Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi

Se pou nou chèche gen lespri Bondye antanke mari ak madanm

Se pou nou chèche gen lespri Bondye antanke mari ak madanm

Frederik *: “Lè mwen menm ak Leyàn te fèk marye, mwen te ensiste pou nou etidye Labib ansanm. Mwen te vle pou l konsantre pandan n ap fè etid la. Men, se kòmsi li pa t ka chita trankil. Lè m te konn poze kesyon, li te konn annik reponn wi oswa non. Fason l te konn reponn nan pa t kadre ak jan m te panse yon etid biblik ta dwe fèt.”

Leyàn: “Mwen te gen 18 an lè m te marye ak Frederik. Nou te konn etidye Labib ansanm regilyèman, men Frederik te pwofite chak etid pou l atire atansyon m sou tout sa m fè ki pa bon e sou fason m bezwen amelyore antanke madanm. Mwen te vin vrèman dekouraje e sa te fè m mal anpil.”

DAPRE ou menm, ki sa k te lakòz pwoblèm ki te gen ant Frederik ak Leyàn nan? Yo te gen bon entansyon. Yo toule de te renmen Bondye. E toule de te wè nesesite pou yo etidye Labib ansanm. Men, sanble sa k ta dwe ede yo pou yo ini an te gen yon efè kontrè. Byenke yo te konn etidye ansanm, yo pa t fè efò pou yo chèche gen lespri Bondye antanke mari ak madanm.

Ki sa sa vle di gen lespri Bondye? Poukisa moun marye yo dwe fè efò pou yo chèche gen lespri Bondye? Ki difikilte yo ka rankontre, e ki jan yo ka venk yo?

Ki sa sa vle di gen lespri Bondye?

Ekspresyon “gen lespri Bondye” a, selon jan yo sèvi avè l nan Bib la, fè referans ak yon atitid oswa ak yon fason nou wè lavi a (Jid 18, 19). Pa egzanp, Pòl, youn nan moun ki te ekri Bib la, te atire atansyon sou diferans ki genyen ant yon moun ki bay prensip Bondye yo enpòtans ak yon moun ki enterese nan bagay lachè. Pòl fè konnen moun ki kite tandans lachè gide yo pi enterese nan tèt yo pase yo enterese nan lòt moun. Yo fè sa ki dwat nan je pa yo olye yo eseye viv selon prensip Bondye yo. — 1 Korentyen 2:14; Galat 5:19, 20.

Yon lòt bò, moun ki gen lespri Bondye bay prensip Bondye yo enpòtans. Yo konsidere Jewova Dye kòm Zanmi yo e yo fè efò pou yo gen menm pèsonalite avè l (Efezyen 5:1). Se poutèt sa, lè y ap boule ak lòt moun, yo demontre lanmou, jantiyès ak dousè (Egzòd 34:6). E yo obeyi Bondye menm lè sa pa nan avantaj yo (Sòm 15:1, 4). Men sa Darenn k ap viv Kanada e ki gen 35 an depi l marye di: “Selon sa m konprann, yon moun ki gen lespri Bondye se yon moun ki toujou ap reflechi sou efè pawòl li ak aksyon l ap gen sou amitye l ak Bondye.” Men sa Jàn, madanm li, di apre sa: “Mwen panse yon fi ki gen lespri Bondye se yon fi ki fè anpil efò chak jou pou l fè fwi lespri Bondye a fè pati pèsonalite l.” — Galat 5:22, 23.

Natirèlman, yon moun pa bezwen marye pou l chèche gen lespri Bondye. Anfèt, Labib fè konnen se chak moun ki gen responsablite pou l aprann konn Bondye e pou l imite l. — Travay 17:26, 27.

Poukisa moun marye yo dwe chèche gen lespri Bondye?

