Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann chante pou Jewova!

Ann chante pou Jewova!

Ann chante pou Jewova!

“M’ap chante pou Bondye mwen pandan tout tan m’ap viv.” — SÒM 146:2.

1. Ki sa k te pouse David konpoze kèk nan sòm li te konpoze yo?

LÈ David te jèn, li te pase anpil tan nan savann, toupre Betleyèm, ap pran swen twoupo bèt papa l yo. Pandan David t ap veye mouton yo, li te gen posiblite admire bèl bagay Jewova te kreye yo tankou syèl la ki chaje ak zetwal, “tout bèt nan bwa yo” ak “zwazo nan syèl” la. Sa l te wè yo te sitèlman gen yon gwo efè sou li, sa te pouse l konpoze yon seri chante ki soti nan fon kè l pou l louwe Moun ki te fè kalite bèl bagay sa yo. Se nan liv Sòm nan n ap jwenn pifò nan chan David te konpoze yo *. — Li Sòm 8:3, 4, 7-9.

2. a) Ki efè mizik kapab genyen sou yon moun? Bay yon egzanp. b) Ki sa nou ka aprann sou relasyon David te genyen ak Jewova lè nou li Sòm 34:7, 8 ak Sòm 139:2-8?

2 Li pwobab pou se nan epòk sa a David te vin maton nan fè mizik. Anfèt, li te tèlman vin yon bon mizisyen, wa Sayil te envite l jwe hap pou li (Pwo. 22:29). Mizik David te jwe yo te konn kalme wa a ki te twouble, menm jan bon mizik kapab gen efè sa a sou moun jodi a. Chak fwa David te pran enstriman l, “Sayil te soulaje, li te santi l byen ankò”. (1 Sam. 16:23.) David te gen lakrentif pou Bondye, chante li te ekri e li te konpoze yo gen valè jis jodi a. Yon bagay ki enteresan, sèke malgre sa gen plis pase 3 000 an depi David te fèt, jodi a gen plizyè milyon moun, ki soti nan diferan kouch sosyal e k ap viv diferan kote sou tout tè a, ki chèche jwenn rekonfò ak espwa regilyèman nan sòm li te ekri yo. — 2 Kwo. 7:6; li Sòm 34:7, 8; 139:2-8; Amòs 6:5.

Mizik gen yon plas ki onorab nan vrè adorasyon an

3, 4. Nan epòk David la, ki aranjman ki te fèt pou moun chante nan vrè adorasyon an?

3 David te gen talan, e li te sèvi ak talan sa a pi bon fason posib la, sa vle di pou l bay Jewova glwa. Apre l te fin wa nan peyi Izrayèl, li te pran dispozisyon pou gen bèl mizik ki jwe lè te gen sèvis k ap fèt nan tabènak la. Pami 38 000 Levit ki t ap sèvi nan tanp lan, te gen 4 000 ladan yo ki te la pou “fè lwanj Senyè a”, sa te reprezante yon bon kantite nan Levit yo, e gen 288 ladan yo ki te “fò nan fè mizik, [...] ki te aprann chante pou Senyè a.” — 1 Kwo. 23:3, 5; 25:7.

4 Se David ki te konpoze anpil nan mizik Levit yo te konn jwe yo e ki te ekri anpil nan chante yo te konn chante yo. Si yon Izrayelit te gen privilèj pou l la lè yo t ap chante sòm David yo, siman sa l te tande yo te touche l anpil. Annapre, lè yo te vin ak lach alyans lan Jerizalèm, “David [te] bay chèf moun Levi yo lòd pou yo chwazi divès moun nan fanmi yo ki konn chante, pou yo vini ak enstriman mizik yo, gita, bandjo ak senbal, pou jwe mizik cho paske kè tout moun te kontan”. — 1 Kwo. 15:16.

5, 6. a) Poukisa yo te bay mizik tout atansyon sa a pandan rèy David la? b) Kòman nou fè konnen mizik te gen yon plas enpòtan nan adorasyon nan Izrayèl tan lontan an?

5 Poukisa yo te bay mizik tout atansyon sa a nan epòk David la? Èske se sèlman paske wa David te yon mizisyen? Non, te gen yon lòt rezon ki te vin parèt klè plizyè syèk annapre lè wa Izkiya te rekòmanse fè gen sèvis nan tanp lan. Men sa nou li nan 2 Kwonik 29:25: “Wa [Izkiya] mete moun Levi nan Tanp Senyè a avèk senbal, bandjo ak gita, dapre regleman David, Gad, pwofèt wa a ansanm ak pwofèt Natan te bay, paske tout lòd Senyè a vle bay, se nan bouch pwofèt li yo li toujou mete yo.”

