Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwen te jwenn anpil bon bagay

Mwen te jwenn anpil bon bagay

Mwen te jwenn anpil bon bagay

Dapre Arthur Bonno

NAN ane 1951, mwen menm ak madanm mwen, Edith, te nan yon kongrè distri lè yo te anonse yon reyinyon pou moun ki enterese nan sèvis misyonè.

Mwen te di madanm mwen: “Ann al tande sa y ap di!”

Edith reponn: “Art, reyinyon sa a pa pou nou.”

Mwen di l: “Ah! Edie, nou pral annik koute sa y ap di.”

Apre reyinyon an, yo te bay fòmilè pou Lekòl Gileyad.

Mwen te di madanm mwen: “Annou ranpli yo!”

Li te di m: “Bon, Art, e fanmi nou menm?”

Anviwon ennan edmi apre kongrè sa a, nou te asiste Lekòl Gileyad e nou te jwenn asiyasyon pou n al sèvi nan peyi Ekwatè, ann Amerik disid.

Jan nou te kapab wè sa nan konvèsasyon mwen te gen ak madanm mwen nan kongrè a, mwen te otoritè e mwen te toujou panse depi nou vle nou kapab fè nenpòt bagay. Men, Edith li menm te dou e li te konn limit li. Li te grandi nan yon ti vil ki rele Elizabeth, ki nan Pennsilvani, Ozetazini. Li pa t janm al twò lwen lakay li e li pa t janm rankontre okenn moun ki soti nan yon lòt peyi. Sa te difisil anpil pou l kite fanmi l. Aktout sa, li te aksepte asiyasyon pou l al sèvi aletranje a ak tout kè l. Nou te rive ann Ekwatè an 1954, e depi lè sa a n ap sèvi la antanke misyonè. Pandan ane nou pase nan peyi sa a, nou te jwenn anpil bon bagay. Èske w ta renmen konn kèk ladan yo?

Anpil bèl souvni

Premye kote nou t al sèvi nan peyi a se nan kapital la, Kito, ki te a anviwon 2 850 mèt sou mòn Lèzann. Soti Guayaquil, yon vil ki bò lanmè, pou rive Kito, sa te pran nou de jou nan tren ak nan kamyon. Jodi a, vwayaj sa a dire sèlman 30 minit nan avyon! Nou te pase katran ap sèvi nan Kito e katran sa yo te chaje ak bèl souvni. An 1958, yon lòt bèl bagay ki te rive nou, se envitasyon nou te jwenn pou n al nan sèvis sikonskripsyon an.

Nan epòk sa a, se sèlman de sikonskripsyon ki te gen nan tout peyi a e yo te toupiti. Se sa k fè, apa kongregasyon nou te konn vizite yo, nou te pase plizyè semèn nan ane a ap preche nan ti vil endyen ki pa t gen Temwen Jewova ladan yo. Kay nou te konn jwenn pou nou rete nan ti vil sa yo se te ti chanm toupiti ki pa t gen fenèt e ki te gen yon kabann sèlman ladan yo. Nou te mache avèk yon bwat an bwa ki te gen yon ti recho ki mache ak gaz kewozèn, yon ti chodyè, kèk asyèt, yon kivèt, kèk dra, yon moustikè, kèk rad, kèk vye papye jounal ak kèk lòt bagay. Nou te konn itilize vye papye jounal yo pou nou bouche twou ki nan mi kay la yon fason pou rat yo te pase yon ti mizè anplis anvan yo antre nan kay la.

