Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Kounye a se jou ki fè m plezi espesyalman an”

“Kounye a se jou ki fè m plezi espesyalman an”

“Kounye a se jou ki fè m plezi espesyalman an”

“Gade! Kounye a se jou ki fè m plezi espesyalman an. Gade! Kounye a se jou delivrans lan.” — 2 KOR. 6:2.

1. Poukisa nou bezwen konprann ki sa ki pi enpòtan pou nou fè nan yon moman kèlkonk?

“GEN yon lè pou chak bagay. Bondye fikse yon tan pou chak bagay k’ap fèt sou latè.” ​(Ekl. 3:1). Salomon t ap pale de enpòtans pou nou konprann ki lè ki pi bon pou nou fè yon aktivite nou genyen ki itil, kit se fè jaden, vwayaje, fè biznis oubyen fè konvèsasyon ak lòt moun. Sepandan, nou bezwen konnen tou ki travay ki pi enpòtan pou nou fè e ki lè pou nou fè l. Sa vle di, nou bezwen mete bagay ki pi enpòtan yo nan plas yo.

2. Kòman nou fè konnen lè Jezi te sou tè a li te konnen trè byen nan ki epòk li t ap viv?

2 Lè Jezi te sou tè a, li te konnen byen nan ki epòk li t ap viv e ki sa li te dwe fè. Li te konprann byen klè ki sa ki te gen priyorite pou li, li te konnen epòk li t ap viv la se te epòk moun t ap tann depi lontan an kote anpil pwofesi konsènan Mesi a t ap jwenn akonplisman yo (1 Pyè 1:11; Rev. 19:10). Li te gen anpil travay pou l fè pou l montre aklè se li menm ki Mesi yo te pwomèt la. Li te gen pou l bay yon temwayaj konplè sou verite konsènan Wayòm nan epi rasanble moun ki t apral eritye Wayòm nan avèk li yo. Anplis, li te gen pou l poze baz kongregasyon kretyen an ki t apral kontinye ak travay predikasyon an e ak travay ansèyman an sou tout tè a. — Mak 1:15.

3. Lefètke Jezi te konnen nan ki epòk li t ap viv, ki efè sa te gen sou aksyon l?

3 Lefètke Jezi te konn sa, sa te pouse l fè volonte Papa l avèk zèl. Li te di disip li yo: “Rekòt la vrèman anpil, men se yon tikras travayè ki genyen. Kidonk, priye Mèt rekòt la pou l voye travayè nan rekòt li a.” ​(Lik 10:2; Mal. 4:5, 6). Toudabò, Jezi te chwazi 12 apot li yo, apre sa, li te chwazi 70 lòt nan disip li yo, li ba yo enstriksyon byen presi epi li voye yo al preche yon mesaj kaptivan: “Wayòm syèl la vin pi pre.” Kanta pou Jezi li menm, men sa Bib la di: “Lè [l] fin bay douz disip li yo enstriksyon, li kite kote l te ye a, l al anseye nan vil yo e l al preche ladan yo.” — Mat. 10:5-7; 11:1; Lik 10:1.

4. Ki jan Pòl te imite Jezi Kris?

4 Jezi se yon modèl pafè pou tout disip li yo nan domèn zèl ak devouman. Se sa apot Pòl te vle kwayan parèy li yo konprann lè l te di: “Se pou nou imite m, menm jan mwen menm mwen imite Kris.” ​(1 Kor. 11:1). Ki jan Pòl te imite Kris? Li te fè sa prensipalman nan fason li te bay tout li menm nan travay predikasyon an. Nan lèt li te ekri kongregasyon yo, nou jwenn kèk pawòl li te di tankou “pa fè parès”, “travay tankou esklav pou Jewova”, “se pou nou toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”, “kèlkeswa sa n ap fè, fè l ak tout nanm nou, tankou se pou Jewova”. (Wom. 12:11; 1 Kor. 15:58; Kol. 3:23.) Pòl pa t janm bliye sa k te pase sou wout Damas la e li pa t janm bliye pawòl Jezi te di Anànyas yo, e siman Anànyas te repete l pawòl sa yo: “Mesye sa a se yon enstriman mwen chwazi pou pote non m devan moun nasyon yo, devan wa e devan pitit Izrayèl yo.” — Tra. 9:15; Wom. 1:1, 5; Gal. 1:16.

