Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske jaden edenn nan te egziste toutbonvre?

Èske jaden edenn nan te egziste toutbonvre?

ÈSKE W konn istwa Adan ak Èv ak jaden Edenn nan? Toupatou sou tè a, moun abitye ak istwa sa a. Sa w panse si w ta li l? W ap jwenn li nan Jenèz 1:26–3:24. Men pwen kle istwa a:

Jewova a fè yon gason ak pousyè tè a, li rele l Adan e li mete l nan yon jaden yon kote ki rele Edenn. Se Bondye li menm ki te plante jaden sa a. Li te gen anpil dlo ladan l ak bèl pyebwa ki bay fwi. Nan mitan jaden sa a, gen yon pyebwa ki rele “pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal”. Bondye te entèdi moun pou yo manje fwi ki sot nan pyebwa sa a, li te di yo si yo dezobeyi, sa ap lakòz yo mouri. Rive yon lè, Jewova fè yon konpay pou Adan, yon fi ki rele Èv e li te fè l ak youn nan kòt Adan yo. Bondye ba yo responsablite pou yo pran swen jaden an e li di yo pou yo fè pitit e pou yo plen tè a.

Pandan Èv poukont li, gen yon sèpan ki vin pale avè l. Li fè l vin anvi manje fwi pyebwa Bondye te di yo pou yo pa manje a lè l fè l konprann Bondye ba l manti e l ap anpeche l jwenn yon bon bagay, yon bagay k ap fè l vin menm jan ak Bondye. Èv koute Satan epi l manje fwi Bondye te di yo pa manje a. Pi devan, Adan koute l, li dezobeyi Bondye tou. Jewova bay Adan, Èv ak sèpan an pinisyon pou sa yo fè a. Lè Bondye fin mete moun yo deyò nan jaden an, ki te yon paradi, li mete zanj pou bare antre jaden an.

Pandan yon epòk, biblis yo, moun save yo ak istoryen yo te konn di sa ki nan liv Jenèz la se verite e li ann amoni ak listwa. Nan epòk nou an, moun plis gen tandans gen dout sou bagay sa yo. Men, sa k fè moun gen dout sou sa Bib la di sou Adan, Èv ak jaden Edenn nan? Ann egzamine kat nan sa moun yo di yo.

1. Èske jaden Edenn nan te yon kote toutbon?

Poukisa moun yo gen dout sou sa? Filozofi jwe yon wòl nan sa. Pandan plizyè syèk, teyolojyen yo te panse jaden Bondye a toujou egziste. Men, Legliz te kite yon seri filozòf grèk, tankou Platon ak Aristòt, enfliyanse l paske mesye sa yo te fè konprann pa gen anyen sou tè a ki ka pafè. Se sèl nan syèl ki gen pèfeksyon. Donk, teyolojyen yo te panse paradi Bondye te fè a ta dwe pi pre syèl la b. Gen nan yo ki di jaden an te chita sou tèt yon mòn ki wo anpil, li tèlman wo, vye tè sa a pa ka gen enfliyans sou li. Gen lòt ki fè konnen se nan pòl Nò oswa pòl Sid li ye. Gen lòt tou ki fè konnen se sou lalin li ye oubyen toupre lalin. Konsa, jaden Edenn nan te vin tounen yon lejann pou moun yo. Gen kèk biblis ki fè konnen pozisyon jaden Edenn nan se yon bagay ki san sans, kòmkwa yon kote konsa pa t janm egziste.

Men, se pa konsa Bib la prezante jaden an. Nan Jenèz 2:8-14, nou aprann plizyè detay sou kote sa a. Li te nan lès rejyon ki rele Edenn nan. Te gen yon rivyè ki te wouze l e twa lòt rivyè te pran nesans nan rivyè sa a. Yo bay non chak nan kat rivyè sa yo e yo bay yon ti esplikasyon sou kote yo pase. Pandan lontan, detay sa yo te bay biblis yo pwoblèm. Anpil nan yo te fouye pasaj sa a nan Bib la pou yo jwenn enfòmasyon ki montre ki kote rejyon sa a ye. Men, yo te vin ak yon pakèt opinyon ki kontrè youn ak lòt. Èske sa vle di fason yo dekri kote ki te rele Edenn nan, jaden an ak rivyè ki te ladan l yo, se manti oubyen se lejann?