Byenke te fè nwa nan chanm sa yo e yo te sal, yo kite bèl souvni nan lespri nou. Pa egzanp, leswa, nou te konn gen bèl konvèsasyon ansanm pandan nou chita sou kabann nou e n ap manje ti manje byen senp nou te fè sou ti recho nou an. Akoz tanperaman m, souvan, mwen te konn pale san reflechi. Pafwa, madanm mwen te konn pwofite ti moman trankil sa yo pou l di m ki jan mwen ta ka pale yon fason ki pap blese santiman frè ak sè n al vizite yo. Mwen te koute madanm mwen e sa te fè vizit mwen yo vin pi ankourajan. Epitou, lè m di yon bagay mal sou yon moun san reflechi, madanm mwen te refize patisipe nan konvèsasyon an. Konsa, mwen te aprann pou m toujou byen wè frè ak sè yo. Men, pi souvan, pandan moman sa yo, nou te konn pale sou sa nou te aprann nan atik Toudegad yo ak eksperyans nou te fè nan predikasyon pandan jounen an. E se pa ti bèl eksperyans nou te fè!

Fason nou te rive jwenn Carlos

Nan yon vil ki rele Jipijapa, nan lwès peyi Ekwatè, yo te ban nou non yon moun ki enterese nan laverite. Li te rele Carlos Mejía, se non l sèlman nou te genyen, nou pa t gen adrès li. Jou maten nou t apral chèche Carlos la, lè nou te kite ti chanm nou te lwe a, nou pa t konnen ki kote pou n kòmanse chèche l, nou te annik kòmanse mache. Akoz gwo lapli ki te tonbe nan lavèy, nou te gen pou n janbe yon pakèt twou nan lari a ki te plen labou. Mwen te devan e madanm mwen te dèyè, lè bridsoukou, mwen tande madanm mwen rele m byen fò: “Art!” Lè m vire gade mwen wè de pye Edie rantre nan labou rive jis nan jenou! Bagay la te tèlman komik, si m pa t wè dlo ap koule nan je l, mwen t ap ri.

Mwen te rive retire Edie nan ma labou a, men soulye l te rete nan labou a. Kòm te gen yon ti gason ak yon tifi ki t ap gade, mwen te di yo: “M ap ban nou yon ti kòb si nou retire soulye yo nan labou a.” Nan de tan twa mouvman, timoun yo te pran soulye yo. Men, Edie te bezwen yon kote pou l netwaye kò l. Manman timoun yo ki t ap gade sa k t ap pase a te envite nou antre lakay li, e li te ede madanm mwen lave pye l pandan timoun yo t ap netwaye soulye yo. Gen yon bon bagay ki te rive anvan nou te kite kay la. Mwen te mande madanm nan si li konnen ki kote nou ka jwenn mesye ki rele Carlos Mejía a. Sou figi l nou te ka wè l sezi, e li te di m: “Se mari m wi.” Avèk letan, nou te kòmanse etidye Labib avèk yo e tout moun nan fanmi an te vin batize. Kèk ane apre, Carlos, madanm li ak de nan pitit li yo te vin pyonye espesyal.

Vwayaj yo te difisil, men frè yo te byen akeyi nou

Nan travay sikonskripsyon an, nou te jwenn difikilte lè n t ap vwayaje. Nou te konn vwayaje nan bis, nan tren, nan kamyon, nan bwafouye ak nan ti avyon. Yon lè, John McLenachan, ki t ap sèvi kòm siveyan distri, te akonpaye nou ak madanm li, Dorothy, pou n al preche nan yon seri bouk ki te toupre fwontyè peyi Kolonbi. Nan bouk sa yo, moun yo te konn fè lapèch pou yo viv. Nou te vwayaje nan yon bwafouye ki te gen yon ti motè pa deyò ki t ap pouse l. Te gen yon seri reken ki te menm gwosè ak bwafouye a ki t ap naje bò kote nou! Menm moun ki t ap kondui bwafouye a e ki te gen eksperyans te panike lè l wè gwosè reken yo. Li te kouri raze bwafouye a toupre tè.

