Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Kouri [...] pou nou ka genyen l”

“Kouri [...] pou nou ka genyen l”

“Kouri [...] pou nou ka genyen l”

“Kouri yon fason pou nou ka genyen l.” — 1 KOR. 9:24.

1, 2. a) Ki sa Pòl te itilize pou l ankouraje kretyen ebre yo? b) Ki konsèy Pòl te bay sèvitè Bondye yo?

NAN lèt apot Pòl te ekri kretyen ebre yo, li te itilize yon bèl imaj pou l ankouraje kretyen parèy li yo. Li te fè yo sonje yo pa poukont yo nan kous pou lavi a. Te gen yon “gwo nyaj temwen” ki antoure yo e ki te byen fini kous la. Si kretyen ebre yo te kenbe bonjan aksyon ak bonjan efò moun sa yo te fè yo nan lespri yo, sa t ap ankouraje yo pou yo kontinye kouri nan kous la e pou yo pa abandone.

2 Nan atik anvan an, nou te pale de plizyè moun ki fè pati “nyaj temwen” an. Yo tout te montre se lafwa solid yo te gen nan Jewova ki te ede yo rete fidèl jiska lafen tankou atlèt k ap kouri nan yon kous jiskaske yo fini l. Lefètke yo te genyen kous la, gen yon bagay nou kapab aprann nan men yo. Jan nou te wè sa nan atik anvan an, apot Pòl te bay sèvitè Jewova parèy li yo konsèy ki vin apre a ki valab pou nou tou: “Annou voye tout pwa lou jete ansanm ak peche k ap jennen nou fasil la. Epi annou kouri nan kous nou gen pou nou kouri a avèk andirans.” — Ebre 12:1.

3. Ki sa Pòl te vle fè konnen lè l te pale de atlèt ki t ap kouri nan epòk li a?

3 Men kòmantè yon liv fè sou kous apye, youn nan spò ki te popilè nan tan lontan yo: “Grèk yo te konn antrene e yo te konn patisipe nan konpetisyon yo toutouni *.” ​(Backgrounds of Early Christianity). Nan kous sa yo, atlèt yo te konn retire tout pwa lou sou yo, oswa chay, ki te ka ralanti yo. Byenke nou ta kapab panse moun sa yo te depase limit yo e li pa t bon pou yo te ret toutouni sou moun, yo te kouri konsa yon fason pou yo te kapab genyen pri a. Pòl te vle fè konprann, si moun k ap kouri nan kous pou lavi a vle genyen pri a, li enpòtan pou yo debarase tèt yo anba nenpòt bagay ki kapab anpeche yo kouri nan kous la. Konsèy sa a se te yon bon konsèy pou kretyen yo nan epòk Pòl la e se yon bon konsèy pou nou tou jodi a. Ki pwa lou oswa chay ki kapab anpeche nou genyen pri a nan kous pou lavi a?

“Voye tout pwa lou jete”

4. Ki sa k te enterese moun yo nan epòk Noye a?

4 Pòl te bay konsèy pou kretyen yo “voye tout pwa lou jete”. Sa gen ladan l tout bagay ki ka anpeche nou konsantre nou nèt sou kous la epi anpeche nou bay tout nou menm ladan l. Ki bagay konsa ki ta ka vin pwa lou pou nou? Noye se youn nan moun Pòl te pale de li yo. Men sa Jezi te di konsènan epòk Noye a: “Menm jan sa te ye nan epòk Noye a, se konsa tou sa ap ye nan jou Pitit lòm nan.” ​(Lik 17:26). Se pa sou destriksyon san parèy ki gen pou fèt la Jezi te plis ap pale, li te plis ap pale sou fason moun yo t ap viv nan epòk Noye a. (Li Matye 24:37-39.) Pifò moun nan epòk sa a pa t enterese nan Bondye alewè pou yo ta chèche fè l plezi. Ki sa k te enterese yo? Se pa t anyen estrawòdinè, se te bagay nòmal moun fè nan lavi a tankou manje, bwè epi marye. Jan Jezi te di sa, vrè pwoblèm nan, sèke “yo pa t remake anyen”.

