Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason pou nou reziste devan tantasyon

Fason pou nou reziste devan tantasyon

Pou jèn yo

Fason pou nou reziste devan tantasyon

JOZÈF — 1YE PATI

Enstriksyon: Fè egzèsis sa a kote ki pa gen bri. Pandan w ap li vèsè yo, imajine w ap patisipe nan sa k ap fèt la. Imajine sèn nan. Tande vwa yo. Eseye konprann santiman k ap travèse pèsonaj prensipal yo. Fè istwa a vin vivan.

Pèsonaj prensipal: Jozèf, madan Potifa.

Rezime: Jozèf reziste devan tantasyon pou l fè sèks ak madan Potifa.

1 ANALIZE SÈN NAN. — LI JENÈZ 39:1-12.

Di ki jan ou imajine kay Potifa a te ye, yon kay ki te enpresyonan.

․․․․․

Ki jan ou imajine fizik Jozèf? (Men yon ti poul: Li vèsè 6 la ankò.)

․․․․․

Nan vèsè 8 la ak vèsè 9 la, ki jan w santi vwa Jozèf te ye lè l t ap pale ak madan Potifa?

․․․․․

2 MEDITE PLIS TOUJOU.

Ki sa k fè Jozèf te ka gen tantasyon pou l vyole prensip moral li genyen yo? (Men yon ti poul: Li Filipyen 2:12, epi reflechi sou sitiyasyon Jozèf. Pa egzanp, nan epòk la, ki kote fanmi Jozèf te ye ansanm ak lòt adoratè Jewova parèy li yo?)

․․․․․

Dapre ou menm, poukisa Jozèf te santi si l ta kouche ak madan Potifa li t ap peche kont Bondye, alòske nan epòk sa a Bondye potko bay lwa kont adiltè? (Men yon ti poul: Li vèsè ki annapre yo epi reflechi sou yo: Jenèz 2:24; 12:17, 18; Women 2:14, 15 ak Ebre 5:14.)

․․․․․

3 APLIKE SA W SOT APRANN YO. EKRI SA W TE APRANN KONSÈNAN...

... rapò ki genyen ant metriz ak respè yon moun gen pou tèt li.

․․․․․

... byenfè moun ki atache ak prensip moral Bondye yo ap jwenn.

․․․․․

... nesesite pou w antrene ‘kapasite w genyen pou w konprann’. (Ebre 5:14.)

․․․․․

LÒT APLIKASYON OU KA FÈ.

Nan ki sitiyasyon nan lavi a ou ta ka pi deside pou w reziste devan tantasyon ou jwenn pou w fè imoralite seksyèl? (Men yon ti poul: Li vèsè ki annapre yo epi reflechi sou yo: Jòb 31:1; Sòm 119:37; Efezyen 5:3, 4.)

․․․․․

4 KI SA K PLIS TOUCHE W NAN ISTWA SA A, E POUKISA?

․․․․․

Si w pa gen bib, mande Temwen Jewova yo pou yo ba w youn, oubyen li Labib sou Entènèt nan www.watchtower.org