Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Labib chanje lavi moun

Labib chanje lavi moun

Labib chanje lavi moun

POUKISA yon dam ki nan swasantèn li sispann adore zidòl? Ki sa k pouse yon prèt nan relijyon chintoyis kite travay li te genyen nan yon tanp pou l vin kretyen? Kòman yon dam yo te adopte depi l piti rive metrize santiman li te genyen kòmkwa yo te abandone l? Ann wè sa moun sa yo gen pou di nou.

“Mwen pa esklav zidòl ankò.” — ABA DANSOU

ANE LI FÈT: 1938

PEYI KOTE L SOTI: BENEN

ANVAN: LI TE KONN ADORE ZIDÒL

VI MWEN T AP MENNEN: Mwen grandi nan yon bouk ki rele So-Tchahoué, yon zòn ki gen marekaj, toupre yon letan. Moun nan bouk la te konn peche pwason e yo te konn fè elvaj bèf, kabrit, mouton, kochon ak zwazo. Pa gen wout nan zòn nan, donk moun yo pran bato ak kannòt pou yo deplase sot nan yon zòn al nan yon lòt. Jeneralman, kay yo fèt an bwa ak pay, byenke gen kèk kay ki fèt an brik. Pifò moun nan zòn nan pòv. Poutan, pa gen anpil move zak ki fèt nan zòn nan, jan sa fèt nan vil yo.

Lè m te piti, papa m te voye mwen menm ak sè m nan nan yon peristil pou n al aprann konnen kwayans tradisyonèl yo. Lè m vin gran, mwen te adopte yon dye nan kilti Yowouba a kòm dye m, e dye sa a rele Dudua (Oduduwa). Mwen te bati yon kay pou dye sa a, e regilyèman mwen te konn ba l yanm, luil palmye, kalmason, poul, pijon ak lòt kalite bèt kòm sakrifis. Sakrifis sa yo te koute chè, byen souvan mwen te konn depanse tout kòb mwen ladan yo.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Lè m te kòmanse etidye Labib, mwen te aprann se Jewova ki sèl vrè Dye a. Mwen te aprann tou li pa aksepte pou moun sèvi ak zidòl pou yo adore l (Egzòd 20:4, 5; 1 Korentyen 10:14). Mwen te vin rann mwen kont sa m te gen pou m fè. Donk, mwen voye tout imaj mwen yo jete e mwen retire tout bagay ki gen rapò ak adorasyon zidòl anndan kay mwen. Mwen sispann al kay divinò, e mwen sispann patisipe nan koutim ki gen nan zòn nan ak nan seremoni yo fè lè y ap antere moun.

Sa pa t fasil pou m fè chanjman sa yo etandone mwen te deja nan swasantèn mwen. Zanmi m, fanmi m ak vwazen m te opoze avè m e yo te konn pase m nan rizib. Men, mwen te priye Jewova pou l ban m fòs pou m fè sa ki dwat. Mwen te jwenn konsolasyon nan pawòl nou jwenn nan Pwovèb 18:10 la ki di: “[Non Jewova] se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k’ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.”

Yon lòt bagay ki te ede m se lè m te kòmanse asiste reyinyon Temwen Jewova yo. Nan reyinyon sa yo, mwen te santi lanmou kretyen yo demontre youn pou lòt la, e sa ki te touche m sèke moun sa yo te fè efò pou yo viv selon prensip moral wo nivo ki nan Bib la. Sa m te wè nan reyinyon sa yo te ban m konviksyon Temwen Jewova yo ap pratike vrè relijyon an.

BYENFÈ MWEN JWENN: Lefètke mwen suiv prensip ki nan Bib la, sa ede m amelyore relasyon m ak pitit mwen yo. Mwen santi tou gen yon chay ki sot sou do m. Mwen te konn gaspiye sa m genyen nan adore zidòl ki san vi, sa ki pa t itil mwen anyen. Kounye a, m ap adore Jewova ki pral rezoud tout pwoblèm nou yo pou toutan (Revelasyon 21:3, 4). Mwen tèlman kontan dèske mwen pa esklav zidòl ankò, men se esklav Jewova mwen ye! Mwen jwenn vrè sekirite a ak vrè pwoteksyon an nan li.

