Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w dwe peye taks?

Èske w dwe peye taks?

Èske w dwe peye taks?

PA GEN anpil moun ki renmen peye taks. Anpil moun panse lajan taks yo peye a se gaspiye li gaspiye, gouvènman yo pa regle anyen avè l, yo mal itilize l oswa yo vòlè l. Sepandan, gen kèk moun ki refize peye taks paske yo panse sa gouvènman yo fè ak kòb yo peye a pa kòrèk. Men sa moun k ap viv nan yon vil nan Mwayenn Oryan di pou esplike desizyon yo pran pou yo pa peye enpo oswa taks: “Nou pap bay kòb pou achte katouch pou touye pitit nou.”

Se pa moun sa yo sèlman ki panse konsa e se pa premye fwa moun panse konsa. Mohandas Gandhi, yon chèf endou ki mouri kounye a, te fè konnen poukisa konsyans li pa pèmèt li peye enpo oswa taks. Men sa l te di: “Moun ki soutni yon Leta ki gen yon lame pou l pran swen patisipe nan peche swa dirèkteman swa endirèkteman. Chak moun, kit li granmoun kit li jèn, patisipe nan peche a lè l peye taks k ap pèmèt Leta sa a kenbe.”

Menm jan an tou, gen yon filozòf nan 19yèm syèk la ki rele Henry David Thoreau ki te bay rezon ki fè li refize peye enpo oswa taks yo itilize pou soutni lagè. Men kesyon l te poze: “Èske yon sitwayen dwe kite yon moun k ap fè lwa pran desizyon li menm li ta dwe pran ann amoni ak konsyans pa l? Poukisa menm chak moun gen yon konsyans?”

Kesyon sa a konsène kretyen yo, paske Bib la anseye aklè yo dwe gen yon konsyans ki klè nan tout bagay (2 Timote 1:3). Yon lòt bò, Labib rekonèt tou gouvènman yo gen otorite pou yo ranmase enpo oswa taks. Men sa l di: “Se pou tout moun soumèt devan otorite yo [gouvènman lèzòm yo], paske pa gen otorite san pèmisyon Bondye. Otorite ki egziste yo, se Bondye ki etabli yo nan pozisyon yo ye a youn parapò ak lòt. Kidonk, li nesesè pou nou soumèt, nonsèlman akoz kòlè sa a, men tou akoz konsyans nou. Se poutèt sa tou nou peye enpo, paske se sèvis Bondye y ap fè, e yo toujou la ap fè sèvis sa a. Se pou nou bay tout moun sa nou dwe ba yo: yon moun ki egzije enpo, ba li enpo; yon moun ki egzije taks, ba li taks.” — Women 13:1, 5-7.

Se poutèt sa, kretyen nan premye syèk yo gen repitasyon kòm moun ki dispoze peye enpo oswa taks, menm lè yon bon pati nan kòb la sèvi pou soutni lame. Se menm bagay la tou pou Temwen Jewova yo nan epòk n ap viv la *. Pou ki rezon yon kretyen peye enpo oswa taks alòske li pa ka soutni sa y ap fè ak lajan enpo a oswa lajan taks la? Èske yon kretyen dwe vag sou konsyans li lè l gen pou l peye enpo oswa taks?

Taks ak konsyans

Li bon pou nou note yon pati nan taks yo te mande kretyen nan premye syèk yo pou yo peye yo te sèvi pou soutni lame. Malgre sa, kretyen yo te peye taks pou konsyans yo te ka ret klè. Yon lòt bò, Gandhi ak Thoreau te fè konnen yo refize peye taks k ap sèvi pou soutni lame pou konsyans yo ka ret klè.

N ap remake kretyen yo pa t obeyi kòmandman ki nan Women chapit 13 la senpleman paske yo te vle evite pinisyon, men yo te fè sa tou “akoz konsyans” yo (Women 13:5). Wi, konsyans yon kretyen egzije l peye taks, menmsi yo sèvi ak lajan taks sa yo pou yo soutni yon seri aktivite li menm pèsonèlman li rejte. Pou nou konprann sitiyasyon sa a ki sanble yon kontradiksyon, nou dwe rekonèt yon pwen enpòtan anrapò ak konsyans nou, sètadi vwa ki anndan nou an ki fè nou konnen si aksyon nou fè yo bon oswa si yo pa bon.