Sa te vo lapenn pou nou te andire tout eprèv nou te rankontre nan sèvis sikonskripsyon an. Nou te vin konnen yon seri bon frè ak sè ki te konn akeyi moun. Anpil fwa, fanmi ki te konn ban nou lojman yo te konn ensiste pou nou manje twa fwa pa jou, tandiske yo menm yo te manje yon sèl fwa. Pafwa yo te konn ban nou dòmi sou sèl kabann yo te gen nan kay la, pandan yo menm, yo te dòmi atè. Byen souvan, madanm mwen te konn di: “Mwen renmen frè ak sè sa yo anpil e yo ede m wè, an reyalite, nou pa bezwen yon pakèt bagay pou nou viv.”

“Nou pa vle refize okenn privilèj”

An 1960, nou te jwenn yon lòt bon bagay. Yo te envite nou al sèvi nan filyal la, nan Guayaquil. Pandan mwen t ap travay nan biwo, Edith te kontinye nan travay predikasyon an avèk yon kongregasyon ki toupre filyal la. Mwen pa t janm panse mwen t ap kapab travay nan biwo, e m te menm santi m pa gen kapasite pou sa. Men, jan Ebre 13:21 montre sa, Bondye fè nou jwenn “tout bon bagay pou nou fè volonte l”. Dezan apre, mwen te jwenn envitasyon pou m al asiste yon kou nan Betèl Bwouklin nan, nan Nouyòk, ki t ap dire dis mwa. Nan epòk sa a, madanm frè ki te jwenn envitasyon pou kou sa a te dwe rete nan asiyasyon yo. Madanm mwen te resevwa yon lèt ki te soti dirèkteman Bwouklin. Nan lèt sa a, yo te mande l pou l byen gade pou l wè si li t ap kapab aksepte pou mari l pa la pandan dis mwa.

Men repons Edith te bay: “Mwen konnen sa pap fasil pou mwen ditou, men nou konnen Jewova ap ede nou, kèlkeswa sa ki ta rive. [...] Nou pa vle refize okenn privilèj oswa okenn posiblite nou ta jwenn pou nou vin pi kalifye pou responsablite nou genyen yo.” Pandan m Bwouklin nan, chak semèn mwen te resevwa yon lèt madanm mwen te ekri m.

N ap sèvi bò kote kwayan parèy nou ki fidèl

An 1966, akoz pwoblèm sante, Edith avè m te retounen al sèvi kòm misyonè nan Kito, bò kote frè ak sè yo. Frè sa yo se moun ki fidèl toutbon!

Gen yon sè ki te fidèl e mari l, ki pa kwayan, te konn bat li souvan. Yon jou, li te sizè nan maten lè yon moun te rele nou pou l di nou mari sè a te bat li ankò. Mwen te kouri al kay sè a. Lè m rive, mwen pa t ka kwè sa m te wè a. Sè a te kouche sou yon kabann, kò l te anfle e li te chaje ak mak kou. Mari l te bat li ak yon bwa bale jiskaske bwa a te fè de bout. Nan pita, mwen te jwenn mari a nan kay la e m te di l sa l te fè a se te yon bagay moun lach. Li di li te regrèt sa l te fè a anpil.

Nan kòmansman ane 70 yo, sante m te vin amelyore e m te retounen nan travay sikonskripsyon an. Vil ki rele Ibarra a te nan tèritwa sikonskripsyon m nan. Lè nou te vizite vil sa a nan fen ane 50 yo, te gen de frè Temwen Jewova sèlman lòt bò a, yon misyonè ak yon lòt frè ki moun zòn nan. Se sa k fè, nou te chofe pou n rankontre nouvo frè ak sè ki te vin gen nan kongregasyon sa a.