“Mwen t ap chèche Bondye depi m toupiti.” — SHINJI SATO

ANE LI FÈT: 1951

PEYI KOTE L SOTI: JAPON

ANVAN: LI TE YON PRÈT CHINTOYIS

VI MWEN T AP MENNEN: Mwen grandi nan yon vil nan depatman Fukuoka. Paran m te atache ak relijyon anpil. Yo te leve m yon fason pou m te adore dye chintoyis yo. Lè m te timoun, souvan mwen te konn panse ak sa pou m fè pou m ka sove e mwen te swaf ede moun ki gen pwoblèm. Mwen sonje yon lè, lè m te nan primè, gen yon pwofesè ki te mande nou ki sa nou vle fè lè nou vin gran. Lòt elèv yo te gen yon seri objektif byen klè, pa egzanp genyen ki te vle vin syantifik. Mwen te di rèv mwen se pou m sèvi Bondye. Tout moun te ri m.

Lè m te fin fè klas mwen, mwen te antre nan yon lekòl pou m te ka vin yon anseyan relijye. Pandan m t ap pran fòmasyon sa a, mwen te rankontre yon prèt chintoyis ki te konn pase tan lib li ap li yon liv po nwa. Yon jou, li di m: “Sato, èske w konn ki liv sa a?” Kòm mwen te wè kouvèti liv la, mwen di l: “Labib.” Li di: “Kèlkeswa moun ki vle vin yon prèt chintoyis ta dwe li liv sa a.”

Menm kote a, mwen soti al achte yon bib. Mwen te mete Bib la kote ki pi vizib nan bibliyotèk mwen e mwen te byen pran swen l. Men, mwen pa t janm pran tan pou m li l, etandone mwen te okipe anpil nan aktivite lekòl la. Lè m te fini ak lekòl la, mwen te kòmanse travay nan yon tanp antanke prèt chintoyis. Rèv mwen te genyen depi m piti a te reyalize.

Men, mwen pa t pran tan pou m rann mwen kont jan m te panse prèt chintoyis yo te ye a yo pa t konsa. Pifò nan yo pa t renmen moun e yo pa t gen sousi pou moun. Anpil ladan yo tou te manke lafwa. Yon lè, youn nan moun ki te alatèt yo te menm di m: “Si w vle reyisi isit la, se de filozofi sèlman ou dwe pale. Ou pa gen dwa pale de lafwa.”

Mòd remak sa yo te fè m desi ak relijyon chintoyis la. Byenke mwen te kontinye travay nan tanp lan, mwen te kòmanse fè rechèch sou lòt relijyon. Men, pa gen youn ladan yo ki te sanble pi bon pase kote m te ye a. Plis mwen t ap fè rechèch sou lòt relijyon, se plis mwen te vin dekouraje. Mwen te santi pa gen laverite nan okenn relijyon.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: An 1988, mwen te rankontre yon moun ki nan relijyon boudis ki te ankouraje m li Labib. Sa te fè m panse ak prèt chintoyis la ki te ankouraje m fè menm bagay la kèk ane anvan. Mwen te deside suiv konsèy la. Yonfwa mwen te kòmanse li Labib, li te kapte m tousuit. Pafwa, mwen te konn li tout lannuit jis limyè solèy la travèse fenèt la.

Sa m te li yo te fè m anvi priye Dye yo pale de li nan Bib la. Mwen te kòmanse itilize modèl priyè ki nan Matye 6:9-13 la. Mwen te konn repete priyè sa a chak dezèdtan, menm lè mwen te konn ap fè sèvis nan tanp chintoyis la.

Mwen te gen anpil kesyon sou sa m te li yo. Antretan, mwen te vin marye, e mwen te konnen Temwen Jewova yo anseye moun Labib paske yo te deja vizite madanm mwen. Mwen te chèche jwenn ak yon Temwen Jewova e mwen te poze l anpil kesyon. Mwen te enpresyone lè m te wè li te sèvi ak Bib la pou l reponn chak kesyon mwen te poze. Li te pran dispozisyon pou yon Temwen Jewova gason etidye Labib avè m.

Yon ti tan apre, mwen te kòmanse asiste reyinyon Temwen Jewova yo òganize. Lè sa a, mwen pa t rann mwen kont pami Temwen Jewova ki te la yo gen kèk ladan yo mwen te pale lèd anpil avèk yo anvan sa. Malgre sa, yo te byen akeyi m e yo te fè m santi m alèz.

Nan reyinyon sa yo, mwen te aprann Bondye vle pou mari yo demontre lanmou pou fanmi yo e pou yo onore yo. Anvan sa, mwen te tèlman konsantre sou travay mwen antanke prèt, mwen te neglije madanm mwen ak de pitit nou yo. Mwen te vin reyalize mwen te konn koute sa moun ki te vin adore nan tanp lan te gen pou yo di m e mwen te konn fè sa avèk atansyon, men pa menm yon fwa, mwen pa t koute sa madanm mwen te gen pou l di m.

