Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pran desizyon ki onore Bondye

Pran desizyon ki onore Bondye

Pran desizyon ki onore Bondye

“Moun ki gen konprann veye kote l’ap mete pye l.” — PWO. 14:15.

1, 2. a) Ki sa k ta dwe pi enpòtan pou nou nan tout desizyon n ap pran? b) Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

SE SÈTEN nou pran anpil desizyon chak jou. Gen anpil desizyon nou pran ki pa gen gwo konsekans sou nou. Men, gen lòt menm ki ka gen gwo enpak sou lavi nou. Kit se ti desizyon n ap pran, kit se gwo desizyon, sa ki pi enpòtan se pou nou onore Bondye. — Li 1 Korentyen 10:31.

2 Èske li fasil pou w pran desizyon, oubyen èske w twouve li difisil pou w fè sa? Si nou vle vin gen matirite antanke sèvitè Bondye, nou dwe aprann fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal epi pran desizyon ki ann amoni ak kwayans pa nou, san lòt moun pa enfliyanse nou (Wom. 12:1, 2; Ebre 5:14). Ki lòt rezon enpòtan ki genyen ki fè nou bezwen aprann pran bon desizyon? Poukisa li difisil pafwa pou n pran desizyon? Ki sa nou dwe fè pou nou asire nou desizyon nou pran yo ap onore Bondye?

Poukisa nou oblije pran desizyon?

3. Ki sa nou pa dwe kite enfliyanse nou lè n ap pran desizyon?

3 Si lè nou dwe pran yon desizyon ki gen rapò ak prensip biblik yo nou renka renka, elèv lekòl parèy nou yo oubyen konpayon travay nou yo kapab konprann nou pa vrèman fin gen konfyans nan kwayans nou yo e l ap fasil pou yo enfliyanse nou. Yo ka ap bay manti, y ap triche oswa y ap vòlè, lèfini y ap eseye konvenk nou pou nou patisipe avèk yo nan sa y ap fè a oswa pou nou pa di lòt moun sa. Konsa, yo eseye konvenk nou pou nou fè “sa tout moun ap fè”. (Egz. 23:2.) Sepandan, yon moun ki konn kòman pou l pran desizyon ki onore Bondye pap kite lakrentif pou lèzòm oswa dezi li genyen pou moun aksepte l lakòz li fè yon bagay ki depaman ak konsyans li ki fòme grasa Labib. — Wom. 13:5.

4. Poukisa lòt moun ka vle pran desizyon pou nou?

4 Se pa tout moun ki vle pran desizyon pou nou ki vle fè nou mal. Gen zanmi ki gen bon entansyon ki kapab ensiste pou nou suiv konsèy yo ban nou. Si n ap viv lwen lakay nou, manm fanmi nou kapab ap enkyete pou nou e yo ka santi yo oblije di nou sa pou n fè lè n gen gwo desizyon pou n pran. Pa egzanp, ann pran kesyon tretman medikal la. Li klè, Bib la pa vle nou mal itilize san (Tra. 15:28, 29). Sepandan, lè pa gen prensip biblik ki klè sou yon kesyon ki gen rapò ak swen sante, se nou chak ki dwe deside ki tretman n ap aksepte oswa n ap refize *. Moun nou renmen anpil yo kapab gen konviksyon se opinyon pa yo sou kesyon sa yo ki pi bon. Men, chak kretyen ki vwe tèt li bay Bondye, ki batize, dwe pote “pwòp chay pa l” nan kesyon swen sante a, sa vle di, li dwe pran responsablite l (Gal. 6:4, 5). Se pa fè moun plezi ki pi enpòtan. Sa k pi enpòtan, se pou konsyans nou toujou klè devan Bondye. — 1 Tim. 1:5.