“Jou ki fè [Bondye] plezi espesyalman an”

5. Ki sa k fè Pòl te akonpli ministè l avèk zèl?

5 Lè nou li liv Travay la, nou wè aklè jan Pòl te gen kouraj e li te zele nan ministè a (Tra. 13:9, 10; 17:16, 17; 18:5). Li te konnen enpòtans epòk li t ap viv la. Men sa li te di: “Gade! Kounye a se jou ki fè [Bondye] plezi espesyalman an. Gade! Kounye a se jou delivrans lan.” ​(2 Kor. 6:2). Ane 537 anvan epòk nou an se te ane ki te fè Bondye plezi espesyalman an pou egzile ki te Babilòn yo retounen nan peyi yo (Iza. 49:8, 9). Men, de ki sa Pòl t ap pale la a? Kontèks vèsè a montre nou de ki sa li t ap pale.

6, 7. Jodi a, ki gwo onè yo fè kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo, e kiyès k ap travay ansanm avèk yo?

6 Nan lèt Pòl la, anvan l te di pawòl sa yo, li te pale de yon gwo onè li menm ak lòt kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo genyen. (Li 2 Korentyen 5:18-20.) Li te di Bondye chwazi yo pou yon misyon byen presi, ‘misyon pou yo fè moun vin rekonsilye’ ak Bondye, sa vle di pou yo vin zanmi l ankò.

7 Depi rebelyon ki te fèt ann Edenn nan, lèzòm vin lwen Bondye e yo pa gen bon relasyon avè l ankò (Wom. 3:10, 23). Separasyon sa a lakòz lèzòm an jeneral nan fènwa nan domèn espirityèl, sa ki fè yo soufri e yo mouri. Pòl te ekri: “Nou konnen tout kreyasyon an kontinye ap plenn ansanm e yo kontinye ap soufri ansanm jiska prezan.” ​(Wom. 8:22). Men, Bondye pran inisyativ pou l “mande” moun yo retounen vin jwenn li, sa vle di pou yo vin rekonsilye avè l. Nan premye syèk la, se misyon sa a yo te konfye Pòl ansanm ak lòt kretyen Bondye chwazi yo. “Jou ki fè [Bondye] plezi espesyalman an” kapab tounen yon “jou delivrans” pou moun ki met lafwa yo nan Jezi. Tout kretyen Bondye chwazi yo mete ak konpayon yo, sa vle di “lòt mouton” yo k ap travay ansanm avèk yo, kontinye ofri moun posiblite pou yo benefisye “jou ki fè [Bondye] plezi espesyalman an”. — Jan 10:16.

8. Ki sa k fè demann pou rekonsilyasyon an estrawòdinè?

8 Rezon ki fè demann pou moun vin rekonsilye avèk Bondye a estrawòdinè se paske se Bondye menm ki fè demann nan byenke se lòm ki te rebele kont li nan jaden Edenn nan (1 Jan 4:10, 19). Ki sa l te fè? Men repons Pòl bay: “Bondye t ap fè yon monn rekonsilye avè l pa mwayen Kris, san li pa t konsidere fot yo, e li te konfye nou mesaj k ap fè moun rekonsilye avè l la.” — 2 Kor. 5:19; Iza. 55:6.

9. Ki jan Pòl te montre li gen rekonesans pou mizèrikòd Bondye?

9 Lè Jewova te bay sakrifis ki sèvi kòm ranson an, li te rann li posib pou moun ki egzèse lafwa nan sakrifis sa a jwenn padon pou peche yo e pou yo vin zanmi l ankò. Mete sou sa, li voye reprezantan l yo pou yo ankouraje moun tout kote pou yo fè lapè avè l pandan gen tan pou sa toujou. (Li 1 Timote 2:3-6.) Lefètke Pòl te konprann volonte Bondye e li te konnen nan ki epòk li t ap viv, li te bay tout li menm nan “misyon” li te genyen pou l “fè moun vin rekonsilye” ak Bondye a. Volonte Jewova pa chanje. Jodi a tou, li louvri bra l pou l akeyi tout moun. Pòl te di “kounye a se jou ki fè [Bondye] plezi espesyalman an”, “kounye a se jou delivrans lan”. Pawòl sa yo valab jodi a tou. Se pa ti mizèrikòd ak konpasyon Jewova Dye genyen! — Egz. 34:6, 7.

Pa “rate objektif li”

10. Ki sa “jou delivrans lan” vle di pou kretyen Bondye chwazi yo k ap viv jodi a e pou kretyen nan tan lontan yo ki gen menm esperans lan?

