Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Jewova konnen w?

Èske Jewova konnen w?

Èske Jewova konnen w?

“Jewova konnen moun ki pou li yo.” — 2 TIM. 2:19.

1, 2. a) Ki sa ki te enpòtan pou Jezi? b) Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou?

YON jou, gen yon Farizyen ki vin bò kote Jezi epi li mande l: “Ki pi gwo kòmandman ki gen nan Lalwa?” Jezi reponn li: “Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, e ak tout lespri w.” ​(Mat. 22:35-37). Jezi te renmen Papa l ki nan syèl la anpil e li te vrèman obeyi kòmandman sa a chak jou nan lavi l. Relasyon l te gen ak Jewova te enpòtan pou li, e li te montre sa nan fason l te sèvi l avèk fidelite. Se sa k fè, yon ti tan anvan l te mouri, li te kapab di Bondye te konnen l kòm yon moun ki te obeyi kòmandman l yo fidèlman. Konsa, li te rete nan lanmou Jewova. — Jan 15:10.

Jodi a, gen anpil moun ki di yo renmen Bondye. Pa gen dout nou konte tèt nou pami moun sa yo tou. Sepandan, men kèk kesyon enpòtan nou bezwen poze tèt nou: ‘Èske Jewova konnen m? Ki jan li wè m? Èske li konnen m kòm moun pa l?’ ​(2 Tim. 2:19). Ala yon privilèj nou genyen lefètke nou kapab gen yon relasyon sere ak Souvren linivè a!

3. Poukisa kèk moun pa ka kwè Bondye konsidere yo kòm moun pa l, e ki sa ki ka ede yo chanje fason yo panse a?

3 Sepandan, anpil nan moun ki gen lanmou pou Jewova yo twouve li difisil pou yo kwè Jewova konnen yo kòm moun pa l. Gen nan moun sa yo ki santi yo pa vo anyen, e sa fè yo mande tèt yo si Jewova konnen yo kòm moun pa l toutbon. Se pa ti kontan nou ta dwe kontan dèske Bondye pa wè nou menm jan nou wè tèt nou (1 Sam. 16:7)! Apot Pòl te di kretyen Korent yo “si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen moun sa a”. (1 Kor. 8:3.) Si nou vle Bondye konnen nou, yon bagay ki enpòtan, se pou nou renmen l. Fè yon ti reflechi: Poukisa w ap li Toudegad sa a? Poukisa w fè tout sa w kapab pou w sèvi Jewova ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lespri w e ak tout fòs ou? Si w deja vwe lavi w bay Bondye e ou deja batize, sa k te pouse w fè sa? Bib la fè konnen se Jewova ki egzamine kè moun e ki rale bagay apresyab yo vin jwenn li. (Li Aje (Agayi) 2:7; Jan 6:44.) Donk, ou mèt kwè se Jewova ki te rale w vin jwenn li ki fè w ap sèvi l kounye a. Li pap janm abandone moun li rale vin sèvi l si yo kontinye sèvi l fidèlman. Nan je Bondye, moun sa yo gen anpil valè e li renmen yo anpil. — Sòm 94:14.

4. Poukisa li enpòtan pou nou toujou mande tèt nou si Jewova konnen nou?

4 Yonfwa Jewova fin rale nou vin jwenn li, nou dwe fè sa nou kapab pou nou rete nan lanmou l. (Li Jid 20, 21.) Pa bliye sa, Bib la montre li posib pou yon moun kite Jewova (Ebre 2:1; 3:12, 13). Pa egzanp, apot Pòl te pale de Imene ak Filèt jis anvan li te ekri pawòl nou jwenn nan 2 Timote 2:19 la. Gen yon lè Jewova te konsidere de mesye sa yo kòm moun pa l, men, annapre yo te kite laverite (2 Tim. 2:16-18). Nan kongregasyon ki nan Galasi yo tou, te gen kèk kretyen Jewova te konnen ki pa t rete nan limyè espirityèl yo te jwenn nan (Gal. 4:9). Se sa k fè nou dwe toujou bay bèl relasyon nou gen ak Jewova a anpil enpòtans.

5. a) Bay kèk kalite ki gen anpil enpòtans pou Bondye. b) Egzanp ki moun nou pral egzamine?

5 Gen kèk kalite Jewova bay anpil valè (Sòm 15:1-5; 1 Pyè 3:4). Gen kèk moun Jewova te konnen pou lafwa yo ak imilite yo. Nou pral egzamine egzanp de moun pou n wè jan kalite sa yo te fè Jewova renmen moun sa yo. Nou pral egzamine tou egzanp yon lòt moun ki te panse Jewova te konnen l, ki te kite ògèy plen tèt li, e ki te vin rann li kont li te pèdi favè Jewova. Nou ka aprann plizyè leson enpòtan nan men moun sa yo.

