Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske se Jewova ki tout ou?

Èske se Jewova ki tout ou?

Èske se Jewova ki tout ou?

“Kontinye chèche wayòm nan an premye, e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou.” — MAT. 6:33.

1, 2. a) “Izrayèl Bondye” yo pale de li nan Galat 6:16 la, kiyès li reprezante? b) “Douz tribi Izrayèl” yo pale de li nan Matye 19:28 la, kiyès li reprezante?

LÈ W wè mo Izrayèl ekri nan Bib la, ki sa k vin nan lespri w? Èske sa fè w panse ak Jakòb, pitit Izarak la, Bondye te vin bay non Izrayèl la? Oubyen, èske sa fè w sonje desandan l yo, sa vle di nasyon Izrayèl nan tan lontan an? Bib la pale de Izrayèl espirityèl la tou. Lè yo itilize mo Izrayèl la nan yon sans senbolik, an jeneral, li gen rapò ak “Izrayèl Bondye a”, anpalan de 144 000 moun Bondye bay lespri sen l pou yo ka vin wa ak prèt nan syèl la (Gal. 6:16; Rev. 7:4; 21:12). Men, ann egzamine ekspresyon douz tribi Izrayèl la ki parèt nan Matye 19:28.

2 Men sa Jezi te di: “Lè tout bagay ap vin tounèf ankò, lè Pitit lòm nan va chita sou twòn li a nan laglwa, nou menm ki te suiv mwen, n ap chita tou sou douz twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo.” Nan vèsè sa a, “douz tribi Izrayèl yo” reprezante moun yo pral jije e se disip Jezi ki pral nan syèl yo ki pral fè jijman sa a. Moun sa yo pral resevwa lavi pou toutan nan Paradi a sou tè a. Yo pral benefisye travay 144 000 disip ki pral nan syèl yo pral fè antanke prèt.

3, 4. Ki bèl egzanp kretyen ki fidèl Jewova chwazi pou y al nan syèl la bay?

3 Menm jan ak prèt ak Levit nan tan lontan yo, jodi a, moun Bondye chwazi pou y al nan syèl la konsidere sèvis y ap bay Bondye a kòm yon privilèj (Nonb 18:20). Kretyen ki pral nan syèl yo pa atann pou Bondye ba yo yon kote sou tè a kòm eritaj. Olye de sa, yo gen esperans pou yo vin wa ak prèt nan syèl la ansanm ak Jezi Kris. Revelasyon 4:10, 11 montre yo pral kontinye sèvi Jewova nan syèl la antanke wa ak prèt. — Eze. 44:28.

4 Pandan kretyen ki pral nan syèl yo sou tè a toujou, yo viv yon fason ki montre byen klè se Jewova ki tout yo. Sa k pi enpòtan pou yo se privilèj yo genyen pou yo sèvi Bondye. Yo montre yo gen lafwa nan sakrifis Kris te bay kòm ranson an e yo suiv li nètale, konsa, ‘yo asire ni apèl yo ni chwazi yo te chwazi yo a’. (2 Pyè 1:10.) Yo chak gen kapasite pa yo e sitiyasyon yo pa menm. Sepandan, kèlkeswa limit yo genyen, yo pa pran sa kòm pretèks pou yo pa bay tout yo menm nan sèvis Bondye a. Okontrè, yo fè tout sa yo kapab nan sèvis sa a e se li ki gen plis enpòtans pou yo. Mete sou sa, yo se bon egzanp pou moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a nan Paradi a.