10 Premye moun ki te benefisye favè san parèy Jewova a se moun ki “ann inyon ak Kris” yo (2 Kor. 5:17, 18). Pou yo menm, “jou delivrans lan” te kòmanse nan Pannkòt ane 33 epòk nou an. Depi ane sa a, Bondye ba yo misyon pou yo anonse “mesaj k ap fè moun rekonsilye avè l la”. Jodi a, rès kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo toujou gen “misyon pou [yo] fè moun vin rekonsilye” avèk Bondye. Yo konnen kat zanj apot Jan te wè nan vizyon pwofetik la “kenbe kat van latè yo, dekwa pou van pa ka soufle [...] sou tè a”. Donk, jiska prezan nou nan “jou delivrans lan” toujou, “jou ki fè [Bondye] plezi espesyalman an”. (Rev. 7:1-3.) Se sa k fè, depi nan kòmansman ventyèm syèk la, rès kretyen ki gen pou y al nan syèl yo ap akonpli “misyon” yo genyen an “pou [yo] fè moun vin rekonsilye” avèk Bondye nan kat kwen tè a.

11, 12. Nan kòmansman ventyèm syèk la, ki jan kretyen Bondye chwazi yo te montre yo te konprann nan ki epòk yo t ap viv? (Gade foto ki nan paj 15 lan.)

11 Jan nou ka wè sa nan liv Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu a, nan fen diznevyèm syèk la, “Charles Russell ansanm ak asosye l yo te kwè ak tout fòs yo yo t ap viv nan yon epòk rekòt e moun yo te bezwen tande verite k ap libere yo a”. Ki sa yo te fè? Lefètke frè sa yo te konprann yo te nan yon epòk rekòt, nan “jou ki fè [Bondye] plezi espesyalman an”, yo pa t kontante yo pou yo annik envite moun vin asiste yon sèvis nan yon legliz menm jan chèf relijye nan lakretyente yo ap fè sa depi lontan. Olye de sa, kretyen sa yo, kretyen Bondye chwazi yo, te kòmanse chèche lòt fason pou yo gaye bon nouvèl la. Pami tout mwayen yo te itilize pou yo fè travay la avanse, yo te itilize dènye teknoloji ki te egziste nan epòk yo a.

12 Pou ti gwoup frè sa yo, ki te zele, te ka gaye bon nouvèl la, yo te konn sèvi ak feyè, depliyan, peryodik ak liv. Yo te konn prepare sèmon tou ak atik yo te pibliye nan plizyè milye jounal. Yo te konn prepare pwogram yo te konn pase sou radyo Ozetazini ak nan lòt peyi. Yo te pwodui fim ki te gen imaj an mouvman kote yo te tande moun k ap pale, anvan menm endistri sinema a te fè sa. Ki rezilta yo te jwenn lefètke yo te kontinye montre yo zele? Jodi a, gen anviwon sèt milyon moun ki byen reyaji devan mesaj yo te resevwa pou yo “vin rekonsilye ak Bondye” a e ki patisipe nan anonse mesaj sa a. Premye sèvitè Jewova sa yo, ki se egzanp pou nou, te vrèman zele, byenke yo te limite nan sa yo te kapab fè.

13. Ki objektif Bondye genyen nou bezwen kenbe nan lespri nou?

13 Pòl te di: “Kounye a se jou ki fè [Bondye] plezi espesyalman an.” Jodi a, pawòl sa yo vrè toujou. Nou menm ki jwenn favè san parèy Jewova, nou gen rekonesans poutèt li ban nou posiblite pou n tande mesaj rekonsilyasyon an e pou nou aksepte l. Olye nou panse nou fin rive, pito nou pran sa Pòl di annapre yo oserye: “Nou sipliye nou pou nou pa fin aksepte favè san parèy Bondye a, epi apre sa pou nou rate objektif li.” ​(2 Kor. 6:1). Objektif Bondye genyen ki fè li fè n favè san parèy la se pou l “fè yon monn rekonsilye avè l” pa mwayen Kris. — 2 Kor. 5:19.

14. Ki posiblite anpil moun vin genyen nan anpil peyi?

14 Pifò moun pa gen relasyon ak Bondye e yo pa konnen objektif li genyen ki fè li fè n favè san parèy la paske Satan fè yo avèg (2 Kor. 4:3, 4; 1 Jan 5:19). Sepandan, lefètke bagay yo ap vin pi mal, gen anpil moun ki byen reyaji devan mesaj nou an lè yo aprann se paske moun yo nan monn nan pa gen relasyon avèk Bondye ki fè gen tout mechanste ak soufrans sa yo. Menm nan peyi kote pifò moun pa enterese nan mesaj n ap preche a, jodi a, gen anpil moun ki aksepte bon nouvèl la e ki fè sa yo kapab pou yo vin rekonsilye ak Bondye. Èske sa pa fè nou wè se moman pou nou di moun yo, avèk plis zèl toujou, pou yo “vin rekonsilye ak Bondye”?