5. Ki sa k ap anpeche lafwa nou fè nofraj?

5 Si nou renka renka pou n pran desizyon, sa ka lage n nan gwo pwoblèm. Disip Jak te fè konnen yon moun ki gen de lide se yon moun “ki anbalan nan tout sa l ap fè”. (Jak 1:8.) Moun sa a sanble ak yon moun ki sou yon bato san gouvènay ki nan mitan lanmè nan moman gwo tanpèt. Tout opinyon lèzòm moun pa ka fè konfyans e k ap chanje san rete voye moun sa a adwat agoch. Se pa ti fasil li fasil pou lafwa moun sa a fè nofraj e pou moun sa a rann lòt moun responsab move bagay ki rive l (1 Tim. 1:19)! Ki jan nou ka evite tonbe nan sitiyasyon sa a? Nou dwe “vin fèm nan lafwa”. (Li Kolosyen 2:6, 7.) Pou nou vin fèm nan lafwa, nou bezwen aprann pran desizyon ki montre nou gen lafwa nan Pawòl Bondye enspire a (2 Tim. 3:14-17). Ki sa ki ka anpeche nou pran bonjan desizyon?

Sa k fè li ka difisil pou nou pran desizyon

6. Ki sa k ka rive nou si nou pè lè n ap pran desizyon?

6 Nou ka tèlman pè, sa lakòz nou pa konn sa pou n fè. Nou ka pè pou nou pa pran yon move desizyon, pou nou pa reyisi nan sa nou anvi fè a, oswa pou lòt moun pa pran nou pou egare. Nou ka konprann sa! Pèsonn pa ta renmen pran yon move desizyon k ap lage l nan pwoblèm oswa k ap fè l santi l wont annapre. Malgre sa, lanmou nou gen pou Bondye e pou Pawòl li a kapab ede nou venk krent nou yo. Ki jan li ka ede nou fè sa? Lanmou nou gen pou Bondye ap pouse nou toujou egzamine Pawòl li ak piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la anvan nou pran desizyon ki enpòtan. Konsa, n ap fè mwens erè. Poukisa? Paske Bib la kapab ‘fè moun ki pa gen eksperyans yo vin gen lespri e li ka bay jèn gason an konesans ak kapasite pou l reflechi’. — Pwo. 1:4, NW.

7. Ki sa nou ka aprann nan egzanp wa David la?

7 Èske n ap toujou pran bon desizyon? Non. Nou tout fè erè (Wom. 3:23). Pa egzanp, wa David te yon moun ki saj e ki te fidèl. Aktout sa, pafwa li te pran move desizyon ki te lakòz ni li menm ni lòt moun soufri (2 Sam. 12:9-12). Men, David pa t kite erè li te fè yo fè l vin pè pran desizyon ki t ap fè l gen favè Bondye (1 Wa 15:4, 5). Si nou pa bliye Jewova ap pase sou erè nou yo e l ap padone peche nou yo, menm jan ak David, nou kapab kontinye pran desizyon menmsi nou te fè erè. Jewova ap kontinye ede tout moun ki renmen l e ki obeyi l. — Sòm 51:1-4, 7-10.

8. Ki leson nou aprann nan kòmantè apot Pòl te fè sou maryaj la?

8 Ki jan nou ka vin gen plis asirans lè n ap pran desizyon? Se lè nou rekonèt pafwa nou gen plizyè chwa nou ka fè ki bon. Ann wè ki rezònman apot Pòl te fè sou maryaj. Men sa li te ekri anba enfliyans lespri sen: “Si yon moun panse l ap aji yon fason ki pa kòrèk anrapò ak vijinite l, e si l pa twò jèn, men sa k dwe fèt: li mèt marye si se sa l vle. Li pa peche. Men, si yon moun byen deside nan kè l, si li pa gen okenn nesesite, si li kontwole pwòp volonte l e si li pran desizyon nan kè l pou l rete san l pa marye, li byen fè.” ​(1 Kor. 7:36-38). Pòl te di si yon moun rete san l pa marye, se pi bon chwa l te ka fè, men se pa t sèl chwa sa a ki te bon.