5. Ki jan kretyen yo kapab montre se Jewova ki tout yo, e poukisa sa kapab difisil?

Kit nou gen esperans pou n al nan syèl, kit nou gen esperans pou nou viv sou tè a, se pou nou ‘nye tèt nou, se pou nou pran poto soufrans nou, e se pou nou suiv Kris nètale’. (Mat. 16:24.) Gen plizyè milyon moun ki gen esperans pou yo viv nan Paradi a k ap adore Bondye e k ap suiv Kris nètale. Yo pa kontante yo fè yon minimòm nan sèvis Jewova a lè yo santi yo kapab fè plis. Anpil nan yo senplifye lavi yo e yo pran sèvis pyonye. Gen ladan yo ki pran sèvis sa a pandan kèk mwa chak ane. Gen lòt ki fè tout sa yo kapab nan ministè a byenke yo pa kapab pyonye. Yo devwe tankou Mari, dam ki te vide luil santi bon sou Jezi a. Men sa Jezi te di konsènan dam sa a: “Se yon bon aksyon li fè an favè m. [...] Li fè sa l kapab.” ​(Mak 14:6-8). Nan monn sa a Satan ap domine a, li kapab difisil pou n fè tout sa n kapab nan sèvis Jewova a. Sepandan nou bezwen travay di nan sèvis li epi mete konfyans nou nan li. Ann wè kat fason nou kapab fè sa.

Chèche Wayòm Bondye a an premye

6. a) Ki jan pifò moun montre pòsyon pa yo se nan vi sa a sèlman li ye? b) Poukisa li pi bon pou n wè bagay yo menm jan ak David?

6 Jezi te anseye disip li yo pou yo chèche Wayòm Bondye a e pou yo chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye. Nan monn nan, moun yo gen tandans chèche pwòp enterè pa yo. Jan Bib la di sa, moun yo nan ‘sistèm sa a, pòsyon pa yo se nan vi sa a sèlman li ye’. (NW.) (Li Sòm 17:1, 13-15.) Piske yo pa gen okenn respè pou Kreyatè yo a, sa k pi enpòtan pou anpil nan yo se fè lajan, fòme yon fanmi epi kite byen pou yo. Pòsyon pa yo se nan vi sa a sèlman li ye. David, bò kote pa l, te vle pou yo ‘nonmen non l anbyen’ devan Jewova, jan pitit li a te ankouraje tout moun fè sa (Ekl. 7:1). Menm jan ak Asaf, David te rann li kont li pi bon lontan pou l gen Jewova kòm Zanmi l pase pou l chèche pwòp enterè pa l an premye. Li te pran plezi mache ak Bondye. Nan epòk pa nou an, anpil kretyen bay bagay espirityèl yo plis enpòtans pase travay yo.

7. Ki benediksyon yon frè te jwenn paske li te bay Wayòm nan premye plas nan lavi l?

7 Ann pran egzanp Jean-Claude, yon ansyen ki marye, ki gen twa pitit e k ap viv Repiblik santrafikèn. Nan peyi sa a, li pa fasil pou moun jwenn travay, e pifò moun ap fè prèske nenpòt bagay pou yo pa pèdi travay yo. Yon jou, sipèvizè Jean-Claude la te mande l pou l kòmanse travay a 6:30 chak swa nan semèn nan. Jean-Claude te di sipèvizè a non sèlman mwen gen pou m pran swen fanmi m nan domèn materyèl, men, mwen dwe pran swen yo tou nan domèn espirityèl. Li te di l tou li gen responsablite pou l ede kongregasyon an. Ki repons sipèvizè a te ba li? Li te di l: “Si w gen chans gen yon travay, ou bezwen bliye tout lòt bagay, san wete madanm ou, pitit ou ak pwoblèm ou. Se travay ou ki dwe tout vi w, ou pa dwe gen lòt bagay nan tèt ou. Fè chwa w: relijyon w oswa travay ou.” Si se te ou, ki sa w t ap fè? Jean-Claude te rann li kont, si l pèdi travay la, Jewova ap pran swen l. Li te rann li kont tou l ap toujou gen anpil bagay pou l fè nan sèvis Jewova a, e Jewova t ap ede l bay fanmi l sa l bezwen nan domèn materyèl. Se sa k fè, li te asiste reyinyon ki te fèt nan mitan semèn nan. Annapre, li te prepare l pou l al travay, byenke li pa t konnen si yo t ap kenbe l nan travay la. Se nan moman sa a li resevwa yon apèl. Yo te revoke sipèvizè a men yo te kenbe frè nou an nan travay la.

