Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Labib chanje lavi moun

Labib chanje lavi moun

Labib chanje lavi moun

POUKISA yon vedèt popilè abandone karyè l pou l sèvi aplentan nan yon relijyon? E ki sa k pèmèt yon moun ki te kriminèl vin yon manm itil nan sosyete a alòske yon jij te deklare li pa gendwa janm korije? Li istwa sa yo pou w jwenn repons yo.

“Pèsonn pa ka esklav de mèt.” — ANTOLINA ORDEN CASTILLO

ANE LI FÈT: 1962

PEYI KOTE L SOTI: ESPAY

ANVAN: LI TE YON AKTRIS E LI TE KONN CHANTE

VI MWEN T AP MENNEN: Mwen fèt nan yon ti bouk ki rele Tresjuncos, nan yon zòn ki rele La Mancha. Fanmi m te konn travay tè. Manman m te katolik e papa m te potestan. Papa m te aprann mwen respekte Bib la. Mwen te konn wè l k ap li l toutan. Men, manman m te leve m kòm katolik e li te konn mennen m lamès chak dimanch.

Lè m te gen 15 an, mwen te kite bouk la pou m al viv Madrid ak gran sè m nan. Mwen te sonje paran m anpil, men finalman mwen te vin adapte m ak kote m ap viv la. Lè m te gen 17 an, mwen te gen chans patisipe pandan kèk mwa nan yon zarzuela, se yon ti opera espayòl ki gen danse ladan l. Mwen te renmen sa anpil e m te deside vin yon aktris. Mwen te kite kou sekretarya mwen t ap pran an e m te kòmanse chante nan plizyè konpayi ki konn prezante zarzuela. Se apeprè nan moman sa a m te vin renmen ak frè youn nan zanmi m yo. Mwen te santi m gen anpil chans poutèt mwen te gen yon bon djòb, mwen te gen kòb nan men m e mwen te jwenn yon moun ki renmen m.

Mwen te kòmanse vwayaje nan tout Espay ak nan lòt peyi avèk plizyè konpayi ki konn prezante zarzuela, pa egzanp mwen t al Ekwatè, Kolonbi, Kostarika ak Venezyela. Mwen te konn chante tou ak divès gwoup ki fè pati yon mouvman mizik popilè nan vil Madrid ki rele “La movida madrileña”. Youn nan gwoup mwen te vedèt prensipal ladan l te vin gen anpil siksè.

Mwen te renmen travay la, men mwen pa t renmen anbyans imoral ki te genyen an. Yon lòt bò, sèl sa ki te enterese m se te aparans mwen ak kenbe repitasyon m. Mwen te suiv yon rejim strik e m te vin fè maladi yo rele anorekzi ak boulimi.

Mwen te toujou gen kòm objektif prensipal pou m vin yon aktris. Annapre, m te vin antre nan akademi dans ak teyat ki nan Madrid la. Yo te aprann nou yon aktè bezwen byen konprann santiman pèsonaj li reprezante a e li bezwen eseye gen menm santiman sa yo. Lè mwen te aplike konsèy sa a, mwen te rann mwen kont mwen pa t santi anyen menm. Mwen te vin yon moun ki sipèfisyèl e ki egoyis.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Mwen te konnen si mwen vle devlope bèl kalite, mwen ta dwe fè efò pou sa. Men, mwen pa t konnen ki bò pou m kòmanse. Mwen te deside ale nan yon legliz evanjelik nan Madrid, yon kote m te deja ale ak paran m yon lè. Mwen te priye Bondye, m te sèvi ak non l, Jewova, pou m fè sa.

Yon ti tan apre, de Temwen Jewova te vin frape pòt mwen. Mwen te kontan pale sou Labib avèk yo, men tou, mwen te fè anpil diskisyon avèk yo sou sa y ap anseye yo. Esther, Temwen ki t ap etidye avè m nan, te gen anpil pasyans. Li menm ak fanmi l te demontre anpil lanmou ak tandrès pou mwen. Mwen te kòmanse asiste reyinyon Temwen yo fè, e sa pa t pran tan pou m rann mwen kont mwen jwenn laverite mwen t ap chèche a.

