Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa pitit nou t ap di?

Ki sa pitit nou t ap di?

Ki sa pitit nou t ap di?

PARAN: Nan Toudegad 15 janvye 2010, paj 16-20, nou te ankouraje nou fè seyans pou prepare pitit nou yo. Atik sa a gen ide ladan l k ap ede n wè fason pou n prepare timoun piti nou yo pou yo fè fas ak pwoblèm yo ka rankontre nan lekòl yo. Nou kapab itilize atik sa a nan seyans n ap fè ak yo pandan sware adorasyon an fanmi an.

TIMOUN ki Temwen Jewova yo jwenn anpil pwoblèm nan lekòl yo. Byen souvan, lòt elèv konn mande yo poukisa yo pa patisipe nan yon seri bagay tankou chante im nasyonal, fete anivèsè nesans, e nan aktivite ki gen rapò ak kèk lòt fèt. Si yo ta poze pitit gason nou oswa pitit fi nou kesyon sa yo, ki repons yo t ap bay?

Gen kèk timoun ki Temwen Jewova ki annik di: “Mwen pa kapab fè sa. Yo pa fè sa nan relijyon m nan.” Se pou nou felisite timoun sa yo paske yo kenbe yon pozisyon ki fèm. Repons yo bay la kapab fè lòt timoun pa poze yo plis kesyon. Sepandan, Bib la mande pou nou “pare pou nou defann nou devan nenpòt moun ki mande nou rezon” ki fè nou gen kwayans nou genyen an (1 Pyè 3:15). Pou nou fè sa, li pa sifi pou nou annik di: “Mwen pa kapab fè sa.” Menmsi gen moun ki pap dakò avè n, gen kèk moun k ap byen kontan konnen nou gen bonjan rezon ki fè nou pran desizyon nou pran yo.

Anpil timoun ki Temwen Jewova konn rakonte elèv ki nan lekòl yo istwa yo jwenn nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la tankou liv Koute gran Anseyan an. Istwa sa yo kapab ede timoun sa yo esplike rezon ki fè yo patisipe nan kèk aktivite e poukisa yo pa patisipe nan kèk lòt aktivite. Gen kèk elèv ki pran tan yo pou yo koute istwa sa yo ki soti nan Bib la, e anpil nan yo kòmanse etidye Labib konsa. Men, li ka difisil pou kèk lòt elèv pran tan yo pou yo koute yon istwa depi nan kòmansman l rive jis nan fen l. Li ka difisil pou elèv lekòl yo rive konprann kèk nan istwa ki soti nan Bib la si yo pa jwenn bonjan esplikasyon. Men sa Minhee, ki gen 11 an, te di yon tifi ki te zanmi l ki te envite l nan anivèsè nesans li: “Bib la pa mande pou nou fete jou nou fèt la. Gen yon moun Bib la pale de li ki rele Jan, ki te konn batize moun, yo te touye pandan yon anivèsè nesans.” Men, apre Minhee te fin pale ak zanmi l lan, li te di sanble zanmi an pa t konprann sa l te di a.

Pafwa, li bon pou timoun ki Temwen yo montre lòt elèv foto oswa istwa ki nan liv nou yo. Men, e si moun ki responsab lekòl la pa dakò pou timoun yo montre lòt elèv piblikasyon ki gen rapò ak relijyon? Èske timoun nou yo kapab bay yon bon temwayaj menmsi yo pa gen piblikasyon nan men yo? Ki jan nou kapab ede yo defann kwayans yo?

Fè seyans pou nou prepare timoun nou yo

Li bon pou nou fè seyans pou nou prepare timoun nou yo lè nou lakay, e pou nou fè kòmsi se lòt timoun lekòl yo nou ye. Pandan timoun yo ap eseye defann lafwa yo, l ap bon pou nou felisite yo pou efò yo fè, pou nou montre yo kòman yo kapab amelyore fason yo rezone ak lòt moun e poukisa sa enpòtan. Pa egzanp, ankouraje yo sèvi ak mo lòt elèv ki gen menm laj ak yo kapab konprann. Joshua, yon ti gason ki gen nevan, te di elèv lekòl li yo pa konprann mo tankou “konsyans” ak “fidelite”. Donk, li te oblije itilize mo ki pi fasil pou l rezone avèk yo. — 1 Kor. 14:9.

Gen kèk elèv ki konn poze kesyon men ki konn vin pa enterese ankò lè repons yo jwenn nan twò long. Lè jèn Temwen yo fè konvèsasyon avèk yo e yo rezone sou sa Bib la di, petèt y ap kapab ede yo pou yo anvi konnen plis. Haneul, yon tifi ki gen dizan, te di: “Elèv ki nan lekòl mwen yo renmen fè konvèsasyon, yo pa renmen pou moun ba yo esplikasyon.” Pou timoun ki Temwen yo rive fè konvèsasyon ak lòt timoun, se pou yo poze yo kesyon e se pou yo pran tan pou yo koute opinyon yo.

Konvèsasyon ki parèt nan kare ki nan paj 4 ak paj 5 lan montre ki fason timoun ki kretyen yo kapab rezone ak elèv ki nan lekòl yo. Yo pa bezwen aprann konvèsasyon sa yo pakè paske chak timoun diferan e chak kesyon mande yon repons ki diferan selon sitiyasyon an. Timoun ki Temwen Jewova yo bezwen konprann ide yo, yo bezwen mete yo nan pwòp mo pa yo, epi di yo yon fason ki apwopriye, selon sitiyasyon an e selon elèv yo. Si nou gen timoun ki lekòl toujou, repete konvèsasyon sa yo avèk yo.

