Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Pran swen twoupo Bondye ki sou kont nou an”

“Pran swen twoupo Bondye ki sou kont nou an”

“Pran swen twoupo Bondye ki sou kont nou an”

“Pran swen twoupo Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa nan fòse, men fè sa ak tout kè nou.” — 1 PYÈ 5:2.

1. Nan ki sitiyasyon kretyen yo te ye lè apot Pyè te ekri premye lèt li a?

APOT Pyè te ekri premye lèt li a yon ti tan anvan anperè Newon te kòmanse pèsekite kretyen yo nan vil Wòm. Li te vle fòtifye kretyen parèy li yo. Dyab la t ap “sikile”, li t ap chèche devore kretyen yo. Pou kretyen yo te ka kenbe tèt ak li, yo te bezwen ‘kenbe tèt yo anplas’ e yo te bezwen ‘soumèt tèt yo anba men Bondye ki pisan’. (1 Pyè 5:6, 8.) Anplis, yo te bezwen rete ini. “Si youn [ta] kontinye ap mòde lòt, e si youn [ta] kontinye ap devore lòt” sa t ap mete yo an danje paske sa ta ka lakòz “youn [...] elimine lòt”. — Gal. 5:15.

2, 3. Kont kiyès nou ta dwe ap lite, e ki sa nou pral egzamine?

2 Jodi a, nou nan yon sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon kretyen yo nan premye syèk la. Dyab la ap chèche mwayen pou l devore nou (Rev. 12:12). Mete sou sa, talè konsa, gen “yon gwo tribilasyon, yon tribilasyon ki potko janm rive depi monn nan egziste”, ki pral rive sou nou (Mat. 24:21). Menm jan kretyen yo nan premye syèk la te dwe evite fè diskisyon youn ak lòt, nou menm tou nou dwe evite fè sa. Nan sans sa a, pafwa, nou bezwen èd ansyen yo ki kalifye pou yo ede nou.

3 Annou wè kòman ansyen yo ka fè pou yo vin gen plis apresyasyon pou privilèj yo genyen pou yo pran swen ‘twoupo Bondye a ki sou kont yo’. (1 Pyè 5:2.) Apre sa, nou pral egzamine bon fason pou ansyen yo pran swen twoupo a. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine ki jan kongregasyon an kapab ‘montre respè pou moun k ap travay di pami nou yo e k ap dirije’ twoupo a (1 Tes. 5:12). Atik sa yo pral ede nou kenbe fèm kont pi gwo Ènmi nou an, piske se kont li n ap lite. — Efe. 6:12.

Pran swen twoupo Bondye a

4, 5. Ki pwennvi ansyen yo ta dwe genyen sou twoupo a? Bay yon egzanp.

4 Pyè te ankouraje ansyen ki te nan kongregasyon premye syèk la pou yo gen menm pwennvi ak Bondye sou twoupo Bondye te ba yo responsab la. (Li 1 Pyè 5:1, 2.) Byenke yo te konsidere Pyè kòm yon pilye nan kongregasyon an, li pa t pale ak ansyen yo kòmsi li te siperyè yo. Okontrè, li te ba yo konsèy antanke ansyen menm jan avè l (Gal. 2:9). Menm jan ak Pyè, jodi a, Kolèj santral la ankouraje ansyen yo nan kongregasyon an fè efò pou yo pran gwo responsablite yo genyen pou yo pran swen twoupo Bondye a.

5 Apot Pyè te fè konnen ansyen yo dwe ‘pran swen twoupo Bondye ki sou kont yo a’. Li te vrèman enpòtan pou ansyen yo rekonèt twoupo a se pou Jewova ak Pitit li a, Jezi Kris, li ye. Ansyen yo te gen kont pou yo rann Bondye pou fason yo te voye je sou mouton Bondye yo. Ann sipoze yon bon zanmi w ta mande w voye je sou pitit li yo pandan li pa la. Èske w pa t ap byen pran swen yo e èske w pa t ap ba yo manje? Si youn nan yo ta vin malad, èske w pa t ap fè sa w kapab pou l jwenn swen nan men doktè? Menm jan an tou, ansyen yo dwe “pran swen kongregasyon Bondye a, yon kongregasyon li achte ak san pwòp Pitit li a”. (Tra. 20:28.) Yo pa janm bliye Bondye te achte chak mouton ak san Jezi Kris ki gen anpil valè. Piske ansyen yo gen pou yo rann Bondye kont, yo bay twoupo a manje, yo pwoteje l e yo pran swen l.