8, 9. Menm jan ak prèt yo ak Levit yo, ki jan nou kapab montre se Jewova ki tout nou?

8 Si w ta twouve w nan menm sitiyasyon Jean-Claude te ladan l lan, ou ta gendwa mande tèt ou: ‘Kòman m ap fè rive bay fanmi m sa yo bezwen?’ ​(1 Tim. 5:8). Kit ou te viv yon sitiyasyon konsa, kit ou pa t janm viv li, dapre eksperyans ou fè, sandout ou konnen ou pap janm desi si se Bondye ki tout ou e si w bay sèvis li anpil enpòtans. Lè Jezi te di disip li yo pou yo “kontinye chèche wayòm nan an premye”, li te ba yo asirans Bondye t ap ‘ajoute tout lòt bagay yo pou yo’, sa vle di li t ap ba yo sa yo bezwen pou yo manje, pou yo bwè ansanm ak rad pou yo met sou yo. — Mat. 6:33.

9 Fè yon ti reflechi sou Levit yo ki pa t resevwa yon pòsyon nan Latè pwomiz. Piske vrè adorasyon an se bagay ki te pi enpòtan pou yo, yo te dwe konte sou Jewova pou yo jwenn sa yo bezwen, paske li te di yo: ‘Se mwen menm ki tout nou.’ ​(Nonb 18:20). Menmsi nou pap sèvi nan yon tanp menm jan ak prèt yo ak Levit yo, nou kapab wè bagay yo menm jan avè yo, lè nou gen konfyans Jewova ap ban nou sa nou bezwen. Li enpòtan anpil pou nou gen plis konfyans nan pouvwa Jewova genyen pou l pran swen nou tank n ap antre pi fon nan dènye jou yo. — Rev. 13:17.

Chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye

10, 11. Nan kesyon travay, ki jan kèk moun te montre se Jewova yo fè konfyans? Bay yon egzanp.

10 Jezi te ankouraje disip li yo tou pou yo “kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye”. (Mat. 6:33.) Sa vle di yo dwe bay sa Jewova di sou sa ki byen ak sa ki mal plis enpòtans pase sa lèzòm di sou sa. (Li Ezayi (Izayi) 55:8, 9.) Petèt ou sonje, lontan, gen kèk moun ki te konn plante tabak oswa ki te konn vann bagay ki fèt ak tabak. Genyen tou ki te konn montre moun fason pou yo fè lagè, ki te konn fè zam e ki te konn vann zam. Pifò nan yo te chwazi fè lòt travay lè yo te vin konnen verite ki nan Bib la pou yo te ka ranpli kondisyon pou yo batize. — Eza. 2:4; 2 Kor. 7:1; Gal. 5:14.

11 Andrew se youn nan moun sa yo. Lè li menm ak madanm li te vin aprann konnen Jewova, yo te deside sèvi l. Aktout Andrew te renmen travay li anpil, li te kite travay la. Poukisa? Se paske li t ap travay pou yon òganizasyon ki mele nan zafè politik e li te detèmine pou l mete sa ki jis nan je Bondye an premye. Lè Andrew te kite travay la, li te gen de timoun, li pa t ap antre senkòb e ti kòb li te rete a t ap fè l kèk mwa sèlman. Yon moun k ap gade ta kapab panse, menm jan ak Levit yo, Andrew pa t gen okenn ‘eritaj’, sa vle di li pa t gen anyen. Sepandan, li te mete konfyans li nan Jewova e li t al chèche travay. Lè li menm ak fanmi l ap reflechi sou lavi yo, yo rann yo kont men Jewova pa twò kout (Eza. 59:1). Lefètke Andrew ak madanm li te mennen yon vi senp, yo te menm gen privilèj antre nan sèvis aplentan. Men sa Andrew te di: “Gen moman kote pwoblèm lajan, pwoblèm kay, pwoblèm sante ak laj k ap antre sou nou konn enkyete nou. Men, Jewova toujou kanpe avèk nou. [...] Nou kapab di ak tout kè nou, lè yon moun sèvi Jewova, sa ba l satisfaksyon e se pi gwo privilèj li kapab genyen nan lavi l *.” — Ekl. 12:13.

