Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Poukisa te gen kanbis nan tanp Jerizalèm nan?

Yon ti tan anvan Jezi mouri, li te atire atansyon sou yon gwo enjistis ki t ap fèt nan tanp lan. Labib fè konnen: “Jezi [...] mete tout moun ki t ap vann nan tanp lan ak tout moun ki t ap achte ladan l yo deyò, e li chavire tab kanbis yo ak ban moun ki t ap vann pijon yo. E li di yo: ‘Men sa ki ekri: “Y ap rele kay mwen an yon kay pou moun lapriyè.” Men nou menm, nou fè l tounen yon gwòt ki chaje ak vòlè.’” — Matye 21:12, 13.

Nan premye syèk la, Juif yo ansanm ak moun ki te konvèti nan relijyon juif la te konn vwayaje sot nan plizyè peyi ak nan plizyè vil pou yo vin nan tanp Jerizalèm nan, e yo te konn vin ak kòb yo sèvi nan zòn yo soti yo. Men, pou yo te ka peye kontribisyon yo te gen pou yo bay nan tanp lan pou ane a, pou yo te ka achte bèt pou yo bay kòm sakrifis e pou yo te ka fè ofrann volontè, yo te egzije yo sèvi ak kòb yo itilize nan zòn nan. Se sa k fè kanbis yo te konn chanje tout kalite lajan e yo te konn fè yon benefis. Kou fèt juif yo pral rive, kanbis sa yo vin enstale tab yo nan tanp lan, nan lakou moun nasyon yo.

Lefètke Jezi te di kanbis yo yo t ap fè tanp lan tounen “yon gwòt ki chaje ak vòlè”, sanble sa montre yo te fè moun yo peye twòp pou yo chanje lajan pou yo.

Poukisa yo te bay pye oliv anpil valè nan tan biblik yo?

Pye oliv ak pye rezen te pami benediksyon Bondye te pwomèt pèp li a si yo te rete fidèl (Detewonòm 6:10, 11). Jis jounen jodi a, yo bay pye oliv anpil valè nan zòn kote li pouse. Li ka bay anpil fwi pandan plizyè santèn ane san l pa jwenn anpil swen. Yon pye oliv yo plante ka donnen menm nan tè ki gen karyann e li ka sipòte anpil sezon sechrès. Si yo koupe yon pye oliv, chouk la ka bay plizyè lòt rasin ki ka devlope pou bay lòt pye oliv.

Nan tan biblik yo, moun yo te bay ekòs pye oliv la ak fèy li anpil valè paske yo bon pou lafyèv. Yo te konn sèvi ak gonm ki soti nan branch ki pi ansyen yo e ki gen sant vaniy pou yo fè pafen. Men, yo te pi apresye pyebwa sa a pou fwi li bay e sitou pou luil li bay la, de kalite bagay yo te konn itilize nan manje. Mwatye chè yon grenn oliv ki mi se luil.

Yon pye oliv ki an sante ka bay jiska 15 galon luil pa ane. Yo te konn met luil doliv nan lanp tou, yo te konn sèvi avè l nan kèk evènman ak nan seremoni relijye, yo te konn itilize l kòm pwodui pou moun pran swen kò yo ak cheve yo e kòm remèd pou pran swen blese e pou kalme kote ki metri nan kò moun. — Egzòd 27:20; Levitik 2:1-7; 8:1-12; Rit 3:3; Lik 10:33, 34.