Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Montre respè pou moun k ap travay di pami nou” yo

“Montre respè pou moun k ap travay di pami nou” yo

“Montre respè pou moun k ap travay di pami nou” yo

“Montre respè pou moun k ap travay di pami nou, moun k ap dirije nou nan Seyè a e k ap ban nou avètisman.” — 1 TES. 5:12.

1, 2. a) Nan ki sitiyasyon kretyen Tesalonik yo te ye lè apot Pòl te ekri yo premye lèt li a? b) Ki sa apot Pòl te ankouraje yo fè?

IMAJINE ou te fè pati kongregasyon Tesalonik nan premye syèk la, youn nan premye kongregasyon ki te fòme ann Ewòp yo. Apot Pòl te pase yon bonkou tan ap fòtifye frè ak sè ki te nan kongregasyon sa a. Petèt li te nome ansyen pou pran latèt nan kongregasyon an, jan li te fè sa nan lòt kongregasyon (Tra. 14:23). Men, apre kongregasyon an fin fòme, Juif yo te mobilize yon foul moun pou yo mete Pòl ak Silas deyò nan vil la. Petèt kretyen ki te rete nan vil la te santi yo poukont yo e petèt menm yo te pè.

2 Nou kapab konprann, apre apot Pòl te fin kite Tesalonik, li te enkyete pou nouvo kongregasyon sa a li te fèk fòme a. Li te eseye retounen kote yo, men “Satan te bare” wout li. Se sa k fè, li te voye Timote al ankouraje kongregasyon an (1 Tes. 2:18; 3:2). Lè Timote te retounen ak yon bon rapò sou kongregasyon Tesalonik la, apot Pòl te santi li oblije ekri yon lèt pou kretyen Tesalonik yo. Pami tout bagay apot Pòl te voye di yo nan lèt sa a, li te ankouraje yo ‘montre respè pou moun ki t ap dirije yo’. — Li 1 Tesalonisyen 5:12, 13.

3. Bay plizyè rezon kretyen Tesalonik yo te genyen pou yo bay ansyen yo yon konsiderasyon ki plis pase yon konsiderasyon estrawòdinè.

3 Frè ki te pran latèt pami kretyen Tesalonik yo pa t gen eksperyans menm jan ak apot Pòl ansanm ak moun ki te akonpaye l yo, ni yo pa t gen menm kantite tan nan laverite ak ansyen nan Jerizalèm yo. Kongregasyon an te gen mwens pase ennan depi li te egziste. Malgre sa, moun ki te nan kongregasyon Tesalonik yo te gen rezon pou yo rekonesan pou ansyen yo, paske ansyen yo te konn “travay di”, yo t ap “dirije” kongregasyon an, e yo te konn bay frè yo “avètisman”. Vrèmanvre, kretyen Tesalonik yo te gen bonjan rezon pou yo bay ansyen “yo yon konsiderasyon ki plis pase yon konsiderasyon estrawòdinè nan lanmou”. Apre apot Pòl te fin di frè yo sa, li te konseye yo pou yo viv “anpè youn ak lòt”. Si w te nan kongregasyon Tesalonik la, èske w t ap montre ou vrèman apresye travay ansyen yo? Ki jan ou konsidere “gason kòm kado” Bondye bay pa mwayen Kris yo ki nan kongregasyon w lan? — Efe. 4:8.

Yo “travay di”

4, 5. Poukisa ansyen yo nan epòk Pòl la te travay di pou yo anseye kongregasyon an, e poukisa jodi a tou ansyen yo travay di?