Papa moun ki gen lafwa yo

6. a) Ki kalite lafwa Abraram te genyen nan pwomès Jewova yo? b) Nan ki sans Jewova te konnen Abraram?

6 Abraram se te yon moun ki te “mete lafwa l nan Jewova”. Nan Bib la, yo rele l “papa tout moun ki gen lafwa”. (Jen. 15:6, NW; Wom. 4:11.) Grasa lafwa, Abraram te kite kay li, zanmi l ak sa l te posede pou l te ka vwayaje al nan yon peyi ki te byen lwen (Jen. 12:1-4; Ebre 11:8-10). Menm apre anpil ane te pase, lafwa l te toujou solid. Li te montre sa lè l te pran desizyon pou l “bay Izarak kòm sakrifis” paske li te vle fè sa Jewova te mande l fè (Ebre 11:17-19). Abraram te montre li gen lafwa nan pwomès Jewova yo, se sa k fè Jewova te konsidere l kòm yon moun ki espesyal. Jewova te konnen Abraram byen. (Li Jenèz 18:19.) Jewova pa t annik konnen Abraram te egziste, men li te vrèman apresye Abraram kòm zanmi. — Jak 2:22, 23.

7. Anrapò ak pwomès Jewova te fè Abraram yo, ki sa ki enteresan pou nou konnen, e ki jan sa te enfliyanse Abraram?

7 Yon bagay ki enteresan, sèke Abraram pa t resevwa tè Bondye te pwomèt li a, ni li pa t wè desandan l yo vin “tankou grenn sab bò lanmè” pandan l te vivan (Jen. 22:17, 18). Aktout sa, lafwa l nan Jewova te rete solid. Li te konnen depi Jewova di yon bagay, l ap fèt kanmenm. Se lafwa Abraram ki te dirije l nan tout sa l t ap fè. (Li Ebre 11:13.) Èske Jewova konnen nou kòm moun ki gen lafwa menm jan ak Abraram?

Lè yon moun ret tann Jewova se prèv li gen lafwa

8. Ki dezi kèk moun gendwa genyen ki nòmal?

Petèt gen kèk bagay nou swaf anpil, tankou marye, fè pitit epi gen lasante. Li nòmal pou moun gen dezi sa yo. Sepandan, gen anpil nan nou ki gendwa pa rive satisfè dezi sa yo. Si se ka pa w, fason w jere sitiyasyon an ap montre jis nan ki pwen ou gen lafwa.

9, 10. a) Ki sa kèk kretyen konn fè pou yo satisfè dezi yo? b) Èske w panse pwomès Jewova yo ap reyalize nan ka pa w?

9 Li pa t ap saj pou n ta fè bagay ki pa ann amoni ak prensip Jewova yo pou nou satisfè dezi sa yo. Sa t ap gate relasyon nou avèk li. Pa egzanp, gen kèk kretyen ki aksepte suiv yon tretman ki kont prensip Jewova yo. Gen lòt ki aksepte pran travay ki lakòz yo oblije viv lwen fanmi yo e yo pa kapab asiste reyinyon yo. Gen lòt tou ki renmen ak moun ki pa Temwen Jewova. Si yon kretyen fè bagay sa yo, èske l kapab di l ap chèche pou Jewova konnen l toutbonvre? Ki jan Jewova t ap santi l si Abraram pa t dispoze tann li reyalize pwomès li te fè l yo? E si Abraram te deside pou l pa deplase ankò, pou l rete yon kote fiks ak fanmi l e pou l fè moun konnen l olye l ret tann Jewova? (Konpare ak Jenèz 11:4.) Èske Jewova t ap kontinye fè Abraram favè, e èske li t ap kontinye konnen Abraram kòm moun pa l?

10 Ki bagay ou swaf anpil? Èske lafwa w solid nan pwen pou w ret tann Jewova ki pwomèt l ap ba w tout sa w bezwen (Sòm 145:16)? Jan sa te ye nan ka Abraram, gen kèk pwomès Jewova fè nou ki gendwa pa reyalize nan moman nou ta renmen an. Sepandan, Jewova apresye lè nou kontinye fè sa nou kapab pou lafwa nou vin menm jan ak lafwa Abraram e lè nou kontinye kite lafwa sa a dirije nou nan tout sa n ap fè. Pa gen dout nan sa, si nou aji konsa, tout bagay ap fini byen pou nou. — Ebre 11:6.

