrite m.” ​(Jòb 31:5, 6, NW). Jewova peze tout moun sou tè a nan “balans ki egzak”. Menm jan Bondye te fè sa pou Jòb, li sèvi ak prensip li yo ki jis pou l wè si nou entèg toutbonvre antanke moun ki vwe lavi n ba li.

7 Si nou ta vin ap twonpe moun, nou pa t ap kenbe entegrite nou devan Bondye. Moun ki entèg yo “abandone bagay k ap fèt an kachèt yo, bagay ki ta dwe fè moun wont yo” e yo pa “aji avèk riz”. (2 Kor. 4:1, 2.) Men, e si akoz yon move pawòl nou di yon kwayan parèy nou, oswa akoz yon move bagay nou fè l, sa oblije l mande Bondye sekou? Ala mal sa t ap mal pou nou! Salmis la te chante konsa: “Lè m te nan tray, mwen te rele [Jewova], li te reponn mwen. Delivre m non, Senyè, anba moun k’ap bay manti, anba moun k’ap twonpe moun.” ​(Sòm 120:1, 2). Li bon pou nou sonje Jewova kapab gade byen fon anndan nou, li ‘sonde kè nou ak ren nou’ pou l wè si nou se moun ki kenbe entegrite nou toutbon. —Sòm 7:8, 9.

Se pou w bay bonjan egzanp nan fason w boule ak lòt moun

8. Ki jan Jòb te konn boule ak lòt moun?

8 Pou nou kenbe entegrite nou, nou bezwen suiv egzanp Jòb ki te yon moun ki jis, ki enb e ki te gen konsiderasyon pou lòt moun. Men sa l te di: “Lè domestik mwen osinon sèvant mwen gen kont avè m, si mwen ta refize mete rezon an kote l ye a, kisa mwen ta fè, lè Bondye parèt devan m? Lè l’a mande m kont, kisa m’a reponn li? Menm Bondye ki fè m nan vant manman m lan, se li menm tou ki fè yo nan vant manman pa yo. Se li menm ki kreye nou tout.” —Jòb 31:13-15.

9. Ki kalite Jòb te demontre li genyen nan fason li te boule ak sèvitè li yo, e ki jan nou kapab imite l nan domèn sa a?

9 Sanble nan epòk Jòb la, se pa t yon bagay konplike pou yon moun rezoud pwoblèm li gen ak yon moun devan tribinal. Yo te konn trete pwoblèm sa yo yon fason ki òdone, e menm esklav yo te gen dwa rele moun nan tribinal tou. Jòb te yon moun ki jis e ki te gen mizèrikòd nan fason li te konn boule ak sèvitè l yo. Si nou ta renmen mache nan entegrite nou, nou dwe demontre nou gen kalite sa yo tou, espesyalman si nou se ansyen nan kongregasyon kretyen an.

Se pou w donan, pinga w ava

10, 11. a) Kòman nou fè konnen Jòb te donan e li te renmen ede lòt moun? b) Ki lòt konsèy nou jwenn nan Bib la Jòb 31:16-25 ka raple nou?

10 Jòb te donan e l te renmen ede moun, li pa t ni egoyis ni ava. Li te di: “Si m [...] te konn fè vèv yo lapenn, si m te konn manje manje m poukont mwen san m pa bay tigason ki san papa a ladan l [...], si m te konn kite moun ki pa gen anyen pou l met sou li a peri, [...] si m te konn menase tigason ki san papa a ak men m lè m te wè l bezwen èd mwen nan pòtay la, se pou zepòl mwen dejwente e se pou bra m kase.” Jòb pa t ap kenbe entegrite l si l ta mete konfyans li nan lò, epi si l ta di: “Se ou ki konfyans mwen.” —Jòb 31:16-25, NW.

11 Bèl ekspresyon sa yo fè nou sonje pawòl disip Jak te di yo: “Adorasyon ki pwòp e ki san salte selon Bondye nou an ki Papa nou, men li: pran swen òfelen yo ak vèv yo nan tribilasyon yo, epi rete san tach parapò ak monn nan.” ​(Jak 1:27). Nou ka sonje avètisman Jezi te bay la tou: “Rete je ouvè, epi evite tout kalite tanta. Paske, menm lè yon moun ap viv nan abondans, lavi l pa depann de bagay li posede yo.” Apre sa, Jezi te bay egzanp yon mesye rich ki te ava e ki te mouri kòm yon moun ki “pa rich anvè Bondye”. (Lik 12:15-21.) Pou nou mache nan entegrite nou, nou pa dwe vin ava oswa vin gen tanta, paske bagay sa yo se peche. Tanta se idolatri paske bagay moun ava a gen tanta sou li a detounen atansyon l sou Jewova e li vin tounen yon zidòl pou li (Kol. 3:5). Entegrite ak tanta pa danse kole!

Pa kite chemen vrè adorasyon an

12, 13. Ki egzanp Jòb kite pou nou nan kesyon evite idolatri a?

