Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Anseye pitit ou pou yo gen respè pou moun

Anseye pitit ou pou yo gen respè pou moun

Anseye pitit ou pou yo gen respè pou moun

GEN yon pwovèb ayisyen ki di: “Bonjou se paspò w.” Nan anpil kilti, lè yon moun di bonjou lè l rankontre lòt moun, se yon fason li montre li gen respè pou moun, e sa fè lòt moun gen respè pou li tou. Jan pwovèb anwo a montre sa, moun gen tandans pou yo plis pran ka moun ki byennelve.

Ala sa bèl lè jèn yo byennelve! Men sa yon siveyan sikonskripsyon nan peyi Ondiras ki gen abitid preche kay an kay ak pwoklamatè ki gen diferan laj remake: “Souvan, mwen rann mwen kont, yon timoun ki byennelve e ki gen respè pou moun fè plis enpresyon sou moun n ap preche yo pase sa m di yo.”

N ap viv nan yon epòk kote moun vin gen mwens respè youn pou lòt tank jou ap pase. Se sa k fè, li bon pou yon moun konn fason pou l boule ak lòt moun. Sa k pi enpòtan, Labib ankouraje nou pou nou “konpòte nou yon fason ki diy pou bon nouvèl konsènan Kris la”. (Fil. 1:27; 2 Tim. 3:1-5.) Sa enpòtan anpil pou nou anseye pitit nou pou yo gen respè pou moun. Ki jan nou ka anseye yo pou yo pa janti sou po men pou yo vrèman respekte moun *?

Anseye pitit ou ak bon konpòtman w

Timoun fè sa yo wè moun fè devan yo. Se sa k fè, li esansyèl pou paran yo gen bon konpòtman si yo vle pitit yo gen bon konpòtman tou (Det. 6:6, 7). Se vre ou bezwen pale ak pitit ou sou rezon ki fè yo dwe gen bon konpòtman, men sa pa sifi. Nonsèlman ou bezwen kontinye raple yo sa, men bonjan egzanp ou bay gen anpil valè tou.

Annou pran egzanp Paula *. Manman l ki kretyèn te leve l san papa. Li te vin natirèl pou Paula gen respè pou tout moun. Sa k te fè sa? Men sa l di: “Piske manmi te ban nou egzanp, li te vin natirèl pou nou menm timoun yo nou respekte moun.” Yon papa kretyen ki rele Walter te anseye pitit gason l yo pou yo montre respè pou manman yo ki pa kwayan. Men sa l rakonte: “Mwen te chèche anseye pitit gason m yo pou yo respekte manman yo grasa egzanp mwen ba yo. Mwen pa t janm pale madanm mwen mal.” Walter te kontinye anseye pitit li yo Pawòl Bondye a e l te priye Jewova pou l mande l èd li. Youn nan pitit li yo ap sèvi kounye a nan youn nan filyal Temwen Jewova yo, e lòt la se yon pyonye pèmanan. Pitit Walter yo renmen ni papa yo ni manman yo e yo respekte yo.

Men sa Bib la di: “Bondye pa yon Bondye dezòd, men se yon Bondye lapè.” ​(1 Kor. 14:33). Gen lòd nan tout sa Jewova fè. Kretyen yo dwe fè tout sa yo kapab pou yo imite kalite sa a Bondye genyen an lè yo kenbe kay yo annòd. Gen kèk paran ki anseye pitit yo pou yo fè kabann yo chak jou anvan y al lekòl, pou yo mete rad yo nan plas yo e pou yo bay èd yo nan travay ki gen pou fèt nan kay la. Si timoun yo wè tout rès kay la byen ranje e li pwòp, y ap pi anvi kenbe chanm yo ak afè yo pwòp e annòd.

Ki jan pitit ou yo konsidere edikasyon yo ba yo nan lekòl yo? Èske yo montre yo rekonesan pou tout sa pwofesè lekòl yo fè pou yo? Antanke paran, èske w montre ou rekonesan tou pou sa? Timoun yo gen tandans gen menm pwennvi paran yo genyen ni sou leson yo bay nan lekòl yo ni sou pwofesè yo. Poukisa ou pa ankouraje yo pran abitid di pwofesè yo mèsi pou bon travay yo? Lè yon moun montre li rekonesan pou sèvis yo rann li, se yon bon fason li montre li gen respè pou kèlkeswa moun nan, kit se yon pwofesè, yon medsen, yon komèsan, elatriye (Lik 17:15, 16). Jèn kretyen ki diferan ak lòt elèv nan klas yo, paske yo janti e yo gen bon konduit, merite pou nou felisite yo.

Moun ki fè pati kongregasyon an dwe bay bonjan egzanp nan kesyon montre respè pou lòt moun. Ala sa bèl lè jèn yo nan kongregasyon an montre yo janti lè yo di moun “silvouplè” ak “mèsi”! Granmoun yo nan kongregasyon an montre yo gen respè pou Jewova lè yo suiv enstriksyon yo jwenn nan reyinyon yo, e sa ankouraje jèn yo fè menm jan an. Timoun yo kapab aprann respekte vwazen yo lè yo wè jan frè ak sè yo respekte youn lòt nan Sal Wayòm nan. Pa egzanp, Andrew ki gen katran te deja aprann di “eskize m” lè l ap pase nan mitan granmoun.