6 Donk, se pa mwayen pwofèt yo Jewova te bay moun k ap adore l yo lòd pou yo chante pou yo fè louwanj pou li. Yo te pran dispozisyon pou chantè ki te soti nan tribi prèt yo pa fè travay lòt Levit yo te gen pou yo fè yon fason pou yo te ka gen ase tan pou yo konpoze mizik, e siman pou yo te gen ase tan pou yo fè repetisyon. — 1 Kwo. 9:33.

7, 8. Lè n ap chante kantik yo ki sa ki gen plis enpòtans pase talan yon moun ka genyen?

7 Petèt ou ka di: “Si se pou chante, yo pa t ap janm pran m pami moun ki te fò nan chante pou m chante nan tabènak la!” Men, se pa tout mizisyen ki te Levit ki te fò. Selon sa nou jwenn nan 1 Kwonik 25:8, te gen moun ki te “fenk konmanse aprann” tou. Li enteresan pou nou note, petèt te gen lòt moun nan lòt tribi Izrayèl yo ki te fò nan fè mizik ak nan chante, men se Levit yo Jewova te chwazi pou responsab mizik. Yon bagay nou ka sèten, sèke kit se Levit “ki te fò” yo, kit se sa ki te “fenk konmanse aprann” yo, yo tout se te moun ki te fidèl ki te fè sa yo te gen pou yo fè a ak tout kè yo.

8 David te renmen mizik e li te fò nan mizik. Men, èske se talan sèlman ki konte pou Bondye? Men sa David te ekri nan Sòm 33:3 (NW): “Fè tout sa n kapab pou nou teke kòd yo avèk kri lajwa.” Mesaj la klè: Sa k konte sèke nou fè “tout sa n kapab” pou n louwe Jewova.

Wòl mizik te genyen apre epòk David la

9. Ki sa w te ka wè e ki sa w te ka tande si w te la lè yo t ap inogire tanp lan nan epòk Salomon an?

9 Lè Salomon te wa, mizik te gen yon wòl enpòtan nan vrè adorasyon an. Lè inogirasyon tanp lan, te gen yon òkès konplè ki te gen yon liy van ki te gen 120 twonpèt. (Li 2 Kwonik 5:12.) Labib fè nou konnen “moun ki t ap jwe twonpèt yo ak moun ki t ap chante yo te vin fè yon sèl e yo te fè tande yon sèl son lè yo t ap bay Jewova louwanj e yo t ap remèsye l [...], ‘paske li bon, paske bonte li gen nan kè li la pou tan endefini’”. Yonfwa mizik la te kòmanse jwe, “te gen yon nyaj ki te ranpli mezon an”, sa te montre Jewova te dakò ak sa k t ap fèt la. Se pa ti emosyon ki dwe te genyen lè sa a! Moun ki te la yo dwe te emèveye lè yo te tande son tout twonpèt sa yo ansanm ak plizyè milye moun ki t ap chante ann amoni kòmsi se yon sèl vwa ki t ap chante. — 2 Kwo. 5:13, NW.

10, 11. Ki sa k montre premye kretyen yo te konn sèvi ak mizik nan adorasyon yo?

10 Premye kretyen yo tou te konn sèvi ak mizik nan adorasyon yo. Moun ki te konn adore Bondye yo nan premye syèk la pa t konn reyini ni nan tabènak ni nan tanp, se nan kay prive yo te konn reyini. Akoz pèsekisyon ak lòt pwoblèm kretyen sa yo te genyen, yo pa t toujou reyini nan bon kondisyon. Poutan, yo te konn chante pou yo louwe Bondye.

11 Men sa apot Pòl te ankouraje frè yo nan Kolòs pou yo fè: “Se pou youn kontinye ankouraje lòt ak sòm, ak louwanj pou Bondye, ak chante espirityèl nou chante byen.” ​(Kol. 3:16). Apre yo te fin mete Pòl ak Silas nan prizon, mesye sa yo te pran “priye, yo t ap chante pou yo louwe Bondye”, malgre yo pa t gen liv kantik (Tra. 16:25). Si w ta nan prizon, konbyen nan kantik nou yo ou t ap ka chante pakè?