Donk, poukisa moun marye yo dwe fè efò pou yo chèche gen lespri Bondye antanke mari ak madanm? Ann pran yon egzanp: Imajine de kiltivatè ki gen yon ti jaden pou yo travay ansanm e ki vle plante legim ladan l. Gen youn ki deside simen semans ladan l pandan yon epòk nan ane a, alòske lòt la panse li t ap pi bon pou yo simen semans yo yon lòt lè. Youn vle sèvi ak yon kalite angrè, tandiske lòt la pa dakò menm e li panse plant yo pa bezwen angrè. Gen youn ki vle travay di chak jou nan jaden an. Lòt la li menm pito chita gade pase l travay. Nan yon sitiyasyon konsa, jaden an ka donnen, men li pap bay kantite li t ap bay si toule de kiltivatè yo te antann yo sou sa pou yo fè e si yo te travay ansanm pou yo atenn objektif yo.

Nou ka konpare yon mari ak yon madanm ak de kiltivatè sa yo. Si se yon sèl nan yo ki chèche gen lespri Bondye, relasyon yo ka amelyore (1 Pyè 3:1, 2). Men, sa pi bon lontan lè yo toule de antann yo pou yo viv selon prensip Bondye yo e pou yo fè efò pou youn soutni lòt pandan y ap sèvi Bondye. Men sa Salomon, yon wa ki te gen sajès, te ekri: “Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou.” Poukisa? “Paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou. Si yonn tonbe, lòt la va ba l men pou l leve.” — Eklezyas 4:9, 10.

Petèt ou menm ak moun ou marye avè l la ta renmen gen lespri Bondye antanke mari ak madanm. Men, menm jan ak lè moun ap fè jaden, dezi a poukont li pap bay rezilta. Ann konsidere de pwoblèm nou ka rankontre epi ann gade ki jan nou ka rezoud yo.

PWOBLÈM N1: Nou pa gen tan.

Men sa Sizàn ki pa gen anpil tan depi l marye di: “Mari m pase pran m nan travay mwen a 7 è diswa. Lè nou rive lakay, tout travay nan kay la ap tann nou. Toujou gen yon batay ant lespri nou ak kò nou. Nou konnen nou bezwen pase tan ansanm pou nou aprann konn Bondye, men kò nou vrèman bezwen repo.”

Men yon solisyon: Se pou nou fleksib e se pou nou kowopere youn ak lòt. Men sa Sizàn di: “Mwen menm ak mari m te deside leve pi bonè pou n li yon pòsyon nan Bib la ansanm e pou nou pale sou li anvan n al travay. Mari m ede m fè kèk travay nan kay la tou yon fason pou m ka pase plis tan avè l.” Ki byenfè Sizàn ak mari l jwenn poutèt efò sa a yo te fè a? Men sa Edwa, mari Sizàn, di: “Mwen rann mwen kont lè mwen menm ak Sizàn pale sou bagay ki gen rapò ak Bondye, nou fè fas ak pwoblèm nou rankontre yo pi byen e li pi fasil pou nou jere strès nou genyen.”

Anplis pou n pale ansanm chak jou, li enpòtan tou pou n priye ansanm pandan kèk minit chak jou. Ki jan sa ka ede nou? Men sa Richa ki gen 16 an maryaj di: “Sa pa gen twò lontan, mwen menm ak madanm mwen te travèse yon moman difisil nan relasyon nou. Men, nou te chèche jwenn tan pou nou priye ansanm chak swa pou n fè Bondye konnen sa k ap trakase nou. Mwen santi lefètke nou te priye ansanm sa te ede nou rezoud pwoblèm nou yo e sa te ede nou rejwenn lajwa nan maryaj nou.”

MEN SA W KA FÈ: Rezève kèk minit nan fen chak jounen pou n pale sou tout bon bagay ki te rive nou antanke mari ak madanm, sètadi bagay nou ka remèsye Bondye pou yo. Epitou, pale sou pwoblèm nou rankontre, sitou sou sa nou bezwen Bondye ede nou andire yo e petèt menm pou l ede nou rezoud yo. Atansyon: Pa sèvi ak sa kòm yon okazyon pou nou pale sou tout sa moun nou marye avè l la fè ki pa bon. Olye de sa, sèl pwoblèm pou n priye sou yo lè n ap priye ansanm se pwoblèm nou bezwen travay sou yo ansanm. Nan demen, aji ann amoni ak demann nou te fè nan priyè a.

PWOBLÈM N2: Nou pa gen menm kapasite.

