Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske n ap koute avètisman byen klè Jewova bay yo?

Èske n ap koute avètisman byen klè Jewova bay yo?

Èske n ap koute avètisman byen klè Jewova bay yo?

“Men bon chemen an bò isit. Se la a pou ou pase!” — IZA. 30:21.

1, 2. Ki sa Satan detèmine pou l fè, e ki jan Pawòl Bondye a ede nou?

LÈ YON pano siyalizasyon pa bay bon direksyon, nonsèlman li ka fè yon moun pèdi wout li, men tou, li ka lakòz gwo pwoblèm. Imajine yon zanmi w ta avèti w gen yon move moun ki fè espre li vire yon pano siyalizasyon pou l fè moun pèdi. Èske w pa t ap koute avètisman l lan?

2 Satan se ènmi nou e li detèmine pou l fè nou pèdi wout nou (Rev. 12:9). Se li menm ki sous tout move enfliyans nou te egzamine nan atik anvan an e li vle fè nou kite wout ki mennen nan lavi ki pap janm fini an (Mat. 7:13, 14). Erezman, Bondye se zanmi nou e li avèti nou pou nou pa suiv ‘pano siyalizasyon’ Satan mete pou fè nou pèdi wout nou. Annou egzamine twa lòt move enfliyans Satan itilize. Pandan n ap egzamine ki jan Pawòl Bondye a ede nou pou nou pa pran nan riz Satan yo, annou imajine Jewova k ap mache dèyè nou, k ap montre nou bon wout la e k ap di: “Men bon chemen an bò isit. Se la a pou ou pase!” ​(Iza. 30:21). Lè nou reflechi sou avètisman byen klè Jewova ban nou yo, sa ap ban nou plis detèminasyon pou nou suiv yo.

Pa suiv “fo anseyan”

3, 4. a) Ki sa k fè fo anseyan yo tankou pi ki pa gen yon gout dlo ladan yo? b) Byen souvan, ki kote fo anseyan yo soti, e ki sa y ap chèche?

3 Imajine w ap fè yon vwayaj ki long nan yon wout ki chaje ak pousyè e ki pa gen dlo. Byen lwen sou wout la, ou wè yon pi e w ap mache pou w al nan pi a ak espwa w ap jwenn yon ti dlo pou w koupe swaf ou. Sepandan, lè w rive, ou wè pi a pa gen yon gout dlo ladan l. Se pa ti kontrarye ou t ap kontrarye! Fo anseyan yo tankou pi ki pa gen yon gout dlo. Nenpòt moun k al chèche dlo verite a nan men yo pap rive jwenn verite sa a. Jewova avèti nou kont fo anseyan sa yo pa mwayen apot Pòl ak apot Pyè. (Li Travay 20:29, 30; 2 Pyè 2:1-3.) Kiyès ki fo anseyan yo? Pawòl apot sa yo ede nou konprann ki kote fo anseyan sa yo soti e ki jan yo fonksyone.

4 Men sa apot Pòl te di ansyen nan kongregasyon Efèz yo: “Gen yon seri mesye k ap leve nan mitan nou, y ap pale bagay kwochi.” Apot Pyè, bò kote pa l, te ekri kretyen parèy li yo pou l di yo: “Pral gen fo anseyan tou pami nou.” Donk, ki kote fo anseyan sa yo soti? Yo ka soti anndan kongregasyon an. Yo rele moun sa yo aposta *. Ki sa yo vle menm? Yo pa sèlman kontante yo kite òganizasyon an, yon òganizasyon yo petèt te renmen anvan sa, men, dapre Pòl, objektif yo se “rale disip yo vin suiv yo”. Remake apot la di y ap chèche rale “disip yo”. Olye aposta yo al chèche fè disip pa yo, y ap chèche pran disip Kris yo. Menm jan ak “lou voras”, fo anseyan yo ap chèche devore moun nan kongregasyon an ki fidèl, y ap chèche fè yo pèdi lafwa epi fè yo ale lwen laverite. — Mat. 7:15; 2 Tim. 2:18.