12. Ki jan nou ka montre nou rekonèt enpòtans kantik nou yo genyen?

12 Etandone mizik gen yon plas ki onorab nan adorasyon n ap bay Bondye a, li t ap bon pou nou mande tèt nou: ‘Èske m bay kantik yo tout enpòtans yo genyen? Èske m fè sa m kapab pou m rive alè nan reyinyon yo, nan asanble yo ak nan kongrè yo yon fason pou m gentan chante premye kantik la ansanm ak frè ak sè m yo? Èske lè m ap chante mwen fè sa ak tout kè m? Èske m ankouraje pitit mwen pou yo konprann moman y ap chante kantik apre Lekòl ministè teyokratik la oswa apre diskou piblik la se pa yon poz yo ba yo, nitou se pa yon okazyon pou yo deplase san nesesite, petèt pou y al detire janm yo?’ Chante fè pati adorasyon n ap bay Bondye a. Wi, kit nou “fò”, kit nou “fenk konmanse aprann”, nou tout kapab mete vwa nou ansanm pou nou louwe Jewova, e se sa nou dwe fè. — Konpare ak 2 Korentyen 8:12.

Bezwen nou yo chanje tank tan ap pase

13, 14. Ki enpòtans sa genyen pou nou chante ak tout kè nou nan reyinyon ki fèt nan kongregasyon an? Bay yon egzanp.

13 Gen plis pase 100 an depi Le Phare de la Tour de Sion te bay youn nan rezon ki fè kantik nou yo enpòtan anpil. Men sa l te di: “Lè pèp Bondye a chante verite ki nan Bib la, se yon bon mwayen pou laverite antre nan lespri yo ak nan kè yo.” Anpil nan pawòl ki nan kantik nou yo baze sou vèsè ki nan Bib la. Kidonk, si nou aprann pawòl ki nan kèk nan kantik nou yo, sa ap pèmèt laverite antre nan fon kè nou. Souvan, kantik nou chante ak tout kè nou nan kongregasyon an konn touche kè moun lè yo vin asiste reyinyon premye fwa avèk nou.

14 An 1869, pandan Charles Russell t ap tounen lakay li yon aprèmidi apre l fin travay, li te tande vwa moun k ap chante nan sousòl yon bilding. Nan moman sa a nan lavi l, li te kwè li pa t ap janm jwenn laverite sou Bondye, donk, li te deside l ap konsantre l sou biznis li. Li te panse si l fè anpil lajan, omwen l ap kapab ede moun ki nan nesesite yo menmsi li pa kapab ede yo nan domèn espirityèl. Frè Russell te antre kote moun yo te ye a, se te yon pyès ki te sal ak pousyè. Lè l rive, li wè se yon sèvis ki t ap fèt pou adore Bondye. Li chita pou l koute. Nan sa l te ekri annapre, li te di sa l te tande jou swa sa a “te sifi, grasa èd Bondye, pou fòtifye lafwa l ki te febli. Li te vin kwè ankò se Bondye ki enspire Bib la.” N ap remake se chante yo t ap chante a ki te atire frè Russell nan reyinyon an.

15. Ki eklèsisman ki te fèt nan fason nou konprann yon seri sijè ki te fè l nesesè pou nou revize liv kantik la?

15 Avèk letan, gen plizyè eklèsisman ki fèt nan fason nou konprann Ekriti yo. Pwovèb 4:18 di: “Chemen moun k’ap mache dwat yo tankou solèy k’ap leve. Chak lè, l’ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.” Plis nou gen limyè sou yon seri sijè se plis nou ajiste fason nou ‘chante laverite’. Pandan 25 ane ki sot pase yo, nan plizyè peyi, Temwen Jewova yo te byen kontan sèvi ak liv kantik ki te rele Ann chante louwanj pou Jewova * a. Nan ane ki te pase apre liv sa a te fin soti, nou te vin gen plis limyè sou yon seri sijè, e gen kèk ekspresyon nou te itilize nan liv kantik sa a nou pa itilize ankò. Li klè, sa te nesesè pou nou mete liv kantik nou an ajou parapò ak nouvo eklèsisman sa yo.

