Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Men sa nou li nan Jenèz 6:3: “Mwen p’ap kite lèzòm viv pou tout tan, paske se moun ase yo ye. Se sanvenntan (120 an) sèlman pou yo viv.” Èske se limite Jewova t ap limite kantite tan pou yon moun viv jiska 120 an, e èske Noye te preche sou delij ki t apral fèt la pandan kantite tan sa a?

Repons pou toule de kesyon sa yo se non.

Anvan delij la, te gen anpil moun ki te viv plizyè syèk. Noye te gen 600 an lè delij la te fèt, e li te viv an total 950 an (Jen. 7:6; 9:29). Gen kèk lòt moun ki te fèt apre delij la ki te viv plis pase 120 an. Pa egzanp, Apakchad mouri a 438 an e Chela mouri a 433 an (Jen. 11:10-15). Men, nan tan Moyiz la, laj nòmal moun te konn viv se te ant 70 a 80 an (Sòm 90:10). Donk, Jenèz 6:3 a pa t ap limite kantite tan pou yon moun viv a 120 an.

Si se sa, èske se konnen Bondye t ap fè Noye konnen Noye t ap gen pou l avèti lòt moun gen yon destriksyon k ap vini nan 120 an? Non. Bondye te pale ak Noye nan plizyè okazyon. Men sa nou li nan vèsè 13 la: “Bondye di Noe konsa: Mwen deside pou m fini ak tout moun, paske se yo ki lakòz toupatou sou latè se mechanste ase.” Nan ane apre yo, Noye te fini ak kokennchenn travay li te genyen pou l konstwi lach la, e lè sa a, “Senyè a di Noe: Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou”. (Jen. 6:13; 7:1.) Apa de sa, gen lòt okazyon kote Jewova te bay Noye kèk lòt enfòmasyon toujou. — Jen. 8:15; 9:1, 8, 17.

Men, Jenèz 6:3 a diferan, pa gen yon kote nan vèsè sa a ki pale de Noye oubyen ki di Bondye t ap pale avè l. Nou ka konprann vèsè sa a se yon senp deklarasyon sou objektif Bondye oswa sou sa li vle fè. (Konpare ak Jenèz 8:21.) Li enpòtan pou nou remake, byen lontan anvan Adan te fèt, nan istwa ki rakonte sa ki te pase nan epòk kreyasyon an, nou jwenn ekspresyon tankou: “Bondye di ankò.”(Jen. 1:6, 9, 14, 20, 24). Li klè, Jewova pa t ap pale ak yon moun sou tè a, paske li potko kreye pèsonn.

Donk, li lojik pou nou di pawòl ki nan Jenèz 6:3 yo eksprime detèminasyon Jewova genyen pou l mete fen nan sistèm kòwonpi ki sou tè a. Jewova te deside pou l fè sa nan 120 an, byenke Noye potko okouran de sa. Men, poukisa Bondye te bay limit sa a? Poukisa li te tann tout tan sa a?

Men kèk rezon apot Pyè te bay: “Bondye t ap tann avèk pasyans nan jou Noye yo, pandan yo t ap konstwi lach la. Se ladan l kèk moun, sètadi uit nanm, te rive sove nan dlo a.” ​(1 Pyè 3:20). Donk, Bondye te pran detèminasyon pou l fè destriksyon an nan 120 an, paske te gen lòt bagay toujou ki te dwe fèt. Ventan apre, Noye ak madanm li te kòmanse fè pitit (Jen. 5:32; 7:6). Twa pitit Noye yo te grandi, yo te vin marye, e fanmi Noye te vin gen “uit nanm” ladan l. Apre sa, yo te gen pou yo konstwi lach la, e se pa t yon ti travay sa te ye lè nou sonje gwosè lach la parapò ak gwosè fanmi Noye. Konsa, lefètke Bondye te demontre li gen pasyans pandan 120 an, sa te pèmèt tout bagay sa yo gentan fèt yon fason pou gen lavi sou tè a toujou, paske uit moun fidèl “te rive sove nan dlo a”.

Bib la pa di egzakteman nan ki ane Jewova te fè Noye konnen li pral fè yon delij. Men, ant lè pitit Noye yo te fin fèt, yo grandi e yo marye, ak lè delij la t apral fèt la, te gen petèt 40 a 50 an ki te rete. Se lè sa a Jewova te di Noye: “Mwen deside pou m fini ak tout moun.” Apre, li te bay Noye lòd pou l konstwi yon gwo lach e pou l antre ladan l ak tout fanmi l (Jen. 6:13-18). Pandan plizyè dizèn ane ki te pase apre yo, Noye pa t annik viv antanke yon moun ki jis ki te bay yon bon egzanp. Li te “yon moun ki t ap preche sa ki jis”, ki te gen yon mesaj avètisman byen klè pou l preche konsènan detèminasyon Bondye genyen pou l detwi moun ki pa t ap viv ann amoni ak prensip Bondye yo nan epòk sa a. Noye pa t konnen lontan alavans ki ane sa t apral fèt, men li te konnen sa t ap fèt kanmenm. E nou menm, nou konnen sa te fèt. — 2 Pyè 2:5.