6. Nan tan biblik yo, ki responsablite gadyen mouton yo te genyen?

6 Fè yon ti reflechi sou responsablite gadyen mouton yo te genyen nan tan biblik yo. Yo te oblije sipòte chalè solèy la pandan jounen an, e leswa, yo te oblije sipòte fredi pou yo ka pran swen twoupo a (Jen. 31:40). Yo te menm riske lavi yo pou mouton yo. Lè David te piti, li te konn gade mouton e li te sove mouton l yo anba grif bèt sovaj, pami bèt sa yo te gen yon lyon ak yon lous. Men sa David di li te fè ni lyon an ni lous la: “Mwen pran l nan gagann, mwen bat li jouk mwen touye l.” ​(1 Sam. 17:34, 35). Se pa ti brav David te brav! Li dwe te oblije antre jis anba bouch bèt sovaj yo! Malgre sa, li te fè tout sa l te kapab pou l sove mouton an.

7. Nan yon sans senbolik, ki jan, ansyen yo kapab rale yon mouton nan bouch Satan?

7 Jodi a, ansyen yo bezwen vijilan kont atak Dyab la ki sanble ak atak yon lyon. Sa ka menm mande pou yo aji yon fason ki brav kòmsi se rale yo t ap rale mouton an sot nan bouch Dyab la. Nan yon sans senbolik, lè ansyen yo kenbe bèt sovaj la nan gagann, anpalan de Dyab la, yo ka rive sove mouton yo. Yo ka rezone sou Ekriti yo ak frè ak sè ki nayif ki prèt pou tonbe nan pyèj Satan yo. (Li Jid 22, 23.) Natirèlman, Jewova ede yo fè travay sa a. Yo pran swen mouton ki blese yo avèk tandrès, yo panse kote yo blese yo e yo sèvi ak Pawòl Bondye a ki tankou yon luil pou yo soulaje doulè yo.

8. Antanke bèje, ki sa ansyen yo fè?

8 Gadyen mouton yo te konn mennen mouton yo kote yo ka jwenn manje ak dlo. Nan yon sans espirityèl, ansyen yo fè menm bagay la. Antanke bèje, yo ankouraje twoupo a asiste reyinyon yo regilyèman nan kongregasyon an yon fason pou twoupo a kapab byen manje e pou l jwenn “manje nan bon moman”. (Mat. 24:45.) Ansyen yo kapab bezwen pase plis tan ap ede moun ki malad nan domèn espirityèl yo pou moun sa yo ka wè enpòtans pou yo manje manje ki soti nan Pawòl Bondye a. Yon mouton ki te kite twoupo a kapab ap eseye tounen. Olye ansyen yo fè presyon sou moun sa a, y ap esplike l prensip biblik yo avèk tandrès, e y ap montre l kòman li kapab aplike prensip sa yo nan lavi l.

9, 10. Ki jan ansyen yo ta dwe pran swen mouton ki malad yo?

9 Si w ta malad, ki kalite doktè ou t ap pi renmen al wè? Yon doktè ki pa menm pran tan pou l koute w e ki kouri preskri w medikaman pou l voye w ale pou l ka resevwa lòt malad, oubyen, yon doktè ki pran san l pou l koute w, ki di w ki sa k ka lakòz ou malad la e ki esplike w ki diferan tretman ou ta ka suiv pou maladi w la?

10 Menm jan an tou, ansyen yo kapab koute moun ki malad nan domèn espirityèl la epi ede l geri. Lè yo fè sa, se tankou yo t ap “pase luil sou li nan non Jewova”. (Li Jak 5:14, 15.) Menm jan ak luil ki te gen nan Gileyad la, Pawòl Bondye a kapab soulaje doulè moun ki malad la (Jer. 8:22; Eze. 34:16). Lè moun ki peche a aplike prensip biblik yo, sa kapab ede l pran desizyon k ap pèmèt li sèvi Jewova ak tout kè l ankò. Wi, lè ansyen yo pran tan pou yo koute mouton ki malad yo lè y ap rakonte yo pwoblèm yo e yo priye pou yo, yo fè mouton yo santi yo byen.

Pa fè sa nan fòse, men fè sa ak tout kè nou

11. Ki sa ki pouse ansyen yo pran swen twoupo Bondye a ak tout kè yo?

11 Apot Pyè te raple ansyen yo tou ki jan pou yo pran swen twoupo a e ki sa yo pa ta dwe fè. Ansyen yo pa ta dwe “fè sa nan fòse, men [yo dwe] fè sa ak tout kè” yo. Ki sa ki pouse ansyen yo sèvi frè ak sè yo ak tout kè yo? Ebyen, ki sa k te pouse apot Pyè pran swen mouton Jezi yo epi ba yo manje pou yo manje? Youn nan bagay ki te plis ede l se lanmou ak afeksyon li te gen pou Seyè a (Jan 21:15-17). Se lanmou ki pouse ansyen yo “pa viv pou tèt yo ankò”, men ki pouse yo “viv pou sila a ki te mouri pou yo a”. (2 Kor. 5:14, 15.) Lanmou ansyen yo gen pou Jezi, lanmou yo gen pou Bondye e lanmou yo gen pou frè ak sè yo pouse yo itilize fòs yo, sa yo posede, ak tan yo pou yo sèvi frè ak sè yo (Mat. 22:37-39). Yo fè tout sa yo kapab pou yo ede frè ak sè yo, yo pa fè sa nan fòse, men yo fè sa ak tout kè yo.

