Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lè nou devlope “fwi lespri a”, sa bay Bondye glwa

Lè nou devlope “fwi lespri a”, sa bay Bondye glwa

Lè nou devlope “fwi lespri a”, sa bay Bondye glwa

“Papa m jwenn glwa lè nou kontinye bay anpil fwi.” — JAN 15:8.

1, 2. a) Ki okazyon nou genyen pou nou ankouraje lòt moun? b) Ki kado Jewova ban nou ki ede nou sèvi l pi byen?

IMAJINE de sitiyasyon ki vin apre yo: Yon kretyèn remake gen yon lòt kretyèn ki pi jèn pase l ki sanble gen yon bagay k ap trakase l. Kretyèn ki pi gran an pran randevou ak sè a pou yo preche ansanm. Chak fwa yo fin fè yon pòt, yo fè ti pale anvan yo rive nan lòt pòt la. Konsa, sè ki pi jèn nan kòmanse rakonte sè a sa k ap trakase l la. Nan pita, jèn sè a priye Jewova pou l di l mèsi poutèt sè ki gen matirite a te enterese nan li avèk amou. Se egzakteman sa l te bezwen. Yon lòt bò, gen yon koup ki fèk tounen sot preche nan yon peyi etranje. Pandan yo te nan yon ti fèt e yo t ap rakonte eksperyans yo te fè avèk anpil antouzyas, gen yon jèn frè ki ret byen trankil ap tande yo. Kèk ane annapre, pandan frè sa a ap prepare l pou l al nan asiyasyon l nan yon lòt peyi, li panse ak pawòl koup sa a te di ki te fè l anvi vin misyonè.

2 Petèt sitiyasyon sa yo raple w yon moun oswa lavi yon moun ki te gen yon efè sou ou. Natirèlman, li difisil pou yon sèl konvèsasyon nou gen ak yon moun chanje lavi nou. Men, se chak jou nou gen okazyon pou nou ankouraje lòt moun e pou nou reba yo fòs. Si gen yon bagay ou te ka fè ki t ap ede w amelyore kapasite ak kalite ou genyen yo, ki t ap fè w kapab ede frè ak sè yo pi byen e ki t ap fè w pi itil Bondye, èske w pa t ap kontan? Anfèt, Jewova ban nou yon kado konsa: lespri sen l (Lik 11:13). Lè lespri Bondye ap aji nan lavi nou, li pwodui bèl kalite nan nou ki amelyore tout aspè nan sèvis n ap bay Bondye a. Ala yon bèl kado! — Li Galat 5:22, 23.

3. a) Lè nou devlope “fwi lespri a”, nan ki sans sa bay Bondye glwa? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

3 Jewova se Sous lespri sen e pèsonalite l parèt nan bèl kalite lespri sa a pwodui lakay moun (Kol. 3:9, 10). Lè Jezi te di disip li yo “papa m jwenn glwa lè nou kontinye bay anpil fwi *”, li te bay pi gwo rezon ki fè kretyen yo ta dwe fè tout efò yo pou yo imite Bondye (Jan 15:8). Lè nou devlope “fwi lespri a”, sa ap parèt klè nan fason nou pale ak nan fason nou aji, e sa ap pote louwanj pou Bondye nou an (Mat. 5:16). Nan ki sans fwi lespri a diferan ak sa monn Satan an pwodui? Ki jan nou ka devlope fwi lespri a? Sa k fè li ka difisil pou nou fè sa? Nou pral egzamine kesyon sa yo pandan n ap pale de twa kalite nan fwi lespri a: lanmou, lajwa ak lapè.

Yon lanmou ki chita sou yon pi gwo prensip

4. Ki kalite lanmou Jezi te anseye disip li yo pou yo genyen?

4 Lanmou lespri sen pwodui lakay moun nan diferan nèt ak lanmou ki gen nan monn nan. Kòman sa? Se yon lanmou ki chita sou yon pi gwo prensip. Jezi te mete aksan sou diferans sa a nan Sèmon sou montay la. (Li Matye 5:43-48.) Li te fè remake menm moun k ap pratike peche gen tandans trete lòt moun jan lòt moun trete yo. Yon lanmou konsa pa mande pou moun nan fè sakrifis vre, se sèlman youn ki remèt lòt sa l te fè pou li. Si nou vle “montre nou se pitit Papa nou ki nan syèl la”, nou dwe diferan parapò ak moun sa yo. Olye nou trete moun jan yo trete nou, li t ap pi bon pou nou wè yo jan Jewova wè yo e pou nou trete yo jan l trete yo. Men, èske l posib pou nou renmen ènmi nou yo jan Jezi mande nou fè sa?

