Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova se “Bondye ki bay lapè a”

Jewova se “Bondye ki bay lapè a”

Jewova se “Bondye ki bay lapè a”

“Mwen swete pou Bondye ki bay lapè a ansanm avèk nou tout.” — WOM. 15:33.

1, 2. Ki sitiyasyon Jenèz chapit 32 ak 33 rakonte nou? Ki jan sa te fini?

IMAJINE de frè ki pral rankontre youn lòt toupre yon kote ki rele Penouwèl, ki toupre vale Yabòk, nan lès rivyè Jouden an. De frè sa yo se Ezayi ak Jakòb, e yo gen lontan depi youn pa wè lòt. Ventan te gentan pase depi Ezayi te vann Jakòb, frè l la, dwa l te genyen kòm premye pitit la. Lè Ezayi tande Jakòb ap retounen nan peyi l, l al rankontre l ak 400 gason. Lè Jakòb tande sa, sa te fè l pè. Li te panse petèt frè l la te toujou fache avè l e l te vle touye l toujou. Se sa k fè, Jakòb te voye sèvitè l yo pote anpil bèt fè Ezayi kado. Chak fwa youn nan sèvitè Jakòb yo te vin ak plis bèt pou Ezayi, yo te di l men kado Jakòb voye pou li. Jakòb te voye plis pase 550 bèt bay Ezayi.

2 Ki sa k te rive lè de mesye yo te resi rankontre? Jakòb te montre li gen kouraj ak imilite. Li te mache al rankontre Ezayi, li bese tèt li jouk atè pandan sèt fwa! Anvan sa, Jakòb te gentan fè sa ki te pi enpòtan an. Li te priye Jewova e li te mande Jewova pou l pwoteje l anba men Ezayi. Jewova te reponn li. Bib la di nou Ezayi kouri al rankontre Jakòb, li pase bra l nan kou l, li bat do l epi li bo l. — Jen. 32:11-20; 33:1-4.

3. Ki sa nou aprann nan istwa Jakòb ak Ezayi a?

3 Sa k te rive ant de frè sa yo montre nou enpòtans pou nou fè tout sa nou kapab pou nou rezoud pwoblèm nou gen ak lòt moun nan kongregasyon an. Si nou pa fè sa, n ap kraze lapè ak inite ki gen nan kongregasyon an. Jakòb pa t fè anyen ki mal. Li pa t gen pou l mande Ezayi padon. Se Ezayi ki pa t bay dwa li te genyen kòm premye pitit la valè e ki te vann Jakòb dwa sa a pou yon plat manje. Men, malgre sa, Jakòb te fè tout sa l kapab pou l fè lapè avè l (Jen. 25:31-34; Ebre 12:16). Egzanp Jakòb la montre ki valè efò nou ta dwe fè pou nou toujou viv anpè ak frè ak sè nou yo. Li montre nou tou, lè n mande Jewova pou l ede nou fè lapè, li reponn priyè nou. Gen yon pakèt lòt egzanp nan Bib la ki montre nou ki jan nou kapab fè lapè ak lòt moun. Nou pral egzamine kèk ladan yo.

Moun ki bay pi bon egzanp lan

4. Ki sa Bondye te fè pou l sove lèzòm anba peche ak lanmò?

4 Se Jewova ki bay pi bon egzanp nan kesyon fè lapè ak lòt moun nan. Li se “Bondye ki bay lapè a”. (Wom. 15:33.) Fè yon ti reflechi sou tout sa Jewova te fè pou nou te ka vin zanmi l. Piske nou se pitit Adan ak Èv, se pechè nou ye e nou merite lanmò (Wom. 6:23). Sepandan, Bondye tèlman renmen nou, li te vle sove nou anba peche ak lanmò. Se sa k fè, byenke Jezi, Pitit li renmen anpil la, t ap viv nan syèl la, li te voye l vin sou tè a pou l te ka mouri pou peche nou yo. Jezi te fèt san peche. Li te kontan fè volonte Papa l epi bay lavi l pou nou (Jan 10:17, 18). Annapre, Jewova te resisite l pou l al viv nan syèl la. Se nan syèl la Jezi te prezante valè sakrifis li a bay Jewova. Sakrifis sa a, ranson an, sove tout moun ki repanti pou peche yo anba lanmò pou toutan. — Li Ebre 9:14, 24.

5, 6. Ki jan sakrifis Jezi a ede lèzòm vin zanmi Bondye?

