Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se Jewova ki tout mwen

Se Jewova ki tout mwen

Se Jewova ki tout mwen

“Se mwen menm ki tout ou, se mwen menm ki tout byen ou nan mitan pèp Izrayèl la.” — NONB 18:20.

1, 2. a) Èske Levit yo te resevwa yon pòsyon nan Latè pwomiz? Esplike. b) Ki pwomès Jewova te fè Levit yo?

APRE Izrayelit yo te fin pran pifò nan Latè pwomiz, Jozye ak Eleyaza, gran prèt la, ansanm ak chèf tribi yo te divize peyi a an plizyè pati. Chak tribi te jwenn pòsyon pa yo (Nonb 34:13-29). Jewova te bay chak tribi yon pòsyon nan tè a, men li pa t bay Levit yo yon pòsyon (Joz. 14:1-5). Ki sa k fè Levit yo pa t resevwa yon pòsyon nan Latè pwomiz? Èske se bliye yo te bliye yo?

2 N ap jwenn repons lan nan pawòl Jewova te di Levit yo. Jewova te fè yo pwomès li pa t ap abandone yo. Men sa l te di yo: “Se mwen menm ki tout ou, se mwen menm ki tout byen ou nan mitan pèp Izrayèl la.” ​(Nonb 18:20). Lè Jewova te di yo “se mwen menm ki tout ou” a, li te fè yo yon bèl pwomès. Ki jan w t ap santi w si se ou menm Jewova te di pawòl sa yo? Premye reyaksyon ou ta kapab genyen se mande tèt ou: ‘Èske m merite pou Toupisan an fè m yon pwomès konsa?’ Ou ta kapab mande tèt ou tou: ‘Èske Jewova kapab tout bagay pou kretyen yo jodi a toutbonvre, malgre yo enpafè?’ Kesyon sa yo enpòtan paske yo konsène ni ou menm ni moun ou renmen. Se sa k fè nou pral wè sa sa vle di pou Jewova tout bagay pou yon moun. Sa ap ede nou konprann ki jan Jewova kapab tout bagay pou kretyen yo jodi a. Sa k pi enpòtan, w ap rive konprann ki jan Jewova kapab tout bagay pou ou, kit ou gen esperans pou w al viv nan syèl la, kit ou gen esperans pou w viv sou tè a ki pral tounen yon paradi.

Jewova te pran swen Levit yo

3. Ki jan Levit yo te fè vin ap sèvi Bondye?

3 Anvan Jewova te bay pèp Izrayèl la Lalwa, se chak chèf fanmi ki te konn aji antanke prèt pou fanmi l. Men, apre Jewova te fin bay pèp la Lalwa, li te chwazi kèk moun nan tribi Levi pou yo sèvi l antanke prèt e antanke moun k ap ede prèt yo. Kòman sa te fèt? Lè Jewova te detwi premye pitit gason Ejipsyen yo, li te mete premye pitit gason Izrayèl yo apa pou li. Sa vle di yo te vin pa l pou sèvis li. Men, annapre, Jewova te deside se Levit yo ki pou sèvi l “nan plas tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo”. Piske kantite premye pitit gason ki te gen nan lòt tribi Izrayèl yo te plis pase Levit yo, Jewova te mande pou Izrayelit yo peye yon pri pou premye pitit ki te gen “an plis” yo (Nonb 3:11-13, 41, 46, 47). Apre sa, Levit yo t ap kapab kòmanse sèvi Bondye Izrayèl la.

4, 5. a) Ki sa sa te vle di pou Bondye tout bagay pou Levit yo? b) Ki jan Jewova te bay Levit yo sa yo te bezwen?

Ki enpak sèvis Levit yo t apral bay Jewova a t ap genyen sou yo? Lè Jewova te chwazi Levit yo pou yo sèvi l la, ki jan li te vin tout yo? Olye l te ba yo yon pòsyon nan Latè pwomiz, Jewova te ba yo yon lòt bagay ki te pi bon: yon travay ki te gen anpil enpòtans. Yo te ‘sèvi Senyè a antanke prèt’ e se te byen pa yo sa (Joz. 18:7). Nonb chapit 18 la ede nou konprann yo t ap jwenn sa yo bezwen nan domèn materyèl. (Li Nonb 18:19, 21, 24.) Levit yo te jwenn ‘tout ladim moun Izrayèl te bay la pou sèvis yo t’ap rann nan’. Sa vle di yo te resevwa yon dizyèm nonsèlman sou tout sa tè a te pwodui, men tou, yon dizyèm sou kantite bèt Izrayelit yo te vin gen anplis. Sepandan, Levit yo te bay prèt yo yon dizyèm, “sa ki pi bon” an, sou tout sa yo te resevwa, pou prèt yo te kapab jwenn sa yo te bezwen pou yo viv * (Nonb 18:25-29). Prèt yo te resevwa tou ‘tout ofrann’ sakre pitit gason Izrayèl yo te pote bay Bondye kote yo te dwe adore l la. Donk, prèt yo te kapab konte sou Jewova pou l ba yo sa yo bezwen.