12 Moun ki kenbe entegrite yo pa kite adorasyon ki san tach la. Jòb pa t fè sa, paske men sa l te di: “Si m ta ret ap gade limyè k ap klere oswa lalin k ap balize, epi pou kè m ta kòmanse renmen bagay sa yo an kachèt, pou m ta bo men m, sa a tou t ap yon gwo peche ki ta merite pou m al lajistis paske m t ap nye vrè Dye a ki anwo a.” —Jòb 31:26-28, NW.

13 Jòb pa t konn adore bagay ki pa gen vi. Si kè l ta vin renmen bagay ki nan syèl la an kachèt tankou lalin nan pa egzanp, e si li ta ‘bo men l’, petèt pou l voye yon bo ba yo pou l adore yo, li t ap vin tounen yon moun k ap adore zidòl e ki nye Bondye (Det. 4:15, 19). Pou nou kenbe entegrite nou devan Bondye, nou bezwen evite tout kalite idolatri. —Li 1 Jan 5:21.

Pinga w renmen vanjans ni pa vin ipokrit

14. Poukisa nou kapab di Jòb pa t renmen fè moun mal?

14 Jòb pa t ni yon moun mechan ni yon moun ki renmen fè moun mal. Li te konnen si l te konsa li pa t ap entèg. Men sa l te di: “Mwen pa janm kontan lè lènmi m ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo. Mwen pa janm kite bouch mwen chape pou m ta ba yo madichon, pou m ta rive mande lanmò pou yo.” —Jòb 31:29, 30.

15. Poukisa li pa bon pou nou kontan lè malè tonbe sou yon moun ki rayi nou?

15 Antanke yon moun ki dwat, Jòb pa t janm pran plezi nan malè lòt moun ki rayi l. Yon pwovèb ki te ekri apre liv Jòb la bay avètisman sa a: “Pa prese fè kè ou kontan lè malè rive lènmi ou. Pa kouri fè fèt lè li bite. Senyè a ap wè sa. Sa p’ap fè l plezi. Li ka rive pa pini l poutèt sa.” ​(Pwo. 24:17, 18). Piske Jewova kapab li sa ki nan kè nou, li konnen si nou kontan an kachèt paske malè rive yon lòt moun e li pap dakò ak yon atitid konsa (Pwo. 17:5). Bondye kapab jije nou poutèt sa, men sa li di: “Vanjans se pou mwen e pinisyon se pou mwen.” —Det. 32:35, NW.

16. Menmsi nou pa rich, kòman nou kapab akeyi moun?

16 Jòb te konn akeyi moun (Jòb 31:31, 32). Byenke nou ka pa rich, nou kapab “pran abitid akeyi moun”. (Wom. 12:13.) Nou kapab pataje yon ti manje ak lòt moun, paske, pa bliye: “Pito ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou ou manje vyann ou byen gra ak moun ki rayi ou.” ​(Pwo. 15:17). Lè nou pataje yon ti manje ak frè ak sè nou yo nan yon anbyans kote gen lanmou, nou pran plezi nan sa e se sèten nou jwenn byenfè nan domèn espirityèl.

17. Poukisa nou pa dwe eseye kache peche ki grav?

17 Siman moun Jòb te akeyi yo te jwenn ankourajman nan domèn espirityèl, paske Jòb pa t ipokrit. Li pa t menm jan ak moun ki san respè pou Bondye yo ki te antre nan mitan kongregasyon kretyen an nan premye syèk la e ki t “ap flate moun pou pwòp avantaj yo”. (Jid 3, 4, 16.) Nitou Jòb pa t konn kache peche l, ‘ni li pa t janm fè sa ki mal an kachèt’ akoz li te pè pou lòt moun pa gade l mal si yo ta konn sa. Li te vle pou Bondye egzamine l, e l te pare pou l konfese tout peche l ba li (Jòb 31:33-37). Si sa ta rive nou fè yon peche grav, pinga nou eseye kache sa pou nou ka sove lafas. Ki jan nou kapab montre n ap travay pou nou kenbe entegrite nou? Se lè nou rekonèt erè nou yo, lè nou repanti, lè nou chèche èd espirityèl, e lè nou fè tout sa n kapab pou nou korije sa nou te fè a. —Pwo. 28:13; Jak 5:13-15.

Yon moun entèg y ap jije

18, 19. a) Poukisa nou kapab di Jòb pa t janm eksplwate pèsonn? b) Ki sa Jòb te pare pou l aksepte si yo ta pwouve li te fè sa ki mal?

18 Jòb te yon moun ki jis e ki onèt. Se sa k fè li te ka di: “Si se vòlò mwen te vòlò tè m’ap travay la kifè kounyeya tè a ap mande m kont, si mwen te manje rekòt jaden an san peye travayè yo kifè kounyeya y’ap pote plent pou mwen, enben, se pikan ak chadwon ki pou leve nan jaden m kote ble ak lòj te konn pouse.” ​(Jòb 31:38-40). Jòb pa t janm fè dappiyanp sou tè lòt moun, e l pa t eksplwate travayè l. Menm jan avè l, nou dwe kenbe entegrite nou devan Jewova ni nan sa ki toupiti ni nan sa ki gwo.