5 Peche fè lèzòm vin ènmi Bondye. Ki jan sakrifis Jezi a ede lèzòm? Ezayi (Izayi) 53:5 di: “Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. [...] Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.” Sakrifis Jezi a fè li posib pou moun ki obeyisan yo vin zanmi Bondye. Labib di tou: “Piske Pitit li a te peye ranson an, nou jwenn liberasyon nou grasa san li, wi, nou jwenn padon pou fot nou yo.” — Efe. 1:7.

6 Men sa Bib la di konsènan Jezi: “Bondye te pran plezi pou l fè tout bagay nèt abite nan li.” Sa vle di, Bondye sèvi ak Jezi pou l reyalize objektif li. Ki objektif Bondye genyen? Objektif Bondye se ‘rekonsilye tout lòt bagay yo avèk Li epi fè lapè grasa san’ Jezi Kris. Bagay Bondye rekonsilye avè l yo, sa vle di bagay li fè vin zanmi l yo, se “bagay ki nan syèl la” ak “bagay ki sou tè a”. Kiyès bagay sa yo reprezante? — Li Kolosyen 1:19, 20.

7. Kiyès “bagay ki nan syèl la” ak “bagay ki sou tè a” reprezante?

7 Grasa sakrifis Jezi a, Bondye “deklare” kretyen li chwazi pou y al nan syèl yo “jis” antanke pitit li e yo ‘anpè ak Bondye’. (Li Women 5:1.) Labib rele moun sa yo “bagay ki nan syèl la” paske Bondye resisite yo pou y al viv nan syèl ak Jezi Kris. Yo pral “dirije tè a antanke wa” e antanke prèt (Rev. 5:10). “Bagay ki sou tè a” se moun ki repanti pou peche yo e ki pral viv sou tè a pou toutan. — Sòm 37:29.

8. Ki jan egzanp Jewova kapab ede w lè gen pwoblèm nan kongregasyon an?

8 Pawòl Pòl te ekri kretyen Bondye te chwazi pou y al nan syèl la ki te nan kongregasyon Efèz la montre jan l te gen rekonesans pou ranson an. Li te di Bondye “gen anpil mizèrikòd” e li “ban nou lavi ansanm ak Kris, menm lè nou te mouri nan fot nou yo”. Li te di tou Bondye te fè sa “grasa favè san parèy la”. (Efe. 2:4, 5.) Nou tout, kit nou pral viv nan syèl la, kit nou pral viv sou tè a, nou rekonesan anpil dèske Bondye fè nou mizèrikòd ak favè san parèy la. Nou rekonesan pou tout sa Jewova fè pou l rann li posib pou lèzòm viv anpè avè l. Pafwa, gen pwoblèm nan kongregasyon an ki ka met divizyon nan mitan nou. Nan sitiyasyon sa yo, nou dwe reflechi sou egzanp Bondye bay nan domèn sa a epi fè lapè ak frè ak sè nou yo.

Annou pran leson nan egzanp Abraram ak Izarak

9, 10. Ki jan Abraram te montre li te vle fè lapè ak lòt moun?

9 Men sa Bib la di konsènan Abraram: “‘Abraram te mete lafwa l nan Jewova, e se pou rezon sa a Bondye te konsidere l kòm yon moun ki jis’ [...] e yo te vin rele l ‘zanmi Jewova.’” ​(Jak 2:23). Abraram te viv anpè ak lòt moun, e se yon fason li te montre li gen lafwa nan Jewova. Yon lè, te gen yon pale anpil ant moun ki t ap pran swen bèt Abraram yo ak moun ki t ap pran swen bèt Lòt yo, neve Abraram nan (Jen. 12:5; 13:7). Abraram ansanm ak Lòt te deside l ap pi bon si yo chak fè bò pa yo. Remake sa Abraram te fè nan sitiyasyon difisil sa a. Li pa t panse se li ki pou pran desizyon final la paske li te pi gran e li te gen yon relasyon espesyal ak Jewova. Olye de sa, li te montre li te vle viv anpè ak neve l la.

10 Men sa Abraram te di neve l la: “Monchè, se fanmi nou ye. Pa gen rezon pou nou gen kont yonn ak lòt, ni pou gadò ou yo gen kont ak gadò pa m yo.” Li te kontinye pou l di: “Tout peyi a devan nou! Ann separe. Si ou fè bò dwat, m’ap fè bò gòch. Si ou fè bò gòch, m’ap fè bò dwat.” Lòt te chwazi pi bon pati ki te gen nan peyi a, sa vle di pati ki te bay plis manje a. Abraram te aksepte chwa Lòt te fè a e li pa t fache avè l pou sa (Jen. 13:8-11). Ki jan nou fè konn sa? Nou konn sa paske, annapre, gen kèk moun ki te pran Lòt kòm prizonye e san pèdi tan, Abraram te pati dèyè yo pou l al sove Lòt. — Jen. 14:14-16.

