Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Obeyi gen plis valè pase yon sakrifis”

“Obeyi gen plis valè pase yon sakrifis”

“Obeyi gen plis valè pase yon sakrifis”

SAYIL se premye wa ki te gen ann Izrayèl. Byenke se vrè Dye a ki te chwazi l pou l wa, li pa t kontinye obeyi l.

Ki bagay mal Sayil te fè? Èske li te ka evite yo? Ki byenfè n ap jwenn lè n egzamine egzanp Sayil?

Jewova te fè konnen kiyès li chwazi kòm wa

Pwofèt Samyèl t ap sèvi antanke reprezantan Bondye ann Izrayèl anvan Sayil te vin wa. Samyèl te vin granmoun e pitit li yo pa t fidèl anvè Jewova. Se nan menm peryòd sa a ènmi Izrayèl yo t ap menase Izrayèl. Lè tout chèf fanmi ann Izrayèl yo te mande Samyèl chwazi yon wa ki pou gouvène yo e ki pou pran latèt lè yo pral nan lagè, Jewova te di pwofèt la pou l chwazi Sayil pou dirije pèp la e li te di: “Se li ki va delivre pèp mwen an anba men moun Filisti yo.” — 1 Sam. 8:4-7, 20; 9:16.

Sayil te yon “bèl gason byen kanpe”, men se pou bèl kalite li gen lakay li ki fè Jewova te chwazi l. Se te yon moun ki te gen imilite. Gade sa l te di Samyèl ki montre sa: “Mwen se moun branch fanmi Benjamen an, yonn nan pi piti branch fanmi nan pèp Izrayèl la. Lèfini, fanmi pa m lan, se li ki pi piti nan tout fanmi Benjamen yo. Poukisa w’ap di m tout bagay sa yo?” Sayil pa t pran tèt li ak fanmi l pou yon pakèt afè aktout papa l, Kich, te “yon grannèg”. — 1 Sam. 9:1, 2, 21.

Ann gade tou repons Sayil te bay lè Samyèl te fè l konnen se li menm Jewova te chwazi kòm wa pou pèp Izrayèl la. Pandan Samyèl ak Sayil te poukont yo, Samyèl te vide luil sou tèt Sayil, apre sa li di l: “Se pou w fè sa w kapab paske vrè Dye a avè w.” Annapre pwofèt la te rasanble pèp la pou l prezante yo wa Jewova te chwazi a. Sepandan, lè lè a te rive pou yo prezante Sayil, yo pa t ka jwenn li. Li t al kache paske li te timid. Jewova te fè konnen kote li te kache a e yo te pran l yo fè l vin wa. — 1 Sam. 10:7, 20-24, NW.

Jewova bay Sayil laviktwa

Sayil pa t pran tan pou l pwouve moun ki te gen dout sou kapasite l yo te antò. Lè moun peyi Amòn yo te menase yon vil ann Izrayèl, “lespri Bondye desann sou [Sayil]”. Avèk otorite, Sayil konvoke sòlda nasyon Izrayèl la, li òganize yo e li fè yo genyen batay la. Men, Sayil te rekonèt se Jewova ki te fè l ranpòte laviktwa, se sa k fè l te di: “Jòdi a se jou Senyè a delivre pèp Izrayèl la.” — 1 Sam. 11:1-13.

Sayil te gen bèl kalite, li te gen benediksyon Jewova e li te rekonèt pisans Li. Toutfwa, pou Izrayèl ansanm ak wa yo a te ka kontinye ranpòte laviktwa, gen yon bagay yo pa t dwe janm bliye. Men sa Samyèl te di: “Senyè a, Bondye nou an, va kanpe avèk nou si nou gen krentif pou li, si nou sèvi l, si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa li mande nou fè, si nou menm ansanm ak wa k’ap gouvènen nou an nou fè volonte li nan tou sa n’ap fè.” Ki asirans pèp Izrayèl t ap genyen si yo te montre yo fidèl anvè Bondye? Selon Samyèl (NW): “Jewova [pa t ap] lage pèp li a poutèt gran non l lan, paske Jewova pran desizyon l, se pèp pa l pou [yo] ye.” — 1 Sam. 12:14, 22.