Pou nou bay timoun yo fòmasyon, sa mande tan ak efò. Paran ki kretyen yo bezwen grave prensip biblik yo nan kè timoun yo e yo bezwen konvenk yo pou yo viv ann amoni ak prensip sa yo. — Det. 6:7; 2 Tim. 3:14.

Nan pwochen sware adorasyon an fanmi an, repete konvèsasyon ki parèt nan kare ki nan paj 4 ak nan paj 5 lan ak timoun nou yo epi gade pou nou wè jan sa ap pwofitab pou yo. Pa bliye: Objektif la se pa fè yo aprann repons yo oswa mo yo pakè. Nou ka fè menm seyans lan plizyè fwa, epi bay repons ki diferan chak fwa pou nou wè ki fason timoun yo ap reponn. Pandan y ap eseye esplike rezon ki fè yo gen kwayans yo genyen yo, ede yo pou yo rezone pi byen e pou yo gen tak. Ofiramezi tan ap pase, n ap rive aprann timoun nou yo kòman pou yo defann kwayans yo devan timoun nan klas yo, devan vwazen yo ak pwofesè lekòl yo.

[Kare/Foto nan paj 4, 5]

ANIVÈSÈ NESANS

Mari: Bonjou Jak. Mwen ta renmen envite w nan yon ti fèt y ap fè pou anivèsè nesans mwen.

Jak: Mwen byen kontan ou te panse envite m. Mwen ta renmen konnen poukisa w ap fè fèt sa a?

Mari: Pou m sonje jou m te fèt la! Ou pa fete anivèsè nesans ou?

Jak: Non.

Mari: Poukisa? Fanmi m te kontan anpil lè m te fèt.

Jak: Fanmi m te kontan anpil tou lè m te fèt. Men, mwen pa kwè se yon rezon pou yo fè yon fèt pou mwen nan jou sa a. Gen anpil moun, lè y ap fete anivèsè nesans yo, ki panse se yo ki pi enpòtan jou sa a. Men, èske w pa kwè se Bondye ki pi enpòtan? Èske nou pa ta dwe remèsye l paske li te ban nou lavi?

Mari: Èske ou vle di mwen pa ta dwe fete anivèsè nesans mwen?

Jak: Mari, se ou ki pou deside. Poukisa ou pa fè yon ti reflechi sou sa? Anpil moun renmen resevwa kado jou fèt yo, men, Bib la di yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa. Jou sa a, olye nou konsantre sou tèt nou, èske li pa t ap pi bon pou nou di Bondye mèsi, pou nou panse ak lòt moun e pou nou aji byen ak yo?

Mari: Mwen pa t janm wè bagay yo konsa. Enben, paran w pa janm ba w kado?

Jak: Wi, yo konn ban m kado. Men, yo pa tann se jou m fèt la pou yo fè sa. Yo ban m kado chak fwa yo vle fè sa. Mari, èske w pa ta renmen konnen ki kote fèt sa a soti?

Mari: Di m non!

Jak: Oke, demen m ap rakonte w yon bèl istwa sou yon anivèsè nesans ki te fèt nan tan lontan.

IM NASYONAL

Jina: Nadya, poukisa ou pa chante im nasyonal la ansanm avèk nou?

Nadya: Mwen byen kontan ou mande m sa. Anvan m reponn ou, m ta renmen konnen poukisa ou menm ou chante im nan?

Jina: Mwen fè sa paske yo mande nou fè sa, epitou tout moun fè l.

Nadya: Mwen dakò, nou dwe fè sa pwofesè yo mande nou fè. Menm Pawòl Bondye a dakò pou nou fè sa. Men, li di tou, anvan tout bagay, se Bondye nou dwe obeyi.

Jina: Mwen dakò avè w, men ki rapò im nasyonal la genyen ak obeyi Bondye?

Nadya: Im nasyonal la di nou dwe dakò mouri pou peyi nou. Men, se Bondye ki ban nou lavi, pa vre? Nan Labib, Bondye di li pa renmen lagè e li pa nan patipri. Anplis, li vle pou tout nasyon viv anpè youn ak lòt. Èske se pa sa w ta renmen tou?

Jina: Wi! Men, èske sa posib?

Nadya: Wi sa posib. Depi w vle, nou ka pale de sa lè nou nan rekreyasyon.

Jina: Pa gen pwoblèm.

KOMITE KLAS

Jòj: Toni, kiyès ou panse ki ta dwe prezidan klas la?

Toni: Mwen pa pou youn nan kandida yo.

Jòj: Poukisa?

Toni: Mwen deja gen pi bon lidè a. Antanke kretyen, mwen deja pwomèt se Jezi m ap suiv. Se sa k fè, mwen pa ka chwazi yon lòt lidè. Anpalan de sa, èske w konn sa k fè mwen panse se Jezi ki pi bon lidè a?

Jòj: Non, e sa pa vrèman enterese m.

Toni: Antouka, si yon lè ou ta renmen konnen, m ap byen kontan pale avè w sou sa.

[Foto]

“Bonjou Jak. Mwen ta renmen envite w nan yon ti fèt y ap fè pou anivèsè nesans mwen.”

[Foto nan paj 3]

“Poukisa ou pa chante im nasyonal la?”