Diferans ant imilite ak ògèy

11. Ki privilèj petèt Kora te genyen, e ki sa sa te montre konsènan fason l te wè Jewova?

11 Nan kesyon demontre respè pou dispozisyon ak desizyon Jewova pran, Moyiz ak Kora pa t wè bagay yo menm jan menm. Fason yo te reyaji parapò ak dispozisyon Jewova te pran ansanm ak desizyon l te pran te gen yon enpak sou fason Jewova te wè yo. Kora se te yon Levit keyatit ki te gen anpil privilèj. Pami privilèj sa yo, li te gen privilèj wè nasyon Izrayèl sove lè nasyon an te travèse lanmè Wouj, li te gen privilèj pran pozisyon pou Jewova sou mòn Sinayi lè Jewova te jije Izrayelit ki te vin dezobeyisan yo, e li te gen privilèj fè pati moun ki te pote lach alyans lan (Egz. 32:26-29; Nonb 3:30, 31). Pa gen dout nan sa, li te sèvi Jewova fidèlman pandan plizyè ane, e pou rezon sa a, anpil moun nan nasyon an te gen respè pou li.

12. Jan sa parèt nan paj 28 la, ki jan ògèy te fè Kora pèdi bon relasyon li te gen ak Jewova?

12 Sepandan, pandan nasyon Izrayèl te sou wout pou l al Latè pwomiz, Kora te vin gen pwoblèm ak fason Bondye te fè bagay yo. Lè sa a, te gen 250 gason ki te mete ansanm avè l pou yo eseye chanje bagay yo. Kora ak mesye sa yo siman te kwè yo gen bonjan relasyon avèk Jewova. Men sa yo te di Moyiz: “Kounyeya, mesye, n’al twò lwen tande! Dènye moun nan pèp la se pou Senyè a y’ap viv. Senyè a la nan mitan nou tout.” ​(Nonb 16:1-3). Se pa ti kwè yo te kwè nan tèt yo e se pa ti ògeye yo te ògeye! Men sa Moyiz te di yo: “[Jewova] va fè nou konnen ki moun ki pou li.” ​(Li Nonb 16:5.) Nan demen, nan fen jounen an, Kora ansanm ak tout moun ki te met avè l yo te mouri. — Nonb 16:31-35.

13, 14. Ki jan Moyiz te montre li gen imilite?

13 Yon lòt bò, Labib pale de Moyiz kòm moun ki “te gen plis imilite lontan pase tout moun ki te sou tout kò tè a”. (Nonb 12:3, NW.) Li te montre imilite l nan detèminasyon li te genyen pou l fè egzakteman sa Jewova te mande l fè (Egz. 7:6; 40:16). Pa gen okenn kote nan Bib la ki montre Moyiz te konn gen dout sou fason Jewova fè bagay yo oswa ki montre li te konn bouke suiv enstriksyon Jewova yo. Pa egzanp, Jewova te bay lòd sou fason li te vle yo konstwi tabènak la, li te bay tout ti detay nèt soti nan koulè fil yo rive sou kantite pasan Izrayelit yo te dwe itilize pou fè tant an twal la (Egz. 26:1-6). Si w gen yon privilèj nan òganizasyon Jewova a, e frè k ap sipèvize travay w ap fè a toujou ap ba w yon pakèt detay sou fason pou w fè travay la, men ou santi li ba w twòp detay, pafwa, sa ka dekouraje w. Sepandan, Jewova li menm se yon siveyan ki pafè, ki bay sèvitè l yo anpil travay e ki fè yo konfyans. Lè Jewova bay anpil detay sou fason nou dwe fè bagay yo, li gen bonjan rezon pou sa. N ap remake malgre Jewova te bay Moyiz tout detay sa yo, sa pa t deranje Moyiz. Moyiz pa t santi sa te rabese l oubyen sa te anpeche l sèvi ak imajinasyon l. Olye de sa, Moyiz te asire l jan Bondye te mande pou travay la fèt la, “se konsa [travayè] yo te fè l”. (Egz. 39:32.) Pa gen dout nan sa, Moyiz te gen anpil imilite. Li te rekonèt travay la se travay Jewova li ye e li te sèlman yon moun Jewova t ap itilize pou l fè travay sa a.

