Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske se vre Jezi te mouri sou yon kwa?

Èske se vre Jezi te mouri sou yon kwa?

Èske se vre Jezi te mouri sou yon kwa?

SELON yon ansiklopedi, “kwa a se senbòl kretyen yo [itilize] moun plis konnen”. Gen anpil tablo ak travay atis fè ki montre Jezi sou yon kwa. Poukisa senbòl sa a gaye konsa pami moun ki di yo se kretyen? Èske se vre Jezi te mouri sou yon kwa?

Anpil moun ta ka di Bib la montre sa. Pa egzanp, selon tradiksyon Labib yo rele Bib la, lè yo t ap touye Jezi a, gen moun ki t ap pran plezi avè l e ki t ap ba l defi pou l “desann sou kwa a”. (Matye 27:40, 42.) Gen anpil lòt tradiksyon Labib ki di menm bagay la. Men sa tradiksyon Labib yo rele Bib Kreyòl La di konsènan Simon, moun Sirèn nan: “[Sòlda] yo fòse l pote kwa Jezi a.” ​(Mak 15:21). Nan vèsè sa yo, yo mete mo kwa a pou yo tradui yon mo grèk: stowòs. Èske gen yon rezon valab pou yo tradui mo sa a jan yo tradui l la? Ki sa mo grèk sa a vle di?

Èske se te yon kwa?

Selon W. E. Vine, yon moun ki fè gwo etid sou lang grèk la, “premye sans mo stowòs la se yon poto. Se sou [poto sa] yo yo te konn kloure malfektè. Lè yo pale de stowòs e lè yo pale de vèb la, stowowo, ki vle di ‘fikse sou yon poto’, yo pap pale konsènan de moso bwa ki kwaze moun Legliz jounen jodi a itilize a.”

Gen yon diksyonè biblik ki di mo stowòs la “vrèman gen sans yon poto, yon bwa ki kanpe byen dwat yo kapab pandye nenpòt bagay sou li oubyen yo kapab pike nan tè”. Diksyonè a kontinye pou l di: “Menm pami Women yo, sanble mo kwouks la (se nan mo laten sa a mo kwa a soti) te gen sans yon poto.” ​(The Imperial Bible-Dictionary.) Se sa k fè, nou pa sezi lefètke gen yon lòt ansiklopedi ki di: “Pa gen dout nan sa, okòmansman, mo kwa a te tou senpleman vle di yon poto yo te fè pwent li [tankou yon kreyon].” — The Catholic Encyclopedia.

Gen yon lòt mo grèk ksilon ekriven biblik yo te itilize pou yo pale de bagay moun yo te kloure Jezi sou li a. Men sa yon lòt liv di konsènan mo ksilon sa a: “Se yon moso bwa oswa yon poto.” Menm liv la kontinye pou l di: “Menm jan ak mo stowòs la, mo ksilon an te tou senpleman yon bwa ki kanpe byen dwat, oswa yon poto, Women yo te konn kloure moun sou li pou yo touye yo.” — A Critical Lexicon and Concordance to the English and Greek New Testament.

Nan menm sans lan, nan Travay 5:30, men sa Bib Kreyòl La di: “Bondye zansèt nou yo te resisite Jezi, sila nou te tiye lè nou te pann li sou bwa a [ksilon].” Men, gen lòt tradiksyon Labib ki mete “kwa” pou mo stowòs la e ki mete “bwa” pou mo ksilon an. Nan Travay 13:29, men sa tradiksyon Labib ki rele Liv ki sin yo di konsènan Jezi: “Lè yo fi-n réalizé tou sa-k té ékri o sijè-l yo, antan yo désann li sot sou boua-a [ksilon], yo té mété-l nan kavo.”

Ann amoni ak premye sans mo grèk stowòs la ak mo ksilon an genyen, men sa youn nan liv nou te site anwo a di: “Youn nan mo sa yo pa bay ide kwa moun yo konnen jounen jodi a jan yo konn wè l nan foto.” ​(A Critical Lexicon and Concordance to the English and Greek New Testament.) Sa vle di, sa moun ki te ekri Evanjil yo t ap pale de li lè yo te itilize mo stowòs la pa sanble ditou ak kwa moun yo konnen jodi a. Se sa k fè, Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo mete “poto” nan Matye 27:40-42 e li mete “poto” oswa “poto soufrans” lòt kote mo stowòs la parèt yo. Nan menm sans lan, gen yon lòt tradiksyon Labib ki mete “poto egzekisyon”. — Complete Jewish Bible.