4 Apre ansyen ki te Tesalonik yo te fin fè Pòl ak Silas al Bere, ki sa yo te fè ki montre yo te “travay di”? Piske yo t ap imite apot Pòl, se sèten yo te sèvi ak Ekriti yo pou yo anseye moun yo nan kongregasyon an. Petèt w ap mande tèt ou èske ‘kretyen Tesalonik yo te renmen Pawòl Bondye a’ piske Labib fè konnen Juif Bere yo “te gen pi bon atitid pase Juif Tesalonik yo, [...] e yo te konn byen egzamine Ekriti yo chak jou”. (Tra. 17:11.) Konparezon an se te ant Juif Bere yo ak Juif Tesalonik yo an jeneral, men se pa t ant Juif Bere yo ak kretyen Tesalonik yo. Moun Tesalonik ki te vin kwayan yo ‘te aksepte pawòl Bondye a, pa kòm pawòl lèzòm, men kòm pawòl Bondye’. (1 Tes. 2:13.) Siman ansyen yo te travay di pou yo anseye moun yo nan kongregasyon sa a.

5 Jodi a, esklav fidèl ki prevwayan an bay twoupo Bondye a “manje nan bon moman”. (Mat. 24:45.) Anba direksyon esklav la, ansyen yo nan kongregasyon an travay di pou yo anseye frè ak sè yo Pawòl Bondye a. Petèt moun ki nan kongregasyon an gen anpil piblikasyon ki baze sou Bib la, e, nan kèk lang, gen zouti ki disponib pou yo fè rechèch (Pa egzanp, Index des publications Watch Tower, Watchtower Library sou CD-ROM ak Endèks sijè ki nan Toudegad nan mwa desanm yo). Pou ansyen yo ka bay kongregasyon an sa li gen bezwen nan domèn espirityèl, yo pase plizyè èdtan ap prepare patisipasyon yo gen nan reyinyon yo yon fason pou yo ka bay enfòmasyon yo kòmsadwa. Èske w konn reflechi sou kantite tan ansyen yo pran pou yo prepare patisipasyon yo gen nan reyinyon yo, nan asanble yo ak kongrè yo?

6, 7. a) Ki egzanp apot Pòl te kite pou ansyen Tesalonik yo? b) Poukisa li ka difisil pou ansyen yo imite Pòl jodi a?

6 Ansyen Tesalonik yo te sonje bèl egzanp Pòl te kite pou yo nan fason li te pran swen twoupo a. Apot Pòl pa t konn pran swen kretyen yo senpleman paske l te oblije fè sa. Jan nou te wè sa nan atik anvan an, Pòl “te vin dou [...] tankou lè yon manman ap chouchoute pitit li ki nan tete”. (Li 1 Tesalonisyen 2:7, 8.) Li te menm dispoze ‘bay pwòp nanm li’. Lè ansyen Tesalonik yo t ap pran swen twoupo a, yo te dwe fè sa menm jan ak Pòl.

7 Jodi a, ansyen yo imite apot Pòl lè yo chouchoute twoupo a. Gen kèk mouton ki gendwa pa twò janti. Malgre sa, ansyen yo fè efò pou yo konprann mouton sa yo e pou yo chèche sa ki bon lakay yo. Piske ansyen yo enpafè, li ka difisil pou yo wè sa ki bon lakay chak moun. Sepandan, kòm y ap fè tout sa yo kapab pou yo janti ak tout moun, èske yo pa merite felisitasyon pou efò y ap fè pou yo aji tankou bon bèje ki anba direksyon Kris?

8, 9. Bay kèk fason ansyen yo nan epòk nou an “ap veye sou nanm nou”.

8 Nou gen bonjan rezon pou nou “soumèt devan” ansyen yo. Jan apot Pòl te ekri sa, yo toujou “ap veye sou nanm nou”. (Ebre 13:17.) Ekspresyon sa a raple nou travay bèje nan tan lontan yo te konn fè, jan yo te konn pèdi nuit pou yo pwoteje twoupo yo. Menm jan an tou, jodi a, ansyen yo konn sakrifye somèy yo pou yo pran swen frè ak sè ki gen pwoblèm sante, pwoblèm afektif oswa ki gen difikilte pou yo aplike prensip biblik yo. Pa egzanp, yo konn leve frè ki travay nan komite lyezon ospitalye yo nan dòmi pou yo jere gwo pwoblèm medikal. Vrèmanvre, se pa ti rekonesan nou rekonesan pou sèvis frè sa yo rann nou lè nou nan sitiyasyon sa yo!

