Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou montre nou gen zèl nan vrè adorasyon an

Annou montre nou gen zèl nan vrè adorasyon an

Annou montre nou gen zèl nan vrè adorasyon an

“Rekòt la anpil, men pa gen anpil travayè.” — MAT. 9:37.

1. Ki sa yon ijans ye?

SI W gen yon dokiman nan men w e w bezwen yon moun wè l anvan fen jounen an, ki sa w ka fè? Ou kapab ekri “IJAN!” sou li. Si w pral nan yon randevou enpòtan, men ou anreta, ki sa w ka fè? Ou ka di chofè k ap mennen w lan: “M gen yon IJANS, tanpri, fè prese.” Wi, lè w gen yon bagay pou w fè e delè pou w fè l la ap rive sou ou, ou santi yon presyon e w chofe pou w aji. Se sa yon ijans ye!

2. Ki travay ki pi ijan pou vrè kretyen yo jodi a?

2 Jodi a, pa gen anyen ki pi ijan pou vrè kretyen yo pase preche bon nouvèl Wayòm nan epi fè disip pami moun tout nasyon (Mat. 24:14; 28:19, 20). Disip Mak te site pawòl Jezi te di yo ki fè konnen travay sa a dwe fèt “anvan”, sa vle di anvan lafen an vini (Mak 13:10). Se sèten se konsa sa dwe ye. Jezi te di: “Rekòt la anpil, men pa gen anpil travayè.” Lè gen yon rekòt ki pou fèt, rekòt la pa ka tann, se pou l fèt anvan sezon an fini. — Mat. 9:37.

3. Ki jan anpil moun reyaji devan travay predikasyon an ki bezwen fèt ann ijans?

3 Piske travay predikasyon an enpòtan pou nou konsa, li merite pou nou ba l plis tan, plis enèji ak plis atansyon nou kapab. Gen anpil nan frè n ak sè n yo ki fè sa, e yo merite felisitasyon poutèt sa. Toupatou sou tè a, gen ladan yo ki senplifye lavi yo pou yo ka antre nan sèvis aplentan antanke pyonye, misyonè, oubyen pou yo sèvi nan Betèl. Yo okipe anpil. Yo gendwa te fè anpil sakrifis, e yo jwenn anpil difikilte, sepandan, Jewova beni yo anpil. Nou kontan pou yo. (Li Lik 18:28-30.) Gen lòt ki pa ka antre nan sèvis aplentan, men yo pase plis tan yo kapab nan travay sa a k ap sove lavi moun. Nan travay sa a y ap fè a, yo ede pitit nou yo pou yo sove lavi yo tou. — Det. 6:6, 7.

4. Ki sa k fè kèk moun konn gen tandans sispann aji ann ijans?

Jan nou te wè sa, nòmalman, yon moun santi li bezwen aji ann ijans lè li gen yon delè devan l, oubyen tan li gen pou l fè sa l ap fè a prèske fini. N ap viv nan tan lafen an e gen prèv biblik ak prèv istorik ki montre sa (Mat. 24:3, 33; 2 Tim. 3:1-5). Malgre sa, pèsonn pa konnen egzakteman ki lè lafen an ap vini. Lè Jezi t ap bay detay konsènan “siy fen sistèm nan”, li te di: “Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, ni zanj ki nan syèl la, ni Pitit la, men se Papa a sèl ki konnen yo.” ​(Mat. 24:36). Se sa k fè gen moun ki ka twouve li difisil pou yo kontinye aji ann ijans ane apre ane, sitou si yo gen lontan depi y ap fè sa (Pwo. 13:12). Èske w konn santi sa pafwa? Ki sa ki kapab ede w aji ann ijans nan travay Jewova Dye ak Jezi Kris vle w fè a e ki ka ede w kontinye fè sa?

Ann pran egzanp Jezi, Modèl nou an

5. Ki jan Jezi montre li te konnen se pou l aji ann ijans nan ministè a?

5 Pami tout moun ki aji ann ijans nan sèvis Bondye, se sèten Jezi se pi gwo egzanp lan. Yon rezon ki fè li te aji konsa se paske li te gen anpil travay pou l fè nan twazan edmi sèlman. Sepandan, Jezi te fè plis pou vrè adorasyon an pase tout lòt moun. Li te fè moun konnen non Papa l ak objektif li, li te preche bon nouvèl Wayòm nan, li te denonse ipokrizi chèf relijye yo ak fo ansèyman yo t ap bay yo e li te defann souvrènte Jewova jiska lamò. Li te fè tout sa l kapab pou l travèse peyi a nan objektif pou l anseye moun yo, pou l ede yo e pou l geri yo (Mat. 9:35). Okenn lòt moun pa janm fè tout sa l te fè nan ti tan l te gen devan l lan. Pèsonn pa t ap ka travay pi di pase jan Jezi te travay. — Jan 18:37.