5. Ki metòd fo anseyan yo itilize?

5 Ki jan fo anseyan yo fonksyone? Metòd yo itilize yo montre jan yo mètdam. Aposta yo “vini anba anba” ak yon seri ide dwategòch. Menm jan ak moun k ap fè kontrebann, yo pa kite moun konnen sa y ap fè, yo fè opinyon yo pase anba anba. Menm jan ak raketè k ap fè fo papye, aposta yo sèvi ak “pawòl ki pou twonpe” moun, oswa agiman tètanba, pou yo eseye fè moun kwè sa yo di se laverite. Yo simaye “ansèyman y ap bay [yo] pou [yo] twonpe moun”, yo “defòme [...] Ekriti yo” pou yo fè moun konprann sa y ap di yo se laverite (2 Pyè 2:1, 3, 13; 3:16). Li klè, aposta yo pa nan enterè nou toutbonvre. Si nou ta suiv yo, sa t ap fè nou kite wout ki mennen nan lavi ki pap janm fini an.

6. Ki avètisman byen klè Bib la ban nou anrapò ak fo anseyan yo?

6 Ki jan nou ka pwoteje tèt nou kont fo anseyan yo? Bib la montre nou byen klè ki jan nou ka fè sa. (Li Women 16:17; 2 Jan 9-11.) Pawòl Bondye a mande pou nou “evite moun sa yo”. Gen tradiksyon Labib ki di “vire do ba yo”, “separe avèk yo”, “veye kò nou ak [yo]”. Ann sipoze yon doktè ta mande w pou w pa pran kontak ak yon moun ki gen yon maladi trapan, yon maladi ki ka touye w. Ou t ap byen konprann sa doktè a di w la e w t ap koute avètisman li ba ou a san mank. Aposta yo malad menm jan an, yo “gen foli”, y ap chèche kontamine lòt moun ak fo ansèyman y ap pwopaje yo (1 Tim. 6:3, 4). Jewova, gwo Doktè a, mande nou pou nou pa pran kontak avèk yo. Nou byen konprann sa l vle di, men, èske nou detèmine pou nou koute tout avètisman li ban nou yo?

7, 8. a) Ki sa pou n fè pou nou rete lwen fo anseyan yo? b) Poukisa w detèmine pou w evite fo anseyan?

7 Ki sa pou n fè pou nou rete lwen fo anseyan yo? Nou pap resevwa yo lakay nou ni nou pap salye yo. Nou pap li liv yo ekri, nou pap gade emisyon yo fè nan televizyon, nou pa pral sou sit Entènèt yo genyen yo, ni nou pap fè kòmantè sou paj Entènèt yo mete pou sa. Poukisa nou pran pozisyon sa a? Se paske nou gen lanmou. Piske nou renmen “Bondye verite a”, nou pa enterese nan fo ansèyman aposta yo ap simaye ki depaman ak laverite ki nan Pawòl Bondye a (Sòm 31:5; Jan 17:17). Epitou, nou renmen òganizasyon Jewova a, òganizasyon ki anseye nou yon pakèt verite ki touche kè nou tankou: non Bondye, siyifikasyon non sa a genyen, objektif Bondye gen pou tè a, sa ki rive moun ki mouri yo ak espwa rezirèksyon an. Èske w sonje jan w te santi w premye fwa ou te aprann verite sa yo ak yon bann lòt verite ki gen anpil valè pou nou? Kidonk, pinga nou kite manti fo anseyan sa yo bay fè nou vire do bay òganizasyon ki te anseye nou tout verite sa yo. — Jan 6:66-69.

8 Kèlkeswa sa fo anseyan yo di, nou pap suiv yo! Nou pa gen okenn rezon pou n koute moun ki tankou pi ki pa gen yon gout dlo ladan yo. Olye de sa, annou pran detèminasyon pou nou rete fidèl anvè Jewova e anvè òganizasyon l lan ki gen lontan depi l ap ede moun pase swaf yo genyen ak dlo verite ki soti nan Pawòl Bondye fè ekri a, yon dlo ki pwòp e ki rafrechisan. — Iza. 55:1-3; Mat. 24:45-47.

Pa suiv “lejann”

9, 10. Ki avètisman Pòl te bay Timote konsènan “lejann”, e ki sa petèt Pòl te gen nan lespri l? (Gade nòt anba paj la tou.)