9 Ansyen ki nan komite rejyonal pou konstriksyon Sal Wayòm yo ak komite sekou yo travay di pou yo ede frè yo. Yo tout merite pou nou soutni yo ak tout kè nou. Ann pran pa egzanp travay sekou ki te fèt apre siklòn Nargis te frape Myanma an 2008. Pou ekip ki t ap pote sekou a te rive nan kongregasyon Bothingone nan rejyon lanbouchi rivyè Irrawaddy, youn nan rejyon ki te pi andomaje apre siklòn nan, ekip la te vwayaje nan mitan yon gwo savann ki te chaje ak kadav. Lè frè ki te abite nan zòn nan te wè ansyen siveyan sikonskripsyon yo a te vini nan premye ekip sekou ki te rive Bothingone nan, yo te di byen fò: “Gade! Se siveyan sikonskripsyon nou an wi! Jewova sove nou!” Èske w apresye travay di ansyen yo ap fè lajounen kou lannuit? Gen kèk ansyen yo nome nan yon seri komite espesyal pou trete ka disiplin relijye ki difisil. Ansyen sa yo pa vante tèt yo pou sa yo fè, byenke moun ki benefisye rezilta bonjan travay yo fè yo vrèman rekonesan pou sa. — Mat. 6:2-4.

10. Ki travay ansyen yo fè lòt moun pa wè?

10 Jodi a, anpil ansyen fè lòt travay tou. Pa egzanp, kowòdonatè gwoup ansyen yo prepare pwogram reyinyon ki fèt chak semèn yo. Sekretè kongregasyon an ranmase rapò sèvis yo chak mwa e li gen yon rapò sèvis li prepare tou pou tout ane a. Siveyan Lekòl ministè teyokratik la pran san l pou l prepare pwogram pou lekòl sa a. Chak twa mwa, ansyen yo fè verifikasyon kont kongregasyon an. Ansyen yo li lèt filyal la voye pou yo e yo aplike enstriksyon yo jwenn nan lèt sa yo yon fason pou kongregasyon an “fè yon sèl nan lafwa”. (Efe. 4:3, 13.) Ansyen sa yo travay di e grasa efò yo fè “tout bagay fèt yon fason ki konvnab e nan lòd”. — 1 Kor. 14:40.

Yo “dirije nou”

11, 12. Kiyès k ap dirije kongregasyon an, e ki sa sa mande pou yo fè?

11 Pòl te pale de ansyen nan Tesalonik yo ki t ap travay di kòm moun ki t ap “dirije” kongregasyon an (1 Tes. 5:12). Pòl te pale de menm ansyen sa yo kòm moun k ap “travay di”. Li t ap pale de tout ansyen ki nan kongregasyon an. Jodi a, pifò nan ansyen yo dirije reyinyon nan kongregasyon an. Piske kounye a, se “kowòdonatè gwoup ansyen yo” nou di, ann amoni ak yon dènye ajisteman ki te fèt, sa ede nou konprann tout ansyen yo fòme yon sèl gwoup.

12 Pou ansyen yo “dirije” kongregasyon an, sa mande pou yo fè plis pase annik anseye. Pòl te itilize menm mo sa a nan 1 Timote 3:4. Li te di yon siveyan dwe “yon moun ki dirije pwòp kay li yon fason ki kòrèk, ki kenbe pitit li nan soumisyon ak nan diyite”. Li klè, nan vèsè sa a, mo “dirije” a pa vle di papa a dwe anseye pitit li sèlman, men li vle di tou papa a dwe pran latèt nan fanmi an epi “kenbe pitit li nan soumisyon”. Menm jan an tou, ansyen yo pran latèt nan kongregasyon an lè yo ede tout moun soumèt yo devan Jewova. — 1 Tim. 3:5.

