Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Labib chanje lavi moun

Labib chanje lavi moun

Ki sa ki te motive yon moun ki te konn parye pou lajan e ki te konn vòlè pou l chanje fason l te konn viv? Gade ki sa l di.

“Mwen te renmen kous cheval anpil.” — RICHARD STEWART

ANE LI FÈT: 1965

PEYI KOTE LI SOTI: JAMAYIK

ANVAN: LI TE KONN PARYE POU LAJAN E LI TE KONN FÈ MOVE ZAK

VI MWEN T AP MENNEN: Mwen te grandi nan yon ti vil pòv ki peple anpil nan Kingstonn, kapital peyi Jamayik. Anpil moun te nan chomaj e te gen anpil krim toupatou. Moun yo te pè akoz tout gang ki te genyen yo. Mwen te konn tande tire prèske chak jou.

Manman m te konn travay di e l te fè tout sa l kapab pou mwen menm, ti frè m nan ak ti sè m nan. Li te fè yon jan pou n te resevwa bon fòmasyon. M pa t twò enterese nan lekòl, men, m te renmen cheval anpil e m te renmen kous cheval. Mwen te konn rate jou lekòl pou m te ka al kote y ap fè kous cheval yo. Mwen te menm konn monte cheval yo.

Yon ti tan apre, m te lage kò m nan parye sou kous cheval yo. Mwen te konn mennen yon vi imoral. M te konn fimen mariwana e m te konn vòlè pou m te ka kontinye fè tout bagay sa yo. Mwen te gen anpil zam, men, m kontan paske m pa t touye pèsonn lè m te konn al vòlè yo.

Finalman, lapolis te arete m e yo te mete m nan prizon pou move zak mwen yo. Apre yo te libere m, m te retounen viv menm jan an. Anfèt, m te vin pi mal pase jan m te ye anvan an. Byenke m te sanble yon inosan, mwen te gen tèt di, mwen te fache pou ti krik ti krak e m te mechan anpil. Mwen pa t bay pèsonn regle anyen pou mwen, se tèt mwen sèlman m te wè.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Pandan peryòd sa a nan lavi m, manman m te kòmanse etidye Labib e l te vin Temwen Jewova. Mwen te wè kèk bon chanjman lakay li e m te vin anvi konnen rezon ki fè l te fè chajman sa yo. Se sa k fè m te kòmanse etidye Bib la ak Temwen Jewova yo.

Mwen te wè ansèyman Temwen Jewova yo diferan ak ansèyman lòt relijyon yo e m te wè tout sa yo t ap di yo soti nan Bib la. Se sèl relijyon m konnen ki te preche kay an kay menm jan ak kretyen nan premye syèk yo (Matye 28:19; Travay 20:20). Mwen te vin gen konviksyon mwen jwenn vrè relijyon an lè m te wè lanmou yo gen nan mitan yo. — Jan 13:35.

Dapre sa m te aprann nan Bib la, m te wè enpòtans pou m fè kèk gwo chanjman nan lavi m. Mwen te vin aprann Jewova rayi imoralite seksyèl, e si m vle fè l plezi mwen dwe sispann pratike tout sa ki ka sal kò m (2 Korentyen 7:1; Ebre 13:4). Sa te touche m lè m te vin aprann Jewova gen santiman, e aksyon m yo kapab fè l tris oswa fè kè l kontan (Pwovèb 27:11). Donk, m te deside sispann fimen mariwana, sispann sèvi ak zam e m te eseye vin yon bon moun. Pami chanjman ki pi difisil m te fè se kite vye vi imoral m t ap mennen an epi sispann parye.

Okòmansman, m pa t vle zanmi m yo konnen m t ap etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Men, mwen te vin chanje lide apre m te fin li pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 10:33 yo. Men sa l te di: “Nenpòt moun ki nye m devan lèzòm, mwen menm tou, m ap nye l devan Papa m ki nan syèl la.” Pawòl sa te ankouraje m fè zanmi m yo konnen m t ap etidye Labib ak Temwen yo. Sa te fè yo sezi. Yo pa t ka kwè yon moun tankou m te vle vin kretyen. Mwen te di yo mwen pa vle mennen ansyen vi m t ap mennen an.

BYENFÈ MWEN JWENN: Manman m te kontan anpil lè l te wè m kòmanse viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Kounye a, li pa pè ankò pou m pa fè move bagay, okontrè, nou kontan pale sou lanmou nou toude gen pou Jewova. Pafwa, m konn ap panse ak jan de moun m te ye e m sezi wè chanjman m fè grasa èd Jewova. M pa anvi tounen gen vi imoral ak vi materyalis m te genyen an ankò.

Si m pa t aksepte mesaj ki nan Bib la, jodi a mwen te ka gentan mouri oswa m te ka nan prizon. Kounye a, mwen gen yon bèl fanmi ki gen kè kontan. E m kontan sèvi Jewova bò kot madanm mwen ki se yon èd pou mwen e bò kot pitit fi m nan ki obeyisan. Mwen gen Jewova rekonesans paske li pèmèt mwen fè pati yon fanmi entènasyonal frè ak sè ki gen lanmou. Mwen rekonesan paske yon moun te fè efò pou l anseye m laverite. Mwen bay opòtinite m genyen pou  m ede lòt moun konprann Bib la anpil enpòtans. Mwen vrèman gen Jewova Dye rekonesans pou bonte ki plen lanmou li genyen an ki atire m vin jwenn li.

[Antrefilè]

“Mwen te vin aprann Jewova gen santiman, e aksyon m yo kapab fè l tris oswa fè kè l kontan.”

[Foto]

Mwen menm ak madanm mwen ak pitit fi m.

[Foto]

Mwen te wè kèk bon chanjman lakay manman m.