9 Pafwa, li fasil pou nou wè si yo te vire yon pano siyalizasyon oswa si li bay move direksyon. Men pafwa, li ka difisil pou nou wè sa. Se menm bagay la pou move enfliyans Satan yo. Apot Pòl te ban nou avètisman kont youn nan metòd anba anba Satan itilize yo ki se “lejann”. (Li 1 Timote 1:3, 4.) Si nou pa vle pèdi wout k ap mennen nan lavi a, nou bezwen konnen ki sa lejann Satan yo ye e ki sa pou n fè pou nou pa suiv yo.

10 Avètisman Pòl te bay kont lejann nan te parèt nan premye lèt li te ekri Timote a, yon siveyan nan kongregasyon premye syèk la, ki te gen responsablite pou l veye pou kongregasyon an rete pwòp epi ede kretyen parèy li yo rete fidèl devan Bondye (1 Tim. 1:18, 19). Pòl te itilize yon mo grèk ki vle di fiksyon, manti oswa blòf. Selon yon ansiklopedi, mo lejann nan fè referans ak “yon istwa (ki gen rapò ak relijyon) ki pa reyèl”. (The International Standard Bible Encyclopaedia.) Petèt Pòl t ap panse ak bann manti kèk relijyon t ap bay ki soti nan istwa moun envante *. Sèl sa istwa sa yo fè se “soulve kesyon pou moun fè rechèch” pou granmesi, yon seri kesyon ki pa vrèman enpòtan. Satan, pi gwo blofè a, itilize lejann ak manti yo bay nan relijyon yo pou l fè moun ki nayif yo pèdi wout yo. Konsèy Pòl bay la byen klè: Pa suiv lejann!

11. Ki jan Satan sèvi ak fo relijyon pou l twonpe moun, e ki avètisman k ap ede nou lè nou suiv li?

11 Site kèk lejann ki ta ka fè yon moun ki nayif pèdi wout li. Nou kapab itilize mo “lejann” nan tou pou nenpòt manti yon relijyon bay oswa nenpòt blòf ki ka fè nou “pa tande laverite”. (2 Tim. 4:3, 4.) Satan pran pòz se yon “zanj limyè” li ye e li byen sèvi ak fo relijyon pou l twonpe moun (2 Kor. 11:14). Moun ki nan lakretyente yo di y ap suiv Jezi epoutan y ap anseye yon seri doktrin ki chaje ak blòf ak manti ladan yo tankou trinite, lanfè dife, ak nanm ki pa ka mouri. Yo fè pwopagann pou yon seri fèt, tankou fèt Nwèl ak fèt Pak, ki soti nan blòf ak nan koutim nasyon ki pa konn Bondye yo. Lè nou suiv avètisman Bondye bay pou nou soti nan mitan moun sa yo e pou nou “sispann manyen bagay ki pa pwòp la”, nou pap kite Satan twonpe nou ak lejann li yo. — 2 Kor. 6:14-17.

12, 13. a) Ki twa manti Satan bay, e kòman Labib demanti Satan? b) Ki sa nou ka fè pou Satan pa twonpe nou ak lejann li yo?

12 Satan bay yon pakèt lòt manti ankò ki ka twonpe nou si nou pa fè atansyon. Ann pran kèk egzanp. Pa gen kesyon byen ak mal. Tout sa w fè bon, depi se lide w ki di w fè l. Nan radyo, nan televizyon, nan jounal ak sou Entènèt, yo ankouraje moun panse konsa. Piske nou tande manti sa a toutan, li fasil pou nou vin panse menm jan an, sa ki ka fè nou abandone tout prensip moral nou yo. An reyalite, nou vrèman bezwen direksyon nan domèn moral e se Bondye sèl ki kapab ban nou direksyon sa a (Jer. 10:23). Bondye pap met bouch nan zafè lèzòm. Lide sa a fè moun yo viv lavi yo san yo pa reflechi sou sa demen ap pote. Yo pa enterese nan fè Bondye plezi. Si nou kite moun sa yo enfliyanse nou, sa ka fè nou rete san nou pap “fè anyen oswa san nou pa pwodui anyen” nan sèvis Jewova a (2 Pyè 1:8). Jou Jewova a ap pwoche ak tout vitès, nou dwe ret tann jou sa a (Mat. 24:44). Bondye pa enterese nan ou. Si nou kwè nan manti sa a Satan bay la, nou ka abandone Jewova paske nou panse li pap janm renmen nou paske nou pa merite sa. An reyalite, Jewova renmen chak grenn adoratè l yo e yo chak gen valè nan je l. — Mat. 10:29-31.