16. Kòman nouvo liv kantik la ap ede nou suiv konsèy Pòl te bay ki parèt nan Efezyen 5:19 la?

16 Pou rezon sa a e pou lòt rezon ankò, Kolèj santral la te aksepte pou yo pibliye yon nouvo liv kantik ki rele Ann chante pou Jewova. Gen 135 kantik nan nouvo liv sa a. Kòm gen mwens kantik pou nou aprann, li ta dwe pi fasil pou nou sonje pawòl omwen kèk nan nouvo kantik yo. Sa ann amoni ak konsèy Pòl te bay ki parèt nan Efezyen 5:19 la. — Li vèsè a.

Ou ka demontre apresyasyon w

17. Ki sa k ka ede nou si nou ta pè pou nou pa wont lè moun nan kongregasyon an tande n ap chante?

17 Èske nou pa ta dwe chante nan reyinyon yo paske nou pè pou nou pa wont lè moun tande n ap chante? Fè yon ti reflechi: Èske se pa vre nou tout ‘nou bite nan pawòl nou tanzantan’ ​(Jak 3:2)? Poutan, nou pa kite sa anpeche nou preche kay an kay pou nou louwe Jewova. Ebyen, poukisa pou nou pa ta chante pou nou louwe Bondye paske nou pa gen bèl vwa? Se Jewova ki “bay moun bouch pou yo pale” e sa fè l plezi pou l tande nou k ap sèvi ak vwa nou pou nou louwe l. — Egz. 4:11.

18. Ki sa k ede anpil frè ak sè aprann nouvo kantik yo?

18 Gen yon CD ki rele Ann chante pou Jewova — Akonpayman pyano ki ede anpil frè ak sè aprann nouvo kantik yo. N ap pran plezi koute mizik sa yo. Si nou koute yo souvan lakay nou pandan n ap chante nan liv kantik la, sa ap ede nou aprann pawòl yo, e konsa n ap pi alèz pou nou chante kantik yo nan Sal la.

19. Kòman yo prepare kantik òkès Watchtower a jwe yo?

19 Nan jounen asanble espesyal yo, asanble sikonskripsyon yo ak kongrè distri yo, sa ka rive nou pa pran tan pou n apresye mizik y ap pase yo. Men, gen anpil travay ki fèt pou prepare mizik sa yo. Lè yo fin chwazi mizik yo, yo pran tan pou yo ekri aranjman mizikal pou 64 moun ki nan òkès Watchtower a ka jwe yo. Apre sa, mizisyen yo pase plizyè èdtan ap etidye mizik yo pral repete e yo pral anrejistre nan stidyo nou yo ki nan Patèsonn, nan Nouyòk. Gen dis nan frè ak sè sa yo ki pap viv Ozetazini. Se yon privilèj sa ye pou tout moun sa yo pou yo patisipe nan pwodui bèl mizik pou gwo rasanbleman kote n ap adore Jewova yo. Lè prezidan sesyon nan asanble yo oswa nan kongrè yo envite nou chita, si nou fè sa san pèdi tan e nou koute mizik frè ak sè sa yo te prepare pou nou yo, n ap montre rekonesans nou pou efò yo te fè ki demontre lanmou yo genyen.

20. Ki sa w detèmine pou w fè?

20 Jewova pran plezi nan kantik n ap chante pou n louwe l yo. Yo gen enpòtans nan je l. Nou ka fè kè l kontan lè nou chante ak tout kè nou chak fwa nou reyini pou nou adore l. Wi, kit nou fò nan chante, kit nou fèk ap aprann chante, annou ‘chante pou Jewova’! — Sòm 104:33.

[Nòt anba paj]

^ § 1 Yon bagay ki enteresan, sèke mil an apre David fin mouri, gen yon gwoup zanj ki te fè kèk bèje konnen Mesi a fèt pandan yo t ap pran swen twoupo bèt yo nan savann, toupre Betleyèm. — Lik 2:4, 8, 13, 14.

^ § 15 Tout 225 kantik ki te nan liv kantik sa a te disponib nan plis pase 100 lang.

Ki sa w panse?

• Ki egzanp nan tan biblik yo ki montre enpòtans mizik genyen nan adorasyon n ap bay Bondye a?

• Ki rapò ou wè ki genyen ant obeyi lòd Jezi te bay ki nan Matye 22:37 la ak chante kantik yo ak tout kè w?

• Bay kèk fason ou ka montre ou gen bonjan apresyasyon pou kantik nou yo.

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Èske n ankouraje pitit nou yo pou yo pa deplase san nesesite lè y ap chante kantik yo?

[Foto nan paj 24]

Èske n aprann pawòl nouvo kantik yo lakay nou?