Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kèk ide pou adorasyon an fanmi ak etid pèsonèl

Kèk ide pou adorasyon an fanmi ak etid pèsonèl

Kèk ide pou adorasyon an fanmi ak etid pèsonèl

NAN kòmansman ane 2009, tout kongregasyon Temwen Jewova yo te kòmanse reyini de fwa pa semèn olye yo reyini twa fwa. Akoz chanjman sa a, Kolèj santral la te ankouraje nou pou nou rezève yon sware nan semèn nan pou nou fè adorasyon an fanmi oswa etid pèsonèl. Èske w byen pwofite sware sa a? Sa w chwazi fè nan sware sa a kapab ede ou menm ak fanmi w anpil.

Ki sa nou ta dwe etidye lè n ap fè adorasyon an fanmi? Kolèj santral la pa di fanmi yo ki sa yo ta dwe etidye chak semèn. Chak fanmi gen bezwen pa l. Donk, chèf fanmi an dwe reflechi sou bezwen fanmi l epi deside ki sa k ap pi bon pou fanmi an. Chak moun kapab deside ki jan yo ka pi byen pwofite moman sa a.

Gen kèk fanmi ki prepare reyinyon kongregasyon yo ansanm. Men, se pa sa sèlman nou kapab fè lè n ap fè adorasyon an fanmi. Gen lòt fanmi ki li Labib ansanm oswa ki li kèk enfòmasyon yo jwenn nan youn nan piblikasyon nou yo epi ki pale sou sa yo li a. Gen lòt tou ki prepare dram ki baze sou istwa ki nan Bib la. Se timoun yo sitou ki benefisye moman sa yo. Adorasyon an fanmi an pa bezwen sanble ak reyinyon kongregasyon an ki fèt sou fòm kesyon repons. Moman n ap fè adorasyon an fanmi an ta dwe yon moman kote chak moun santi l lib pou l di sa k nan kè l. Se yon moman ki pèmèt nou sèvi ak imajinasyon nou e ki pèmèt nou gen konvèsasyon enteresan sou sa nou li nan Bib la. Si nou fè sa, tout moun ap jwenn kè kontan nan sware adorasyon an fanmi an.

Men sa yon papa ki gen twa timoun te ekri pou l di sa l fè nan sware adorasyon an fanmi an. Li gen yon pitit fi ki rele Kaitlyn ak de pitit gason ki rele David ak Michael. Kaitlyn gen 15 an, David gen 13 an e Michael gen 7 an. Souvan, fanmi sa a itilize pòsyon lekti Labib pou semèn nan lè y ap fè adorasyon an fanmi. Toudabò, tout moun li chapit yo. Apre sa, timoun yo chwazi yon pwen yo ta renmen fè plis rechèch sou li. Annapre, yo di paran yo sa yo te aprann. Souvan, Michael fè yon desen sou sa li te li a oswa li ekri kèk ti pawòl sou li. Pafwa David ak Kaitlyn ekri sou yon istwa ki nan Bib la kòmsi yo te la ap gade sa k t ap pase a. Pa egzanp, te gen yon semèn fanmi an te li Jenèz chapit 40 ki rakonte istwa kote Jozèf t ap esplike de nan esklav Farawon yo rèv yo te fè. Kaitlyn te ekri sou sa kòmsi li te yon prizonye ki t ap gade sa k t ap pase a.

Sa se jis yon egzanp ki montre sa fanmi yo ka fè lè y ap fè adorasyon an fanmi. Etandone chak moun diferan, se chak moun oswa chak fanmi ki pou deside sa ki pi bon pou yo. Kare ki vin apre a ban nou kèk ide anplis sou sa nou kapab fè lè n ap fè adorasyon an fanmi oswa etid pèsonèl. Petèt ou menm tou ou gen kèk lòt ide.

[Kare/Foto nan paj 6, 7]

Pou fanmi ki gen adolesan ladan yo:

• Li liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques la epi fè yon ti pale sou li.

• Fè adolesan an imajine l ap viv nan tan biblik yo. (Gade Toudegad 15 me 1996, paj 14, paragraf 17-18 (fransè).)

• Pale de objektif li kapab atenn nan yon tan ki kout e alalong.

• Detanzantan, gade yon videyo òganizasyon an epi pale sou li.

• Egzamine ribrik “Pou jèn yo” ki parèt nan Toudegad.

Pou mari ak madanm ki pa gen pitit:

• Egzamine chapit 1, 3, 11-16 nan liv Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi an.

• Pale de rechèch ou te fè sou pwen ou te jwenn nan lekti Labib ou.

• Prepare etid biblik kongregasyon an oswa etid Toudegad la.

• Pale sou posiblite pou fè plis nan travay predikasyon an.

Pou frè ak sè selibatè oswa pou moun k ap viv nan kay kote moun yo pa nan menm relijyon:

• Etidye nouvo piblikasyon ki parèt nan kongrè distri yo.

• Li nouvo ak ansyen Annuaire yo.

• Fè rechèch sou kesyon moun konn poze nan tèritwa kongregasyon w lan.

• Prepare prezantasyon nou ka itilize nan predikasyon.

Pou fanmi ki gen timoun piti:

• Fè dram sou istwa biblik yo.

• Sèvi ak paj 30 ak 31 ki nan Réveillez-vous! yo pou nou ede yo sonje sa yo te aprann.

• Detanzantan, sèvi ak imajinasyon nou nan etid la. (Gade atik “Efò nou fè yo vo lapenn!” ki nan Toudegad 15 fevriye 2011 lan, paj 11.)

• Egzamine ribrik “Anseye pitit ou” a ki parèt nan Toudegad.