12. Jis nan ki pwen apot Pòl te fè sakrifis pou twoupo a?

12 Jis nan ki pwen ansyen yo ta dwe fè sakrifis pou twoupo a? Lè y ap pran swen mouton yo, yo imite apot Pòl ki te imite Jezi (1 Kor. 11:1). Apot Pòl ak moun ki te avè l yo te gen afeksyon ki pwofon pou frè ak sè Tesalonik yo, sa ki te fè yo byen kontan bay frè ak sè sa yo ‘nonsèlman bon nouvèl Bondye a, men tou pwòp nanm yo’. Konsa, yo te vin dou nan mitan yo “tankou lè yon manman ap chouchoute pitit li ki nan tete”. (1 Tes. 2:7, 8.) Apot Pòl te konprann ki jan yon manman k ap chouchoute pitit li ki nan tete santi l. Manman sa a ap fè nenpòt bagay pou pitit li, l ap menm leve nan nuit pou l ba l tete.

13. Ki sa ansyen yo bezwen veye?

13 Ansyen yo bezwen veye pou responsablite yo genyen antanke bèje a pa lakòz yo neglije responsablite yo anvè fanmi yo (1 Tim. 5:8). Tan ansyen yo pase ak moun nan kongregasyon an se yon tan yo te ka pase ak fanmi yo, e tan sa a gen anpil valè pou yo. Yon fason ansyen yo kapab pran swen ni moun nan kongregasyon an ni fanmi yo anmenmtan, se lè yo envite lòt moun nan kongregasyon an vin patisipe avèk yo detanzantan nan sware adorasyon yo genyen an fanmi an. Pandan plizyè ane, Masanao, yon ansyen o Japon, te konn envite frè ak sè ki selibatè vin asiste etid Labib li fè ak fanmi l. Li te fè sa tou pou fanmi kote mari a pap sèvi Jewova. Avèk letan, kèk nan moun li te ede yo te vin ansyen e yo te imite bèl egzanp li te bay la.

Pa chèche avantaj nan move kondisyon, pran swen twoupo a avèk anpresman

14, 15. Poukisa ansyen yo dwe evite “chèche jwenn avantaj nan move kondisyon,” e ki jan yo kapab imite apot Pòl nan domèn sa a?

14 Apot Pyè te ankouraje ansyen yo tou pou yo pa “chèche jwenn avantaj nan move kondisyon”, men pou yo pran swen twoupo a “avèk anpresman”. Travay ansyen yo fè nan kongregasyon an mande anpil tan, men ansyen yo pa mande pèsonn peye yo pou sa. Apot Pyè te wè li enpòtan pou l avèti ansyen parèy li yo kont danje pou yo ta “chèche jwenn avantaj nan move kondisyon”. Fason chèf relijye yo nan “Gran Babilòn nan” ap viv montre Pyè te gen rezon bay ansyen yo avètisman sa a paske pandan chèf relijye yo ap viv nan liks anpil moun ap benyen nan mizè (Rev. 18:2, 3). Jodi a, ansyen yo gen tout rezon pou yo fè atansyon pou yo pa vin gen tandans chèche avantaj nan move kondisyon.

15 Apot Pòl kite yon bèl egzanp pou ansyen yo. Byenke li te yon apot e li te kapab “yon chay ki lou” sou do kretyen ki t ap viv Tesalonik yo, li pa t “manje manje pèsonn gratis”. Okontrè, li “te travay di e [li] te redi lajounen kou lannuit”. (2 Tes. 3:8.) Jodi a, anpil ansyen, san wete siveyan sikonskripsyon ak siveyan distri yo, bay yon bèl egzanp nan domèn sa a. Byenke yo byen kontan lè kretyen parèy yo akeyi yo, yo pa “mete yon chay ki lou” sou do pèsonn. — 1 Tes. 2:9.