5. Ki sa ki ka ede nou byen fini kous la?

5 Menm jan ak Noye ak fanmi l, chak jou, nou gen anpil bagay pou nou fè. Nou bezwen travay e nou bezwen pran swen tèt nou ak fanmi nou. Sa ka pran anpil nan tan nou ak enèji nou. Lè nou gen pwoblèm lajan, li pi fasil pou nou enkyete nou pou sa nou bezwen pou n viv. Etandone nou vwe lavi n bay Jewova, nou gen gwo responsablite devan l. Nou patisipe nan travay predikasyon an, nou prepare reyinyon yo, nou asiste yo, epi nou kenbe yon bon relasyon ak Jewova lè nou fè etid pèsonèl ak adorasyon an fanmi. Aktout Noye te gen anpil bagay pou l fè nan sèvis Bondye a, sa Bondye te mande l fè a, “se sa menm li te fè”. (Jen. 6:22.) Li klè, si nou vle fini kous nou ladan l antanke kretyen an, nonsèlman li esansyèl pou se chay nou oblije pote yo sèlman nou met sou do nou, men tou, nou bezwen evite mete chay ki pa nesesè sou sa nou deja ap pote yo.

6, 7. Ki konsèy Jezi te bay nou bezwen reflechi sou li?

Ki sa Pòl te vle di lè l te mande pou nou voye “tout pwa lou” jete a? Se vre nou pap rive debarase tèt nou nèt anba tout responsablite nou genyen, men, sonje sa Jezi te di: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou n ap di: ‘Ki sa n ap manje?’ ‘Ki sa n ap bwè?’ ‘Ki sa n ap met sou nou?’ Paske, se dèyè tout bagay sa yo nasyon yo ap kouri ak tout fòs. Alòske, Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo.” ​(Mat. 6:31, 32). Pawòl Jezi yo montre menm bagay tou senp tankou manje ak rad kapab vin yon chay pou nou, oswa yon obstak, si nou pa kite yo nan plas yo.

7 Jezi te di: “Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo.” Lè nou reflechi sou pawòl sa yo, sa ede nou konprann Jewova, Papa nou ki nan syèl la, ap fè sa l dwe fè pou l pran swen nou. Lè Jezi te di Jewova ap ban nou “tout bagay sa yo”, se sèten li pa t vle di Jewova ap ban nou tout sa nou ta renmen genyen. Sa l te vle di, sèke nou pa dwe enkyete nou pou “bagay [...] nasyon yo ap kouri ak tout fòs” dèyè yo a. Poukisa? Men konsèy Jezi te bay moun ki t ap koute l yo annapre: “Fè atansyon pou kè nou pa janm vin lou akoz eksè nou fè nan manje, akoz nou bwè twòp e akoz tètchaje ki gen nan lavi a, epi pou jou sa a pa rive tousuit sou nou, sanzatann, tankou yon pyèj.” — Lik 21:34, 35.

8. Poukisa se kounye a menm pou nou “voye tout pwa lou jete”?

8 Nou prèske rive nan fen kous la. Ala sa ta tris pou se kounye a nou ta mete yon bann chay ki pa nesesè sou do nou ki ta kapab jennen nou! Se sa k fè konsèy apot Pòl te bay la vrèman saj. Li te di: “N ap jwenn gwo avantaj si nou gen atachman pou Bondye, men se si nou kontante nou ak sa nou genyen.” ​(1 Tim. 6:6). Konsèy sa a ede nou konprann si nou kontante nou ak sa nou genyen, l ap pi fasil lontan pou n rive genyen pri a.

“Peche k ap jennen nou fasil la”

9, 10. a) Ak ki sa ekspresyon “peche k ap jennen nou fasil la” gen rapò? b) Ki sa ki ta ka jennen nou nan kous pou lavi a?

9 Apre Pòl fin di nou bezwen voye “tout pwa lou” jete, li di nou bezwen voye “peche k ap jennen nou fasil la” jete tou. De ki sa li t ap pale la a? Mo grèk lè yo tradui l yo mete ‘jennen fasil’ pou li a parèt yon sèl fwa nan Bib la nan vèse sa a sèlman. Men sa yon biblis ki rele Albert Barnes di: “Menm jan yon atlèt ki nan yon kous ap veye pou l pa anbarase tèt li ak yon rad ki ta kapab mare nan janm li pandan l ap kouri, sa ki t ap jennen l, se konsa tou yon kretyen ta dwe debarase tèt li ak tout bagay ki kapab jennen l.” Ki bagay ki kapab jennen yon kretyen nan pwen pou l ta fè kretyen sa a vin gen mwens lafwa?