Sanble Lwa Moyiz la te mande pou Izrayelit yo bay yon dezyèm dim. Fanmi Izrayelit yo te konn itilize l pou manje, bwason e pou yo pran plezi yo nan gwo rasanbleman ki te konn fèt chak ane yo (Det. 14:22-27). Men, yo te konn sèvi ak dim sa a yon lòt fason ankò. Izrayelit yo te gen yon ane saba chak setan. Nan fen twazyèm ak sizyèm ane a, yo te dwe sèvi ak dim sa a pou yo ede moun ki te pòv yo ansanm ak Levit yo. Poukisa lwa sa a te konsène Levit yo tou? Se paske yo “pa [t] gen anyen ki te rele yo pa yo” ann Izrayèl. — Det. 14:28, 29.

6. Menmsi Levit yo pa t jwenn yon pòsyon nan Latè pwomiz, ki kote yo te rete?

6 Si Levit yo pa t resevwa yon pòsyon nan Latè pwomiz, ki kote yo te rete? Bondye te pran swen yo. Li te ba yo 48 vil ansanm ak teren ki te antoure vil sa yo. Pami vil sa yo, te gen sis vil kote moun te kapab al pran refij (Nonb 35:6-8). Donk, Levit yo te gen yon kote pou yo rete lè yo pa t ap fè sèvis Bondye te ba yo fè a. Jewova te byen pran swen moun ki te bay tout yo menm nan sèvis li. Men, ki jan Levit yo te kapab montre Jewova te tout yo? Yo t ap montre sa lè yo gen konfyans Jewova kapab ba yo tout sa yo bezwen e li vle fè sa.

7. Pou Jewova te kapab tout bagay pou Levit yo, ki sa Levit yo te dwe genyen?

7 Nan Lalwa, pa t gen pinisyon pou yon Izrayelit ki pa t bay ladim. Lè moun yo nan pèp la pa t obeyi lwa Jewova te bay konsènan ladim nan, sa te gen enpak sou prèt yo ak Levit yo. Sa te rive nan epòk Neyemya a. Se sa k fè, Levit yo te oblije al fè jaden e yo pa t kapab fè travay yo te gen pou yo fè nan sèvis yo t ap bay Bondye a (Li Neyemi (Neyemya) 13:10.) Li klè, pou tribi Levi a te ka jwenn sa l te bezwen, sa te depann de relasyon moun yo nan nasyon an te gen ak Bondye. Mete sou sa, prèt yo ak Levit yo te bezwen gen lafwa nan Bondye ak nan kapasite li genyen pou l pran swen yo.

Jewova te tout bagay pou kèk Levit an patikilye

8. Ki sa ki te bay Levit yo te rele Asaf la pwoblèm?

8 Jewova te dwe tout bagay pou Levit yo antanke tribi. Men, gen kèk Levit ki te konn itilize ekspresyon “se Senyè a ki tout mwen” pou yo montre jan yo te devwe nan sèvis li ak jan yo te konte sou li (Lam. 3:24). Gen youn nan Levit sa yo ki te konn chante e ki te konn konpoze mizik. Ann di Levit sa a te rele Asaf, byenke li te kapab yon moun ki te soti nan fanmi Asaf, Levit ki t ap dirije chantè yo nan epòk wa David la (1 Kwo. 6:31-43). Nan Sòm 73, nou aprann Asaf (oswa youn nan desandan l yo) te santi l twouble. Li te jalou mechan yo ki t ap byen mennen e li te menm rive di: “Gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m pou m pa fè move bagay? [Gen lè] se pou gremesi mwen refize mete men m nan move zafè?” Sanble, pandan yon tan, li te bliye privilèj Jewova te ba li a te vrèman espesyal. Li te bliye se Jewova ki te tout li. Li te sispann gen pwoblèm ‘lè l t al lakay Bondye’. — Sòm 73:2, 3, 12, 13, 17.

9, 10. Ki sa k fè Asaf te kapab di se Bondye ‘ki tout li’ pou toutan?