9. Lè n ap pran desizyon, èske nou ta dwe enkyete nou de sa lòt moun panse? Esplike.

9 Lè n ap pran desizyon, èske nou ta dwe enkyete nou de sa lòt moun panse? Wi, men fòk nou rezonab. Ann wè sa Pòl te di sou kesyon manje manje lòt moun sanble te sakrifye bay zidòl. Li te rekonèt yon desizyon gendwa pa yon move desizyon, men desizyon sa a ka fè yon moun peche si konsyans li fèb. Ki detèminasyon Pòl te pran? Men sa li te ekri: “Si yon vyann fè frè m peche, mwen pap janm manje vyann ankò, dekwa pou m pa fè frè m peche.” ​(1 Kor. 8:4-13). Nou menm tou, nou bezwen reflechi pou nou wè ki efè desizyon nou yo ap genyen sou konsyans lòt moun. Byennantandi, premye bagay ki ta dwe enterese nou se konnen ki efè desizyon nou yo ap genyen sou amitye nou ak Jewova. (Li Women 14:1-4.) Ki prensip biblik k ap ede nou pran desizyon ki montre nou onore Bondye?

Sis bagay k ap ede nou pran bon desizyon

10, 11. a) Kòman nou ka evite pran dwa ki pa pou nou nan fanmi an? b) Ki sa ansyen yo pa dwe janm bliye lè y ap pran desizyon pou kongregasyon an?

10 Pa pran dwa ki pa pou nou. Anvan nou pran yon desizyon, nou bezwen mande tèt nou: ‘Èske m gen dwa pran desizyon sa a?’ Men sa wa Salomon te ekri: “Èske yon moun pran dwa ki pa pou li? Ebyen, wont ap tonbe sou li. Men se lakay moun ki modès nou jwenn sajès.” — Pwo. 11:2, NW.

11 Paran yo kapab pèmèt pitit yo pran kèk desizyon, men timoun yo pa ta dwe konprann yo gen otorite pou yo pran desizyon yo vle (Kol. 3:20). Madan marye yo, kit yo gen pitit kit yo pa gen pitit, gen otorite tou nan fanmi an, men yo dwe rekonèt se mari a ki chèf fanmi an (Pwo. 1:8; 31:10-18; Efe. 5:23). Menm jan an tou, mari yo bezwen rekonèt otorite yo genyen an gen limit e se Jezi ki chèf yo (1 Kor. 11:3). Ansyen yo pran desizyon pou kongregasyon an. Men, yo veye pou yo “pa ale pi lwen pase sa ki ekri” nan Pawòl Bondye a (1 Kor. 4:6). Epitou, yo suiv enstriksyon esklav fidèl la alalèt (Mat. 24:45-47). Nou ka evite yon pakèt pwoblèm ni pou tèt nou ni pou lòt moun si nou rekonèt limit nou, sa vle di si nou pran desizyon sèlman lè nou gen dwa fè sa.

12. a) Poukisa nou dwe fè rechèch? b) Esplike ki jan yon moun kapab fè rechèch.

12 Fè rechèch. Men sa wa Salomon te ekri: “Plan yon moun ki dilijan ap pote avantaj san mank, men tout moun ki aji twò prese ap tonbe nan povrete kanmenm.” ​(Pwo. 21:5, NW). Pa egzanp, èske gen yon moun ki mande w fè yon biznis avè l? Pa aji san reflechi! Rasanble tout enfòmasyon enpòtan ou kapab jwenn sou biznis la, mande moun ki konn biznis sa a konsèy e chèche prensip nan Bib la ki gen rapò ak aktivite sa a (Pwo. 20:18). Pou w ka byen fè rechèch ou yo, fè de lis: yon lis ki gen detay sou avantaj w ap jwenn ak yon lòt lis ki bay detay sou risk ki gen nan biznis la. Se pou w “kalkile konbyen sa ap koute” anvan w pran yon desizyon (Lik 14:28). Chèche konnen ki konsekans desizyon w lan ka genyen nonsèlman sou sitiyasyon ekonomik ou men tou sou relasyon w ak Jewova. Sa mande tan ak efò pou yon moun fè rechèch. Men, si w fè sa, w ap evite pran desizyon twò rapid, desizyon ki ka lage w nan tètchaje pou granmesi.