Tankou Thoreau te fè remake, chak moun gen yon vwa konsa anndan l, men sa pa vle di nou toujou ka fè vwa sa a konfyans. Pou nou fè Bondye plezi, konsyans nou dwe ann amoni ak prensip moral li yo. Byen souvan nou bezwen fè chanjman nan fason nou panse ak nan fason nou wè bagay yo pou yo ka ann amoni ak fason Bondye panse e ak fason li wè bagay yo, paske panse Bondye siperyè panse pa nou (Sòm 19:7). Kidonk, nou dwe fè efò pou nou konprann fason Bondye konsidere gouvènman lèzòm yo. Ki jan l konsidere yo?

Nou remake apot Pòl te di gouvènman lèzòm yo “se sèvis Bondye y ap fè”. (Women 13:6.) Ki sa sa vle di? Sa vle di prensipalman yo mete lòd e yo fè yon seri travay ki itil sosyete a. Souvan, menm gouvènman ki pi kòwonpi yo ofri yon seri sèvis tankou: lapòs, lekòl Leta, ponpye ak lapolis. Byenke Bondye byen konnen mankman gouvènman lèzòm yo genyen, li kite yo egziste pou yon ti moman e li mande nou pou nou peye taks pou nou montre nou respekte dispozisyon sa a li pran an, sètadi lefètke li pèmèt gouvènman yo dirije limanite.

Sepandan, se pou yon ti moman Bondye pèmèt gouvènman lèzòm yo dirije. Volonte l se pou l sèvi ak Wayòm li an ki nan syèl la pou l ranplase yo tout, e apre sa pou l elimine tout domaj gouvènman lèzòm yo lakòz limanite sibi pandan plizyè syèk (Danyèl 2:44; Matye 6:10). Men, antretan Bondye pa otorize kretyen yo pou yo fè sa yo rele dezobeyisans sivil lè yo refize peye taks oswa lè yo itilize nenpòt lòt mwayen.

Ki sa w ta dwe fè si w kontinye gen enpresyon se lagè w ap soutni lè w peye taks, menm jan Gandhi te panse sa? Lè nou monte yon kote ki wo nou ka wè yon zòn pi byen, se konsa tou nou ka pi dispoze ajiste fason nou panse pou l ann amoni ak fason Bondye panse lè nou reflechi sou fason li wè bagay yo e nou rann nou kont nan ki pwen fason li wè bagay yo siperyè fason nou wè yo. Men sa Bondye di pa mwayen pwofèt Izayi: “Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m byen lwen chemen pa nou.” — Ezayi (Izayi) 55:8, 9.

Otorite total?

Sa Bib la anseye sou kesyon peye taks la pa vle di gouvènman lèzòm yo gen otorite total sou moun y ap dirije yo. Jezi te fè konnen se sèlman yon otorite ki limite Bondye bay gouvènman yo. Lè kèk moun te mande Jezi èske se yon bagay ki kòrèk nan je Bondye pou yo peye taks gouvènman women an ki t ap dirije lè sa a te mande yo pou yo peye, Jezi te fè yon deklarasyon ki pwofon pou l reponn yo. Men sa l te di: “Bay Seza sa k pou Seza, men bay Bondye sa k pou Bondye.” — Mak 12:13-17.

“Seza” reprezante gouvènman yo, e se gouvènman yo ki fè ni lajan monnen ni lajan papye e yo patisipe nan bay lajan yo valè yo genyen yo. Donk, selon Bondye, yo gen dwa mande pou moun bay lajan kòm taks. Sepandan, Jezi te montre pa gen okenn enstitisyon lèzòm ki gen dwa mande pou nou ba yo “sa k pou Bondye yo”, sètadi lavi nou ak adorasyon n ap bay la. Lè lwa lèzòm yo oswa egzijans yo fè yo an kontradiksyon ak lwa Bondye yo, kretyen yo “dwe obeyi [Bondye] antanke chèf, se pa lèzòm” yo dwe obeyi. — Travay 5:29.