Orijin kwa a

Si Bib la pa di se sou yon kwa yo te touye Jezi, poukisa tout Legliz tankou Legliz katolik, Legliz potestan ak Legliz òtodòks, ki pretann se sa k nan Bib la y ap anseye e y ap suiv, dekore legliz yo ak yon kwa e yo itilize l kòm senbòl ki montre yo gen lafwa? Kòman tout moun sa yo fè vin ap sèvi ak kwa konsa?

Rezon an se paske ni moun ki al legliz e ki pretann y ap suiv Bib la, ni moun ki pa kwè nan Bib la e ki gen yon fòm adorasyon ki la depi anvan Legliz yo te vin egziste, gen anpil respè pou kwa a. Gen anpil liv referans, ki pale sou relijyon, ki fè konnen diferan fòm kwa moun itilize yo la depi lontan. Pa egzanp, nan senbòl Ejipsyen yo te konn itilize pou yo ekri e nan desen yo te konn fè pou reprezante dye ak deyès yo te genyen yo, souvan te konn gen yon kwa ki gen fòm yon T ki gen yon wonn sou tèt li. Kwa sa a se yon senbòl ki reprezante lavi. Avèk letan, Legliz Kòp ak anpil lòt Legliz vin sèvi ak kwa sa a tou.

Selon yon ansiklopedi (The Catholic Encyclopedia), “premye fòm kwa a te genyen an te sanble ak fòm yon kwa yo rele kwa ‘game’ ​(kwouks gamata). Nan yon lang yo rele sanskrit, yo rele kwa sa a swastika. Se non sa a moun ki etidye kilti oswa lang peyi Oryan yo ak kèk akeyològ plis konnen.” Endou nan peyi End ak Boudis nan tout zòn Azi a te konn sèvi anpil ak senbòl sa a, e jis kounye a moun ka wè l nan dekorasyon moun yo fè nan zòn Azi a.

Pèsonn pa konnen egzakteman ki lè “kretyen” yo te adopte kwa a kòm senbòl yo. Men sa yon diksyonè fè konnen: “Vè mitan 3yèm syèk nan epòk nou an, legliz yo te gentan swa kite kèk nan doktrin anrapò ak kwayans kretyen yo swa yo te tòde yo. Pou yo te ka bay legliz ki te vin aposta a plis pwa, yo te aksepte payen antre nan legliz yo san yo pa t fè chanjman lakay yo selon lafwa yo te vin genyen an, e yo te aksepte yo kenbe anpil nan siy ak senbòl yo te genyen yo.” ​(Expository Dictionary of New Testament Words). Kwa a te youn nan senbòl sa yo.

Gen kèk ekriven ki baze yo sou sa Konstanten, yon anperè ki te konn adore dye solèy la, te di ki te fèt pandan li te nan yon kanpay militè nan ane 312 nan epòk nou an, pou yo fè konnen ki lè kretyen yo te kòmanse sèvi ak kwa. Konstanten te di pandan li te nan kanpay la, li te wè yon kwa sou solèy la, nan yon vizyon li te fè, e li te wè pawòl sa yo: “in hoc vince” ​(laten), ki vle di grasa senbòl sa a w ap gen laviktwa. Yon ti tan apre, yo te mete siy sa a sou drapo, sou boukliye e sou rès ekipman sòlda l yo. (Gade foto ki parèt agoch la.) Konstanten te fè konprann li te vin kretyen, byenke se jis 25 an apre li te batize pandan l te sou kabann li prèt pou l mouri. Gen kèk moun ki gen dout sou rezon ki fè l te konvèti a. Dapre yon liv, “nan fason l te aji a li te montre se kòmsi li te vle fè krisyanis la tounen yon relijyon li panse moun li t ap dirije yo t ap aksepte, men li pa t montre li t ap suiv ansèyman Jezi, moun Nazarèt la.” — The Non-Christian Cross.

