Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w antre nan repo Bondye a?

Èske w antre nan repo Bondye a?

Èske w antre nan repo Bondye a?

“Pawòl Bondye a vivan e li pisan.” — EBRE 4:12.

1. Bay yon fason nou kapab antre nan repo Bondye a jodi a. Poukisa sa gendwa pa fasil?

NAN atik anvan an, nou te wè nou kapab antre nan repo Bondye a lè nou obeyisan e nou kolabore ak Bondye ann amoni ak objektif li. Sepandan, pafwa sa gendwa pa fasil. Lè nou aprann Jewova pa renmen yon bagay nou pran plezi ladan l, nou ka pran yon ti tan anvan nou obeyi. Si sa konn rive nou, nou bezwen fè efò pou nou vin “dispoze obeyi”. (Jak 3:17.) Nan atik sa a, nou pral wè kèk domèn kote li kapab difisil pou nou obeyi Jewova ak tout kè nou yon fason pou nou kontinye kolabore avè l ann amoni ak objektif li.

2, 3. Ki efò nou bezwen kontinye fè si nou vle pou Jewova kontinye apresye nou?

2 Ki jan w reyaji lè w jwenn konsèy ki baze sou Bib la? Labib fè konnen volonte Bondye se pou l rasanble “bagay apresyab ki nan tout nasyon yo” bò kote l (Aga. 2:7, NW). Se sèten, anpil nan nou potko prèt pou n vin apresyab lè nou te fèk aprann laverite. Sepandan, lanmou pou Bondye e pou Pitit li a li renmen anpil la te pouse nou fè gwo chanjman ni nan fason nou wè bagay yo ni nan abitid nou genyen yon fason pou nou te ka fè Bondye plezi nèt. Finalman, apre anpil priyè e apre nou te fin fè tout chanjman sa yo, jou a te rive pou nou batize yon fason pou n gen favè Jewova. — Li Kolosyen 1:9, 10.

3 Sepandan, batay n ap mennen kont enpèfeksyon an pa t sispann lè nou te batize. Nou te oblije kontinye batay la e n ap gen pou nou kontinye batay sa a toutotan nou enpafè. Men, Jewova ban nou asirans si nou kontinye batay sa a e nou detèmine pou nou fè l apresye nou pi plis chak jou, l ap beni tout efò n ap fè yo.

Lè nou merite konsèy

4. Bay twa fason nou kapab jwenn konsèy ki baze sou Bib la.

4 Anvan nou travay sou defo nou genyen akoz enpèfeksyon nou yo, nou bezwen konnen defo sa yo. Yon diskou yo bay nan Sal Wayòm nan oswa kèk pwen ki parèt nan youn nan piblikasyon nou yo gendwa fè nou wè nou gen yon gwo defo. Si nou pa konprann pwen ki te parèt nan diskou a oubyen nou pa aplike yon konsèy nou te jwenn nan youn nan piblikasyon nou yo, Jewova kapab sèvi ak yon kretyen parèy nou pou l fè nou wè defo nou genyen an. — Li Galat 6:1.

5. Bay kèk fason ki pa bon nou kapab reyaji lè lòt moun ban nou konsèy, epi esplike rezon ki fè ansyen yo bezwen kontinye fè sa yo kapab pou yo ede nou.

5 Li pa fasil pou nou aksepte konsèy nan men lòt moun ki enpafè menm jan ak nou menmsi moun nan ban nou konsèy la avèk respè e avèk amou. Sepandan, nan Galat 6:1, Jewova bay ansyen yo lòd pou yo “eseye” redrese nou “avèk dousè”. Si nou byen reyaji, n ap fè Bondye apresye nou plis toujou. Nòmalman, lè n ap priye, nou pa gen pwoblèm pou nou admèt nou enpafè. Men, lè yon moun atire atansyon nou sou yon bagay nou te fè ki pa bon, nou gen tandans bay eskiz, di sa nou te fè a pa pi mal pase sa, gen dout sou entansyon moun nan, oswa nou pa renmen fason moun nan pale ak nou (2 Wa 5:11). Pi mal toujou, lè konsèy la gen rapò ak yon sijè ki sansib tankou aksyon yon moun nan fanmi nou fè, abiman nou ak aparans nou, ijyèn, oubyen ak yon divètisman nou renmen men Jewova rayi, nou kapab mal reyaji, sa ki ka fè ni nou menm ni lòt moun nan tris. Sepandan, apre nou fin kalme nou, nou konn rann nou kont moun nan te ban nou yon bon konsèy.