5. Ki jan nou ka demontre lanmou pou moun k ap pèsekite nou?

5 Ann pran yon egzanp nan Bib la. Pandan Pòl ak Silas t ap preche nan vil Filip, yo te arete yo, yo bat yo byen bat epi yo mete yo nan yon kacho ki jis nan fon prizon an, kote yo te mete pye yo nan sèp. Pandan tan sa a, petèt gadyen prizon an te maltrete yo tou. Lè yon tranblemanntè te libere yo sanzatann, èske yo te pwofite pran revanj sou gadyen prizon an? Non. Sousi yo te gen pou mesye sa a, anpalan de lanmou sensè yo te gen pou li, te fè yo aji byen vit pou yo ede l, e konsa, li te vin posib pou li menm ansanm ak tout moun lakay li vin kwayan (Tra. 16:19-34). Nan epòk pa nou an tou, gen anpil frè ki “mande Bondye pou l beni moun k ap pèsekite” yo. — Wom. 12:14.

6. Ki jan nou ka demontre yon lanmou k ap pouse nou fè sakrifis pou frè nou yo? (Gade kare ki nan paj 21 an.)

6 Lanmou nou gen pou kwayan parèy nou yo se yon lanmou ki pouse nou fè plis toujou. “Nou gen obligasyon pou nou livre nanm nou pou frè nou yo.” ​(Li 1 Jan 3:16-18.) Men, souvan, nou gen anpil okazyon pou nou demontre lanmou nou gen pou yo nan bagay ki tou piti. Pa egzanp, si nou di oswa nou fè yon bagay ki fè yon frè oswa yon sè fache, nou ka demontre lanmou pou li lè nou chwazi al kote l pou nou fè lapè avè l (Mat. 5:23, 24). E si se nou yo fè fache? Èske nou “dispoze padone”, oswa èske nou konn anvi kenbe moun nan nan kè (Sòm 86:5, NW)? Piske lespri sen fè nou gen anpil lanmou, sa ede nou pase sou ti fot frè nou yo fè lè nou padone yo ak tout kè nou “menm jan Jewova padone nou ak tout kè l”. — Kol. 3:13, 14; 1 Pyè 4:8.

7, 8. a) Ki efè lanmou nou gen pou Bondye genyen sou lanmou nou gen pou moun? b) Ki jan nou ka travay pou nou vin gen plis lanmou pou Jewova? (Gade imaj ki anba a.)

7 Ki jan nou ka devlope yon lanmou k ap pouse nou fè sakrifis pou frè nou yo? N ap rive fè sa lè nou travay pou lanmou nou gen pou Bondye a vin pi fò (Efe. 5:1, 2; 1 Jan 4:9-11, 20, 21). Moman nou pase ansanm ak Jewova lè nou li Labib, lè nou medite e lè nou priye ap ankouraje nou e y ap fè nou gen plis lanmou pou Papa nou ki nan syèl la. Men, nou dwe byen sèvi ak tan nou pou nou pwoche kot Bondye.

8 Ann pran yon egzanp. Imajine se sèlman yon moman egzak ou ta genyen chak jou pou w li Pawòl Bondye a, pou w medite sou li e pou w priye Jewova. Èske w pa t ap fè tout posib ou pou anyen pa pran nan tan sa a ou genyen pou w pase ak Jewova a? Natirèlman, pa gen pèsonn ki ka anpeche nou priye Bondye, e pifò nan nou kapab li Labib lè nou vle. Poutan, nou ka bezwen pran dispozisyon pou nou anpeche pakèt aktivite nou genyen nan jounen an pran nan tan nou gen pou nou pase ak Bondye a. Èske w byen sèvi ak tan w chak jou otan w kapab pou w ka vin pi pwòch Jewova?

