Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kite Pawòl Bondye a anseye w

Ki jan fanmi w ka viv ak kè kontan?

Ki jan fanmi w ka viv ak kè kontan?

Atik sa a soulve kèk kesyon petèt ou konn ap poze tè ou e li montre ki kote ou kapab li repons yo nan pwòp bib ou. Temwen Jewova yo ap byen kontan pale sou repons sa yo avè w.

1. Poukisa maryaj esansyèl pou yon fanmi viv ak kè kontan?

Se Jewova, Bondye ki gen kè kontan an, ki kreye maryaj. Maryaj esansyèl pou yon fanmi viv ak kè kontan, paske nonsèlman sa pèmèt mari ak madanm gen bon relasyon youn ak lòt, men tou sa kreye yon anviwònman kote yo ka leve pitit yo an sekirite. Ki jan Bondye konsidere maryaj? Li vle pou maryaj se yon inyon legal ant yon gason ak yon fi ki dwe dire pou toutan (Lik 2:1-5). Bondye vle pou mari ak madanm rete fidèl youn ak lòt (Ebre 13:4). Jewova pèmèt kretyen yo divòse e pou yo remarye sèlman si moun yo marye avè l la fè adiltè. — Li Matye 19:3-6, 9.

2. Ki jan mari ak madanm ta dwe boule youn ak lòt?

Jewova te kreye gason ak fi pou youn ede lòt nan maryaj la (Jenèz 2:18). Se mari a, antanke chèf fanmi an, ki responsab pou l bay fanmi an sa l bezwen nan domèn materyèl e ki pou bay fanmi an ansèyman sou Bondye. Li ta dwe fè sakrifis pou madanm li pou l montre l li renmen l. Mari ak madanm dwe renmen youn lòt e yo dwe gen respè youn pou lòt. Etandone tout mari ak madanm enpafè, pou yo gen kè kontan nan maryaj yo, li trèzenpòtan pou yo aprann padone. — Li Efezyen 4:31, 32; 5:22-25, 33; 1 Pyè 3:7.

3. Èske w ta dwe kite moun ou marye avè l la si pa gen kè kontan nan maryaj la?

Si gen pwoblèm ant ou menm ak moun ou marye avè l la, se pou n fè efò pou youn trete lòt avèk amou (1 Korentyen 13:4, 5). Pawòl Bondye a pa ankouraje separasyon kòm yon mwayen pou nou rezoud pwoblèm nou gen nan maryaj nou. Men, gende sitiyasyon ki grav anpil kote yon kretyen ka deside si li saj pou l separe oswa pou l rete. — Li 1 Korentyen 7:10-13.

4. Timoun, ki sa Bondye vle pou nou?

Jewova vle nou gen kè kontan. Li ban nou pi bon konsèy ki genyen sou fason pou n pwofite jenès nou. Li vle nou pwofite sajès ak eksperyans paran nou genyen (Kolosyen 3:20). Jewova apresye tout sa n fè pou n louwe l. — Li Eklezyas 11:9–12:1; Matye 19:13-15; 21:15, 16.

5. Paran, ki jan pitit nou ka gen kè kontan?

Nou dwe travay di pou n bay pitit nou manje, rad ak kote pou yo rete (1 Timote 5:8). Men, pou pitit nou gen kè kontan, nou bezwen aprann yo tou pou yo renmen Bondye e pou yo kite Bondye anseye yo (Efezyen 6:4). Egzanp nou bay ki montre nou renmen Bondye ka touche kè pitit nou anpil. Lè n baze enstriksyon n ap bay pitit nou sou Pawòl Bondye a, sa ka modle panse yo nan yon bon sans. — Li Detewonòm 6:4-7; Pwovèb 22:6.

Li bon pou timoun yo lè n ankouraje yo e lè n felisite yo. Yo bezwen koreksyon ak disiplin tou. Fòmasyon konsa pwoteje yo pou yo pa gen konduit ki ta ka anpeche yo gen kè kontan (Pwovèb 22:15). Men, nou pa ta dwe janm disipline yo yon fason ki di oswa ki brital. — Li Kolosyen 3:21.

Temwen Jewova yo pibliye plizyè liv ki fèt espesyalman pou ede ni paran ni timoun. Liv sa yo baze sou Labib. — Li Sòm 19:7, 11.

Pou plis enfòmasyon, gade chapit 14 liv sa a, Ki sa Labib anseye toutbonvre? Se Temwen Jewova ki pibliye l.