6. Ki sa k te pi enpòtan nan lavi Jezi?

6 Ki sa ki te pouse Jezi travay san pran souf nan ministè a konsa? Dapre sa ki di nan pwofesi Dànyèl la, Jezi te konnen konbyen tan li te genyen, selon kalandriye Jewova a, pou l akonpli travay li te gen pou l fè a (Dàn. 9:27). Jan sa parèt nan vèsè a, ministè Jezi sou tè a te dwe dire “twazan sis mwa”. Yon ti tan apre Jezi te fin antre nan Jerizalèm ak kè kontan, nan prentan ane 33 epòk nou an, li te di: “Lè a rive pou Pitit lòm nan jwenn glwa.” ​(Jan 12:23). Byenke Jezi te konnen li pa t lwen mouri, li pa t kite lanmò l vin bagay ki pi enpòtan nan lavi l, sa vle di pou se sa ki prensipal rezon ki fè l ap travay di nan ministè a. Olye de sa, li te pwofite tout okazyon pou l fè volonte Bondye e pou l montre lanmou li gen pou moun. Lanmou sa a te pouse l chwazi disip li yo, ba yo fòmasyon epi voye yo al preche. Li te fè sa yon fason pou yo te ka kontinye travay li te kòmanse a e pou yo te ka menm fè plis pase l. — Li Jan 14:12.

7, 8. Ki efè sa Jezi te fè nan tanp lan te gen sou disip li yo, e poukisa li te aji konsa?

7 Gen yon evènman ki te pase nan lavi Jezi ki byen montre jan li te zele. Evènman sa a te pase byen bonè nan ministè l, nan ane 30 epòk nou an, pandan fèt Pak la. Pandan Jezi ak disip li yo vin nan tanp Jerizalèm nan, yo remake gen “moun ki t ap vann bèf, mouton ak pijon, ansanm ak moun ki te chita sou chèz yo ap chanje lajan”. Ki jan Jezi te reyaji, e ki efè reyaksyon l lan te gen sou disip li yo? — Li Jan 2:13-17.

8 Sa Jezi te di e sa l te fè nan okazyon sa a te gen rezon fè disip yo sonje pawòl pwofetik David te di nan yon sòm konsènan Jezi: “Zèl mwen gen pou kay ou a t ap devore m.” ​(Sòm 69:9, NW). Poukisa? Se paske li te pran anpil risk lè l te fè sa l te fè a. An reyalite, se moun ki te responsab tanp lan, anpalan de prèt yo, espè nan Lalwa yo ak lòt moun ankò, ki te mete moun la pou fè komès pou yo, e sa te rapòte yo anpil lajan. Lè Jezi te denonse sa k t ap fèt la e l te entèwonp li, se opoze li te opoze ak chèf relijye nan epòk la. Jan disip Jezi yo te vin rann yo kont de sa, Jezi te montre byen klè li te gen ‘zèl pou kay Bondye a’, sètadi pou vrè adorasyon an. Sepandan, ki sa sa vle di pou yon moun gen zèl? Èske zèl diferan ak ijans?

Ijans ak zèl

9. Ki jan nou kapab dekri zèl?

9 Gen yon diksyonè ki defini “zèl” konsa: “Se lè yon moun chofe dèyè yon bagay e li vrèman enterese ladan l.” Kòm sinonim, li bay kèk mo tankou pasyon ak antouzyas. Se sèten mo sa yo kapab dekri ministè Jezi. Se sa k fè tradiksyon Labib yo rele Bib la tradui vèsè sa a konsa: “Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m santi se tankou yon dife k’ap boule tout anndan mwen.” Yon bagay ki enteresan, nan kèk lang yo pale ann Oryan, mo “zèl” la se yon mo konpoze ki vle di “kè cho”. Mo sa a bay imaj yon kè k ap boule. Nou kapab konprann rezon ki fè disip yo te sonje pawòl David yo lè yo te wè sa Jezi te fè nan tanp lan. Se kòmsi kè Jezi t ap boule. Ki sa k te fè sa e ki te pouse l aji fason li te aji a?