13. a) Ki asirans nou jwenn nan Jak 1:5? b) Lè nou priye Bondye pou l ban nou sajès, ki jan sa ka ede nou?

13 Priye Bondye pou nou mande l sajès. Sèl fason pou desizyon n ap pran yo onore Bondye, se si nou mande l pou l ede nou pran desizyon sa yo. Men sa disip Jak te ekri: “Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, e l ap ba li l, paske l donan ak tout moun, e li pa fè repwòch.” ​(Jak 1:5). Se pa yon wont lè nou rekonèt nou bezwen sajès Bondye lè n ap pran desizyon (Pwo. 3:5, 6). Dayè, si se sou entèlijans pa nou sèlman nou konte pou nou pran desizyon, l ap fasil pou nou pran move direksyon. Lè nou priye Jewova pou nou mande l sajès e nou fè rechèch nan Bib la pou nou jwenn prensip k ap ede nou, nou pèmèt lespri sen ede nou wè vrè rezon ki pouse nou anvi pran yon desizyon oswa yon lòt. — Ebre 4:12; li Jak 1:22-25.

14. Poukisa nou dwe evite voye desizyon nou yo pou yon lòt lè?

14 Pran yon desizyon. Pa kouri pran yon desizyon anvan w fè rechèch e anvan ou priye Bondye pou l ba w sajès. Yon moun ki saj pran tan pou l “veye kote l’ap mete pye l”. (Pwo. 14:15.) Yon sèl bagay, pa voye desizyon an pou yon lòt lè. Lè yon moun gen yon desizyon pou l pran men li gen tandans panse l ap gen tan fè sa yon lòt lè, li ka bay yon bann rezon ki pa valab ki fè l poko pran desizyon an (Pwo. 22:13). Men, menmsi moun sa a voye desizyon l lan pou yon lòt lè, an reyalite, se yon desizyon li pran kanmenm. Li pran desizyon pou l kite lòt moun kontwole lavi l.

15, 16. Ki sa sa mande pou yon moun aji ann akò ak desizyon li pran yo?

15 Aji ann akò ak desizyon an. Si nou fin fè tout sa nou kapab pou nou pran yon bon desizyon men nou pa aji ann akò ak desizyon nou te pran an, se t ap lave men siye atè. Men sa Salomon te ekri: “Tou sa ou jwenn pou ou fè, fè l ak tout fòs ou.” ​(Ekl. 9:10). Pou nou jwenn bon rezilta, nou dwe dispoze fè tout sa n kapab pou nou aji ann akò ak desizyon nou te pran an. Pa egzanp, yon pwoklamatè nan kongregasyon an kapab deside pran sèvis pyonye. Èske l ap reyisi nan desizyon li pran an? Wi, l ap reyisi, si li pa kite travay oswa divètisman pran tout fòs li ak tout tan li ta kapab pase nan sèvis la.

16 An jeneral, toujou gen yon bann bagay ki ka fè li pi difisil pou yon moun aji ann akò ak pi bon desizyon li pran yo. Poukisa? Paske “lemonnantye anba pouvwa Mechan an”. (1 Jan 5:19.) Nou gen yon lit n ap mennen “kont sila yo ki chèf monn nan, yo menm k ap dirije fènwa sa yo, e kont espri mechan yo ki nan syèl la”. (Efe. 6:12.) Apot Pòl ansanm ak disip Jid te montre moun ki pran desizyon pou yo onore Bondye ap gen pou yo mennen yon lit. — 1 Tim. 6:12; Jid 3.