12. Ki kalite yon moun bezwen genyen pou l bay prensip Bondye yo premye plas nan lavi l? Bay kèk egzanp nan zòn kote w rete a.

12 Men sa Jezi te di disip li yo: “Si lafwa nou gwosè yon grenn moutad, n ap di mòn sa a: ‘Deplase sot la a al lòtbò’, l ap deplase. E pa gen anyen k ap enposib pou nou.” ​(Mat. 17:20). Èske w t ap mete prensip Bondye yo an premye nan lavi w menmsi sa ta lakòz ou jwenn pwoblèm? Si w pa kwè w t ap kapab fè sa, pale ak frè ak sè yo nan kongregasyon an. Pa gen dout nan sa, lè w tande eksperyans yo fè, sa ap ankouraje w.

Montre nou rekonesan pou sa Jewova ban nou

13. Lè nou fè tout sa nou kapab nan sèvis Jewova a, ki sa n ap jwenn nan domèn espirityèl?

13 Si sèvis n ap bay Jewova a vrèman enpòtan pou nou, nou mèt gen konfyans l ap ban nou sa n bezwen ni nan domèn materyèl ni nan domèn espirityèl, menm jan li te fè sa pou Levit yo. Sonje David. Aktout li te nan yon gwòt, li te gen konfyans Bondye t ap pran swen l. Nou menm tou, nou kapab konte sou Jewova menmsi nou pa wè ni devan ni dèyè. Pa bliye se lè Asaf te antre ‘lakay Bondye’ li te vin konprann ki sa k t ap ba l pwoblèm nan (Sòm 73:17). Menm jan an tou, nou bezwen konte sou Jewova pou nou jwenn manje espirityèl. Lè nou fè sa, n ap montre nou apresye privilèj nou genyen pou nou sèvi Jewova kèlkeswa sitiyasyon nou. Konsa, n ap montre se Jewova ki tout nou.

14, 15. Ki reyaksyon nou ta dwe genyen lè gen yon ajisteman ki fèt nan fason nou te konprann yon pasaj nan Bib la, e poukisa?

14 Ki jan nou reyaji lè Jewova, Bondye ki ban nou limyè nan domèn espirityèl la, ban nou plis eklèsisman sou ‘bagay pwofon l yo’ ki nan Bib la (1 Kor. 2:10-13)? Apot Pyè te kite yon bon egzanp pou nou nan fason li te reyaji lè Jezi te di moun ki t ap koute l yo pawòl ki vin annapre yo: “Si nou pa manje chè Pitit lòm nan, e si nou pa bwè san l, nou pap gen lavi.” Piske anpil nan disip Jezi yo te mal konprann sa Jezi te vle di a, yo te di: “Pawòl sa yo chokan, kiyès ki ka koute yo?” Yo te “retounen nan bagay yo te kite dèyè yo”. Apot Pyè li menm te di: “Seyè, kiyès pou n al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an.” — Jan 6:53, 60, 66, 68.

15 Pyè pa t fin byen konprann sa Jezi te vle di lè l te di disip yo pou yo manje chè l epi bwè san l lan. Sepandan, apot la te konte sou Bondye pou Bondye ede l konprann laverite. Lè nou jwenn plis limyè sou yon sijè, èske nou eseye konprann rezon biblik ki fè yo fè ajisteman sa a (Pwo. 4:18)? Nan premye syèk la, moun Bere yo “te byen dispoze lè yo t ap resevwa pawòl la, e yo te konn byen egzamine Ekriti yo chak jou”. (Tra. 17:11.) Si nou imite yo, sa ap fè nou bay privilèj nou genyen pou n sèvi Jewova a plis valè, e n ap montre nou vrèman rekonesan dèske se Jewova ki tout nou.

