Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kite Pawòl Bondye a anseye w

Ki jan lwa Bondye yo pwofitab pou nou?

Ki jan lwa Bondye yo pwofitab pou nou?

Atik sa a soulve kèk kesyon petèt ou konn ap poze tèt ou e li montre ki kote nan pwòp bib ou ou kapab li repons yo. Temwen Jewova yo ap byen kontan pale sou repons sa yo avè w.

1. Poukisa nou dwe obeyi Bondye?

Li toutafè nòmal pou nou obeyi Bondye, paske se li ki kreye nou. Menm Jezi toujou obeyi Bondye (Jan 6:38; Revelasyon 4:11). Lwa Bondye yo ban nou okazyon pou nou montre nou renmen l. — Li 1 Jan 5:3.

Tout lwa Jewova Dye bay yo bon pou nou. Yo aprann nou pi bon fason pou n viv depi kounye a e yo montre nou fason nou ka jwenn rekonpans k ap dire pou toutan alavni. — Li Sòm 19:7, 11; Izayi 48:17, 18.

2. Ki jan lwa Bondye yo pwofitab pou sante nou?

Lwa Bondye bay ki gen rapò ak bwè twòp bwason ki gen alkòl pwoteje nou kont maladi ki ka touye nou e kont aksidan. Lè yon moun bwè twòp, sa fè l vin esklav e sa fè l vin gen move konpòtman (Pwovèb 23:20, 29, 30). Jewova pèmèt nou bwè bwason ki gen alkòl, men fòk nou modere. — Li Sòm 104:15; 1 Korentyen 6:10.

Jewova ban nou avètisman tou kont jalouzi, kòlè san kontwòl ak lòt konpòtman ki ka fè n ditò. Depi nou aplike konsèy li ban nou, sa ap bon pou sante nou. — Li Pwovèb 14:30; 22:24, 25.

3. Ki jan lwa Bondye bay kapab pwoteje nou?

Lwa Bondye bay entèdi de moun ki pa marye ansanm gen relasyon seksyèl (Ebre 13:4). Moun marye ki obeyi lwa sa a santi yo pi an sekirite e yo pèmèt pitit yo viv nan yon pi bon anviwònman. Yon lòt bò, byen souvan, relasyon seksyèl ant de moun ki pa marye ansanm lakòz maladi, divòs, vyolans, pwoblèm afektif, e sa lakòz gen fanmi kote se yon sèl paran k ap leve pitit li poukont li. — Li Pwovèb 5:1-9.

Lè n evite sitiyasyon kote nou jwenn tantasyon pou n gen relasyon seksyèl ak yon moun nou pa marye avè l, nou pwoteje amitye n ak Bondye e nou evite fè moun soufri. — Li 1 Tesalonisyen 4:3-6.

4. Ki byenfè n jwenn lè n respekte lavi?

Moun ki respekte lavi, ki se yon kado Bondye bay, viv an sante paske yo rejte yon seri abitid tankou fimen ak lòt vis ki mete lavi moun an danje (2 Korentyen 7:1). Menm lavi yon tibebe nan vant gen anpil valè pou Bondye (Egzòd 21:22, 23). Donk, nou pa dwe fè espre nou touye yon timoun nan vant. Epitou, moun ki bay pwennvi Bondye gen sou lavi enpòtans pran prekosyon nan travay yo, lakay yo ak nan machin yo pou aksidan pa rive (Detewonòm 22:8). Anplis, yo pa pratike espò ki mete lavi yo an danje, paske lavi se yon kado Bondye bay. — Li Sòm 36:9.

5. Lè nou rekonèt san se yon bagay sakre, ki jan sa pwofitab pou nou?

San se yon bagay ki sakre paske Bondye di san reprezante lavi oswa nanm yon kreyati (Jenèz 9:3, 4). Lwa Bondye a, ki montre san gen menm valè ak lavi, pwofitab pou nou. Nan ki sans? Li fè l posib pou peche nou jwenn padon. — Li Levitik 17:11-13; Ebre 9:22.

Piske Jezi te pafè, san l te vrèman gen anpil valè. Jezi te prezante yon bagay ki reprezante lavi l bay Bondye, anpalan de san l (Ebre 9:12). San l ki te vèse a fè l posib pou n gen lavi ki pap janm fini an. — Li Matye 26:28; Jan 3:16.

Pou plis enfòmasyon, gade chapit 12 ak chapit 13 liv sa a, Ki sa Labib anseye toutbonvre? Se Temwen Jewova ki pibliye l.