‘Lajwa nou genyen grasa lespri sen an’

9. Ki bagay ki remakab nan lajwa lespri sen pwodui lakay moun nan?

9 Yon bagay ki remakab nan fwi lespri a sèke li pa chanje. Lajwa, oswa kè kontan, dezyèm kalite nou pral egzamine a, se yon egzanp ki montre sa. Lajwa tankou yon plant ki ka fleri menm yon kote ki pa fasil pou lòt plant fleri. Toupatou sou tè a, gen anpil sèvitè Bondye ki “aksepte pawòl la anba anpil tribilasyon avèk yon kè kontan [yo] genyen grasa lespri sen”. (1 Tes. 1:6.) Gen lòt k ap rankontre difikilte e ki nan nesesite. Men, pa mwayen lespri a, Jewova ba yo fòs pou yo “andire nèt e pou [yo] pran pasyans ak kè kontan”. (Kol. 1:11.) Kote lajwa sa a, oswa kè kontan sa a, soti?

10. Ki kote lajwa nou genyen an soti?

10 Kontrèman ak “richès ki pa sèten” monn Satan an ap ofri yo, trezò espirityèl Jewova ban nou yo ap dire toutan (1 Tim. 6:17; Mat. 6:19, 20). Li ban nou espwa n ap jwenn yon bèl avni kote n ap viv nètale e sa ban nou lajwa. Nou fè pati yon fanmi entènasyonal e sa ban nou lajwa. Anplis de sa, lajwa nou genyen an chita sou relasyon nou avèk Bondye. Nou santi nou menm jan ak David ki te fè yon chante pou l louwe Jewova malgre l te oblije viv nan kache. Men sa l te di: “Renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m’ap fè lwanj ou. Konsa [m’a] pase tout lavi m ap di ou mèsi. Se ou menm sèlman m’a lapriyè.” ​(Sòm 63:3, 4). Menm lè nou rankontre difikilte nan lavi nou, nou kontan louwe Bondye ak tout kè nou.

11. Poukisa li enpòtan pou nou sèvi Jewova ak lajwa oswa kè kontan?

11 Men ki ankourajman apot Pòl te bay kretyen yo: “Se pou nou toujou rejwi nan Seyè a. M ap di nou ankò: Se pou nou rejwi!” ​(Fil. 4:4). Poukisa li enpòtan pou kretyen yo sèvi Jewova ak lajwa? Se akoz kesyon Satan te soulve anrapò ak Souvrènte Jewova a. Satan fè konnen pa gen pèsonn k ap sèvi Bondye ak tout kè l (Jòb 1:9-11). Si n ap sèvi Jewova paske nou santi nou oblije fè sa, men nou pa jwenn kè kontan nan sèvis n ap ba li a, louwanj n ap ba li kòm sakrifis la ap manke yon bagay. Se sa k fè, nou fè efò pou nou koute konsèy salmis la bay la: “Fè sèvis pou Senyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li!” ​(Sòm 100:2). Lè nou sèvi Bondye ak tout kè nou e nou kontan fè sa, sa ba l glwa.

12, 13. Ki sa nou ka fè pou nou konbat panse negatif?

12 Men, fòk nou reyalis, menm sèvitè Jewova ki devwe yo ap gen moman kote yo dekouraje e y ap bezwen lite pou yo rete pozitif (Fil. 2:25-30). Ki sa ki ka ede nou nan moman sa yo? Men sa Efezyen 5:18, 19 di: “Kontinye ranpli nou ak lespri. Se pou youn pale ak lòt avèk sòm ak louwanj pou Bondye ansanm ak chan espirityèl. Chante epi fè mizik nan kè nou pou Jewova.” Ki jan nou ka suiv konsèy sa a?

13 Lè panse negatif soti pou anvayi nou, nou ka sipliye Jewova e nou ka fè tout efò nou pou nou medite sou bagay ki merite louwanj. (Li Filipyen 4:6-9.) Gen kèk moun ki twouve lè yo fredone kantik yo pandan y ap pase yo, sa kalme yo e sa ede yo vin panse yon fason ki pozitif ankò. Gen yon frè ki te gen yon gwo pwoblèm ki te kontrarye l e ki te dekouraje l. Men sa l di: “Nonsèlman mwen te konn priye ak tout kè m regilyèman, men tou, mwen te aprann kèk kantik pakè. Mwen te chante bèl kantik louwanj sa yo pou Jewova ni awotvwa ni nan kè m e sa te fè kè m anpè. Epi, se apeprè nan moman sa a liv Approchez-vous de Jéhovah a te parèt. Nan ane apre a, mwen te li l de fwa, e sa te fè kè m poze. Mwen konnen Jewova te beni efò m te fè yo.”