13. Poukisa sa ka pran anpil tan anvan ansyen yo rive pran yon desizyon nan yon reyinyon ansyen?

13 Pou ansyen yo ka byen dirije twoupo a, yo pale youn ak lòt sou fason yo ka pi byen pran swen kongregasyon an. Petèt sa ta ka pran mwens tan si yon sèl ansyen te pran tout desizyon yo poukont li. Men, menm jan ak kolèj santral nan premye syèk la, gwoup ansyen yo nan epòk nou an santi yo lib pou yo pale sou kesyon ki konsène kongregasyon an, toutpandan y ap chèche direksyon nan Ekriti yo. Objektif yo se sèvi ak prensip biblik yo pou yo pran swen kongregasyon an. Meyè fason pou yo atenn objektif sa a, se lè chak ansyen prepare yo pou reyinyon ansyen yo, yo egzamine sa Bib la di sou pwen yo pral diskite yo ansanm ak enstriksyon esklav fidèl ki prevwayan an bay. Pa gen dout nan sa, sa mande tan. Lè ansyen yo pa fin dakò sou yon pwen, jan sa te rive lè kolèj santral nan premye syèk epòk nou an t ap egzamine kesyon sikonsizyon an, sa ka mande plis tan ak plis rechèch pou yo ka rive dakò sou baz Ekriti yo. — Tra. 15:2, 6, 7, 12-14, 28.

14. Èske nou apresye lefètke gwoup ansyen yo travay ansanm nan inite? Poukisa nou apresye sa?

14 Ki sa k ka rive si yon ansyen ensiste pou se sa l di ki fèt, oubyen si l ap chèche fè ide pa l pase? E si youn nan ansyen yo ta vin ap simen divizyon menm jan Dyotrefès te fè sa nan premye syèk epòk nou an (3 Jan 9, 10)? Se sèten tout kongregasyon an t ap soufri akoz de sa. Si Satan te eseye simen latwoublay nan kongregasyon an nan premye syèk epòk nou an, se sèten jodi a tou li vle retire lapè nan kongregasyon an. Li kapab pwofite tandans egoyis nou gen lakay nou akoz peche, tankou dezi pou nou gen gwo pozisyon. Se sa k fè, ansyen yo bezwen fè efò pou yo vin enb e yo bezwen travay ansanm tankou yon sèl kò. Se pa ti apresye nou apresye imilite ansyen yo demontre ak fason yo kowopere youn ak lòt tankou yon sèl kò!

Yo ban nou “avètisman”

15. Ki sa ki pouse ansyen yo avèti oswa konseye yon frè oswa yon sè?

15 Annapre, apot Pòl te mete aksan sou youn nan travay ansyen yo fè ki difisil, men ki enpòtan tou, ki se avèti oswa konseye twoupo a. Nan liv ki te ekri an grèk yo, se sèl apot Pòl ki te itilize mo grèk lè yo tradui l yo mete “avèti” pou li a. Mo sa a gen rapò ak yon konsèy yon moun bay yon fason ki fèm, men li pa montre moun k ap bay konsèy la gen pwoblèm ak moun l ap bay konsèy la (Tra. 20:31; 2 Tes. 3:15). Pa egzanp, men sa Pòl te ekri kretyen Korent yo: “Se pa pou m fè nou wont m ap ekri bagay sa yo, men, mwen fè sa pou m konseye nou tankou pitit mwen renmen anpil.” ​(1 Kor. 4:14). Se lanmou ki te pouse apot la bay lòt moun konsèy sa a pou l ede yo oswa avèti yo.

16. Ki sa ansyen yo bezwen sonje lè yo gen pou yo avèti oswa konseye lòt moun?

16 Ansyen yo bezwen sonje fason yo avèti oswa yo bay lòt moun konsèy enpòtan. Yo fè efò pou yo imite apot Pòl lè yo janti ak lòt moun, lè yo montre lanmou pou yo e lè yo ede yo. (Li 1 Tesalonisyen 2:11, 12.) Byennantandi, ansyen yo ‘rete kole sou pawòl ki fidèl la pou yo ka reprimande moun grasa ansèyman ki pwofitab’ la. — Tit 1:5-9.