Pou Izrayelit yo te ka jwenn favè Jewova, sa k te pi enpòtan yo te bezwen fè se obeyi Jewova. Sa valab pou nou menm tou jodi a. Lè sèvitè Bondye yo obeyi kòmandman l yo, li beni yo. Men, e si yo dezobeyi l?

“Se bagay moun fou ou fè la a!”

Pwochen atak Sayil te fè kont Filisten yo te pouse Filisten yo reyaji avèk fòs. Te gen yon lame sòlda, “ou ta di grenn sab bò lanmè”, ki te atake Sayil. “Moun pèp Izrayèl yo [te] wè zafè a pat bon pou yo menm. Moun Filisti yo te atake moun pèp Izrayèl yo ak fòs. Pèp Izrayèl la vin pèdi espwa. Sa pat bon menm pou yo. Gen ladan yo ki al kache nan gwòt, nan twou wòch, dèyè gwo wòch, nan pi, nan twou anba tè.” ​(1 Sam. 13:5, 6). Ki sa Sayil t apral fè?

Samyèl te mande Sayil pou l al tann li Gilgal, kote pwofèt la te gen pou l ofri sakrifis. Sayil t al tann li vre, men Samyèl te pran tan pou l vini, e lame Sayil la te kòmanse kite Sayil grenn pa grenn. Pou rezon sa a, Sayil pran responsablite pou l ofri sakrifis yo. Apèn li fin fè sa, Samyèl parèt. Lè l aprann sa Sayil fè, li di l: “Se bagay moun fou ou fè la a! Ou pa swiv lòd Senyè a, Bondye ou la, te ba ou. Si ou te swiv lòd li, li ta kite ou gouvènen pèp Izrayèl la, lèfini pitit ou yo ta ranplase ou jouk sa kaba. Men kounyeya, reny ou pa la pou lontan. Senyè a pral chache yon lòt moun ki va fè tou sa l’a vle l fè, l’a mete l chèf sou pèp li a, tou sa paske ou pat swiv lòd Senyè a te ba ou a.” — 1 Sam. 10:8; 13:8, 13, 14.

Sayil te manke lafwa e li te montre li twò kwè nan tèt li lè l te chwazi dezobeyi kòmandman Bondye te ba l pou l te tann Samyèl ofri sakrifis yo. Ala konduit Sayil la te diferan parapò ak konduit Gideyòn, yon ansyen chèf lame Izrayèl la! Jewova te mande Gideyòn pou l redui lame l la a 300 sòlda, alòske lame l la te gen 32 000 sòlda ladan l anvan. Gideyòn te obeyi Jewova. Pou ki rezon? Paske li te gen lafwa nan li. Avèk èd Jewova, li te ranpòte laviktwa sou yon lame ki te gen 135 000 sòlda ki te anvayi peyi a (Jij 7:1-7, 17-22; 8:10). Jewova te ka ede Sayil tou, men, akoz Sayil te dezobeyi l, Filisten yo te piye peyi Izrayèl. — 1 Sam. 13:17, 18.

Lè nou gen pwoblèm e nou gen desizyon pou nou pran, ki sa nou fè? Anpil moun ki manke lafwa panse li lojik pou yo annik bliye prensip Jewova yo. Kòm Samyèl pa t la, Sayil te ka panse sa l te fè a te bon. Men, moun ki vle gen favè Jewova konnen li saj pou yo suiv prensip li yo lè yo nan pwoblèm.