Nan premye reyinyon nou te gen nan kongregasyon sa a, frè Rodrigo Vaca te gen yon patisipasyon kote asistans lan te ka patisipe tou. Chak fwa li te poze yon kesyon, olye pou moun nan asistans lan te leve men yo pou yo fè kòmantè, yo te rele byen fò: “Yo, yo!” ​(“Mwen menm, mwen menm!”) Mwen gade Edith, Edith gade m, nou toule de te sezi. Mwen te mande tèt mwen: ‘Sa k ap pase la a?’ Annapre, nou te vin aprann frè Vaca avèg, men li te rive idantifye vwa tout moun nan kongregasyon an lè y ap mande pou yo fè kòmantè. Se yon bèje ki vrèman konnen twoupo l! Sa te fè nou sonje pawòl Jezi yo nou jwenn nan Jan 10:3, 4, 14, kote li te pale de bon bèje a ki konn mouton l yo byen e mouton l yo konnen l byen tou. Jodi a, gen sis kongregasyon nan Ibarra ki pale espayòl, youn ki pale kitchwa, ak yon kongregasyon lang siy. Frè Vaca kontinye sèvi fidèlman kòm ansyen e kòm pyonye espesyal.

Nou gen Jewova rekonesans pou bonte l

An 1974, yon lòt fason ankò Jewova te byen aji avèk nou, se lè nou te resevwa envitasyon pou n retounen nan Betèl, kote mwen te jwenn asiyasyon pou m travay nan biwo administrasyon an ankò. Annapre, mwen te jwenn asiyasyon pou m sèvi kòm manm Komite filyal. Edith te kòmanse travay nan kuizin, apre sa li t al travay nan biwo, e jis jounen jodi a l ap travay la nan sèvis kourye.

Tank ane ap pase, nou te gen privilèj resevwa plizyè santèn misyonè ki te jwenn fòmasyon nan Lekòl Gileyad e yo ede kongregasyon kote yo ye yo paske yo gen matirite ak zèl. Nou jwenn ankourajman tou lè nou wè plizyè milye frè ak sè ki soti nan plis pase 30 peyi ki vin sèvi isit la. Sa te enpresyone nou anpil pou nou wè jan yo te dispoze fè sakrifis. Gen ladan yo ki te vann kay yo ak biznis yo pou yo vin nan peyi a pou y al sèvi kote ki bezwen plis pwoklamatè bon nouvèl Wayòm nan. Yo achte machin pou y al preche nan zòn andeyò yo, yo travay pou fòme nouvo kongregasyon, e yo bay koutmen nan konstriksyon Sal Wayòm. Gen anpil sè selibatè ki soti aletranje pou yo vin sèvi kòm pyonye nan peyi a. Yo zele e yo efikas nan travay predikasyon an.

Vrèman, mwen jwenn anpil bon bagay pandan ane m genyen depi m ap sèvi Bondye yo. Pi bon bagay mwen jwenn se bonjan relasyon m ak Jewova. Mwen gen Jewova rekonesans paske li ban m “yon èd”. (Jen. 2:18, NW.) Lè mwen panse ak 69 ane maryaj mwen gen ak Edith yo, mwen sonje Pwovèb 18:22 ki di: “Lè yon nonm jwenn yon bon madanm, se yon bon bagay.” Se yon plezi pou mwen pou m gen Edith bò kote m. Li se yon èd pou mwen nan plizyè domèn e li te renmen manman l anpil. Depi lè nou rive ann Ekwatè, madanm mwen te voye yon lèt chak semèn bay manman l jis nan ane 1990 lè manman l te mouri a 97 an.

Kounye a, mwen gen 90 an e Edith gen 89 an. Nou kontan anpil lefètke nou te ka ede anviwon 70 moun vin sèvi Jewova. Nou vrèman kontan tou dèske nou te ranpli aplikasyon pou Lekòl Gileyad, sa gen 60 an. Desizyon sa a te pèmèt nou mennen yon vi ki chaje ak anpil bon bagay.

[Foto nan paj 29]

An 1958, nan Yankee Stadium, ki Nouyòk, ansanm ak kèk lòt misyonè ki te nan menm klas ak nou nan Lekòl Gileyad.

[Foto nan paj 31]

An 1959, pandan nou t ap vizite yon fanmi lè nou te nan sèvis sikonskripsyon.

[Foto nan paj 32]

An 2002, nan filyal peyi Ekwatè.