Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kontak ak monn envizib la

Kontak ak monn envizib la

Kontak ak monn envizib la

BONDYE TOUPISAN an bay lòt espri kèk gwo responsablite. Pa egzanp, li bay Jezi responsablite pou l dirije tè a antanke Wa e li bay kèk zanj ki fidèl responsablite pou yo bay èd yo nan travay predikasyon bon nouvèl la (Revelasyon 14:6). Men, lapriyè, se yon lòt bagay. Bondye pa bay okenn moun responsablite koute priyè nan plas li. Se li menm sèlman nou gen dwa priye.

Jewova se sila ki “tande lè y’ap lapriyè” l (Sòm 65:2). Li tande priyè nou yo e li reponn yo tou. Men sa apot Jan te ekri sèvitè Jewova parèy li yo konsènan lapriyè: “Kèlkeswa sa nou mande [Bondye] selon volonte l, li tande nou. Anplis de sa, si nou konnen li tande nou pou kèlkeswa sa nou mande l, nou konnen n ap gen bagay nou mande yo, piske nou mande l yo.” — 1 Jan 5:14, 15.

Zanj ki fidèl yo pa vle nou ni eseye kontakte yo ni priye yo. Yo konprann dispozisyon Bondye pran pou moun priye l la e yo respekte dispozisyon sa a. Pafwa Bondye konn sèvi ak zanj yo pou l reponn priyè yo fè l. Pa egzanp, lè pwofèt Dànyèl t ap priye Jewova pou Jerizalèm ki te vin pa gen moun ladan l, Jewova te reponn priyè Dànyèl la lè l te voye zanj Gabriyèl pote yon mesaj ankourajan pou pwofèt la. — Dànyèl 9:3, 20-22.

Èske nou ka kontakte moun ki mouri yo?

Èske nou dwe eseye antre an kontak ak mò yo? Gen anpil moun ki rakonte istwa kòmkwa yo menm oswa lòt moun te pale ak espri defen yo. Pa egzanp, nan peyi Ilann, te gen yon dam mari l te mouri. Defen an te rele Fred. Gen yon manbo ki te kontakte l e ki te di l li te pale ak mari a yè swa. Men, Fred te gentan gen kèk semèn depi l mouri. Manbo a te esplike dam nan sa Fred, defen an, te swadizan di l. Sa l te di l yo se te bagay sèlman madan defen an te konnen. Sa te gendwa fè madan defen an kwè Fred te vivan vre nan monn envizib la e Fred t ap eseye kontakte l pa mwayen manbo a. Sepandan, si madan defen an ta kwè sa, sa t ap an kontradiksyon ak sa Labib di byen klè sou kondisyon mò yo. — Gade  kare ki pi ba a.

Ki esplikasyon yon moun ka bay pou jan de istwa sa yo? Youn nan fason demon yo twonpe moun se lè yo pran pòz yo se moun ki mouri menm jan sa te pase nan ka Fred. Poukisa yo fè sa? Pou yo ka fè moun pa kwè nan sa Bib la di e pou yo diminye lafwa ak konfyans moun yo nan Jewova. Pa gen dout nan sa, Satan ak demon yo twonpe moun “ak tout kalite zèv pisans, ansanm ak siy ak bagay etonan ki chita sou manti, epi ak tout kalite bagay ki pa jis ak tout kalite blòf pou moun k ap peri yo”. — 2 Tesalonisyen 2:9, 10.

Sa ka rive ni moun ki konn kontakte movèzespri yo, ni lòt moun ki konn travay ak moun sa yo kwè se ak moun mouri y ap pale toutbonvre. An reyalite, se ak espri ki ènmi Jewova yo y ap pale. Menm jan an tou, gen moun ki panse y ap adore Bondye, epoutan yo nan erè. Men yon kokenn avètisman apot Pòl bay anba enspirasyon Bondye: “Bagay nasyon yo ap sakrifye yo, se pa bay Bondye y ap sakrifye yo, men se bay demon.” — 1 Korentyen 10:20, 21.

Piske nou konnen nou ka priye Toupisan an ki renmen nou e ki gen sousi pou nou, poukisa pou n ta priye yon lòt moun? Antouka, men garanti Bib la bay: “Kanta pou Jewova, je l ap pwonmennen sou tout tè a pou l ka montre fòs li an favè moun kè yo konplè pou li.” — 2 Kwonik 16:9, NW.

[Antrefilè nan paj 9]

Piske nou konnen nou ka priye Toupisan an ki renmen nou e ki gen sousi pou nou, poukisa pou n ta priye yon lòt moun?

[Kare/Foto nan paj 8, 9]

 Verite ak sa ki pa verite

VERITE: SATAN SE YON MOUN REYÈL

“Satan li menm toujou ap fè tèt li pase pou zanj limyè.” — 2 Korentyen 11:14.

“Kenbe tèt nou anplas. Se pou nou veyatif. Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore moun.” — 1 Pyè 5:8.

“Yon moun k ap pratike peche se nan Dyab la li soti, paske Dyab la ap peche depi okòmansman.” — 1 Jan 3:8.

“Soumèt nou devan Bondye, men opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou.” — Jak 4:7.

“Dyab la [...] te yon asasen depi lè li te kòmanse nan wout li pran an, e li pa t kenbe fèm nan laverite, paske li pa gen laverite nan li. Lè l ap bay manti, li pale dapre pwòp panchan pa l, paske li se yon mantè e li se papa manti.” — Jan 8:44.

SA KI PA VERITE: LÈ YON MOUN MOURI L AL NAN MONN ENVIZIB LA

“Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò.” — Jenèz 3:19.

“Moun vivan yo konnen yo gen pou yo mouri. Men moun mouri yo pa konn anyen.” — Eklezyas 9:5.

“Tou sa ou jwenn pou ou fè, fè l ak tout fòs ou. Paske, kote ou prale a, nan peyi kote mò yo ye a [tonm], nanpwen travay pou ou fè, pa gen lide ki pou mache nan tèt ou, pa gen konesans, pa gen bon konprann.”— Eklezyas 9:10.

“Kou souf yo koupe, yo tounen pousyè. Lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt.” — Sòm 146:4.

VERITE: ZANJ KI FIDÈL YO GEN SOUSI POU NOU

“Zanj Senyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.” — Sòm 34:7; 91:11.

“Èske yo tout [zanj yo] se pa espri ki la pou yon sèvis sakre? Èske Bondye pa voye yo pou yo sèvi moun ki pral jwenn delivrans yo?” — Ebre 1:14.

“Mwen wè yon lòt zanj k ap vole nan mitan syèl la. Li gen yon bon nouvèl k ap dire pou toutan pou l anonse moun ki abite sou tè a, moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp. Li t ap di byen fò: ‘Krenn Bondye epi ba li glwa.’” — Revelasyon 14:6, 7.

SA KI PA VERITE: JEZI EGAL AK BONDYE

“Mwen vle nou konnen chèf tout gason se Kris, chèf fi se gason, e chèf Kris se Bondye.” — 1 Korentyen 11:3.

“Lè tout bagay fin soumèt anba l, lè sa a, Pitit la li menm tou pral soumèt anba Sila a ki te fè tout bagay soumèt anba l la, pou Bondye ka tout bagay pou tout moun.” — 1 Korentyen 15:28.

“Anverite m ap di nou sa: Pitit la pa ka deside poukont li pou l fè anyen, men se sèlman sa l wè Papa a fè li fè.” — Jan 5:19.