Lè m te fèk fin etid mwen t ap fè nan akademi dans ak teyat la, mwen te vin gen tout kalite posiblite ki ouvri devan m pou m fè karyè nan branch sa a. Yo te ban m yon wòl pou m jwe nan yon prezantasyon ki t apral fèt nan yon sal teyat ki gen gwo renome nan Madrid. Men, mwen te vin rann mwen kont tou, pou m reyisi antanke aktris, mwen ta dwe vwe tèt mwen nèt nan teyat. Finalman, m te deside chèche jwenn yon lòt kalite travay ki t ap pèmèt mwen konsantre sou sèvis Bondye. Mwen te reflechi sou pawòl Jezi te di a: “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan. Paske, swa l ap rayi youn e l ap renmen lòt la, oubyen l ap atache ak youn e l ap meprize lòt la. Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.” ​(Matye 6:24). Apre uit an mwen te fè ak mennaj mwen an, mwen te deside kite l paske li pa t gen menm konviksyon avè m. Pa gen youn nan chanjman sa yo ki te fasil.

BYENFÈ MWEN JWENN: Kounye a, m ap travay mwatye tan, mwen òganize distraksyon ak detant pou moun ki granmoun. Travay sa a pèmèt mwen pase pifò tan m ap anseye Labib, men se sitou moun nan zòn kote m rete a ki pale arab mwen te konn anseye. Mwen oblije fè anpil efò pou m aprann lang sa a, men mwen byen kontan pataje bon bagay mwen te aprann yo ak moun sa yo ki akeyan anpil e ki dispoze aprann anpil bagay sou Bondye.

Kounye a, mwen gen yon objektif, e sa ranplase vid ki te nan mwen pandan mwen t ap etidye pou m vin aktris la. Mwen santi Jewova ede m vin yon pi bon moun, yon moun ki vin gen plis kè kontan.

“Mwen montre jij la te gen tò.” — PAUL KEVIN RUBERY

ANE LI FÈT: 1954

PEYI KOTE L SOTI: ANGLETÈ

ANVAN: LI TE YON DELENKAN VYOLAN

VI MWEN T AP MENNEN: Mwen fèt yon kote ki rele Dudley, yon gwo vil ki gen anpil izin nan West Midlands. Depi m toupiti, papa te fè m renmen lekti. Li te ankouraje m tou pou m apresye mèvèy ki gen nan lanati yo, byenke li te kwè nan evolisyon. Li te fè m konnen Bondye pa egziste. Aktout sa, paran m te konn mennen m nan lekòl di dimanch nan legliz metodis ki nan zòn nan.

Lè m te gen uit an, mwen te wè kèk timesye nan zòn nan ap met dife nan yon bato ki nan kanal la. Lapolis te vini, men mwen te pè di yo sa k te pase a. Timesye yo te fè m menas. Yo te fè m enjistis, yo te di se mwen ki fè sa, e m te vin revòlte. Kòm reyaksyon, mwen te sakaje kèk lekòl nan zòn nan ansanm ak kèk legliz ak kèk faktori. Dega mwen te fè yo te koute plizyè milye dola. Lè m te gen dizan, mwen te kòmanse kase kay ak magazen. Mwen te vin renmen mete dife e mwen te met dife anpil kote. Nan lekòl mwen, pwofesè yo te di moun pa gendwa janm jwenn bout mwen.