Tank etid mwen t ap pwogrese, se tank mwen te aprann anpil bagay sou Jewova ki te fè m pwoche kote l. Gen yon seri vèsè ki te touche m espesyalman, tankou Women 10:13 ki di: “Tout moun ki envoke non Jewova ap sove.” Mwen t ap chèche Bondye depi m toupiti, e se kounye a mwen resi jwenn li.

Mwen te kòmanse santi mwen pa nan plas mwen nan tanp lan. Okòmansman, mwen te pè sa lòt moun t ap panse si m ta kite relijyon chintoyis la. Men, mwen te toujou di tèt mwen mwen t ap kite relijyon sa a si m ta jwenn vrè Dye a yon lòt kote. Se sa k fè, nan prentan ane 1989, mwen te deside koute konsyans mwen. Mwen te kite tanp lan e mwen te lage tout bagay nan men Jewova.

Li pa t fasil pou mwen pou m kite tanp lan. Moun ki te alatèt mwen yo te pale mal avè m e yo te eseye fè presyon sou mwen pou m rete. Men, sa k te pi di a se te pou m di paran m m ap kite tanp lan. Mwen te tèlman strese pandan m te sou wout pou m al kay paran m, lestomak mwen te fè m mal e m te santi janm mwen fèb anpil. Mwen te kanpe nan wout plizyè fwa pou m priye Jewova pou m mande l fòs.

Lè m fèk rive nan kay la, mwen te tèlman pè mwen pa t ka kòmanse pale sou sijè a. Plizyè èdtan pase. Finalman, apre m te fin priye kont priye m, mwen esplike papa m tout bagay. Mwen di l mwen jwenn vrè Dye a e m ap kite relijyon chintoyis la pou m ka sèvi L. Sa te fè papa m sezi e sa te fè l lapenn. Gen lòt moun nan fanmi m ki te vin nan kay la pou yo eseye fè m chanje lide. Mwen pa t vle blese santiman fanmi m, men anmenmtan, mwen te konnen sa ki bon se sèvi Jewova. Rive yon lè, fanmi m te vin respekte desizyon m pran an.

Kite tanp lan fizikman se te youn, kite l nan lespri m se te yon lòt bagay. Lavi mwen t ap mennen antanke prèt te anrasinen byen fon nan mwen. Mwen te fè anpil efò pou m bliye l, men tout kote m te vire, sanble te gen bagay ki pou fè m sonje ansyen vi mwen t ap mennen an.

Gen de bagay ki te ede m soti anba enfliyans bagay sa yo te gen sou mwen. Premyèman, mwen te byen chèche tout bagay nan kay mwen ki te gen rapò ak ansyen relijyon m nan. Apre sa, mwen boule tout: liv, foto, e menm yon seri bagay byen chè mwen t ap fè koleksyon avèk yo. Dezyèmman, mwen te chèche tout okazyon posib pou m ansanm ak Temwen Jewova yo. Amitye yo ak sipò yo te ban mwen te ede m anpil. Tikras pa tikras, mwen te vin bliye ansyen fason m te konn viv la.

BYENFÈ MWEN JWENN: Mwen te konn neglije madanm mwen ak pitit mwen, sa ki te konn fè yo santi yo vrèman poukont yo. Men, lè m te vin kòmanse pase tan avèk yo, jan Labib anseye mari yo pou yo fè, nou te vin pi pwòch youn ak lòt. Rive yon lè, madanm mwen vin sèvi Jewova ansanm avè m. Jodi a, nou menm ansanm ak pitit gason nou an ak pitit fi nou an ansanm ak mari l, nou ini nan vrè adorasyon an.

Lè m ap panse ak rèv mwen te genyen lè m te piti pou m sèvi Bondye e pou m ede lòt moun, mwen rann mwen kont mwen jwenn tout sa mwen t ap chèche e mwen jwenn plis pase sa. Pa gen mo pou esplike jan m gen Jewova rekonesans.

“Mwen te santi mwen manke yon bagay.” — LYNETTE HOUGHTING

ANE LI FÈT: 1958

PEYI KOTE L SOTI: AFRIK DISID

ANVAN: LI TE SANTI L TANKOU YON MOUN YO ABANDONE

VI MWEN T AP MENNEN: Mwen fèt Germiston, yon vil ki gen yon min y ap eksplwate, e se moun klas mwayèn k ap viv nan vil sa a. Men, pa gen anpil move zak ki fèt nan zòn nan. Paran m te deside fè lòt moun adopte m paske yo te santi yo pa t ap ka pran swen m. Lè m te gen 14 jou, gen yon koup ki renmen moun ki te adopte m e mwen te konsidere yo kòm manman m ak papa m. Poutan, lè m vin konn istwa m, mwen te lite ak santiman mwen genyen kòmkwa mwen se yon moun abandone. Mwen te kòmanse santi se pa pou paran adoptif mwen yo mwen ye e yo pa vrèman konprann mwen.