13 Nou dwe rete vijilan paske fason moun yo panse nan monn Satan an ak fason yo wè bagay yo kapab parèt nòmal. Men, pa bliye, Satan se yon mèt nan twonpe moun. Se sèlman lè nou suiv konsèy ak rapèl ki nan Pawòl Bondye a nou pap kite Satan twonpe nou ak “lejann moun envante avèk ladrès” yo. — 2 Pyè 1:16.

Pa “suiv Satan”

14. Ki avètisman Pòl te bay yon seri jèn vèv, e poukisa nou tout dwe pran pawòl Pòl yo oserye?

14 Imajine ou ta wè yon pano siyalizasyon ki gen enfòmasyon ki vin apre a sou li: “Si w vle suiv Satan, fè wout sa a.” Ki moun ki t ap suiv pano sa a? Epoutan, apot Pòl ban nou avètisman kont diferan fason yon kretyen ki deja vwe lavi l bay Bondye ta kapab “vire al suiv Satan”. (Li 1 Timote 5:11-15.) Lè Pòl te di pawòl sa yo, li t ap pale de yon seri “jèn vèv”, men prensip li te site yo valab pou nou tout. Petèt kretyèn sa yo nan premye syèk la pa t panse yo t ap suiv Satan, men konduit yo te montre se egzakteman sa yo t ap fè. Ki sa nou ka fè pou nou pa suiv Satan san nou pa rann nou kont? Annou egzamine avètisman Pòl te bay kont moun k ap fè tripotay yo.

15. Ki objektif Satan, e ki taktik Satan itilize Pòl ede nou idantifye?

15 Objektif Satan se kraze lafwa nou, epi fè nou sispann preche bon nouvèl la (Rev. 12:17). Li vle nou pèdi tan nou nan yon seri aktivite ki pa gen okenn enpòtans epi met divizyon nan mitan nou. Gade ki jan apot Pòl te pale de taktik Satan yo. Pòl te di gen moun ki “rete san yo pap fè anyen, y ap plede mache”. Pa egzanp, li fasil pou nou gaspiye tan nou ak tan lòt moun nan voye yon seri imel moun te voye ban nou ki gen enfòmasyon ki pa enpòtan ladan yo e ki pa verite. Pòl te di gen moun k ap “fè tripotay”. Lè moun fè tripotay, sa ka mennen nan medizans, e souvan medizans mennen nan kont (Pwo. 26:20). Kit moun k ap fè medizans yo konn sa, kit yo pa konn sa, se Satan Ledyab y ap imite *. Pòl te di gen moun ki “mele nan zafè moun”. Nou pa gen dwa pou nou di lòt moun ki jan pou yo regle zafè yo. Tout konduit sa yo ki bay pwoblèm e ki pa itil anyen kapab fè nou pa konsantre sou travay predikasyon Bondye ban nou fè a. Si nou sispann preche, se Satan n ap suiv. Se swa w pou Bondye oswa w pou Satan. — Mat. 12:30.

16. Ki konsèy k ap ede nou pou nou pa “vire al suiv Satan”?

16 Lè nou suiv konsèy Bib la bay, sa ap ede nou pa “vire al suiv Satan”. Ann egzamine kèk nan bon konsèy apot Pòl te bay yo. Li te di se pou nou gen “anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”. (1 Kor. 15:58.) Lè nou okipe nan travay ki gen rapò ak Wayòm Bondye a, sa ap pwoteje nou kont danje pou nou rete san n pap fè anyen e pou n pèdi tan nou nan yon seri aktivite (Mat. 6:33). Pòl te di nou dwe di pawòl ki “bon pou fòtifye moun”. (Efe. 4:29.) Ann pran detèminasyon pou nou pa koute moun k ap fè medizans e pou nou pa fè medizans *. Se pou nou aprann fè frè ak sè nou yo konfyans e se pou nou respekte yo. Konsa, n ap plis anvi di pawòl k ap bati frè ak sè nou yo. Pòl te di tou, se pou nou “okipe pwòp zafè nou”. (1 Tes. 4:11.) Se pou nou montre nou enterese nan lòt moun toutpandan n ap respekte vi prive yo ak diyite yo. Epitou, pa bliye, nou pa dwe fòse moun fè sa nou vle lè se yo menm ki gen dwa pou yo deside. — Gal. 6:5.