Lè m te gen 12 an, mwen te jwenn yon liv maji e mwen te kòmanse antre kò m nan bagay sa yo. Etandone paran m pa t kwè nan Bondye, yo te panse enterè mwen genyen pou pratik ki gen rapò ak movèzespri yo se yon anmizman ki san danje, e sa t ap evite m tonbe nan pwoblèm. Men, anvan m kite lekòl, mwen te gentan parèt plizyè fwa devan tribinal pou timoun. Mwen te antre nan yon gang vyolan ki te rele skinheads. Mwen te gen yon razwa ak yon chenn bisiklèt sou mwen kòm zam. Mwen te jwenn yon travay, men mwen te pèdi l tousuit paske yo te kondane m pou m pase yon ti tan nan prizon. Apre m fin lage, mwen te rekòmanse kraze brize, yo te arete m e mwen te pase dezan nan prizon. Jij la te deklare mwen pa gendwa janm korije e mwen se yon danje pou sosyete a.

Apre m fin sot nan prizon, mwen te rankontre ansyen mennaj mwen, Anita. Nou te vin marye, e mwen te fè yon ti tan san mwen pa ni vòlè ni bay pwoblèm. Men, apre kèk ane, mwen te rekòmanse fè zak. Mwen te kase plizyè biznis e mwen te pran kòfrefò yo te genyen. Mwen te kòmanse pran dwòg, mwen te vin yon tafyatè, e mwen te konn gen yon zam sou mwen. Yo te arete m ankò e yo te mete m nan prizon.

Vi mwen t ap mennen an te lage Anita anba gwo strès. Doktè l te preskri l kalman, men li te di l sa k ap pi bon pou li se divòse. Erezman pou mwen, li pa t koute konsèy sa a.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Lè nou te fèk marye, Anita te pase yon ti tan ap etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Apre sa, pandan mwen t ap pran dènye kout prizon m, Temwen yo te pran kontak avè l ankò. Twouve, sa te rive menm jou mwen te priye Bondye pou m di l: “Si w egziste vre, fè m wè sa.”

Lè m te sot nan prizon kèk mwa apre, mwen t al kot pastè nan zòn nan pou m mande l etidye Labib avè m ansanm ak Anita. Li te di l ap aprann nou doktrin Legliz la sèlman ak yon priyè.

Finalman, mwen te kòmanse li Labib. Mwen te sezi aprann Labib kondane pratik ki gen rapò ak movèzespri (Detewonòm 18:10-12). Annapre, mwen te jwenn yon Toudegad Temwen yo te bay Anita jou mwen te priye Bondye pou l ede m nan. Sa m te li yo te motive m pou m pran kontak ak Temwen yo.

Fanmi nou, zanmi nou ak delenkan ki te nan gang avè m yo pa t kontan lè yo te aprann n ap etidye Labib ak Temwen Jewova. Gen kèk ladan yo ki di Temwen Jewova yo lave sèvo m. An reyalite, sèvo m te bezwen lave. Mwen te gen anpil fay nan pèsonalite m, konsyans mwen pa t sansib ankò, e san wete lòt vis mwen te genyen, mwen te konn fimen jiska 60 sigarèt nan yon jou. Temwen ki te etidye Labib avèk nou yo ansanm ak lòt moun nou te konn rankontre nan kongregasyon an te gen anpil pasyans e yo te janti. Finalman, mwen te kite move abitid mwen te genyen yo. — 2 Korentyen 7:1.

BYENFÈ MWEN JWENN: Kounye a, Anita avè m gen 35 an maryaj. Youn nan pitit nou yo ansanm ak de nan pitit pitit nou yo ap sèvi Jewova ansanm ak nou. Nan dènye ane sa yo, Anita avè m pase pifò tan nou ap etidye Labib ak lòt moun.

Lefètke n ap sèvi Jewova Dye, sa fè nou vin gen yon vrè objektif nan lavi nou e sa bay vi nou yon sans. An 1970, gen yon jij ki te di nan tribinal la mwen pa gendwa janm korije. Men, grasa èd Bondye ak prensip ki gen nan Bib la, mwen montre jij la te gen tò.