10. Ki sans mo “zèl” la genyen nan Bib la?

10 Mo “zèl” ki nan sòm David la soti nan yon mo ebre yo mete “jalouzi” pou li souvan lè y ap tradui l nan lòt pati nan Bib la. Pafwa, Tradiksyon monn nouvo a mete “atachman san pataj” pou li. (Li Egzòd 20:5; 34:14; Jozye 24:19.) Men sa yon diksyonè pou mo biblik di sou mo sa a: “Souvan yo itilize l anrapò ak relasyon de moun marye genyen [...]. Menm jan lè yon madanm oswa yon mari fè jalouzi se montre li montre avèk fòs li gen yon dwa okenn lòt moun pa genyen, se konsa tou Jewova gen dwa sou moun ki pou li yo e li defann dwa sa a.” Donk, nan Bib la, mo zèl la vle di plis pase chofe pou yon aktivite, jan kèk moun montre sa pou spò yo pi renmen an. Zèl David te genyen an se te yon bon jalouzi, sa vle di yon jalouzi ki pa t tolere okenn rivalite, ni okenn kritik. Se te yon gwo detèminasyon pou l pwoteje yon bon repitasyon oswa pou l repare yon mal ki te fèt.

11. Ki sa ki te pouse Jezi bay tout li menm nan ministè a avèk zèl?

11 Disip Jezi yo pa t fè erè lè yo te fè yon koneksyon ant pawòl David yo ak sa yo te wè Jezi fè nan tanp lan. Se pa senpleman paske Jezi te gen yon delè devan l ki fè li te bay tout li menm nan ministè a, men li te fè sa tou paske li te zele, oubyen li te jalou, pou non Papa l e pou vrè adorasyon an. Lè l te wè jan yo te sal non Bondye e yo te blasfeme l, li te gen rezon aji avèk zèl, sa vle di pou l fè jalouzi, e li te aji pou l ranje sitiyasyon an. Lè li te wè tou jan chèf relijye yo t ap toupizi moun enb yo e jan yo t ap eksplwate yo, zèl te pouse l soulaje yo epi denonse sa chèf relijye yo t ap fè a avèk fòs. — Mat. 9:36; 23:2, 4, 27, 28, 33.

Annou zele nan vrè adorasyon an

12, 13. Jodi a, ki sa chèf relijye lakretyente yo fè ak a) non Bondye? b) Wayòm Bondye a?

12 Jodi a, fason moun ki di y ap sèvi Bondye yo panse ak fason yo aji pa chanje e sanble sa vin pi mal pase jan sa te ye nan epòk Jezi a. Pa egzanp, w ap sonje premye bagay Jezi te anseye disip yo priye pou li, se non Bondye. Li te di: “Se pou non w vin sen.” ​(Mat. 6:9). Èske w remake chèf relijye yo, sitou sila ki nan lakretyente yo, aprann moun yo non Bondye, e yo aprann yo pou yo sangtifye l, oswa onore l ? Okontrè, yo pa ede moun yo konnen Bondye lè yo anseye yo yon seri fo doktrin tankou Trinite, nanm nan pa ka mouri ak lanfè dife. Konsa, yo fè moun yo konprann Bondye se yon mistè, yo pap janm konprann li, li mechan e li menm sadik. Anplis, yo fè moun pale l mal, piske yo mele nan yon seri eskandal e yo ipokrit. (Li Women 2:21-24.) Mete sou sa, yo fè tout sa yo kapab pou yo kache non Bondye, menm retire yo retire l nan tradiksyon Bib yo. Lefètke yo aji konsa, yo anpeche moun pwoche bò kote Bondye pou yo vin gen yon relasyon sere avè l. — Jak 4:7, 8.

13 Jezi te aprann disip li yo pou yo priye konsènan Wayòm Bondye a tou. Matye 6:10 montre sa. Men sa vèsè sa a di: “Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” Byenke chèf relijye nan lakretyente yo fè priyè sa a souvan, yo konn mande moun yo pou yo soutni òganizasyon politik ak lòt òganizasyon ankò. Mete sou sa, yo pase moun k ap fè efò pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan nan rizib. Kòm rezilta, anpil moun ki pretann yo se kretyen pa pale de Wayòm Bondye a ankò, alewè pou yo ta met lafwa yo nan li.