11. Ki sa Abraram te fè pou l viv anpè ak Filisten yo ki t ap viv Kanaran ansanm avè l?

11 Fè yon ti reflechi tou sou fason Abraram te fè tout sa l kapab pou l viv anpè ak Filisten yo ki t ap viv nan peyi Kanaran ansanm avè l. Filisten yo te fè dappiyanp sou yon pi sèvitè Abraram yo te fouye nan Beyècheba. Devan sitiyasyon sa a, Abraram te chwazi pou l pa di anyen e pou l pa fè anyen. Annapre, pou yo ka gen lapè antre yo, wa filisten an te vizite Abraram pou l fè yon alyans avè l. Abraram te dakò pou l viv anpè ak desandan wa a. Se apre rankont sa a, Abraram te fè wa a konnen Filisten yo te fè dappiyanp sou pi l la. Wa a te sezi tande sa, e li te remèt Abraram pi a. Abraram te kontinye viv anpè nan peyi a antanke etranje. — Jen. 21:22-31, 34.

12, 13. a) Ki jan Izarak te suiv egzanp papa l? b) Ki jan Jewova te beni efò Izarak te fè pou l fè lapè?

12 Izarak, pitit Abraram nan, te renmen lapè menm jan ak papa l. Li te fè tout sa l kapab tou pou l viv anpè ak Filisten yo. Etandone pa t gen manje nan peyi a, Izarak ak fanmi l te kite Beyè-Lahayi-Woy, yon kote nan Negèb ki te gen sechrès, e yo pran direksyon nò pou y al Gera, yon kote ki te bay plis manje ki te nan tèritwa Filisten yo. Jewova te beni Izarak, li te fè jaden l yo donnen anpil e li te fè Izarak vin gen anpil bèt. Sa te fè Filisten yo fè jalouzi. Kòm yo pa t vle pou Izarak kontinye vin pi rich, yo te plen pi dlo l yo ak tè. Finalman, wa filisten an di Izarak: “Pati, al fè wout ou!” Pou Izarak te ka fè lapè, li te fè sa wa a te di a. — Jen. 24:62; 26:1, 12-17.

13 Apre Izarak ak fanmi l fin deplase kite zòn nan, bèje Izarak yo fouye yon lòt pi. Kèk Filisten ki te bèje te pran pale anpil ak bèje Izarak yo akoz pi sa a e yo te di dlo a se pou yo l ye. Kòm Izarak te menm moun ak papa l, li pa t vle nan goumen. Olye de sa, li te di sèvitè l yo pou yo fouye yon lòt pi ankò. Filisten yo te pran pale anpil pou pi sa a tou. Yon lòt fwa ankò, Izarak te pran tout afè l e li te deplase ak tout fanmi l pou l ka fè lapè. Lè yo rive kote yo t aprale a, yo te fouye yon lòt pi e yo te rele l Reyobòt. Annapre, li te deplase al Beyècheba, yon kote ki bay plis manje. Jewova te beni l kote sa a e li te di l: “Ou pa bezwen pè anyen, paske mwen la avèk ou. M’ap beni ou, m’ap ba ou anpil pitit pitit, poutèt Abraram, sèvitè m lan.” — Jen. 26:17-25.

14. Lè wa filisten an te vin fè yon alyans ak Izarak, ki jan Izarak te montre li vle fè lapè ak wa a?

14 Nòmalman, Izarak te gendwa deside goumen pou l defann dwa l te genyen sou pi sèvitè l yo te fouye yo. Wa filisten an te konnen Jewova te beni Izarak nan tout sa l te fè. Pandan li menm ak kèk nan fonksyonè l yo t al vizite Izarak Beyècheba, yo te fè yon alyans avè l. Men sa wa a te di: “Kounyeya nou konnen Senyè a avèk ou.” Men, Izarak te pito deplase plizyè fwa pou l ka fè lapè. Li pa t sou goumen. Fwa sa a tou, lè wa a ak fonksyonè l yo te vin vizite Izarak, Izarak te montre li te vle fè lapè ak wa a. Bib la di nou: “Izarak fè gwo fèt pou yo. Yo manje, yo bwè. Nan granmaten, yo leve, yo sèmante yonn bay lòt. Apre sa, moun Filisti yo di Izarak orevwa. Yo separe tankou de bon zanmi, epi y al fè wout yo.” — Jen. 26:26-31.