Jodi a, kretyen yo ka santi sa deranje yo lè yo wè fason gouvènman yo depanse kèk nan kòb taks yo peye yo, men yo pa opoze ak aksyon gouvènman yo ap fè ni yo pa refize peye taks nan objektif pou yo ta eseye bloke aksyon gouvènman yo oswa enfliyanse yo. Si yo ta fè sa, sa t ap montre yo manke konfyans nan solisyon Bondye bay pou malè k ap frape limanite yo. Okontrè, avèk pasyans y ap tann tan Bondye fikse a rive pou l entèvni nan zafè lèzòm pa mwayen Pitit li a, Jezi, ki pral dirije. Men sa Jezi te di: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a.” — Jan 18:36.

Byenfè nou jwenn lè nou suiv ansèyman ki nan Bib la

Ou ka jwenn anpil byenfè lè w suiv ansèyman ki nan Bib la anrapò ak kesyon peye taks la. W ap evite pinisyon ki rezève pou moun k ap vyole lalwa yo e ou pap pè pou yo pa kenbe w nan fè sa k pa sa (Women 13:3-5). Sa k pi enpòtan an, w ap toujou gen yon konsyans ki klè devan Bondye e w ap onore l paske w soumèt devan lalwa. Menm lè ou ta fè pèt lè w konpare tèt ou ak moun ki refize peye taks oswa ki fè fo deklarasyon sou taks yo ta dwe peye, ou ka konte sou pwomès Bondye fè pou l pran swen sèvitè fidèl li yo. Men deklarasyon David, youn nan moun ki te ekri Bib la, te fè: “Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite.” — Sòm 37:25.

Finalman, lè w konprann kòmandman Bib la bay ki mande pou w peye taks la e lè w suiv kòmandman sa a, lespri w ap anpè. Bondye pa rann ou responsab sa gouvènman yo fè ak lajan taks ou peye a, menm jan lalwa pa rann yon moun responsab sa mèt kay kote l rete a fè ak kòb lwaye l peye a. Gen yon mesye ki rele Stelvio ki te fè plizyè ane ap chèche fè chanjman politik ann Ewòp disid anvan l te aprann laverite ki nan Bib la. Men sa l te di pou l esplike rezon ki fè l sispann fè efò nan sans sa a: “Mwen te oblije admèt lèzòm pa ka bay jistis ak lapè e yo pa ka fè moun viv tankou frè ak sè nan monn nan. Se sèl Wayòm Bondye a ki ka vrèman etabli yon sosyete ki diferan e ki pi bon.”

Menm jan ak Stelvio, si w “bay Bondye sa k pou Bondye” yo fidèlman, ou menm tou ou ka gen menm asirans lan. W ap wè moman kote Bondye pral fè gen yon gouvènman jis ki pral dirije tout tè a, ki pral elimine domaj ak enjistis gouvènman lèzòm yo lakòz.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Pou nou jwenn enfòmasyon sou Temwen Jewova yo antanke moun ki abitye peye taks, gade Toudegad 1ye novanm 2002, paj 23, paragraf 15, ak Toudegad 1ye me 1996, paj 17, paragraf 7 (fransè).

[Antrefilè nan paj 24]

Nou bezwen korije fason nou wè bagay yo pou nou wè yo menm jan ak Bondye paske panse l yo siperyè panse nou.

[Antrefilè nan paj 25]

Lè kretyen yo obeyi e yo peye taks, konsyans yo ret klè devan Bondye e yo demontre yo gen konfyans l ap fè yo jwenn sa yo gen bezwen.

[Foto nan paj 24]

“Bay Seza sa k pou Seza, men bay Bondye sa k pou Bondye.”

[Liy kredi]

Copyright British Museum