19 Li te pale sou fason li te viv ni devan twa konpayon l yo, ni devan Eliyou ki te yon jèn gason. Lefètke Jòb te konnen fason li te mennen lavi l, li te bay nenpòt moun ki gen yon bagay kont li defi rele l nan tribinal. Si ta gen prèv ki montre Jòb te fè sa ki mal, li t ap aksepte peye pou sa l te fè a. Se sa k fè li te mete ka a devan tribinal Bondye a epi li t ap tann santans li. “Se konsa Jòb te fin pale.” —Jòb 31:35, 40.

Ou kapab kenbe entegrite w

20, 21. a) Poukisa Jòb te kapab kenbe entegrite l? b) Kòman nou kapab kiltive lanmou pou Bondye?

20 Jòb te rive kenbe entegrite l paske li te renmen Jewova. Jewova te renmen Jòb e l te ede l. Men sa Jòb te di: “Ou [Jewova] fè m gen lavi ak bonte ki plen lanmou; e fason w pran swen m fè m rete vivan.” ​(Jòb 10:12, NW). Anplis, Jòb te aji avèk lanmou nan relasyon l ak lòt moun paske l te rann li kont nenpòt moun ki ta refize montre bonte ki plen lanmou pou moun parèy li ap sispann gen lakrentif pou Toupisan an (Jòb 6:14). Moun ki kenbe entegrite yo renmen Bondye e yo renmen pwochen yo. —Mat. 22:37-40.

21 Nou ka aprann renmen Bondye lè nou li Pawòl li chak jou e nou medite sou sa li aprann nou sou Bondye. Nan priyè sensè nou fè, nou kapab louwe Jewova epi di l mèsi pou jan l aji ak nou avèk bonte (Fil. 4:6, 7). Nou kapab chante pou Jewova epi tire pwofi nan reyinyon pèp li a genyen yo lè nou asiste yo regilyèman (Ebre 10:23-25). Epitou, lanmou nou gen pou Bondye ap grandi tank n ap patisipe nan travay predikasyon an, e tank n ap “[anonse] bon nouvèl delivrans li an”. (Sòm 96:1-3, NW.) Si nou aji konsa, n ap kapab kenbe entegrite nou menm jan ak salmis la ki te chante konsa: “Pwoche bò kote Bondye bon pou mwen. Se nan Jewova, Souvren Seyè a, mwen pran refij mwen.” —Sòm 73:28, NW.

22, 23. Antanke moun k ap soutni souvrènte Jewova, ki jan nou ka konpare aktivite nou ak aktivite moun ki te entèg nan tan lontan?

22 Pandan syèk ki pase yo, Jewova bay moun ki entèg yo diferan travay pou yo fè. Noye te bati yon lach e li te “yon moun ki t ap preche sa ki jis”. (2 Pyè 2:5.) Jozye te kondui Izrayelit yo nan peyi Bondye te pwomèt yo a, men sèl rezon ki fè Jozye te reyisi nan travay sa a se paske li te li “liv lalwa a [...] lajounen kou lannwit” e li te aji ann amoni ak sa li te aprann ladan l (Joz. 1:7, 8). Kretyen yo nan premye syèk la te fè disip e yo te konn reyini regilyèman pou yo etidye Ekriti yo. —Mat. 28:19, 20.

23 Nou soutni souvrènte Jewova e nou kenbe entegrite nou lè nou preche sa ki jis, lè nou fè disip, lè nou suiv konsèy nou jwenn nan Bib la, e lè nou reyini ak kwayan parèy nou nan reyinyon kongregasyon an, nan asanble sikonskripsyon yo, nan jounen asanble espesyal yo ak nan kongrè distri yo. Aktivite sa yo ap ede nou mete kouraj sou nou, y ap ede n vin djanm nan domèn espirityèl, e y ap ede n fè volonte Bondye. Sa pa twò difisil pou nou paske Papa nou ki nan syèl la ak Pitit li a ban nou èd yo (Det. 30:11-14; 1 Wa 8:57). Anplis, nou jwenn èd nan men “tout frè nou yo” k ap mache nan entegrite yo menm jan ak nou e k ap onore Jewova antanke Souvren Seyè yo. —1 Pyè 2:17.

Ki jan w t ap reponn?

• Ki jan nou dwe konsidere prensip moral Jewova yo?

• Ki kalite Jòb te gen lakay li ki atire w pèsonèlman?

• Jan nou wè sa nan Jòb 31:29-37, ki konduit Jòb te genyen?

• Poukisa li posib pou nou kenbe entegrite nou?

[Kesyon]

[Foto nan paj 29]

Jòb te kenbe entegrite l devan Jewova. Nou kapab fè sa tou!

[Foto nan paj 32]

Nou ka kenbe entegrite nou!