6. Ki jan Pawòl Bondye a montre “panse ak entansyon ki nan kè yon moun”?

6 Vèsè ki sèvi kòm baz pou atik sa a fè nou sonje Pawòl Bondye a “pisan”. Vrèmanvre, Pawòl Bondye a gen pouvwa pou l chanje lavi moun. Menm jan li te ede nou fè chanjman anvan nou te batize, l ap ede nou fè sa tou menm apre nou fin batize. Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen ebre yo, li te fè kretyen sa yo konnen tou Pawòl Bondye a kapab “pèse fon jis li separe nanm nan ak lespri a, jwenti yo ak mwèl yo, e li kapab rive disène panse ak entansyon ki nan kè yon moun”. (Ebre 4:12.) Sa vle di, lè nou konprann byen klè sa Bondye vle nou fè, fason nou reyaji montre ki kalite moun nou ye toutbon. Èske pafwa gen yon diferans ant kalite moun nou parèt nou ye a (“nanm nan”) ak moun nou ye toutbonvre a (“lespri a”)? (Li Matye 23:27, 28.) Gade pou w wè ki jan ou menm ou t ap reyaji nan sitiyasyon ki vin annapre yo.

Kontinye mache pazapa ak òganizasyon Jewova a

7, 8. a) Ki sa petèt ki fè gen kèk Juif ki te vle kontinye pratike kèk bagay ki te nan Lalwa Moyiz la? b) Èske fason yo te panse a te ann amoni ak objektif Jewova?

7 Gen anpil nan nou ki konnen pawòl ki nan Pwovèb 4:18 la pakè. Vèsè sa a di: “Chemen moun k’ap mache dwat yo tankou solèy k’ap leve. Chak lè, l’ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.” Sa vle di, avèk letan, konduit nou ap amelyore e n ap pi byen konprann objektif Jewova yo.

Jan nou te montre sa nan atik anvan an, apre lanmò Jezi, gen anpil Juif ki te vin kretyen ki te twouve li difisil pou yo sispann suiv Lalwa Moyiz la (Tra. 21:20). Byenke apot Pòl te ba yo bon agiman ki te montre kretyen yo pa t sou Lalwa ankò, gen kèk nan yo ki pa t aksepte agiman sa yo li te ba yo grasa lespri sen Bondye (Kol. 2:13-15). Petèt yo te panse si yo te kontinye suiv yon pòsyon nan Lalwa, yo pa t ap jwenn pèsekisyon. Kèlkeswa rezon an, lè Pòl te ekri kretyen ebre yo, li te di yo byen klè yo pa t ap kapab antre nan repo Bondye a si yo pa t kolabore avèk Bondye ann amoni ak objektif li *. (Ebre 4:1, 2, 6; li Ebre 4:11.) Pou yo te gen favè Jewova, yo te bezwen konprann Jewova te pran yon lòt direksyon ak pèp li a.

9. Ki jan nou ta dwe reyaji lè gen ajisteman ki fèt nan fason nou te konprann yon verite ki nan Bib la?

9 Nan epòk pa nou an, konn gen ajisteman ki fèt nan fason nou konprann kèk verite ki nan Bib la. Sa pa ta dwe ban nou pwoblèm, okontrè, sa ta dwe fè nou gen plis konfyans nan esklav fidèl ki prevwayan an. Lè gwoup moun ki reprezante “esklav” la rann yo kont gen ajisteman ki bezwen fèt nan fason nou konprann kèk verite, yo pa pè fè sa. Esklav la pa pè pou moun kritike l paske li fè kèk ajisteman anrapò ak verite biblik yo, sa k pi enpòtan pou li se kolabore ak Jewova ann amoni ak objektif Li. Ki jan ou menm ou reyaji lè gen ajisteman ki fèt nan fason nou konprann kèk verite ki nan Bib la? — Li Lik 5:39.

10, 11. Ki leson nou kapab aprann nan fason kèk moun te reyaji lè òganizasyon an te vin ak nouvo fason pou moun preche bon nouvèl la?

10 Ann pran yon lòt egzanp. Nan fen diznevyèm syèk la e nan kòmansman ventyèm syèk la, gen kèk Etidyan Labib, jan yo te konn rele Temwen Jewova yo nan epòk la, ki te konn bay bon diskou ki te panse meyè fason pou yo preche se prepare bon diskou epi prezante yo devan oditwa ki renmen Pawòl Bondye a. Yo te renmen pale an piblik. Gen kèk nan yo ki te renmen lè moun ap fè lwanj pou yo. Sepandan, annapre, sa te vin parèt klè Jewova te vle pou pèp li a preche Pawòl la divès fason, san wete kay an kay. Gen kèk nan frè sa yo ki te kareman refize eseye preche yon lòt fason. Pa deyò, yo te sanble moun ki espirityèl e ki te devwe nan travay Seyè a. Men, lè yo te vin wè byen klè objektif Bondye konsènan travay predikasyon an, entansyon yo ak fason yo te vrèman panse te vin parèt byen klè. Ki jan Jewova te konsidere moun sa yo? Li pa t beni yo. Moun sa yo te kite òganizasyon an. — Mat. 10:1-6; Tra. 5:42; 20:20.

