Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki objektif Bondye gen pou tè a?

Ki objektif Bondye gen pou tè a?

Kite Pawòl Bondye a anseye w

Ki objektif Bondye gen pou tè a?

Atik sa a soulve kèk kesyon petèt ou konn ap poze tèt ou e li montre ki kote ou kapab li repons yo nan pwòp bib ou. Temwen Jewova yo ap byen kontan pale sou repons sa yo avèk ou.

1. Ki objektif Bondye gen pou tè a?

Tè a se kote pou lòm abite. Apre Bondye te fin kreye zanj yo pou yo viv nan syèl la, li te fè lòm pou l jwi tè a (Jòb 38:4, 7). Konsa, Jewova te mete premye moun nan nan yon bèl paradi ki te rele jaden Edenn e li te ba l posiblite pou l viv pou toutan sou tè a ansanm ak desandan li t ap vin genyen yo. — Jenèz 2:15-17; li Sòm 115:16.

Jaden Edenn nan te sèlman nan yon ti pati sou tè a. Premye mesyedam yo, Adan ak Èv, t ap gen pou yo fè pitit. Pandan lèzòm t ap vin anpil, yo t ap gen pou yo kiltive tè a e pou yo fè l tounen yon paradi (Jenèz 1:28). Tè a pap janm detwi. — Li Sòm 104:5.

2. Poukisa tè a pa yon paradi kounye a?

Adan ak Èv te dezobeyi Bondye, donk Bondye te mete yo deyò nan jaden Edenn nan. Paradi a te pèdi, e pa gen yon moun ki ka remete l sou pye ankò. Labib di: “Yo livre tè a nan men mechan an.” — Jòb 9:24, NW; li Jenèz 3:23, 24.

Men, Jewova pa bliye objektif li te gen okòmansman pou limanite, e li pa ka echwe (Ezayi (Izayi) 45:18). L ap fè lòm vin jan l te vle l ye a. — Li Sòm 37:11.

3. Ki jan Bondye pral remete lapè sou tè a?

Pou limanite gen lapè, Bondye dwe elimine moun ki mechan yo anvan. Lè lagè Amagedòn nan, zanj Bondye yo pral detwi tout moun ki opoze ak Bondye. Yo pral fèmen Satan yon kote pou 1000 an. Men, moun ki renmen Bondye yo ap rete vivan pou yo viv nan nouvo sistèm ki pral gen sou tè a. — Li Revelasyon 16:14, 16; 20:1-3; 21:3, 4.

4. Ki lè soufrans ap fini?

Pandan 1000 an an, Jezi pral dirije tè a detan l nan syèl la e l ap fè tè a vin yon paradi. Epitou, l ap efase peche moun ki renmen Bondye yo. Konsa, Jezi pral elimine maladi, vyeyès ak lanmò. — Li Ezayi (Izayi) 11:9; 25:8; 33:24; 35:1.

Ki lè Bondye ap retire mechanste sou tè a? Jezi te bay yon “siy” pou l montre lè lafen an toupre rive. Sitiyasyon ki gen nan monn nan jodi a mete lavi lòm an danje e yo montre n ap viv kounye a nan “fen sistèm nan”. — Li Matye 24:3, 7-14, 21, 22; 2 Timote 3:1-5.

5. Ki moun ki pral viv nan Paradi ki pral genyen an?

Jezi te bay disip li yo lòd pou yo fè disip e pou yo anseye yo fason Bondye aji ki demontre lanmou li genyen (Matye 28:19, 20). Nan lemonnantye, Jewova ap prepare plizyè milyon moun pou yo viv sou tè a nan yon nouvo sistèm (Sofoni (Sefànya) 2:3). Nan Sal Wayòm Temwen Jewova yo, moun yo aprann ki jan pou yo vin pi bon mari oswa pi bon papa, e yo aprann ki jan pou yo vin pi bon madanm oswa pi bon manman. Pitit ak paran aprann pou ki rezon yo ta dwe kwè nan yon demen k ap pi bon. — Li Miche (Mika) 4:1-4.

Nan Sal Wayòm nan, w ap rankontre moun ki renmen Bondye e ki vle aprann fè sa ki fè l plezi. — Li Ebre 10:24, 25.

Pou plis enfòmasyon, gade chapit 3 liv sa a, Ki sa Labib anseye toutbonvre? Se Temwen Jewova ki pibliye l.