Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske repons lan gen enpòtans?

Èske repons lan gen enpòtans?

Èske repons lan gen enpòtans?

“Mwen te gen dizan lè m te kòmanse gen mennaj. Okòmansman, se te kenbe men, se te bo. Men, apre yon ti tan youn te konn manyen pati entim lòt e nou te fè plizyè lòt eksperyans nan domèn seksyèl. Lè m te gen 15 an, mwen te kòmanse travay. Gen gason nan travay la ki te vin deyè m e yo te vle al pi lwen, yo te vle kouche avè m. Mwen te vle leve defi pou m te fè tout sa kòlèg travay mwen yo te konn fè. Mwen te vle pou yo aksepte m, sa ki te vin fè m fè pi plis eksperyans nan domèn seksyèl.” — SARA *, OSTRALI.

ÈSKE W t ap sezi aprann Sara te leve nan yon fanmi ki devwe nan relijyon yo ye a? Paran l te eseye ba l prensip moral ki nan Bib la. Men, Sara te chwazi mennen lavi l yon lòt fason.

Gen anpil moun ki t ap dakò ak chwa Sara fè a. Yo kwè pwennvi Bib la genyen sou sèks se yon pwennvi ki pase mòd. Gen lòt moun ki pa wè gen anyen mal pou yon moun ki devwe nan relijyon l fè sa l vle nan domèn seksyèl.

Èske l enpòtan pou w konn sa Labib anseye sou sèks e pou w viv selon sa w aprann nan? Ekriti sakre yo fè konnen “se Bondye ki enspire yo, e yo itil pou anseye”. (2 Timote 3:16.) Si w kwè se Bondye ki kreye lèzòm e si w kwè Labib se Pawòl li li enspire, ebyen li enpòtan pou w konnen sa Labib di sou sijè sa a.

Malerezman, gen anpil moun ki nan konfizyon anrapò ak sa Labib anseye sou sèks. Chèf relijye ki deklare yo respekte Bib la ap gaye yon seri ide ki depaman nèt ak sa ki nan Bib la. Anfèt, kesyon sa a lakòz divizyon nan anpil gwo relijyon.

Olye w annik kwè sa lòt moun di, li t ap pi bon pou w pran kèk minit pou w fè pwòp rechèch pa w sou sijè a. Atik ki vin apre a pral egzamine dis kesyon moun poze souvan sou pwennvi Bib la genyen sou sèks. Nan atik sa a, w ap jwenn repons klè ki baze sou sa Labib anseye toutbonvre. Dènye atik nan seri atik sa yo pral egzamine rezon ki fè chwa nou fè yo gen enpòtans.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Yo chanje non moun nan.