11 Sa pa vle di li te fasil pou moun ki te rete fidèl yo preche kay an kay. Pou anpil nan yo, se te yon defi, sitou lè yo te fèk kòmanse. Men, yo te rete obeyisan. Avèk letan, yo pa t strese ankò e Jewova te beni yo anpil. Ki jan ou menm ou reyaji lè w jwenn envitasyon pou w patisipe nan yon fòm predikasyon ou pa santi w alèz pou w patisipe ladan l? Èske w dispoze eseye yon bagay ki nouvo?

Lè yon moun pa nou kite Jewova

12, 13. a) Nan ki objektif Jewova mande pou yo eskominye moun ki pa repanti yo? b) Ki sitiyasyon difisil kèk paran ki kretyen konn rankontre, e sa k fè sitiyasyon sa a difisil konsa?

12 Pa gen dout nou tout nou dakò ak prensip ki vle pou nou pwòp ni nan domèn fizik, ni nan domèn moral, ni nan domèn espirityèl la yon fason pou nou ka fè Bondye plezi. (Li Tit 2:14.) Sepandan, gen kèk sitiyasyon ki kapab prezante ki ka fè li difisil pou nou rete pwòp ann amoni ak objektif Bondye. Pa egzanp, yon mari ak madanm ki kretyen e ki bay bon egzanp kapab gen yon sèl pitit gason e pitit gason an kite laverite. Piske pitit la pito “pran plezi [l] pou yon ti tan nan peche” olye l chèche gen yon bon relasyon ak Jewova e ak paran l, li vin eskominye. — Ebre 11:25.

13 Kounye a, paran yo nan gwo lapenn! Men, yo konnen ki jan pou yo jere sitiyasyon sa a paske Bib la di se pou nou “sispann frekante nenpòt moun ki di li se yon frè, men k ap fè fònikasyon, oubyen ki ava, oubyen k ap adore zidòl, oubyen k ap joure moun, oubyen ki bwasonyè, oubyen ki dechèpiyè, e pou nou pa menm manje ak yon moun konsa”. (1 Kor. 5:11, 13.) Yo konnen ekspresyon “nenpòt moun” nan gen rapò tou ak fanmi ki pap viv lakay yo. Men, se pa ti renmen yo renmen pitit yo a! Santiman ta kapab fè yo rezone konsa: ‘Ki jan n ap kapab ede pitit nou an tounen vin jwenn Jewova si nou koupe tout kontak avè l? Pou nou ka ede l pi byen, èske li pa t ap pi bon pou nou kontinye gen kontak avè l regilyèman *?’

14, 15. Ki desizyon paran ki gen pitit yo ki eskominye dwe pran?

14 Kè nou fè nou mal pou paran sa yo. Sepandan, pitit yo a te gen lechwa e se li ki te pran desizyon pou l viv yon fason ki pa kòrèk pou kretyen viv olye l kontinye gen bon relasyon ak paran l e ak lòt frè ak sè yo. Paran yo kapab santi yo pèdi kontwòl sitiyasyon an paske yo pa ka fè anyen pou yo ede pitit yo a.

15 Men, ki sa paran sa yo ki renmen pitit yo ap fè? Èske y ap obeyi enstriksyon klè Jewova bay oubyen y ap deside pou yo kontinye gen kontak regilyèman ak pitit yo a ki eskominye a sou pretèks yo gen bonjan rezon pou yo fè sa? Anvan yo pran yon desizyon, yo bezwen sonje pozisyon Jewova sou kesyon an. Objektif Jewova se kenbe òganizasyon an pwòp epi pouse moun ki mal aji yo retounen nan bon sans yo. Ki jan paran ki kretyen yo kapab kolabore ak Jewova nan objektif sa a li genyen an?

16, 17. Ki sa nou ka aprann lè nou medite sou egzanp Arawon?