17. a) Poukisa Jewova ban nou avètisman nou sot egzamine nan atik sa a? b) Ki detèminasyon nou dwe pran?

17 Se pa ti rekonesan nou rekonesan dèske Jewova di nou byen klè ki sa pou nou pa suiv! Nou pa dwe janm bliye, se gwo lanmou Jewova gen pou nou an ki pouse l ban nou avètisman sa yo nou sot egzamine nan atik sa a ak nan atik anvan an. Jewova pa vle pou nou soufri poutèt nou suiv ‘pano siyalizasyon’ Satan yo ki ka fè nou pèdi wout nou. Wout Jewova vle nou pase ladan l lan kapab jennen, men l ap mennen nou pi bon kote a: nan lavi ki pap janm fini an (Mat. 7:14). Annou pran detèminasyon pou nou suiv avètisman Jewova bay la: “Men bon chemen an bò isit. Se la a pou ou pase!” — Iza. 30:21.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Yon moun ki fè “apostazi” kanpe lwen vrè adorasyon an, li vire do ba li, li rebele kont li, li abandone l.

^ § 10 Pa egzanp, gen yon liv ki rele Tobi kèk moun panse ki fè pati Labib. Yo te ekri l ozanviwon twazyèm syèk anvan epòk nou an, donk, li te egziste nan epòk Pòl la. Li chaje ak sipèstisyon ak istwa ki gen rapò ak maji ki difisil pou moun kwè e li prezante yo kòm laverite. — Gade Étude perspicace des Écritures, volim 1, paj 135.

^ § 15 Mo grèk lè y ap tradui l yo mete “dyab” pou li a se dyabolòs e li vle di “medizan”. Mo sa a se yon lòt tit yo bay Satan, pi gwo medizan an. — Jan 8:44; Rev. 12:9, 10.

Ki repons nou ta bay?

Ki jan n ka montre nou koute avètisman Bondye bay nan vèsè ki vin apre yo?

2 Pyè 2:1-3

1 Timote 1:3, 4

1 Timote 5:11-15

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 19]

 Voye plim yo nan van an

Gen yon ansyen istwa juif ki montre konsekans medizans genyen. Istwa sa a gen plizyè vèsyon, e men sa nou aprann ladan l.

Gen de mesye ki t ap viv nan yon vil. Youn ladan yo se te yon moun ki saj, e lòt la se te yon medizan ki t ap mache toupatou nan vil la ap sal repitasyon mesye ki saj la. Annapre, mesye ki t ap bay manti a te vin rann li kont sa l t ap fè a pa bon, li t al kote mesye ki saj la pou l mande l padon. Li te menm pwomèt li l ap fè nenpòt sa ki nesesè pou l repare dega li te fè yo. Mesye ki saj la te mande medizan malpalan an yon sèl bagay: Al pran yon zorye ki fèt ak plim zwazo, fann li, epi voye plim yo nan van an. Medizan an pa t konn pou ki rezon mesye ki gen sajès la te mande l fè sa, malgre sa, li te fè sa mesye a te mande l fè a e li te retounen al kote l.

Li mande l: “Èske w padone m kounye a?”

Mesye ki saj la di l: “Anvan m padone w, al ranmase tout plim yo.”

Medizan an reponn: “Men, ki jan m ap ka fè sa? Van an deja gaye plim yo toupatou!”

Mesye ki saj la di l: “Menm jan w wè l difisil pou w ranmase plim zwazo yo, se konsa tou li difisil pou w repare dega pawòl ou yo fè.”

Leson an klè. Depi yon moun fin di yon pawòl, li di l nèt, e li ka enposib pou l repare dega pawòl li yo fè. Anvan nou di yon bagay mal sou yon moun, li bon pou n sonje pawòl nou yo tankou plim zwazo n ap voye nan van.

[Foto nan paj 16]

Ki jan kèk moun ka envite aposta lakay yo?