Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske tout kretyen ki fidèl yo pral nan syèl?

Èske tout kretyen ki fidèl yo pral nan syèl?

Lektè nou yo ta renmen konnen

Èske tout kretyen ki fidèl yo pral nan syèl?

▪ Jezi te di yon pawòl rekonfòtan anpil moun byen konnen. Men sa l te di: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” ​(Jan 3:16). Èske Jezi te vle di tout moun fidèl k ap adore Papa l, Jewova Dye, ta dwe al nan syèl pou yo gen lavi ki pap jan fini an e pou yo gen vrè kè kontan an?

Remake sa Jezi te di ki fè moun reflechi: “Okenn moun pa monte nan syèl la, eksepte sila a ki te desann sot nan syèl la, sètadi Pitit lòm nan.” ​(Jan 3:13). Sa montre moun fidèl ki t ap adore Jewova nan tan lontan yo, tankou Noye, Abraram, Moyiz ak David, pa al nan syèl (Travay 2:34). Men, ki kote tout moun sa yo ale? An rezime, moun fidèl ki t ap viv nan tan lontan yo, se nan tonm yo ye, y ap dòmi nan lanmò, yo pa konn anyen, y ap tann rezirèksyon. — Eklezyas 9:5, 6; Travay 24:15.

Jezi se premye moun ki fè konnen gen moun ki pral viv nan syèl la apre yo fin mouri. Li te di apot li yo li t apral prepare yon plas pou yo nan syèl la (Jan 14:2, 3). Se te yon bagay ki nouvo pou pèp Bondye a. Annapre, apot Pòl te fè konnen, apre Jezi te fin mouri e li te fin resisite pou l al nan syèl la, Jezi ‘te ouvri yon wout pou disip li yo, yon wout tounèf e ki mennen nan lavi ki pap janm fini an’, se yon wout okenn moun pa t pase ladan l anvan. — Ebre 10:19, 20.

Èske sa vle di depi lè sa a tout moun ki fidèl yo t ap gen pou y al nan syèl? Non, paske se sèlman kèk moun yo bay yon travay pou y al fè nan syèl la k ap resisite pou y al nan syèl. Pandan dènye nuit Jezi te pase ak apot li yo, li te di yo y ap gen pou yo ‘chita sou twòn pou yo fè jijman’ detan yo nan Wayòm li an ki nan syèl la. Donk, travay yo pral fè nan syèl la se dirije yo pral dirije avèk Jezi. — Lik 22:28-30.

Apa apot yo, gen lòt moun ki t apral resevwa misyon estrawòdinè sa a tou. Nan yon vizyon, apot Jan te wè Jezi ansanm ak yon gwoup moun ki resisite ki nan syèl la. Li pale de yo ‘kòm wa e kòm prèt, e yo gen pou yo dirije tè a’. (Revelasyon 3:21; 5:10.) Konbyen moun li te wè? Tout gouvènman gen sèlman yon kantite moun fiks k ap dirije, se menm bagay la tou pou Wayòm ki nan syèl la. Jezi, Timouton Bondye a, pral dirije ansanm ak 144 000 moun Bondye ‘te achte pami limanite’. — Revelasyon 14:1, 4, 5.

Anfèt, 144 000 moun se yon ti kantite lè nou konpare l ak tout moun fidèl yo, ni sa ki t ap viv nan tan lontan yo, ni sa ki la kounye a. Nou ka konprann sa, paske 144 000 moun k ap resisite pou y al nan syèl la gen yon travay sakre byen presi pou y al fè. Si w ap konstwi yon kay, èske se ak tout moun ki fò nan konstriksyon nan zòn kote ou ye a w ap fè kontra? Non. W ap fè kontra sèlman ak kantite moun ki nesesè pou travay la fèt. Menm jan an tou, se pa tout moun ki fidèl yo Bondye chwazi pou l ba yo privilèj san parèy pou y al dirije ak Kris nan syèl la.

Gouvènman sa a ki nan syèl la pral reyalize objektif Bondye te genyen depi okòmansman pou limanite. Jezi ak 144 000 moun ki pral dirije avè l yo pral sipèvize travay ki pral fèt pou tè a vin yon paradi, kote yon kantite moun fidèl nou pa ka konte pral viv ak kè kontan pou toutan (Ezayi (Izayi) 45:18; Revelasyon 21:3, 4). Pami moun sa yo, ap gen moun ki nan memwa Bondye yo ki pral resisite. — Jan 5:28, 29.

Tout adoratè fidèl Jewova yo, ni sa ki t ap viv nan tan lontan yo, ni sa ki la kounye a, ap resevwa kado estrawòdinè Bondye bay la, anpalan de lavi ki pap janm fini an (Women 6:23). Se yon ti kantite ladan yo ki pral viv nan syèl la pou y al fè yon travay espesyal, men pifò pral viv sou tè a k ap vin yon paradi.