14 Imilite Moyiz te parèt tou lè l te nan sitiyasyon difisil. Nan yon okazyon, Moyiz te pèdi metriz e li pa t bay Bondye glwa lè l t ap jere yon sitiyasyon kote pèp Izrayèl la t ap plenyen pou dlo. Akoz de sa, Jewova te di Moyiz li pa t ap pèmèt li fè pèp la antre nan Latè pwomiz (Nonb 20:2-12). Moyiz ak Arawon, frè l la, te pase plizyè ane ap sipòte Izrayelit yo ki te konn ap plenyen toutan. Lefètke Moyiz te fè erè sa a, li pa t jwenn sa l t ap tann depi lontan an. Ki jan Moyiz te reyaji? Byenke se sèten li te desi, avèk imilite, li te aksepte desizyon Jewova te pran an. Li te konnen Jewova se yon Dye ki fè sa ki dwat e ki pa fè okenn moun enjistis (Det. 3:25-27; 32:4). Lè w panse ak Moyiz, èske w pa santi se yon moun Jewova te konnen byen? — Li Egzòd 33:12, 13.

Pou yon moun soumèt devan Jewova, sa mande imilite

15. Ki sa nou aprann nan men Kora ki te kite ògèy pran tèt li?

15 Fason nou reyaji devan ajisteman ki fèt nan òganizasyon an ak desizyon moun ki alatèt yo pran ap detèmine si wi ou non Jewova konnen nou. Kora ansanm ak moun ki te avèk li yo te fè Jewova vin gen pwoblèm avèk yo paske yo te twò kwè nan tèt yo, yo te ògeye e yo te manke lafwa. Byenke pou Kora se Moyiz, ki te gen ti laj sou tèt li, ki t ap pran desizyon chak jou, an reyalite, se Jewova ki t ap dirije nasyon an. Kora te bliye sa e sa te fè l manke respè pou moun Jewova t ap itilize yo. Li t ap pi saj lontan si Kora te tann pou Jewova ede l konprann bagay yo pi byen e si l te tann pou se Jewova ki fè chanjman yo si sa te vrèman nesesè. Finalman, ògèy te fè Kora pèdi bèl repitasyon li te genyen antanke moun ki t ap sèvi Jewova fidèlman.

16. Lè nou suiv egzanp imilite Moyiz kite pou nou an, nan ki sans sa ap fè Jewova konnen nou?

16 Sa k te pase Kora a se yon gwo avètisman pou ansyen yo ak tout moun nan kongregasyon an jodi a. Pou nou ret tann Jewova e pou nou suiv enstriksyon moun Jewova nome yo ban nou, sa mande imilite. Èske nou montre nou se moun ki enb e ki gen tanperaman dou menm jan ak Moyiz? Èske nou rekonèt otorite moun ki alatèt yo epi nou soumèt anba direksyon yo? Lè gen yon bagay ki pase e ki fè nou desi, èske nou metrize tèt nou? Si nou fè sa, Jewova ap konnen nou tou e n ap gen favè l. Imilite nou ak soumisyon nou ap fè l renmen nou.

Jewova konnen moun ki pou li yo

17, 18. Ki sa nou kapab fè pou Jewova toujou konnen nou kòm moun pa l?

17 Li bon pou nou reflechi sou egzanp moun Jewova te rale vin jwenn li e li te konnen kòm moun pa l. Antanke moun ki enpafè, Abraram ak Moyiz te gen defo e nou menm tou nou gen defo pa nou. Sepandan, Jewova te konnen yo kòm moun pa l. Kora se yon egzanp ki montre li posib pou nou abandone Jewova, sa ki ka fè li pa konnen nou ankò e ki ka fè nou pèdi favè l. L ap bon pou nou chak poze tèt nou kesyon sa yo: ‘Ki jan Jewova wè m? Ki sa mwen kapab aprann nan egzanp moun nou sot egzamine la yo?’

18 Nou kapab jwenn anpil rekonfò lè nou konnen Jewova konsidere moun li rale vin jwenn li yo kòm moun pa l depi yo kontinye sèvi l fidèlman. Se pou nou kontinye fè lafwa nou vin pi solid, se pou nou kontinye aji avèk imilite epi devlope lòt kalite k ap fè Bondye renmen nou plis toujou! Pa gen dout nan sa, moun Jewova konnen yo gen yon gwo privilèj ki ba yo kè kontan depi kounye a e k ap pèmèt yo jwenn anpil benediksyon alavni. — Sòm 37:18.

Èske nou sonje?

• Ki bèl relasyon nou kapab genyen ak Jewova?

• Ki jan w ka imite lafwa Abraram?

• Ki leson nou aprann nan men Kora, e ki leson nou aprann nan men Moyiz?

[Kesyon]

[Foto nan paj 26]

Menm jan ak Abraram, èske nou gen lafwa Jewova ap reyalize tout pwomès li yo nèt?

[Foto nan paj 28]

Kora pa t vle soumèt li avèk imilite devan enstriksyon yo te ba li.

[Foto nan paj 29]

Èske Jewova konnen w kòm yon moun ki soumèt ou avèk imilite lè w resevwa enstriksyon?