Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske jaden edenn nan se premye kote lèzòm te rete?

Èske jaden edenn nan se premye kote lèzòm te rete?

IMAJINE ou menm ki nan yon bèl jaden. Pa gen anyen k ap fè w distrè, pa gen okenn bri ki sot nan yon vil toupre a ki vin jwenn ou. Jaden an gwo anpil e pa gen anyen ki vin deranje lapè ki gen ladan l. E sa k pi bèl la, ou pa gen okenn enkyetid, pa gen okenn maladi k ap ba w pwoblèm, okenn alèji ni okenn doulè. Ou tande byen, ou wè byen, ou ka pran sant, ou ka pran gou e w ka manyen bagay yo san pwoblèm.

Toudabò, je w admire bèl koulè flè yo, apre sa ou gade limyè a k ap danse sou yon ti kouran dlo, apre sa ou gade plant yo ak zèb yo ki vèt e ki klere nan solèy la oswa ki parèt pi fonse nan lonbray la. Ou santi yon ti van fre k ap pase sou po w e w pran bon sant li pote vin jwenn ou yo. Ou tande bri fèy yo, bri dlo a k ap frape sou wòch yo, zwazo yo k ap chante ak bri ti bèt yo ap fè toutpandan y ap fè travay yo. Pandan w ap imajine tout sa, èske w pa santi w anvi viv yon kote konsa?

Toupatou sou tè a, gen moun ki kwè se yon kote konsa istwa lèzòm te kòmanse. Pandan plizyè syèk, yo te anseye juif yo, kretyen yo ak mizilman yo te gen yon jaden ki rele Edenn, e se la Bondye te mete Adan ak Èv. Selon Bib la, lavi yo te pezib e yo te gen kè kontan. Yo t ap viv anpè youn ak lòt, yo te anpè ak bèt yo e yo te anpè ak Bondye. Mete sou sa, Bondye te ba yo posiblite pou yo viv pou toutan nan bon kondisyon sa yo. — Jenèz 2:15-24.

Endou yo gen fason pa yo yo wè paradi ki te gen nan tan lontan an. Boudis yo kwè tout lidè espirityèl yo genyen yo, ki rele Bouda, te soti nan yon seri epòk lontan lè monn nan te yon paradi. E gen yon pakèt relijyon ann Afrik ki aprann moun yo yon seri istwa ki sanble anpil ak istwa Adan ak Èv la.

Anfèt, sanble nan anpil relijyon ak nan anpil tradisyon, moun yo kwè nan yon paradi ki te egziste okòmansman. Men sa yon ekriven fè konnen: “Nan anpil sivilizasyon, moun yo kwè nan yon paradi ki te la okòmansman kote moun te viv yon fason ki pafè, yo te lib, yo te anpè, yo te gen kè kontan, yo te nan abondans e yo pa t gen strès, pa t gen pwoblèm ak konfli. […] An jeneral, kwayans sa a fè moun vrèman anvi retounen gen paradi sa a yo pèdi a.”

Èske l posib pou tout istwa sa yo ak tout tradisyon sa yo gen menm sous? Lefètke “moun yo an jeneral” kwè nan paradi sa a èske sa ta vle di li soti nan yon bagay ki te egziste toutbon? Èske nan tan lontan te gen yon jaden Edenn ki te egziste e èske Adan ak Èv te egziste toutbon?

Pou yon seri moun sa se bagay ki pa fè sans. Nan epòk sa a, kote lasyans devlope anpil, gen anpil moun ki di tèt yo istwa sa yo se lejann. Men, nou ka sezi aprann pami moun sa yo gen moun ki kwè nan Bondye. Anpil chèf relijye fè moun yo pa kwè nan jaden Edenn nan. Yo fè konnen yon kote konsa pa t janm egziste. Yo di se yon senbòl li ye, yon imaj, yon lejann, yon parabòl.

Se vre, gen anpil parabòl nan Bib la. Parabòl pifò moun konnen yo se Jezi li menm ki te bay yo. Men, Bib la pa pale de sa k te pase ann Edenn nan kòm yon parabòl, men kòm yon bagay ki te rive, yon istwa toutbon. Si sa yo di sou Edenn yo pa t janm rive vre, èske moun pa ka fè rès Bib la konfyans? Annou egzamine sa k fè kèk moun gen dout sou jaden Edenn nan e ann wè si rezon yo bay yo gen sans. Apre sa, nou pral egzamine sa k fè istwa sa a ta dwe gen enpòtans pou nou chak.