Annou pran leson nan egzanp Jozèf

15. Poukisa gran frè Jozèf yo pa t konn pale byen avè l?

15 Bib la di Jakòb, pitit Izarak, te “yon moun ki dwat”. (Jen. 25:27, NW.) Jan nou te aprann sa anvan, Jakòb te fè tout sa l kapab pou l fè lapè ak Ezayi, frè l la. Li te pran leson nan bon egzanp Izarak, papa l, te ba li. Men, èske pitit Jakòb yo te imite egzanp li? Nan douz pitit gason Jakòb te genyen yo, se Jozèf Jakòb te pi renmen. Jozèf te obeyisan, li te respekte papa l e papa l te kapab fè l konfyans (Jen. 37:2, 14). Men, Bib la di gran frè Jozèf yo te tèlman ap fè jalouzi akoz Jozèf, yo pa t konn pale byen avè l. Yo te tèlman rayi l, yo te vann li kòm esklav. Apre sa, yo te fè papa yo kwè yon bèt sovaj te touye l. — Jen. 37:4, 28, 31-33.

16, 17. Ki jan fason Jozèf te trete frè l yo te montre li te vle fè lapè avèk yo?

16 Jewova te beni Jozèf. Avèk letan, Jozèf te vin premye minis ann Ejip, sa vle di dezyèm moun ki te gen plis pouvwa nan peyi sa a. Lè te gen yon gwo grangou nan peyi Kanaran, frè Jozèf yo te vin ann Ejip pou yo achte manje. Lè yo te rankontre ak Jozèf, yo pa t rekonèt li, petèt paske li te gen rad ejipsyen sou li (Jen. 42:5-7). Jozèf te kapab trete frè l yo jan yo menm yo te trete li menm ak papa l. Olye Jozèf te fè sa, li te fè tout sa l kapab pou l fè lapè avèk yo. Apre frè l yo te fin montre aklè yo te repanti, Jozèf te di yo kiyès li ye. Men sa l te di yo: “Nou pa bezwen boulvèse. Nou pa bezwen regrèt nou te vann mwen pou yo mennen m isit la. Se Bondye ki te voye m devan pou m te ka sove lavi nou.” Apre sa, “li bo tout frè li yo, [e] li t ap kriye”. — Jen. 45:1, 5, 15.

17 Apre lanmò Jakòb, papa yo, frè Jozèf yo te panse li te ka vle tire revanj sou yo. Lè yo te pale ak Jozèf sou sa, Jozèf te “pran kriye” e li te di frè l yo: “Nou pa bezwen pè. M’ap okipe nou, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo.” Menm lè sa a, Jozèf te montre li se yon moun ki renmen lapè. “Li te di yo pawòl ki te touche kè yo, li [te] remoute kouraj yo”. — Jen. 50:15-21.

Egzanp ki kapab sèvi “pou enstriksyon nou”

18, 19. a) Ki sa nou sot aprann nan egzanp nou te egzamine nan atik sa a? b) Ki sa nou pral aprann nan atik ki vin apre a?

18 Men sa apot Pòl te ekri: “Tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo.” ​(Wom. 15:4). Ki leson nou aprann nan men Jewova, Moun ki bay pi gwo egzanp lan, e ki leson nou aprann nan men Abraram, Izarak, Jakòb ak Jozèf?

19 Si nou reflechi sou tout sa Jewova fè pou nou ka vin zanmi l, n ap anvi fè tout sa nou kapab pou nou viv anpè ak lòt moun. Egzanp Abraram, Izarak, Jakòb ak Jozèf aprann nou paran yo kapab bay pitit yo bon egzanp epi anseye yo kòman pou yo fè lapè ak lòt moun. Nou te aprann tou Jewova beni efò moun k ap eseye fè lapè yo. Sa ede nou konprann poukisa apot Pòl te di Jewova se “Bondye ki bay lapè a”. (Li Women 15:33; 16:20.) Atik ki vin apre a pral pale sou rezon ki fè apot Pòl te di nou bezwen fè lapè ak lòt moun e sou kòman nou kapab fè sa.

Ki sa nou te aprann?

• Pou Jakòb te kapab fè lapè ak Ezayi, ki sa l te fè yon ti tan anvan l te rankontre l?

• Pou Jewova te ka fè l posib pou lèzòm vin zanmi l, sa te koute l chè. Ki sa sa fè w anvi fè?

• Ki leson nou te aprann nan egzanp Abraram, Izarak, Jakòb ak Jozèf?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Ki sa ki te pi enpòtan Jakòb te fè ki te ede l fè lapè ak Ezayi?