10 Kretyen yo pa annik leve yon bon maten epi yo pèdi lafwa. Sa kapab fèt tikras pa tikras, san yo pa menm rann yo kont. Anvan Pòl te di kretyen yo pou yo voye peche k ap jennen yo fasil la jete, li te avèti yo kont danje pou yo pa kite ‘anyen pote yo ale’ e pou yo pa ‘vin gen yon kè ki mechan, yon kè ki manke lafwa’. (Ebre 2:1; 3:12.) Si yon atlèt ap kouri epi rad ki sou li a mare nan janm li, posiblite pou l pa ta tonbe a pa anpil. Li fasil pou yon atlèt k ap kouri mete yon rad ki kapab jennen l si li fèmen je l sou danje ki genyen lè l fè sa. Ki sa k ka fè li fèmen je l sou danje yo? Gendwa se paske li neglijan, li twò kwè nan tèt li oswa gen lòt bagay ki fè l distrè. Ki sa nou kapab aprann nan konsèy Pòl te bay la?

11. Ki sa ki ta ka fè nou pèdi lafwa?

11 Pa janm bliye sa, se aksyon yon moun fè ki kapab lakòz li pèdi lafwa avèk letan. Anrapò ak “peche k ap jennen nou fasil la”, gen yon lòt biblis ki di se “peche ki pi fasil pou yon moun tonbe ladan l akoz sitiyasyon l, kalite moun li ye e kalite zanmi l genyen”. Selon biblis sa a, antouraj nou, defo nou ak kalite moun ki zanmi nou kapab gen gwo enfliyans sou nou. Yo kapab lakòz nou vin gen mwens lafwa oswa menm fè nou pèdi lafwa. — Mat. 13:3-9.

12. Ki sa nou bezwen sonje pou nou pa pèdi lafwa?

12 Esklav fidèl ki prevwayan an pa sispann raple nou pou nou fè atansyon ak sa n ap gade e ak sa n ap koute, sa vle di bagay nou fikse kè nou ak lespri nou sou yo. Nou te jwenn avètisman tou sou danje ki genyen pou nou toujou ap kouri dèyè lajan ak bagay materyèl. Endistri divètisman an ak pil nouvo aparèy elektwonik k ap parèt yo kapab atire nou epi fè nou distrè. Nou t ap fè yon gwo erè si n ta panse konsèy sa yo twò strik oswa yo pa pou nou kòmkwa bagay sa yo pa ka fè nou anyen. Monn Satan an kapab sèvi ak taktik anba anba pou l fè nou panse konsèy sa yo pa pou nou. Gen kèk moun ki te pèdi lafwa akoz yo te twò neglijan, yo te twò kwè nan tèt yo oswa akoz lòt bagay ki te fè yo distrè. Bagay sa yo kapab fè nou pèdi pri a, sa vle di lavi pou toutan. — 1 Jan 2:15-17.

13. Ki jan nou kapab pwoteje tèt nou kont move enfliyans?

13 Chak jou, nou an kontak ak moun k ap fè pwopagann pou yo fè nou gen menm objektif ak moun yo nan monn nan, pou yo fè nou bay bagay ki enpòtan pou moun nan monn nan valè epi fè nou panse menm jan ak yo. (Li Efezyen 2:1, 2.) Men, se nou menm k ap detèmine si wi ou non n ap kite pwopagann sa yo enfliyanse nou. Apot Pòl te di mantalite moun yo nan monn nan tankou “lè” ki toutotou nou an. Sepandan, mantalite sa a tankou yon lè ki anpwazonnen. Menm jan nou pa t ap renmen respire yon lè ki anpwazonnen, se konsa tou nou pa dwe kite mantalite moun yo nan monn nan enfliyanse nou. Ki moun ki kapab ede nou rete nan kous la? Jezi kapab ede nou e se pi bèl egzanp nou genyen (Ebre 12:2). Yon lòt egzanp nou genyen ankò se apot Pòl. Li te konte tèt li pami kretyen ki nan kous la e li te ankouraje lòt kretyen yo imite l. — 1 Kor. 11:1; Fil. 3:14.

Ki jan “nou ka genyen l”?

14. Èske apot Pòl te santi li enpòtan pou l fini kous la? Esplike.

14 Èske apot Pòl te santi li enpòtan pou l fini kous la? Men dènye pawòl li te di ansyen yo nan kongregasyon Efèz la: “Mwen pa bay vi m okenn enpòtans, depi m rive fini kous mwen ak sèvis Seyè Jezi ban mwen an.” ​(Tra. 20:24). Pou l te rive fini kous la, li te dispoze sakrifye tout bagay, ata vi l. Pou apot Pòl, si l pa t fini kous la, tout efò li te fè yo ak travay li te travay di pou l gaye bon nouvèl la pa t ap vo anyen. Li pa t twò kwè nan tèt li kòmkwa wè pa wè l ap fini kous la kanmenm. (Li Filipyen 3:12, 13.) Se sèlman lè li t apral mouri li te kapab di avèk asirans: “Mwen konbat nan bèl konba a, mwen fini kous la, mwen rete fèm nan lafwa.” — 2 Tim. 4:7.