“Chenn inyon lapè a”

14. Bay youn nan bagay remakab lapè lespri sen pwodui a fè nou genyen.

14 Nan kongrè entènasyonal yo, gen delege ki soti nan divès peyi e yo kontan la ansanm ak lòt frè ak sè yo. Rasanbleman sa yo montre lapè ki gen nan mitan pèp Bondye a jodi a fè yo ini tout kote sou tè a. Souvan, moun yo konn sezi wè kòman moun yo panse ki ta dwe ènmi youn ak lòt “ap fè gwo efò pou [yo] kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a”. (Efe. 4:3.) Inite sa a vrèman remakab lè nou konsidere tout chanjman anpil nan frè nou yo te oblije fè.

15, 16. a) Ki jan Pyè te leve, e ki pwoblèm sa te ba li? b) Ki jan Jewova te ede Pyè korije fason l panse?

15 Se pa yon bagay ki fasil pou moun ki soti nan divès peyi rive gen inite nan mitan yo. Pou nou rive konprann ki chanjman yo te oblije fè anvan pou yo gen inite sa a, annou egzamine egzanp apot Pyè ki t ap viv nan premye syèk la. Nou ka wè fason l te konsidere moun ki pa Juif e ki pa sikonsi yo nan pawòl li te di: “Nou konnen trè byen yon Juif pa gen dwa frekante yon moun lòt nasyon, ni l pa gen dwa pale avè l. Epoutan, Bondye montre m mwen pa dwe konsidere pèsonn kòm moun ki kontamine, oubyen kòm moun ki pa pwòp.” ​(Tra. 10:24-29; 11:1-3). Sanble, depi lè Pyè te toupiti jiskaske li grandi, li te kwè, menm jan lòt moun nan epòk li a, Lalwa te oblije l renmen Juif parèy li sèlman. Petèt, pou li menm se yon bagay ki te toutafè nòmal pou l konsidere moun ki pa Juif yo kòm ènmi l e pou l rayi yo *.

16 Imajine jan Pyè dwe te santi sa dwòl pou l antre lakay Kònèy. Èske sa t ap janm posib pou yon moun ki te mal wè moun ki pa Juif vin “byen kole ansanm” avèk yo nan “chenn inyon lapè a”? (Efe. 4:3, 16.) Wi, paske kèk jou sèlman anvan sa, lespri Bondye te ouvri kè Pyè, li te ede l kòmanse korije fason l panse e l te ede l venk prejije li te genyen. Nan yon vizyon, Jewova fè Pyè konprann byen klè se pa ras yon moun oswa nasyonalite l ki enpòtan pou li (Tra. 10:10-15). Se sa k fè, Pyè te di Kònèy: “Vrèmanvre, mwen rann mwen kont Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” ​(Tra. 10:34, 35). Pyè te chanje, e li te vin vrèman ini ak “tout frè [...] yo”. — 1 Pyè 2:17.

17. Sa k fè inite ki gen nan mitan pèp Bondye a remakab?

17 Eksperyans Pyè te fè a ede nou apresye kokennchenn transfòmasyon k ap fèt nan mitan pèp Bondye a jodi a. (Li Izayi 2:3, 4.) Gen plizyè milyon moun ki “soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang”, ki korije fason yo panse pou panse yo ka ann amoni ak “volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè”. (Rev. 7:9; Wom. 12:2.) Monn Satan an te fè anpil nan moun sa yo rayi moun, ènmi youn ak lòt e divize youn ak lòt. Men, grasa yon etid Labib e grasa èd lespri sen, yo aprann “chèche bagay k ap fè [yo] viv anpè”. (Wom. 14:19.) Sa fè vin gen inite nan mitan yo e inite sa a fè Bondye jwenn louwanj.