16 Arawon, frè Moyiz la, te viv yon sitiyasyon difisil akoz de nan pitit gason l yo. Imajine jan li te santi l lè Nadab ak Abiyou, pitit li yo, te prezante yon dife devan Jewova yon fason ki pa t fè Jewova plezi, sa ki te lakòz Jewova touye yo lapoula. Imajine jan sa te fè Arawon mal. Li pa t kapab gen kontak ak pitit li yo ankò paske yo te mouri. Men, sa k pi rèd la, Jewova te bay Arawon ak lòt pitit gason l yo lòd sa a: “Pa rete san penyen tèt nou, pa chire rad sou nou jan moun yo fè l la lè yo nan lapenn pou ka lanmò. Si nou fè sa n’a mouri, Senyè a va fache sou tout pèp la.” ​(Lev. 10:1-6). Mesaj la klè. Nou dwe pi renmen Jewova pase fanmi nou ki pa fidèl.

17 Jodi a, Jewova pa touye moun lapoula lè yo vyole lwa li. Avèk amou, li ba yo posiblite pou yo repanti. Men, ki jan Jewova t ap santi l si yon paran ta dezobeyi l lè paran sa a kontinye gen kontak ak pitit li ki eskominye san okenn rezon valab?

18, 19. Ki benediksyon fanmi yo kapab jwenn lè yo suiv enstriksyon Jewova bay anrapò ak moun ki eskominye yo?

18 Anpil moun ki te eskominye fè konnen lefètke fanmi yo ak zanmi yo te sispann gen kontak ak yo, sa te ede yo retounen nan bonsans yo. Kèk ansyen ki te mande pou yo reyentegre yon sè te di sè a te met lòd nan lavi l e “youn nan rezon yo se paske frè chanèl li a te respekte dispozisyon pou yo eskominye moun nan”. Sè a te di “lefètke frè l la te suiv prensip biblik yo fidèlman, sa te fè l anvi retounen [nan laverite]”.

19 Ki sa sa aprann nou? Sa aprann nou enpòtans pou nou lite kont tandans nou genyen antanke enpafè pou nou rejte prensip ki nan Bib la. Nou bezwen konvenk tèt nou lè nou gen pwoblèm se fason Jewova mande pou n jere pwoblèm sa yo ki toujou pi bon.

“Pawòl Bondye a vivan”

20. Bay de fason nou kapab aplike Ebre 4:12. (Gade nòt anba paj la.)

20 Lè apot Pòl te di “pawòl Bondye a vivan” an, li pa t ap pale de pawòl Bondye ekri a, anpalan de Labib *. Kontèks kote pawòl sa yo parèt la montre li t ap pale de pwomès Bondye fè. Sa Pòl te vle fè konnen sèke Bondye pa janm fè yon pwomès epi pou l bliye l. Jewova montre sa Pòl te di a se vre. Men sa l te di pwofèt Izayi: ‘Pawòl mwen p’ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m te vle l fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l fè a.’ ​(Iza. 55:11). Donk, pa gen rezon pou nou enpasyan lè bagay yo pa fèt vit jan nou ta renmen an, paske, Jewova “kontinye [ap] travay” nan entansyon pou l akonpli objektif li. — Jan 5:17.

21. Ki jan Ebre 4:12 kapab ankouraje moun aje ki fè pati “gwo foul” la?

21 Gen anpil moun aje ki fidèl ki fè pati “gwo foul” la ki gen plizyè dizèn ane depi y ap sèvi Jewova (Rev. 7:9). Anpil ladan yo pa t janm panse yo t ap vin granmoun nan sistèm sa a. Malgre sa, yo pa kite dekourajman pote yo ale (Sòm 92:14). Yo rann yo kont pwomès Jewova a vivan e Jewova ap travay pou l reyalize l. Piske objektif Jewova genyen an enpòtan pou li, nou fè kè l kontan lè nou kenbe objektif sa a nan lespri nou. Jewova ap repoze l nan setyèm jou a, e li gen asirans objektif li ap reyalize e pèp li a ap kolabore avè l ann amoni ak objektif sa a. E ou menm, èske w antre nan repo Bondye a?

[Nòt anba paj]

^ § 8 Anpil chèf relijye juif te konn suiv Lalwa alalèt, men yo pa t rekonèt Mesi a lè li te vini. Yo pa t mache pazapa ak objektif Bondye.

^ § 20 Jodi a, Bondye pale avèk nou pa mwayen Labib ki gen pouvwa pou l chanje lavi nou. Se sa k fè nou kapab aplike Ebre 4:12 pou Bib la tou san pwoblèm.

Èske nou sonje?

• Ki sa nou bezwen fè jodi a pou nou antre nan repo Bondye a?

• Ki rapò ki genyen ant objektif Bondye ak dispoze aksepte konsèy ki baze sou Bib la?

• Nan ki sitiyasyon li kapab difisil pou nou fè sa Bib la mande, men, poukisa li enpòtan pou nou obeyi?

• Bay de fason nou kapab aplike Ebre 4:12.

[Kesyon]

[Foto nan paj 31]

Paran yo nan gwo lapenn!