Lè m te gen anviwon 16 an, mwen te kòmanse al nan ba kote yo vann bwason, kote mwen menm ak zanmi m yo te konn danse e nou te konn koute mizik mizisyen t ap jwe. A 17 an, mwen te kòmanse fimen sigarèt. Mwen te vle mens menm jan ak mànken mwen te konn wè nan reklam y ap fè pou sigarèt yo. Lè m te vin gen 19 an, mwen t al travay Jowanèsbou, e byen vit mwen te vin fè zanmi ak moun k ap mennen movèz vi. Nan yon ti tan mwen te vin ap itilize mo sal lè m ap pale, mwen te vin fimen anpil, e mwen te vin bwè anpil lè wikenn.

Malgre sa, mwen te trè aktif. Regilyèman, mwen te konn fè jimnastik, mwen te konn jwe foutbòl e mwen te konn pratike lòt spò. Epitou, mwen te travay di pou m reyisi karyè m, sa te fè m vin gen gwo renome nan konpayi ki fè materyèl enfòmatik. Konsa, mwen te vin gen mwayen, e anpil moun te konsidere mwen reyisi. Poutan, mwen pa t gen kè kontan menm, mwen pa t wè klè nan lavi m e mwen pa t satisfè. Nan fon kè m, mwen te santi mwen manke yon bagay.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Lè m te kòmanse etidye Labib, mwen te vin aprann Jewova se yon Dye ki gen lanmou. Mwen te vin aprann tou lefètke li ban nou Pawòl li, Labib, se yon fason pou l demontre lanmou sa a. Se kòmsi li ekri nou yon lèt pou l montre nou ki chemen pou nou fè (Ezayi (Izayi) 48:17, 18). Mwen te rann mwen kont si m ta renmen benefisye direksyon ki plen lanmou Jewova ap ban mwen an mwen ta dwe fè kèk gwo chanjman nan lavi m.

Yon bagay mwen te dwe chanje se te zanmi m yo. Mwen te reflechi anpil sou pawòl ki nan Pwovèb 13:20 an ki di: “Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w’a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.” Prensip sa a te pouse m kite ansyen zanmi mwen te genyen yo pou m fè nouvo zanmi pami Temwen Jewova yo.

Pi gwo defi mwen te jwenn se te kite fimen, paske mwen te vrèman esklav sigarèt. Pandan mwen te kòmanse rezoud gwo pwoblèm sa a, mwen te vin rankontre yon lòt pwoblèm. Lefètke mwen te sispann fimen, sa te fè m peze plis pase 30 liv anplis! Sa te fè m vin pa fyè de tèt mwen ankò, e sa te pran prèske dizan pou m pèdi pwa mwen te vin gen anplis la. Men, mwen te konnen kite fimen se te bon desizyon an. Mwen te priye Jewova toutan, e li te ban m fòs pou m reyisi.

BYENFÈ MWEN JWENN: Kounye a, mwen gen yon pi bon sante. Epitou, mwen satisfè ak lavi m, mwen sispann kouri dèyè swadizan kè kontan mwen te ka jwenn nan yon karyè nan monn nan, nan pozisyon ak nan richès. Olye de sa, mwen jwenn jwa lè m ap fè lòt moun konnen verite ki nan Bib la. Kòm rezilta, kounye a, twa nan ansyen kòlèg mwen yo ap sèvi Jewova bò kote mwen menm ak mari m. Anvan paran adoptif mwen yo mouri, mwen te gen posiblite fè yo konn pwomès Bib la fè konsènan rezirèksyon ki pral fèt sou tè a ki pral vin yon paradi.

Lefètke mwen pwoche bò kote Jewova, sa ede m fè fas ak santiman mwen te genyen kòmkwa mwen se yon moun abandone. Li fè m santi mwen pa poukont mwen lefètke li mete m nan yon fanmi entènasyonal ansanm ak kwayan parèy mwen yo. Mwen jwenn anpil manman, papa, frè ak sè nan mitan yo. — Mak 10:29, 30.

[Foto nan paj 12]

Mwen te santi lanmou kretyen yo demontre youn pou lòt la pami Temwen Jewova yo.

[Foto nan paj 13]

Tanp chintoyis kote mwen te konn al adore lontan an.