18, 19. a) Ki jan nou chak ka patisipe pou toujou gen lapè ak inite nan kongregasyon an? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

18 Ki jan nou chak ka kontribye pou toujou gen lapè ak inite nan mitan pèp Bondye a? Nan anpil kongregasyon, nou jwenn moun ki soti nan lòt peyi. Gen kèk moun ki ka gen kèk abitid ki diferan ak pa nou oswa yo ka pa byen konn lang nou pale a. Èske nou fè efò pou nou konnen moun sa yo? Se sa Pawòl Bondye a ankouraje nou fè. Men sa Pòl te di kongregasyon ki te nan vil Wòm nan, yon kongregasyon ki te gen ni Juif ni moun ki pa Juif ladan l: “Se pou youn aksepte lòt, menm jan Kris te aksepte nou tou pou glwa Bondye.” ​(Wom. 15:7). Èske pa gen yon moun nan kongregasyon w lan ou ta ka aprann konnen pi byen?

19 Ki lòt bagay nou ka fè pou nou kite lespri sen aji nan lavi nou? Nou pral egzamine kesyon sa a nan atik ki vin apre a pandan n ap pale de lòt kalite fwi lespri a gen ladan l yo.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Fwi Jezi te pale de li a gen ladan l “fwi lespri a” ak ‘louwanj nou bay Bondye kòm sakrifis’ pa mwayen travay predikasyon Wayòm nan. — Ebre 13:15.

^ § 15 Men sa Levitik 19:18 di: “Piga nou tire revanj sou pèsonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen [‘pwochen nou’, NW] tankou nou renmen pwòp tèt pa nou.” Chèf relijye Juif yo te kwè lè Lalwa di “moun menm ras ak nou” ak “pwochen nou”, li t ap pale de Juif yo sèlman. Lalwa te mande Izrayelit yo pou yo rete separe ak moun ki nan lòt nasyon yo. Men, li pa t ale nan menm sans ak chèf relijye yo nan premye syèk la ki te kwè tout moun ki pa Juif se te ènmi yo e Juif yo te dwe rayi yo.

Ki repons nou ta bay?

• Ki jan nou ka demontre yon lanmou k ap pouse nou fè sakrifis pou frè nou yo?

• Poukisa li enpòtan pou nou sèvi Bondye ak lajwa?

• Ki jan nou ka kontribye pou toujou gen lapè ak inite nan kongregasyon an?

[Kesyon]

[Kare nan paj 21]

“Se moun sa yo ki vrè kretyen yo”

Gen yon liv (Between Resistance and Martyrdom—Jehovah’s Witnesses in the Third Reich) ki rapòte kòmantè yon jèn prizonye juif te fè. Nan kòmantè jèn sa a te fè a, li te pale de premye rankont li ak Temwen Jewova yo nan kan konsantrasyon ki rele Neuengamme a.

“Kou nou menm Juif ki te soti Dachau yo te rive nan kan an, lòt Juif yo te kòmanse kache tout sa yo te genyen yon fason pou yo pa t pataje anyen avèk nou [...]. Anvan sa, lè nou te lib, youn te konn ede lòt. Men, isit la, kote lavi nou te an danje, sa k te pi enterese moun yo se sove tèt yo. Se sa k fè yo te bliye lòt moun. Men, ann wè ki sa Etidyan Labib yo te fè. Nan moman sa a, yo t ap travay di anpil pou yo repare kèk tiyo dlo. Te fè frèt e yo te kanpe nan dlo ki te frèt tankou glas pandan tout jounen an. Pèsonn pa t ka konprann kòman yo te fè andire sitiyasyon sa a. Yo te di se Jewova ki te ba yo fòs. Yo te vrèman bezwen ti pen yo t ap ba yo a, paske yo te grangou menm jan avèk nou. Men, ki sa yo te fè? Yo te ranmase tout pen yo te genyen, yo pran mwatye ladan yo epi yo bay kwayan parèy yo ki te fèk soti Dachau yo lòt mwatye a. Yo te byen akeyi yo epi yo te anbrase yo. Anvan yo manje, yo te priye. Apre sa, yo tout te satisfè e yo te kontan. Yo di yo pa t grangou ankò. Se lè sa a mwen te panse se moun sa yo ki vrè kretyen yo.”

[Foto nan paj 19]

Èske chak jou ou veye pou lòt aktivite pa anpeche w pwoche kot Jewova?