Jewova rejte Sayil

Pandan lame Sayil la t ap batay kont Amalekit yo, Sayil te komèt yon lòt erè grav. Lè Izrayelit yo te sot ann Ejip, Amalekit yo te atake pèp la san rezon. Se sa k fè Jewova te kondane Amalekit yo (Egz. 17:8; Det. 25:17, 18). Mete sou sa, nan epòk jij yo, Amalekit yo te fè kò ak lòt ènmi pèp Bondye chwazi a te genyen pou yo konbat Izrayelit yo (Jij 3:12, 13; 6:1-3, 33). Donk Jewova te mande Amalekit yo kont e li te bay Sayil lòd pou l egzekite jijman l sou yo. — 1 Sam. 15:1-3.

Olye Sayil te obeyi lòd Jewova te ba li pou l detwi Amalekit yo ak tout sa yo te posede, li te pran wa yo a vivan e li pa t detwi bèl bèt yo te genyen yo. Ki sa k te pase lè Samyèl te pale sou sa ak Sayil? Sayil te eseye retire responsablite a sou do l, li te di: “Se bèt sòlda mwen yo pran kay moun Amalèk yo. Yo pran pi bèl mouton yo ak pi bèl bèf yo, yo pa touye yo pou yo te ka ofri yo bay Senyè a.” Kit Sayil te gen entansyon ofri bèt sa yo vre, kit li pa t gen entansyon fè sa, li pa t dwe fè sa l te fè a. Sayil pa t ‘rekonèt li pat anyen’ ankò jan l te rekonèt sa anvan, se sa k fè pwofèt Bondye a te fè l konnen li te dezobeyi Bondye. Men sa li te di l: “Dapre ou, kisa Senyè a pito: yon moun k’ap ofri bèt pou boule nan dife, k’ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k’ap fè sa li di l fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Senyè a di l fè a pase pou l touye bèt ofri pou Bondye [...] Enben, [kòm] ou voye pawòl Bondye a jete, Senyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou.” — 1 Sam. 15:15, 17, 22, 23; NW.

Lè Jewova te retire lespri sen l sou Sayil e li te sispann beni l, “yon move lespri” te kòmanse ap domine premye wa Izrayèl la. Sayil te vin kòmanse pa fè David konfyans e li te kòmanse anvye David. Annapre, se David Jewova te mete wa nan plas Sayil. Plizyè fwa, Sayil te eseye touye David. Bib la di “Senyè a te avèk David”, e Sayil te vin “lènmi David jouk jou li mouri”. Sayil te pousuiv li nan entansyon pou l touye l e li te menm bay lòd pou yo touye 85 prèt ak lòt moun ankò. Nou konprann rezon ki fè Jewova te abandone Sayil. — 1 Sam. 16:14; 18:11, 25, 28, 29; 19:10, 11; 20:32, 33; 22:16-19.

Lè Filisten yo te atake Izrayèl ankò, Sayil t al pale ak yon manbo pou l te ka jwenn èd nan men l. Men, sa pa t mache. Jou apre a, pandan li te nan lagè, li te blese grav e li te touye tèt li (1 Sam. 28:4-8; 31:3, 4). Men sa Labib di konsènan premye wa Izrayèl la ki te dezobeyisan: “Sayil mouri paske li pat kenbe pawòl li ak Senyè a. Li pat obeyi lòd Senyè a te ba li. Li te pito [al kay yon manbo] pou l te konnen sa ki ta pral rive l, pase pou l te al mande Senyè a sa.” — 1 Kwo. 10:13, 14.

Sayil kite yon move egzanp ki montre byen klè li pi bon pou nou obeyi Jewova pase pou nou fè sakrifis pou li. Men sa apot Jan te ekri: “Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo. Epoutan, kòmandman l yo pa lou.” ​(1 Jan 5:3). Pinga nou janm bliye verite sa a: Si nou vle rete zanmi Bondye, se pou nou obeyi l.

[Foto nan paj 21]

Okòmansman Sayil te yon dirijan ki enb.

[Foto nan paj 23]

Poukisa Samyèl te di Sayil “obeyi gen plis valè pase yon sakrifis”?