17. Ki sa Jewova vle nou fè anrapò ak desizyon nou pran yo?

17 Reflechi sou desizyon nou te pran an epi fè chanjman ki nesesè yo. Se pa tout desizyon yon moun pran ki bay rezilta l ap chèche a. “Evènman moun pa prevwa rive [nou] tout nan moman [nou] pa t atann.” ​(Ekl. 9:11, NW). Menmsi sa, gen yon seri desizyon nou pran, Jewova vle nou kenbe yo menm lè nou ta jwenn difikilte. Si yon moun vwe lavi l bay Jewova oswa si l marye, moun sa a pa ka retounen sou desizyon sa yo. Bondye vle pou moun respekte desizyon sa yo. (Li Sòm 15:1, 2, 4.) Men, pifò desizyon nou pran yo pa gwo desizyon. Yon moun ki saj ap reflechi detanzantan sou desizyon li te pran yo. Li pap kite ògèy oswa tèt di anpeche l fè chanjman ki nesesè yo oubyen anpeche l tounen sou yon desizyon li te pran (Pwo. 16:18). Sa ki pi enpòtan pou moun sa a, se asire l li kontinye onore Jewova nan tout aspè nan lavi l.

Anseye lòt moun pou yo pran desizyon ki onore Bondye

18. Ki jan paran yo ka aprann pitit yo pran bon desizyon?

18 Paran yo kapab jwe yon wòl enpòtan nan ede timoun yo aprann pran desizyon ki onore Bondye. Yon bon anseyan bay bon egzanp (Lik 6:40). Lè sa nesesè, paran yo kapab esplike timoun yo ki sa yo menm yo te fè pou yo te ka pran yon desizyon kèlkonk. Li ta bon pou yo kite timoun yo pran kèk desizyon epi felisite yo si sa mache byen. Men, ki sa yo ka fè si pitit yo pran yon move desizyon? Premye reflèks yon paran, se petèt pwoteje timoun nan kont konsekans desizyon l lan. Men, sa pa toujou nan enterè timoun nan pou paran yo aji konsa. Pa egzanp, yon paran kapab pèmèt pitit li gen yon lisans pou l kondui machin. Sepandan, ann imajine pitit la vyole yon lwa sikilasyon e li pran yon kontravansyon. Paran an ta kapab peye kontravansyon an. Men, si l mande pitit li a pou li travay pou l peye kontravansyon an, l ap pi fasil pou pitit la aprann aksepte konsekans aksyon l. — Wom. 13:4.

19. Ki sa nou dwe aprann etidyan nou yo, e ki jan nou ka fè sa?

19 Jezi te di disip li yo pou y al anseye lòt moun (Mat. 28:20). Youn nan bagay ki pi enpòtan nou ka aprann etidyan nou yo se kòman pou yo pran bon desizyon. Pou nou fè sa, nou dwe reziste kont tandans pou nou di yo sa pou yo fè. L ap pi bon pou nou aprann yo kòman pou yo rezone sou baz prensip Labib yo yon fason pou yo ka pran desizyon pou tèt yo. Dayè, èske se pa “nou chak [ki] pral rann Bondye kont pou tèt nou”? (Wom. 14:12.) Kidonk, nou tout gen bonjan rezon pou nou pran desizyon ki onore Bondye.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou sijè sa a, gade atik ki nan paj mitan Ministè Wayòm novanm 2006 la, paj 3-6, ki gen tit: “Ki pwennvi mwen genyen sou kesyon fraksyon san ak sou kesyon tretman medikal kote pwòp san m enplike?”

Ki repons nou ta bay?

• Poukisa nou bezwen aprann pran desizyon?

• Ki sa k ka rive nou si nou pè lè n ap pran desizyon, e ki jan nou ka rive venk krent nou yo?

• Bay sis bagay nou ka fè pou nou asire nou desizyon nou yo ap onore Bondye.

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 16]

Sis bagay k ap ede nou pran bon desizyon

1 Pa pran dwa ki pa pou nou.

2 Fè rechèch.

3 Priye Bondye pou nou mande l sajès.

4 Pran yon desizyon.

5 Aji ann akò ak desizyon an.

6 Reflechi sou desizyon nou te pran an epi fè chanjman ki nesesè yo.

[Foto nan paj 15]

Moun ki anbalan an sanble ak yon moun ki nan yon bato san gouvènay ki nan yon lanmè ki move.