14. Ki jan klèje lakretyente a minimize Pawòl Bondye a?

14 Yon lè, pandan Jezi t ap priye Bondye, li te di: “Pawòl ou se laverite.” ​(Jan 17:17). Anvan li te kite tè a, li te fè konnen li t ap etabli “esklav fidèl ki prevwayan an” pou l bay pèp li a manje espirityèl (Mat. 24:45). Byenke chèf relijye lakretyente yo pretann yo anseye moun sa k nan Pawòl Bondye a, èske yo fè travay Mèt la avèk fidelite? Non. Yo gen tandans di sa Bib la di yo se fab, oswa lejann. Olye yo nouri fidèl yo ak manje espirityèl pou rekonfòte yo e pou yo pote limyè pou yo, yo anseye yo filozofi lèzòm pito pou yo fè zòrèy yo dous. Mete sou sa, yo minimize prensip moral Bondye yo pou yo suiv prensip pa yo nan domèn moral. — 2 Tim. 4:3, 4.

15. Ki jan w santi w lè w reflechi sou tout sa chèf relijye lakretyente yo fè nan non Bondye?

15 Anpil moun ki sensè desi oswa yo pèdi konfyans nèt ni nan Bondye ni nan Bib la akoz tout sa ki fèt swadizan nan non Bondye Bib la pale de li a. Yo pran nan pyèj Satan ak monn mechan l lan. Lè w wè epi w tande tout bagay sa yo k ap fèt chak jou, ki jan w santi w? Antanke sèvitè Jewova, lè w wè jan yo pale Bondye mal e jan yo blasfeme non l, èske sa pa fè w anvi defann non l? Lè w wè y ap twonpe moun ki sensè e ki onèt e y ap eksplwate yo, èske sa pa fè w anvi konsole moun sa yo y ap toupizi yo? Nan epòk Jezi a, lè Jezi te wè moun yo “te depafini e yo te lage tankou mouton ki san bèje”, li pa t annik gen pitye pou yo, men li te “kòmanse anseye yo anpil bagay”. (Mat. 9:36; Mak 6:34.) Nou gen anpil rezon pou nou zele nan vrè adorasyon an menm jan ak Jezi.

16, 17. a) Ki sa ki ta dwe pouse nou bay tout nou menm nan ministè a? b) Sou ki sa nou pral pale nan atik ki vin apre a?

16 Lè nou gen zèl nan ministè a, pawòl apot Pòl yo nou jwenn nan 1 Timote 2:3, 4 yo gen plis sans pou nou. (Li vèsè yo.) Nou pa travay di nan ministè a sèlman paske nou konnen n ap viv nan dènye jou yo, men nou fè sa tou paske nou konnen se volonte Bondye. Li vle pou moun yo konn laverite yon fason pou yo menm tou yo ka aprann ki jan pou yo adore l pou l ka beni yo. Nou pa santi nou oblije bay tout nou menm nan ministè a senpleman paske tan ki rete a kout, men nou santi nou dwe fè sa tou paske nou vle onore non Bondye e nou vle ede lòt moun fè volonte l. Nou se moun ki zele nan vrè adorasyon an. — 1 Tim. 4:16.

17 Antanke pèp Jewova, nou beni lefètke nou konnen laverite sou Bondye e sou objektif li genyen pou limanite e pou tè a. Nou gen posiblite ede lòt moun jwenn lajwa ak yon esperans pou lavni ki sèten. Nou kapab montre yo ki sa pou yo fè pou yo jwenn pwoteksyon lè sistèm Satan an pral detwi (2 Tes. 1:7-9). Olye nou dekouraje paske jou Jewova a sanble pran tan pou l vini, nou ta dwe kontan lefètke nou gen tan devan nou toujou pou nou montre nou gen zèl nan vrè adorasyon an (Mika 7:7; Aba. 2:3). Ki jan nou kapab vin gen zèl sa a? Nou pral pale sou sa nan atik ki vin apre a.

Èske w ka esplike?

• Ki sa ki te pouse Jezi bay tout li menm nan ministè l?

• Ki sans mo “zèl” la genyen nan Bib la?

• Ki sa nou konstate jodi a ki ta dwe fè nou zele nan vrè adorasyon an?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Sa k te pi enpòtan pou Jezi se fè volonte Bondye epi montre lanmou li gen pou moun.

[Foto nan paj 10]

Gen bonjan rezon pou nou zele nan vrè adorasyon an.