Marye ak moun ki nan Seyè a sèlman

16. Anrapò ak 1 Korentyen 7:39, ki jan nou kapab montre se Bondye ki tout nou?

16 Yon lòt fason kretyen yo kapab montre yo kenbe objektif Bondye nan lespri yo se lè yo aplike prensip biblik ki mande pou yo marye ak yon moun “sèlman si moun sa a nan Seyè a”. (1 Kor. 7:39.) Gen anpil frè ak sè ki chwazi rete selibatè olye pou yo pase prensip sa a Bondye bay la anba pye yo. Bondye byen pran swen frè ak sè sa yo. Ki sa David te fè lè l te santi l poukont li e sanble pa t gen pèsonn pou ede l? Men sa l te di: ‘M’ap louvri kè m bay Bondye, m’ap rakonte l mizè mwen lè m santi mwen pa kapab ankò.’ ​(Sòm 142:1-3). Petèt pwofèt Jeremi ki t ap sèvi Jewova pandan plizyè dizèn lane antanke selibatè te santi l menm jan ak David. Li t ap bon pou n egzamine egzanp Jeremi nan chapit 8 liv ki rele Dieu nous parle par Jérémie an.

17. Ki sa yon sè selibatè k ap viv Ozetazini fè lè l santi l poukont li?

17 Men sa yon sè k ap viv Ozetazini te di: “Mwen pa janm deside m ap ret selibatè. Mwen pa gen pwoblèm pou m marye depi m jwenn moun pa m nan. Manman m ki pa Temwen Jewova te konn eseye konvenk mwen pou m marye ak premye moun mwen jwenn nan. Mwen te mande l si l t ap renmen wè m marye e pou maryaj mwen pa mache. Avèk letan, manman m te wè m gen yon bon travay, mwen t ap pran swen tèt mwen, e kè m te kontan. Li te sispann ban m presyon.” Pafwa, sè sa a konn santi l poukont li. Men sa l di: “Mwen fè efò pou m pale tout ti koze m ak Jewova. Li pa janm abandone m.” Ki sa k te ede sè a fè Jewova konfyans? Men sa l di: “Lapriyè fè m santi Jewova egziste toubon e m pa janm poukont mwen. Bondye ki sèl Chèf nan tout linivè a koute m lè m priye l, ki jan pou m pa ta santi m gen valè e pou kè m pa ta kontan?” Piske sè a kwè “yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa”, li di: “Mwen eseye fè tout sa m kapab pou m ede lòt moun san m pa chèche jwenn anyen nan men yo. Lè m chita ap reflechi [sou fason m ka ede yon moun] e m mande tèt mwen ‘ki sa m ka fè pou m ede moun sa a’, sa fè kè m kontan.” ​(Tra. 20:35). Pa gen dout nan sa, se Jewova ki tout bagay pou sè sa a. Mete sou sa, li pran plezi nan privilèj li genyen pou l sèvi Jewova.

18. Ki jan w kapab vin moun pa Jewova?

18 Kèlkeswa sitiyasyon w, ou kapab montre se Jewova ki tout ou. Lè w fè sa, w ap vin fè pati pèp Bondye a, yon pèp ki gen kè kontan (2 Kor. 6:16, 17). Sa ka fè Jewova konsidere w kòm moun pa l menm jan li te fè sa pou lòt moun nan tan lontan. (Li Detewonòm 32:9, 10.) Menm jan nasyon Izrayèl la te vin byen pa Jewova nan mitan tout lòt nasyon yo, se konsa tou Jewova kapab konsidere w kòm moun pa l e l ap byen pran swen w. — Sòm 17:8.

[Nòt anba paj]

^ § 11 Gade Réveillez-vous! novanm 2009, paj 12-14.

Ki repons nou ta bay?

Ki jan n ap montre se Jewova ki tout nou

• lè nou chèche Wayòm nan e lè nou fè sa ki jis nan je Bondye an premye?

• lè nou bay manje espirityèl la valè?

• lè nou obsève kòmandman li bay pou nou marye ak moun ki nan Seyè a sèlman?

[Kesyon]

[Antrefilè nan paj 13]

Lè nou bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi nou, Jewova ap vin tout bagay pou nou.

[Foto nan paj 15]

Nou jwenn ankourajman nan egzanp Jeremi.