9 Asaf te kòmanse wè bagay yo menm jan ak Bondye lè l t al lakay Bondye. Ou menm tou, ou gendwa te fè yon eksperyans konsa. Petèt yon lè ou te bliye bèl privilèj ou genyen nan sèvis Bondye e w te kòmanse konsantre sou bagay materyèl ou pa t genyen. Men, lefètke w etidye Pawòl Bondye a e w asiste reyinyon yo, ou te vin wè bagay yo menm jan ak Jewova. Asaf te rive konprann sa ki t apral rive mechan yo pi devan. Li te reflechi sou sitiyasyon l e li te rann li kont Jewova t ap kontinye gide l. Se sa k fè li te di Jewova: “Se ou ki tout plezi m sou latè.” ​(Sòm 73:23, 25). Apre sa, li te di Bondye se tout li. (Li Sòm 73:26.) Menmsi ‘kò salmis la ta deperi, e l ta vin gaga’, se Bondye ki t ap ‘tout li’ pou toutan. Salmis la te gen konfyans Jewova t ap sonje l kòm zanmi e Li pa t ap bliye jan l te sèvi l fidèlman (Ekl. 7:1). Se pa ti rekonfòte sa dwe te rekonfòte Asaf! Men yon chante li te chante: “Mwen menm, sa bon nèt pou m rete bò kot Bondye: Se nan Senyè a mwen jwenn pwoteksyon.” — Sòm 73:28.

10 Lè Asaf te di Jewova se tout li a, li pa t ap pale sèlman de bagay materyèl li te resevwa antanke Levit. Li te plis ap pale konsènan sèvis li t ap bay Jewova a ak relasyon li te gen avè l, sa vle di amitye li te vin genyen ak Toupisan an (Jak 2:21-23). Pou salmis la te kapab kenbe relasyon l te gen ak Jewova a, li te dwe kontinye gen lafwa nan Jewova epi kontinye fè l konfyans. Asaf te bezwen gen konfyans lavi l t ap fini byen si l te kontinye aplike prensip Bondye yo. Ou menm tou, ou mèt fè Bondye konfyans.

11. Ki kesyon Jeremi te poze, e ki jan l te jwenn repons pou kesyon l lan?

11 Pwofèt Jeremi se te yon lòt Levit ki te rekonèt ‘se Senyè a ki tout li’. Ann wè sa l te vle di lè l te itilize ekspresyon sa a. Jeremi t ap viv Anatòt, yon vil kote Levit te abite e ki te toupre Jerizalèm (Jer. 1:1). Gen yon lè, Jeremi te tèlman santi l twouble, li te mande Bondye: Poukisa zafè mechan yo mache byen konsa (Jer. 12:1)? Apre l te fin wè sa k ap pase Jerizalèm ak Jida, sa l te wè yo te fè l “plenyen”. (NW.) Jeremi te konnen Jewova se yon Dye ki jis. Pwofesi Jewova te bay Jeremi annapre yo ak fason pwofesi sa yo te akonpli te byen reponn kesyon pwofèt la te poze a. Jan pwofesi Jewova yo te di sa, moun ki te suiv direksyon Jewova te bay yo te “sove lavi yo”, alòske mechan ki t ap byen mennen yo pa t suiv sa Jewova te di e yo te pèdi lavi yo. — Jer. 21:9.

12, 13. a) Ki sa k te pouse Jeremi di: “Se Senyè a ki tou mwen”, e ki sa l te dispoze fè? b) Poukisa tout tribi ann Izrayèl yo te bezwen dispoze ret tann?

12 Annapre, lè Jeremi t ap gade jan peyi l la te kraze, li te santi se kòmsi li t ap mache nan fènwa. Se kòmsi Jewova te fè l vin ‘tankou yon moun ki te mouri’ depi lontan (Lam. 1:1, 16; 3:6). Jeremi te di nasyon kou rèd sa a pou yo retounen vin jwenn Papa yo ki nan syèl la, men nasyon an te tèlman lage kò l nan mechanste, Bondye te oblije kite yo detwi Jerizalèm ak Jida. Sa te lakòz Jeremi soufri, byenke li pa t fè anyen ki mal. Nan mitan tout soufrans li yo, li te sonje jan Jewova te gen mizèrikòd. Li te di: “Nou la toujou.” ​(NW). Pa gen dout nan sa, Jewova fè sèvitè l yo mizèrikòd chak maten. Se apre sa Jeremi te di: “Se Senyè a ki tout mwen.” Li te kontinye gen privilèj pou l sèvi Jewova antanke pwofèt. — Li Lamantasyon 3:22-24.

13 Pandan 70 an, Izrayelit yo t ap viv nan yon lòt peyi e peyi yo a pa t ap gen yon grenn moun ladan l (Jer. 25:11). Sepandan, lè Jeremi te di ‘se Senyè a ki tout li’ a, li te montre li gen konfyans Jewova gen mizèrikòd, e konfyans sa a te fè l dispoze “rete tann”. (NW.) Tout tribi Izrayèl yo te pèdi eritaj yo a, se sa k fè yo te dwe gen menm atitid ak pwofèt Jeremi. Se Jewova sèl ki te kapab ede yo nan sitiyasyon sa a. Apre 70 ane, pèp Bondye a te retounen nan peyi l e li te gen privilèj sèvi Jewova nan peyi sa a. — 2 Kwo. 36:20-23.