15. Ki ankourajman Pòl te bay kretyen parèy li yo ki nan kous la?

15 Mete sou sa, se pa ti anvi Pòl te anvi wè kretyen parèy li yo fini kous la. Pa egzanp, li te ankouraje kretyen Filip yo pou yo travay di pou yo ka gen lavi. Kretyen sa yo te bezwen kenbe “pawòl lavi a byen di”. Pòl te kontinye pou l di: “Pou m ka gen rezon pou m rejwi nan jou Kris la, piske m konnen mwen pa t kouri pou granmesi, ni mwen pa t travay di pou granmesi.” ​(Fil. 2:16). Li te bay kretyen Korent yo menm ankourajman an. Men sa l te di yo: “Kouri yon fason pou nou ka genyen [pri a].” — 1 Kor. 9:24.

16. Poukisa nou dwe kenbe pri a la nan lespri nou?

16 Nan kous ki long yo, tankou maraton, li pa fasil pou yon atlèt wè kote kous la ap fini an. Toutpandan l ap kouri li kenbe kote kous la ap fini an nan lespri l. Lè l wè li prèske rive se lè sa a li vin gen plis detèminasyon pou l fini kous la. Se konsa sa dwe ye pou nou tou. Nou dwe kenbe pri a la nan lespri nou, e se sa k ap ede nou genyen l.

17. Ki jan lafwa ede nou kenbe pri a la nan lespri nou?

17 Apot Pòl te di: “Lafwa se tann yon moun ap tann sa li espere a avèk asirans, se prèv klè li genyen sou yon seri bagay reyèl li pa wè.” ​(Ebre 11:1). Abraram ak Sara te dispoze kite yon vi konfòtab dèyè pou y al viv kòm ‘etranje e kòm moun ki depasaj nan yon lòt peyi’. Ki sa ki te ede yo fè sa? “Yo te wè [reyalizasyon pwomès Bondye yo] delwen”. Moyiz te refize “pran plezi pou yon ti tan nan peche” ak “trezò peyi Ejip yo”. Ki kote l te jwenn lafwa ak kouraj pou l fè sa? Bib la di “li te kite je l fikse sou rekonpans li t apral jwenn nan” ​(Ebre 11:8-13, 24-26). Nou kapab konprann rezon ki fè anvan Pòl te pale de chak moun sa yo li te itilize ekspresyon “grasa lafwa” a. Lafwa te ede moun sa yo wè pi lwen pase eprèv ak difikilte yo t ap rankontre e li te ede yo wè sa Jewova te deja fè pou yo ak sa li t apral fè pou yo pi devan.

18. Ki sa nou bezwen fè pou nou voye “peche k ap jennen nou fasil la” jete?

18 Nan chapit 11 liv Ebre a, Pòl pale de yon seri moun ki te gen lafwa. Si nou medite sou egzanp moun sa yo kite pou nou e nou imite egzanp yo, n ap vin gen lafwa e n ap rive voye “peche k ap jennen nou fasil la” jete (Ebre 12:1). Mete sou sa, lè nou reyini ansanm ak frè ak sè nou yo ki gen lafwa menm jan ak nou, sa ap ede nou “voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon”. — Ebre 10:24.

19. Poukisa li enpòtan pou nou kontinye kouri nan kous la?

19 Nou toupre fini kous nou ladan l lan. Grasa lafwa e avèk èd Jewova, nou menm tou nou kapab “voye tout pwa lou jete ansanm ak peche k ap jennen nou fasil la”. Wi, nou kapab kouri yon fason pou nou ka genyen pri a e pou nou jwenn lòt benediksyon Jewova, Bondye nou an ki se Papa nou, pwomèt nou.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Sa te choke Juif yo nan tan lontan. Jan liv apokrif ki rele 2 Makabe a fè konn sa, lè Jazon, gran prèt aposta a, te mande pou l bati yon jimnazyòm nan vil Jerizalèm pou l te ka imite Grèk yo, sa te bay gwo pwoblèm. — 2 Mak. 4:7-17.

Èske nou sonje?

• Ki sa sa mande pou nou voye “tout pwa lou” jete?

• Ki sa ki ka fè yon kretyen pèdi lafwa?

• Poukisa nou dwe kenbe pri a nan lespri nou?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Ki sa “peche k ap jennen nou fasil la” ye, e ki jan li kapab jennen nou?