Ki lòt bagay paran yo ka fè pou yo ka ede pitit yo konnen ki konpòtman yo dwe genyen? Tout paran ka jwenn tan pou yo anseye pitit yo leson yo aprann nan pakèt egzanp yo jwenn nan Bib la e yo dwe fè sa. — Wom. 15:4.

Sèvi ak egzanp ki nan Bib la pou n anseye yo

Li posib pou manman Samyèl te aprann pitit li pwostène devan gran prèt la, anpalan de Eli. Lè li te mennen Samyèl nan tabènak la, Samyèl te gen petèt twazan oswa katran (1 Sam. 1:28). Èske w ta kapab pase ti tan ak pitit ou pou w montre yo di “bonjou”, “bonswa”, oswa nenpòt lòt fòm salitasyon ki kouran nan zòn kote w ap viv la? Menm jan ak ti Samyèl, pitit ou yo tou kapab “fè ni Bondye ni lèzòm plezi”. — 1 Sam. 2:26.

Poukisa w pa sèvi ak egzanp moun ki nan istwa biblik yo pou w mete aksan sou diferans ki genyen ant moun ki gen respè pou moun ak moun ki pa gen respè pou moun? Pa egzanp, lè Ahazya, yon wa nan peyi Izrayèl ki pa t fidèl, te vle wè pwofèt Eliya, wa a te voye “yon kaptenn ak senkant sòlda” al chèche pwofèt la. Ofisye sa a te pase pwofèt la lòd pou l akonpaye l. Èske se yon fason pou yon moun pale ak yon moun ki reprezante Jewova? Ki jan Eliya te reponn ofisye sa a? Men sa l te di: “Si m se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife sòti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou sòlda ou yo pou l kankannen nou!” E se egzakteman sa k te pase: “Yon dife sòti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.” — 2 Wa 1:9, 10.

Wa a te voye yon dezyèm chèf ak 50 sòlda l yo pou y al pran Eliya. Li menm tou, li te eseye pase pwofèt la lòd pou l akonpaye l. Yon lòt fwa ankò, dife te soti nan syèl la tonbe sou yo. Men, apre sa, gen yon twazyèm chèf ak 50 sòlda l yo ki t al chèche Eliya. Fwa sa a, chèf sa a te montre li gen respè. Olye li te pase Eliya lòd, li te ajenou devan pwofèt la e li te sipliye l konsa: “Tanpri, sèvitè Bondye! Pitye pou mwen ak senkant sòlda mwen yo. Nou la pou rann ou nenpòt sèvis. Sove lavi nou! Dife sòti nan syèl la, li tonbe sou de lòt kaptenn yo ak tout sòlda ki te avèk yo! Tanpri, pitye pou mwen.” Èske pwofèt Bondye a t ap mande pou dife tonbe sou yon moun ki te gen lakrentif pou li e ki te pale avè l avèk respè konsa? Sa pa t ap fè sans! Olye de sa, zanj Jewova a te mande Eliya pou l akonpaye ofisye sa a (2 Wa 1:11-15). Èske egzanp sa a pa montre enpòtans pou yon moun gen respè pou moun?

Lè yon pakèt sòlda women te mete apot Pòl nan prizon nan tanp lan, li pa t di tèt li li gen dwa pale epi li pran lapawòl. Men sa l te mande ofisye ki responsab la ak tout respè: “Èske w pèmèt mwen di w yon bagay?” Bon konpòtman Pòl te fè l jwenn opòtinite pou l defann tèt li. — Tra. 21:37-40.

Pandan yo t ap jije Jezi, yo te frape l nan figi. Men, li te konnen ki jan pou l jere sitiyasyon an: “Si mwen mal pale, di m sa m di ki mal la. Men si m byen pale, poukisa w frape m?” Pèsonn pa t ka jwenn anyen ki mal nan fason Jezi te pale a. — Jan 18:22, 23.

Pawòl Bondye a chaje ak egzanp ki ka ede nou byen reyaji lè yo korije nou yon fason ki di, li ka ede nou rekonèt kèk erè ak neglijans nou te fè e pou n fè sa avèk respè (Jen. 41:9-13; Tra. 8:20-24). Pa egzanp, Abigayil te prezante eskiz pou fason awogan Nabal, mari l, te aji ak David. Nonsèlman li te mande eskiz, men li te fè David kado yon gwo kantite manje. David te tèlman enpresyone pou sa Abigayil te fè a, kou Nabal mouri, David chwazi Abigayil kòm madanm li. — 1 Sam. 25:23-41.

Se pou w anseye pitit ou pou yo respekte moun kit yo nan sitiyasyon difisil kit se pou yo senpleman gen bon konpòtman. Si nou aji konsa, n ap obeyi pawòl Jezi yo ki di: “Se pou limyè nou briye devan lèzòm, [...] pou yo ka bay Papa nou ki nan syèl la glwa.” — Mat. 5:16.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Li klè, paran yo bezwen ede pitit yo wè diferans ki genyen ant montre respè pou granmoun ak pran lòd nan men moun ki gen move entansyon. Gade Réveillez-vous! oktòb 2007, paj 3-11.

^ § 7 Gen non moun yo chanje.