Fè yon ti reflechi. Sa Bib la di nou sou sa k te pase nan jaden Edenn nan te pase sa gen anviwon 6 000 an. Sanble se Moyiz ki te ekri yo e sanble li te sèvi ak sa lòt moun te di l oubyen menm ak dokiman ki te egziste anvan sa. Poutan, Moyiz te ekri tout bagay sa yo anviwon 2 500 an annapre. Sa k te pase nan Edenn nan te deja pase lontan anvan Moyiz te ekri l la. Kounye a, èske l posib pou yon seri eleman kle tankou rivyè yo chanje pozisyon apre plizyè douzèn syèk? Kwout tè a toujou an mouvman. Sanble zòn kote Edenn te ye a se yon kote ki toujou gen tranblemanntè e sanble anviwon 17 pousan nan pi gwo tranblemanntè ki fèt sou tè a se nan zòn sa a yo fèt. Nan zòn sa yo, li fasil pou chanjman fèt. Mete sou sa, delij ki te fèt nan epòk Noye a gendwa te chanje jan tè a te ye yon fason nou pa ka konnen jodi a c.

Men, gen kèk bagay nou konnen. Istwa nou jwenn nan liv Jenèz la pale de jaden Edenn nan kòm yon kote ki te egziste toutbon. De nan kat rivyè yo pale de yo nan istwa a, anpalan de rivyè Efrat ak Tig, oswa Idekèl, kontinye koule jodi a, e yo pre anpil. Istwa a menm site non peyi kote rivyè sa yo pase ak resous natirèl anpil moun konnen ki gen nan zòn nan. Moun ki te premye gen posiblite pou yo li istwa sa a, anpalan de moun ki te ann Izrayèl nan tan lontan yo, te twouve detay sa yo ba yo bonjan enfòmasyon.

Èske se konsa sa ye pou lejann yo? Oubyen èske yo gen tandans retire yon seri detay moun ka verifye oubyen demanti? An jeneral, pifò istwa yo konn rakonte yo konn kòmanse konsa: “Vwala se te...”. Men, lè se sa listwa rapòte, yo bay bonjan enfòmasyon, jan nou wè sa nan istwa sou Edenn nan.

2. Èske nou ka kwè Bondye te fè Adan ak pousyè tè e li te fè Èv ak yon kòt Adan?

Selon sa lasyans fè konnen, se vre kò moun gen yon seri eleman nou jwenn nan tè a, tankou idwojèn, oksijèn ak kabòn. Men, ki jan yo te fè mete eleman sa yo ansanm pou fè yon kreyati vivan?

Selon sa anpil syantifik fè konnen, lavi te kòmanse poukont li, li te kòmanse ak yon seri fòm lavi ki senp anpil e ki te vin pi konplike ofiramezi pandan plizyè milyon ane. Sepandan, mo “senp” lan gendwa pa fin egzak, paske tout sa ki vivan se bagay ki konplike anpil, menm fòm lavi ki pi piti ou ka wè nan mikwoskòp sèlman ki gen yon sèl selil yo. Pa gen anyen ki montre gen okenn fòm lavi ki te parèt konsa konsa e pa gen anyen ki montre sa ap janm ka fèt. Men, tout sa ki vivan montre aklè gen yon moun ki te fè yo ki gen yon entèlijans ki pi siperyè lontan pase entèlijans pa nou d. — Women 1:20.

Èske w panse w ka ap koute yon bèl mizik oubyen w ap gade yon bèl tablo oubyen w ap gade yon gwo bagay yo fè nan domèn teknoloji, e pou w ta di se pa okenn moun ki te fè yo? Jamè! Poutan, fason kò moun fèt pi konplike, pi bèl e l pi byen fèt lontan pase bèl bagay sa yo nou sot site yo. Ki jan yon moun ka fè panse pa gen yon moun ki te kreye l? Mete sou sa, sa Bib la di nan liv Jenèz la montre pami tout fòm lavi ki gen sou tè a se sèl lèzòm ki te fèt pòtre ak Bondye (Jenèz 1:26). Donk, li nòmal pou se moun sou tè a sèlman ki kapab demontre menm kalite ak Bondye e ki kapab santi yo anvi kreye. Pafwa, yo fè yon seri bèl mizik, bèl travay atis oubyen gwo bagay nan domèn teknoloji. Èske n ta dwe sezi lè n konnen se Bondye ki pi gwo Kreyatè a?