15. Olye nou preche moun tout kote yon mesaj ki fè yo santi yo byen, ki sa nou vle fè yo konnen?

15 Travay nou se pa senpleman di moun yo si yo vin jwenn Bondye l ap ede yo ak tout pwoblèm yo e y ap santi yo pi byen. Anpil moun se sa sèlman y ap chèche nan legliz yo, e legliz yo byen kontan di yo sa (2 Tim. 4:3, 4). Se pa objektif sa a ministè pa nou an genyen. Kòm bon nouvèl, nou fè moun yo konnen Jewova, antanke yon Dye ki gen lanmou, dispoze padone peche nou grasa Kris. Konsa, yo kraze baryè ki separe yo ak Bondye a e yo vin rekonsilye ak li (Wom. 5:10; 8:32). Sepandan, “jou ki fè [Bondye] plezi espesyalman an” ap rive nan bout li byen rapid.

“Se pou lespri a chofe nou”

16. Ki sa k te bay Pòl kouraj ak zèl?

16 Men, ki jan nou kapab vin gen zèl nan vrè adorasyon an, e ki jan nou kapab kenbe zèl sa a? Gen moun tou natirèlman ki timid, ki pa renmen pale, e li difisil pou yo alèz ak lòt moun. Sepandan, li bon pou nou sonje se pa lè nou fè moun wè nou chofe pou yon bagay nou gen zèl vre, ni sa pa gen rapò ak pèsonalite nou. Pòl te montre ki jan yon moun kapab vin gen zèl e li kapab kenbe zèl sa a lè l te ankouraje kretyen yo pou yo kite “lespri a chofe” yo (Wom. 12:11). Lespri sen Jewova te jwe yon wòl enpòtan nan bay apot yo kouraj ak andirans nan travay predikasyon an. Depi lè Jezi te rele Pòl la rive nan dènye fwa yo te mete Pòl nan prizon nan vil Wòm e yo te touye l, te gen 30 an ki te pase, e zèl Pòl pa t janm bese. Li te toujou konte sou Bondye ki te ba li fòs li te bezwen grasa lespri sen. Men sa Pòl te di: “Pou tout bagay, mwen gen fòs grasa sila a ki ban m pisans lan.” ​(Fil. 4:13). Se pa ti byenfè n ap jwenn si nou tire leson nan egzanp li!

17. Ki sa k ap fè “lespri a chofe nou”?

17 Mo yo mete “chofe” pou yo tradui l la vle di literalman “bouyi”. (Kingdom Interlinear.) Si nou gen yon bonm dlo e nou bezwen bouyi dlo a, se pou toujou gen dife anba bonm nan. Menm jan an tou, pou “lespri a chofe nou”, nou bezwen toujou anba enfliyans lespri sen Bondye. Pou sa ka fèt, nou bezwen pwofite tout sa Jewova ban nou pou fòtifye nou nan domèn espirityèl. Sa vle di nou bezwen pran ni adorasyon familyal nou, ni adorasyon nou bay Bondye nan kongregasyon an oserye. N ap montre sa lè nou fè bagay nou pral site la yo regilyèman: etid pèsonèl, etid familyal, lapriyè, epi asiste reyinyon yo ansanm ak frè n ak sè n yo. Si nou fè tout bagay sa yo, sa ap fè “lespri a chofe nou” menm jan “dife” a “bouyi” dlo ki nan bonm nan. — Li Travay 4:20; 18:25.

18. Antanke kretyen ki vwe lavi nou bay Bondye, sou ki sa nou dwe konsantre?

18 Yon moun ki gen detèminasyon se yon moun ki konsantre nèt sou yon objektif e ki pa kite yo distrè l fasil, ni ki pa kite yo dekouraje l fasil. Antanke kretyen ki vwe lavi nou bay Bondye, objektif nou se fè sa Bondye vle nou fè menm jan ak Jezi (Ebre 10:7). Jodi a, volonte Jewova se pou plis moun posib vin rekonsilye ak li. Kidonk, annou fè tout sa nou kapab pou nou patisipe nan travay enpòtan sa a ki bezwen fèt ann ijans jodi a. Konsa, n ap imite Jezi ak Pòl.

Èske nou sonje?

• Ki “misyon” yo te bay Pòl ansanm ak lòt kretyen Bondye chwazi yo?

• Ki jan rès kretyen Bondye chwazi yo byen pwofite de “jou ki fè [Bondye] plezi espesyalman an”?

• Ki jan minis kretyen yo ka kite “lespri a chofe” yo?

[Kesyon]

[Foto nan paj 12]

Pòl pa t janm bliye lè Jezi te pale avè l sou wout Damas la.