Men sa Toni di: “Mwen pa moun k ap chita li yon liv.” Men sa Natali, madanm li, di: “Mwen renmen li, e mwen renmen pale sou sa m aprann. Pafwa, mwen panse mwen entimide Toni lè n ap pale sou sijè ki baze sou Bib la.”

Men yon solisyon: Se pou youn soutni lòt, pa fè konpetisyon e pinga youn jije lòt. Felisite moun ou marye avè l la pou sa l fè ki bon epi ankouraje l kontinye. Men sa Toni di: “Pafwa, fason madanm mwen chofe pou l pale sou sijè biblik yo yon jan egzajere, e lontan mwen te yon jan renka pou m pale sou sijè sa yo avè l. Men, Natali te vrèman konpreyansif. Kounye a, nou pale ansanm sou bagay ki gen rapò ak Bondye regilyèman, e mwen vin rann mwen kont pa gen anyen pou m pè. Mwen pran plezi pale sou sijè sa yo avè l. Sa ede nou vin pi rilaks antanke mari ak madanm e sa ede nou viv pi anpè youn ak lòt.”

Anpil moun marye rann yo kont maryaj yo amelyore lè yo rezève yon tan fiks chak semèn pou yo li Labib ansanm e pou yo etidye l. Men, atansyon: Lè w jwenn yon konsèy nan Bib la, pale sou fason ou ka aplike l nan ka pa w, pa di moun ou marye avè l la jan li dwe aplike l (Galat 6:4). Lè n ap etidye Labib ansanm, pa pale sou sijè ki ka lakòz diskisyon, kite sijè sa yo pou yon lòt lè. Poukisa?

Ann pran yon egzanp: Si w ap manje avèk fanmi w, èske se moman sa a w ap chwazi pou w panse yon maleng ki enfekte? Nou pa kwè sa. Si w ta fè sa, ou t ap koupe apeti tout moun. Jezi te konpare aprann volonte Bondye ak fè volonte Bondye avèk manje n ap manje (Matye 4:4; Jan 4:34). Si w pale sou sa k blese w chak fwa ou ouvri Bib la, ou ka koupe apeti moun ou marye avè l la genyen pou bagay espirityèl. Se vre, ou bezwen pale sou pwoblèm yo. Men, pale sou kesyon sa yo nan moman nou rezève pou sa. — Pwovèb 10:19; 15:23.

MEN SA W KA FÈ: Ekri de oswa twa kalite ou pi apresye lakay moun ou marye avè l la. Pwochèn fwa n ap pale sou bagay ki gen rapò ak Bondye, pale sou kalite sa yo, di moun ou marye avè l la jan w apresye fason l demontre kalite sa yo.

Nou rekòlte sa nou simen

Antanke mari ak madanm, si nou simen lespri Bondye oubyen si nou chèche genyen l, n ap gen plis lapè ak satisfaksyon nan maryaj nou. Annefè, Pawòl Bondye a ban nou asirans “kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou”. — Galat 6:7.

Frederik ak Leyàn nou te pale de yo nan kòmansman atik sa a te aprann verite ki nan prensip biblik sa a. Kounye a, yo gen 45 an maryaj e yo konnen pèseverans bay bon rezilta. Men sa Frederik di: “Mwen te konn rann madanm mwen responsab mank kominikasyon ki te genyen nan maryaj la. Men, rive yon lè, mwen te vin rann mwen kont mwen te dwe fè efò tou.” Men sa Leyàn di: “Sa k te vrèman ede n nan moman difisil yo se lanmou nou toule de gen pou Jewova Dye. Ane apre ane, nou te etidye Labib ansanm, nou te priye ansanm, e nou te fè sa regilyèman. Lefètke m wè Frederik ap fè efò pou l demontre kalite kretyen yo dwe genyen yo, sa fè l pi fasil pou m renmen l.”

^ § 3 Yo chanje non moun yo.

MANDE TÈT OU...

  • Ki dènye fwa nou te priye ansanm antanke mari ak madanm?

  • Ki sa m ta ka fè pou m ankouraje moun mwen marye avè l la pou l pi dispoze pale avè m sou sijè ki gen rapò ak Bondye?