Ki sa k difisil nan kreye fi a avèk yon zo kòt ki sot nan gason an e? Bondye te ka sèvi ak lòt mwayen pou l kreye fi a, men fason l te kreye l la gen yon pakèt siyifikasyon. Li te vle pou gason an ak fi a marye e pou yo vin pwòch anpil youn ak lòt kòmsi yo te “yon sèl chè”. (Jenèz 2:24.) Lefètke yon gason ak yon fi ka ede youn lòt, yo ka vin pwòch youn ak lòt e yo ka ret ansanm nètale, èske se pa yon prèv klè ki montre gen yon Kreyatè ki gen sajès ak lanmou?

Mete sou sa, gen yon seri moun ki travay nan domèn jenetik jodi a ki rekonèt sanble tout moun soti nan yon sèl gason ak yon sèl fi. Donk, èske sa yo di nan liv Jenèz la se lejann?

3. Pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la ak pyebwa lavi a sanble pa t egziste vre.

An reyalite, liv Jenèz la pa fè konnen pyebwa sa yo te gen yon pouvwa espesyal oubyen yo te gen yon pouvwa majik nan yo. Men, se te pyebwa toutbon, e Jewova te bay yo yon sans senbolik.

Èske moun pa konn fè menm bagay la kèk fwa? Pa egzanp, yon jij gendwa avèti yon moun pou l pa derespekte tribinal la, pou lalwa pa kondane l. Se pa mèb yo, lòt bagay ki la yo ak mi tribinal la jij la vle anpeche moun nan derespekte, men se sistèm jistis tribinal la reprezante a. Gen plizyè wa tou ki te sèvi ak sèp ak kouwòn kòm senbòl ki montre otorite yo.

Donk, ki sa de pyebwa yo te reprezante? Gen yon pakèt teyori konplike sou sa. Men, vrè repons lan, menm lè l senp, se yon repons ki gen anpil siyifikasyon. Pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la reprezante yon dwa se Bondye sèlman ki genyen l, se dwa pou l detèmine sa ki byen ak sa ki mal (Jeremi 10:23). Li nòmal pou Bondye te konsidere se yon bagay mal pou yon moun ta vòlè fwi nan pyebwa a! Yon lòt bò, pyebwa lavi a reprezante yon kado se sèl Bondye ki ka bay li, e kado sa a se lavi ki pap janm fini an. — Women 6:23.

4. Yon sèpan k ap pale sanble ak bagay ki sot nan istwa ki pa verite.

Se vre, aspè sa a nan istwa ki nan liv Jenèz la ka parèt dwòl, sitou si nou pa reflechi sou lòt istwa Bib la rakonte. Men, Bib la ede nou pi byen konprann pwen sa a tikras pa tikras.

Kiyès oswa ki sa ki fè sèpan sa a te sanble ap pale? Moun nan Izrayèl tan lontan yo te konn lòt bagay ki te ede yo pi byen konprann wòl sèpan sa a te jwe a. Pa egzanp, yo te konnen menm lè bèt yo pa ka pale, yon espri ka fè yon bèt sanble ap pale. Moyiz te ekri sa k te rive Balaam nan tou. Bondye te voye yon zanj pou fè bourik Balaam nan pale tankou moun. — Nonb 22:26-31; 2 Pyè 2:15, 16.

Èske lòt espri yo, sa gen ladan l espri ki ènmi Bondye yo, ka fè mirak? Moyiz te wè prèt ki te konn fè maji ann Ejip yo ki t ap kopye mirak Bondye te fè yo, tankou fè yon baton sanble tounen yon sèpan. Se nan men espri ki ènmi Bondye yo yo te jwenn pouvwa pou yo fè kalite gwo aksyon sa yo. — Egzòd 7:8-12.

Se Moyiz Bondye te enspire pou ekri liv Jòb la tou. Liv sa a bay anpil enfòmasyon konsènan prensipal ènmi Bondye a, ki se Satan, ki te fè konprann sèvitè Jewova yo pap ret fidèl avè l (Jòb 1:6-11; 2:4, 5). Èske Izrayelit nan tan lontan yo te konprann Satan te fè yon jan pou sèpan ann Edenn nan parèt ap pale, e konsa li te ka twonpe Èv pou l fè l sispann ret fidèl ak Bondye? Sanble se sa yo te konprann.