Jewova te tout bagay tou pou moun ki pa t Levit

14, 15. Apa Levit yo, Jewova te tout bagay pou ki moun, e poukisa?

14 Asaf ak Jeremi te soti nan tribi Levi a. Men, èske se sèlman Levit yo ki te gen privilèj sèvi Jewova? Non! Lè David te jèn e li potko wa ann Izrayèl, men sa li te di Bondye: “Se ou menm ki tout mwen nan lavi sa a.” ​(Li Sòm 142:1, 5.) Lè David te ekri sòm sa a, li pa t ap viv ni nan yon palè ni nan yon kay. Li t ap viv nan yon gwòt kote l t ap kache pou ènmi l yo. Nan omwen de okazyon, David t al kache nan yon gwòt. Youn nan gwòt sa yo te toupre Adoulam e lòt la te nan dezè Enngedi a. Li posib pou David te ekri Sòm 142 a lè l te nan youn nan gwòt sa yo.

15 Si se sa, se nan moman wa Sayil t ap pousuiv David e li t ap chèche touye l la David te ekri sòm sa a. David te chape pou l li pou l al nan yon gwòt ki te difisil pou moun rive antre ladan l (1 Sam. 22:1, 4). Pandan David te nan gwòt sa a, li te gendwa panse li pa t gen okenn zanmi avè l pou ede l (Sòm 142:4). Se lè sa a li te mande Bondye èd.

16, 17. a) Ki sa ki te kapab fè David santi l poukont li? b) Sou ki moun David te kapab konte pou l jwenn èd?

16 Lè David te ekri Sòm 142 a, petèt li te aprann sa k te rive Ayimelèk, gran prèt la, ki te ede David san l pa t konnen se kouri David t ap kouri pou Sayil. Wa Sayil ki te jalou te fè touye Ayimelèk ak tout moun lakay li (1 Sam. 22:11, 18, 19). David te santi se li ki te responsab lanmò yo. Se kòmsi se li ki te touye prèt ki te ede l la. Si w te nan plas David, èske w pa t ap santi w responsab? Mete sou sa, David pa t ka repoze l piske Sayi l te toujou dèyè touye l.

17 Yon ti tan annapre, Samyèl, pwofèt Jewova te voye chwazi David pou l vin wa a, te mouri (1 Sam. 25:1). Sa te ka fè David santi l plis poukont li toujou. Sepandan, David te konnen li te kapab konte sou Jewova. David pa t gen menm privilèj ak Levit yo, men Bondye te gentan chwazi l pou yon lòt travay, sa vle di pou l dirije pèp Bondye a kòm wa (1 Sam. 16:1, 13). Se sa k fè David te ouvri kè l bay Jewova e li te kontinye chèche direksyon nan men l. Ou menm tou, ou kapab chèche pwoteksyon nan men Jewova epi fè se li ki tout ou toutpandan w ap fè tout sa w kapab nan sèvis li, e se sa w dwe fè.

18. Ki jan moun nou te pale de yo nan atik sa a montre se Jewova ki te tout yo?

18 Jewova te tout bagay pou moun sa yo nou sot pale de yo a paske li te ba yo yon travay pou yo fè nan sèvis li. Pandan yo t ap sèvi l, yo te konte sou li pou l ba yo tout sa yo bezwen. Jewova te tout bagay ni pou Levit yo, ni pou moun ki te soti nan lòt tribi yo, tankou David. E ou menm, èske se Jewova ki tout ou? Nou pral pale sou sa nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou fason Jewova te pran swen prèt yo, gade volim 2 liv Étude perspicace des Écritures la, paj 655, 656.

Ki repons nou ta bay?

• Nan ki sans Jewova te tout bagay pou Levit yo?

• Ki sa Asaf, Jeremi ak David te fè ki te montre se Jewova ki te tout yo?

• Ki kalite ou bezwen genyen si w vle pou se Bondye ki tout ou?

[Kesyon]

[Antrefilè nan paj 8]

Levit yo pa t resevwa yon pòsyon nan Latè pwomiz. Olye de sa, se Jewova ki te tout yo paske li te ba yo yon travay espesyal pou yo fè.

[Foto nan paj 7]

Ki jan Jewova te tout bagay pou prèt yo ak Levit yo?

[Foto nan paj 9]

Ki sa k te ede Asaf kontinye montre se Jewova ki tout li?