Depi lè a, moun sèvi ak tout kalite fòm kwa. Pa egzanp, gen yon diksyonè ki fè konnen kwa yo rele kwa Sentantwàn nan “gen fòm yon T majiskil e gen kèk moun ki panse yo te pran fòm kwa sa a nan yon lèt yo rele tau, ki se yon senbòl ki te reprezante dye Tamouz, yon dye [Babilonyen]”. (The Illustrated Bible Dictionary.) Gen kwa Sentandre a tou, ki gen fòm yon X, e gen yon kwa anpil moun konnen ki fèt ak de moso bwa yo rele kwa laten. “Dapre sa moun leve jwenn y ap di, kwa [laten an] gen menm fòm ak kwa anpil moun panse Seyè nou an te mouri sou li a.” Men, sa yo di a pa laverite.

Ki sa kretyen nan premye syèk epòk nou an te kwè?

Labib montre, nan premye syèk epòk nou an, anpil nan moun ki te tande Jezi yo te vin kwè nan li e yo te aksepte valè sakrifis li a genyen pou l sove yo. Apre apot Pòl te preche Juif ki te nan vil Korent yo e li te pwouve yo Jezi se Kris la, men sa Labib fè konnen: “Krispis, mesye ki t ap dirije sinagòg la, te vin kwè nan Seyè a ansanm ak tout moun lakay li. E anpil Korentyen ki te tande bon nouvèl la te kòmanse kwè, e yo te vin batize.” ​(Travay 18:5-8). Pòl pa t anseye kretyen parèy li yo pou yo sèvi ak kèk senbòl oswa ak kèk imaj nan adorasyon y ap bay Bondye a, okontrè, li te anseye yo pou yo “kouri pou idolatri” ak tout kalite pratik ki soti nan fo adorasyon. — 1 Korentyen [Korent] 10:14.

Istoryen yo ak moun k ap fè rechèch pa jwenn okenn prèv ki montre premye kretyen yo te konn sèvi ak kwa. Gen yon kesyon enteresan yon ekriven ki t ap viv nan fen 17yèm syèk la te poze nou jwenn nan yon liv ki pale sou istwa kwa a. Men sa ekriven sa a te mande: “Èske nou panse sa ta ka fè Jezi plezi, yon nonm [Bondye] beni, pou l ap gade disip li yo k ap adore imaj bagay moun yo di yo te yo touye l sou li a, kote li menm, yon inosan, te soufri avèk pasyans, toutpandan li te meprize lawont?” ​(History of the Cross). Ki jan w t ap reponn?

Pou Bondye aksepte adorasyon yon moun, fòk moun sa a pa adore l ak okenn imaj oswa ak okenn lòt bagay. Men ki kesyon apot Pòl te poze: “Ki antant ki genyen ant tanp Bondye a ak zidòl?” ​(2 Korentyen 6:14-16). Pa gen yon kote nan Labib ki montre yon kretyen dwe sèvi ak anyen ki sanble ak sa yo te itilize pou yo touye Jezi a nan adorasyon l. — Konpare ak Matye 15:3; Mak 7:13.

Donk, ki sa k ap pèmèt moun konnen kiyès ki vrè kretyen yo? Se lanmou vrè kretyen yo genyen nan mitan yo k ap pèmèt moun rekonèt yo, se pa ni yon kwa ni okenn lòt senbòl. Men sa Jezi te di disip li yo: “M ap ban nou yon nouvo kòmandman: se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” — Jan 13:34, 35.

[Antrefilè nan paj 25]

Sa ekriven Evanjil yo te pale de li a pa sanble ditou ak sa moun yo rele kwa jodi a.

[Foto nan paj 24]

Yon desen (17yèm syèk) ki montre yon moun ki sou yon stowòs, nan yon liv Lipsius ekri: “De cruce”.

[Foto nan paj 25]

Yon imaj ejipsyen (ozv. 14yèm syèk anv. e. n.) ki montre kwa ak wonn sou tèt li ki reprezante lavi a.

[Liy kredi]

© DeA Picture Library / Art Resource, NY

[Foto nan paj 25]

Yon kwa game sou tanp Laxmi Narayan ann End.

[Liy kredi pou foto nan paj 26]

Foto sa a soti nan yon liv ki gen tit: The Cross in Tradition, History, and Art (1897).