Èske Satan se fòs ki te dèyè sèpan an? Pi devan, Jezi te fè konnen Satan “se yon mantè e li se papa manti”. (Jan 8:44.) Se “papa manti” a ki te bay premye manti a nan tout listwa limanite. Li te fè sa lè l te pale ak Èv. Bondye te avèti Adan ak Èv si yo manje fwi ki sot nan pyebwa sa a, y ap mouri, men sèpan an te di lekontrè. Li te di: “Nou pap mouri pyès.” ​(Jenèz 3:4). Sa klè, Jezi te konnen Satan te sèvi ak sèpan an pou l pale. Revelasyon Jezi te bay apot Jan an montre sa byen klè, paske ladan l Jezi rele Satan “premye sèpan an”. — Revelasyon 1:1; 12:9.

Èske li vrèman enposib pou yon espri ki gen pouvwa fè yon sèpan sanble ap pale? Menm moun ki pa gen menm pouvwa ak espri yo ka fè yon fason pou moun wè se yon ti poupe k ap pale, alòske se yo menm k ap pale san bouch yo pa parèt ap bat.

Pi gwo prèv la

Èske w pa dakò moun ki gen dout sou sa ki di nan liv Jenèz la pa gen rezon pou yo gen dout? Yon lòt bò, gen bonjan prèv ki montre istwa sa a se yon verite.

Pa egzanp, Bib la di Jezi Kris se “temwen fidèl la, temwen ki toujou di laverite a”. (Revelasyon 3:14.) Lefètke l te yon moun pafè, li pa t janm bay manti, ni li pa t janm tòde laverite okenn fason. Mete sou sa, li te fè konnen li te egziste byen lontan anvan lavi l te kòmanse sou tè a. Anfèt, li te viv bò kot Jewova, Papa l, “anvan monn nan te egziste”. (Jan 17:5.) Donk, li te vivan lè lavi te kòmanse sou tè a. Ki sa temwen nou plis ka fè konfyans lan te fè konnen?

Jezi te pale de Adan ak Èv kòm moun ki te egziste toutbon. Li te pale de maryaj yo lè l t ap esplike prensip Jewova bay pou yon sèl gason marye ak yon sèl fi (Matye 19:3-6). Si yo pa t egziste e si jaden kote yo t ap viv la se te yon lejann, ebyen swa yo te twonpe Jezi, swa li te yon mantè. Sa pa posib! Jezi te nan syèl la, li t ap gade pandan bagay sa yo t ap fèt nan jaden an. Ki pi gwo prèv nou ka gen sou sa?

An reyalite, yon moun ki pa kwè nan sa nou jwenn nan liv Jenèz la ka manke lafwa nan Jezi. Sa ka fè l enposib pou l konprann kèk nan pi gwo sijè ki gen nan Bib la ak kèk nan pwomès ki bay plis rekonfò yo. Ann wè ki jan sa ka fèt.

[Footnotes]

a Nan Bib la, Jewova se non Bondye.

b Ide sa a pa ann amoni ak Bib la. Bib la fè konnen tout sa Bondye fè bon nèt, se yon lòt kote sa ki mal soti (Detewonòm 32:4, 5). Lè Jewova te fin kreye tè a, li te fè konnen tout sa l te fè “bon anpil”. — Jenèz 1:31.

c Se sèten, delij la, yon bagay Bondye te fè te efase tout tras jaden Edenn nan. Ezekyèl 31:18 ede n konprann “pyebwa ki nan jaden Edenn nan” te deja gen lontan depi yo sispann egziste, depi anvan setyèm syèk anvan epòk nou an. Donk, tout moun ki t ap chèche yon jaden Edenn toujou te chèche yon seri bagay ki pa t egziste ankò.

d Gade bwochi ki gen tit Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie a. Se Temwen Jewova ki pibliye bwochi sa a.

e Yon bagay ki enteresan, sèke jodi a lasyans dekouvri zo kòt moun gen yon kapasite ki estrawòdinè pou l geri. Kontrèman ak lòt zo yo, li ka pouse ankò si yo pa detwi yon seri pati enpòtan ladan l.