17, 18. Ki sa w dwe sonje si yon ansyen ba w yon konsèy?

17 Se vre, ansyen yo enpafè, e sa ka rive yo di bagay yo pa t dwe di e yo regrèt sa annapre (1 Wa 8:46; Jak 3:8). Epitou, ansyen yo konnen lè frè ak sè yo resevwa konsèy oswa yon avètisman, nòmalman, sa pa ‘bay kè kontan, men sa bay lapenn pito’. (Ebre 12:11.) Se sa k fè, anvan yon ansyen pwoche kot yon moun pou l ba l yon konsèy, siman li byen egzamine sitiyasyon an e li priye Bondye sou sa. Lè yon ansyen ba w konsèy, èske w montre ou apresye lanmou ak konsiderasyon li montre pou ou?

18 Ann imajine ou ta gen yon pwoblèm sante e pèsonn pa ka di w sa w genyen. Epi yon doktè egzamine w, e li wè egzakteman sa w genyen. Men, lè l ba w rezilta egzamen an, ou twouve li yon ti jan difisil pou w aksepte sa l di w la. Èske w t ap kenbe doktè a nan kè pou sa? Non! Menmsi li ta mande w fè yon operasyon, gen anpil chans pou w ta aksepte fè l paske ou t ap kwè se pou byen w. Fason doktè a ba w nouvèl la ta gendwa pa fè w plezi, men, èske w t ap kite sa enfliyanse desizyon w? Gen anpil chans pou w pa ta fè sa. Menm jan an tou, pinga w kite fason ansyen yo ba w konsèy anpeche w obeyi yo. Petèt se Jewova ak Jezi ki pouse ansyen yo ba w konsèy sa a pou w fè pwogrè nan laverite oswa pou w pwoteje relasyon w ak Jewova.

Apresye ansyen yo, yo se kado Jewova ban nou

19, 20. Ki jan nou kapab montre nou apresye “gason kòm kado” yo?

19 Ki sa w t ap fè si w ta resevwa yon kado yon moun te bay fè pou ou espesyalman? Èske w t ap sèvi ak kado sa a pou w montre ou apresye l? “Gason kòm kado” yo se Jewova ki ban nou yo pa mwayen Jezi Kris. Yon fason nou ka montre rekonesans nou pou kado sa yo se lè nou pran san nou pou nou koute diskou yo bay e nou fè efò pou nou aplike konsèy yo bay nan diskou sa yo. Ou kapab montre rekonesans ou tou lè w fè kòmantè ki byen prepare nan reyinyon yo, e lè w kolabore ak ansyen yo nan tout travay yo pran latèt ladan yo, tankou travay predikasyon an. Si yon ansyen te ba w yon konsèy ki te byen itil ou, poukisa w pa di l sa? Epitou, poukisa w pa montre apresyasyon w pou fanmi ansyen yo? Pa bliye, pou yon ansyen kapab travay di nan kongregasyon an, sa mande tan, e se yon sakrifis sa ye pou fanmi l, paske yo te kapab pase tan sa a ansanm.

20 Nou gen bonjan rezon pou nou montre rekonesans nou pou ansyen k ap travay di pami nou yo, k ap dirije nou, e k ap konseye nou oswa avèti nou. “Gason kòm kado” sa yo se Jewova ki ban nou yo paske l vrèman renmen nou.

Èske nou sonje?

• Ki rezon kretyen Tesalonik yo te genyen pou yo apresye moun ki te pran latèt nan mitan yo?

• Ki jan ansyen yo nan kongregasyon w lan travay di pou ou?

• Ki byenfè ou jwenn lefètke ansyen yo ap dirije w?

• Ki sa w dwe sonje si yon ansyen ba w yon konsèy?

[Kesyon]

[Foto nan paj 27]

Èske w byen konprann divès fason ansyen yo pran swen kongregasyon an?