16. Ki sa sa vle di pou ansyen yo pran swen twoupo a “avèk anpresman”?

16 Ansyen yo pran swen twoupo a “avèk anpresman” e sa parèt klè nan lespri sakrifis yo demontre lè y ap ede twoupo a. Sepandan, sa pa vle di ansyen sa yo ki gen lanmou fòse twoupo a sèvi Jewova, nitou sa pa vle di yo ankouraje lòt moun fè konpetisyon youn ak lòt nan sèvis Bondye a (Gal. 5:26). Ansyen yo rekonèt chak mouton diferan. Yo chofe pou yo ede frè ak sè yo sèvi Jewova ak kè kontan.

Pa domine sou twoupo a, men tounen egzanp pou li

17, 18. a) Pafwa, poukisa li pa t fasil pou apot yo byen konprann ansèyman Jezi t ap bay sou imilite a? b) Menm jan ak apot yo, ki tandans nou ta ka genyen jodi a?

17 Jan nou te wè sa, ansyen yo ta dwe toujou sonje twoupo a pa pou yo, se pou Bondye li ye. Yo fè atansyon pou yo pa “domine sou moun ki se eritaj Bondye konfye” yo. (Li 1 Pyè 5:3.) Pafwa, apot Jezi yo pa t gen bon entansyon e sa te pouse yo chèche gen gwo pozisyon menm jan ak moun ki t ap dirije nasyon yo nan epòk yo a. — Li Mak 10:42-45.

18 Jodi a, li t ap bon pou frè k “ap chèche vin siveyan” yo egzamine tèt yo pou yo wè ki rezon ki fè y ap chèche gen privilèj sa a (1 Tim. 3:1). Frè ki deja ansyen yo kapab egzamine tèt yo sensèman pou yo wè si yo pa anvi domine sou lòt moun menm jan kèk nan apot yo te gen tandans sa a. Si apot yo te gen pwoblèm nan domèn sa a, sa ta dwe ede ansyen yo wè enpòtans pou yo fè anpil efò pou yo evite tandans moun nan monn nan genyen pou yo pran plezi domine sou lòt moun.

19. Ki sa ansyen yo dwe sonje lè y ap pwoteje twoupo a?

19 Se vre, gen anpil sitiyasyon kote ansyen yo oblije fèm, tankou lè y ap pwoteje twoupo a kont “chen sovaj” yo (Tra. 20:28-30). Pòl te di Tit pou l “kontinye bay ankourajman e [pou l] kontinye reprimande ak tout dwa [l] genyen”. (Tit 2:15.) Men, menm lè ansyen yo oblije fèm, yo fè efò pou yo trete moun y ap ede yo avèk respè. Yo rann yo kont olye pou yo pale rèd ak frè ak sè yo, jeneralman, li pi bon pou yo bay bon egzanp, paske lè sa a, y ap rive touche kè moun y ap ede yo e y ap fè yo anvi fè sa ki byen.

20. Ki jan ansyen yo ka imite bèl egzanp Jezi te bay?

20 Bèl egzanp Kris kite a ankouraje ansyen yo renmen twoupo a (Jan 13:12-15). Lè nou li ki jan Jezi te anseye disip li yo nan travay predikasyon ak travay fè disip la, sa touche kè nou. Lefètke Jezi te enb, sa te touche kè disip li yo e sa te pouse yo pou yo demontre ‘imilite, lè yo konsidere lòt moun siperyè yo’. (Fil. 2:3.) Jodi a tou, ansyen yo vle suiv egzanp Jezi e yo vle vin yon “egzanp pou twoupo a”.

21. Ki rekonpans k ap tann ansyen yo?

21 Apot Pyè te atire atansyon ansyen yo tou sou yon pwomès pou lavni. (Li 1 Pyè 5:4.) Ansyen ki gen esperans pou y al viv nan syèl yo “ap resevwa kouwòn ki bay laglwa a, kouwòn ki pa ka fennen an” ansanm ak Kris nan syèl la. Bèje ki fè pati “lòt mouton” yo pral gen privilèj pou yo pran swen twoupo Bondye a sou tè a anba dominasyon “bèje an chèf la”. (Jan 10:16.) Atik ki vin apre a pral pale sou fason moun ki nan kongregasyon an kapab kolabore ak moun Bondye chwazi pou dirije nou yo.

Revizyon

• Poukisa li te nesesè pou apot Pyè konseye ansyen parèy li yo pran swen twoupo Bondye ki sou kont yo a?

• Ki jan ansyen yo dwe pran swen mouton ki malad nan domèn espirityèl yo?

• Ki sa ki pouse ansyen yo pran swen twoupo Bondye ki sou kont yo a?

[Kesyon]

[Foto nan paj 21]

Menm jan ak bèje nan tan lontan yo, jodi a tou, ansyen yo dwe pwoteje “mouton” yo gen sou kont yo.