Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan papa yo kapab vin pwòch ak pitit gason yo?

Ki jan papa yo kapab vin pwòch ak pitit gason yo?

“PAPI, ki jan w fè konn tout bagay sa yo?” Èske sa deja rive pou pitit gason w poze w yon kesyon konsa? Gen moman, siman w santi w fyè dèske w gen pitit. Men, si pitit ou koute konsèy ou ba li e l jwenn byenfè akoz sa, siman sa fè w pi kontan toujou. a— Pwovèb 23:15, 24.

Men, tank ane ap pase, èske pitit gason w toujou gen menm admirasyon an pou ou? Oswa èske w gen enpresyon plis l ap grandi se mwens ou gen enpòtans pou li? Ki jan w ka rete pwòch ak pitit gason w tank l ap grandi pou l vin granmoun? Pou kòmanse, ann wè kèk nan pwoblèm papa yo rankontre.

Twa pwoblèm pifò moun jwenn

1. PWOBLÈM TAN: Nan anpil peyi, se papa yo ki plis travay pou pran swen fanmi an. Byen souvan, yo oblije pase pifò jounen an deyò akoz travay yo. Gen kèk peyi kote papa yo pa pase anpil tan ak pitit yo. Pa egzanp, sa pa gen lontan, nan yon sondaj yo te fè an Frans, yo te remake se mwens pase 12 minit anviwon papa yo pase ak pitit yo nan yon jounen.

FÈ YON TI REFLECHI: Ki kantite tan ou pase ak pitit gason w? Pandan semèn k ap vini an oswa pandan de semèn k ap vini yo, ekri kantite tan ou pase ak pitit ou chak jou. Ou ka sezi wè rezilta a.

2. YO PA T JWENN BON EGZANP: Gen kèk gason ki pa t janm vrèman pase tan ak papa yo. Men sa Jean-Marie, yon mesye k ap viv an Frans, fè konnen: “Mwen pa t gen twòp relasyon ak papa m.” Ki efè sa genyen sou li? Li di: “Sa te lakòz yon seri pwoblèm mwen pa t menm imajine. Pa egzanp, li difisil pou m gen bonjan konvèsasyon ak pitit gason m yo.” Gen kèk lòt ka kote gason yo byen konn papa yo, men papa yo pa t konn demontre afeksyon pou yo. Men sa Philippe, ki gen 43 an, di “Li te difisil pou papa m demontre afeksyon pou mwen. Sa vin fè, mwen oblije fè anpil efò pou m demontre afeksyon pou pitit gason m.”

FÈ YON TI REFLECHI: Èske w santi fason papa w te trete w gen efè sou fason w aji ak pitit gason w? Èske w konn rann ou kont ou gen tandans suiv kèk nan move egzanp papa w? Ki jan?

3. YO PA JWENN BONJAN KONSÈY: Nan kèk kilti, yo pa bay wòl papa a enpòtans nan edikasyon timoun. Men sa Luca, ki te grandi nan yon peyi ann Ewòp delwès, di: “Kote m grandi a, moun yo panse edikasyon timoun se zafè fi.” Gen lòt kilti kote yo konsidere wòl papa yo se annik bay disiplin yon fason ki strik san anyen ankò. Ann pran egzanp, George ki te grandi nan yon peyi ann Afrik. Men sa l di: “Nan kilti pa m, papa yo pa jwe ak pitit yo paske yo panse si yo fè sa timoun yo pap respekte yo. Se sa k fè, li te toujou difisil pou m konsidere pitit gason m nan kòm yon zanmi.”

FÈ YON TI REFLECHI: Nan zòn kote w ap viv la, ki sa yo atann pou papa yo fè? Èske yo atann pou se manman yo ki leve timoun yo? Èske yo ankouraje papa yo demontre lanmou ak afeksyon pou pitit gason yo oswa èske yo santi se yon bagay ki pa nòmal?

Si w se yon papa k ap fè fas ak omwen youn nan pwoblèm sa yo, ki sa w ka fè? Ann egzamine konsèy ki vin apre yo.

Kòmanse pandan l piti

Sanble, tigason fèt ak anvi pou yo imite papa yo. Donk, pandan pitit gason w piti toujou, pwofite anvi sa a li genyen an pou w bati yon bon relasyon avè l. Ki jan w ka fè sa? E ki lè w ka jwenn tan pou w pase avè l?

Chak fwa sa posib, fè l patisipe avè w nan aktivite w gen pou w fè pou jounen an. Pa egzanp, si w ap fè yon travay, mande l ede w. Ba li yon ti bale oswa yon ti pèl. Pa gen dout, l ap kontan travay avèk moun li konsidere kòm yon ewo, kòm modèl li, anpalan de ou menm papa l! Se vre sa ka fè w pran plis tan pou w fini travay la, men sa ap ranfòse relasyon w ak pitit ou e w ap ba l bon abitid pou l travay. Sa gen lontan, Bib la te ankouraje papa yo pou yo fè pitit yo patisipe avèk yo nan aktivite y ap fè chak jou e pou yo pwofite okazyon sa yo pou yo pale avèk yo e pou yo anseye yo (Detewonòm 6:6-9). Konsèy sa a toujou valab jodi a.

Se pa sèlman travay pou w travay ak pitit gason w, men tou, pran tan pou w jwe avè l. Selon rechèch yo fè, lè yon papa jwe ak pitit li, se pa amize sèlman yo amize yo, men, sa bay lòt posiblite ankò tankou sa ede timoun yo vin gen kran pou yo pa pè fè yon seri bagay.

Lè yon papa jwe ak pitit gason l, sa gen yon efè ki pi enpòtan toujou. Men sa Michel Fize, k ap fè rechèch nan domèn nan, di: “Yon pitit gason pi byen kominike ak papa l lè yo jwe ansanm.” Pandan y ap jwe a, papa a ka demontre afeksyon pou pitit gason l ni nan pawòl ni nan jès. Lè l fè sa, li montre pitit la fason li menm tou li ka demontre afeksyon. Men sa André, yon papa k ap viv nan peyi Almay, di: “Lè tigason m nan te piti, nou te konn jwe ansanm souvan. Mwen te konn ba l akolad e mwen te aprann li fason pou l demontre lanmou pou mwen tou.”

Nan lè pou timoun yo dòmi se yon lòt okazyon papa yo gen genyen pou yo ranfòse bonjan relasyon ki baze sou lanmou yo genyen ak pitit gason yo. Li yon istwa pou li regilyèman epi koute l pandan l ap fè w konnen sa k te pase nan jounen an ki te fè l kontan oswa ki te ba l pwoblèm. Si w fè sa, l ap pi fasil pou pitit ou kontinye gen bon kominikasyon avè w toutpandan l ap grandi.

Kontinye fè efò pou n enterese nan menm bagay

Gen anpil ti gason lè yo vin adolesan ki sanble pa enterese lè papa yo eseye kominike avèk yo. Si w santi pitit gason w pa sou reponn kesyon w poze l, pa kouri panse se paske l pa vle pale avè w ditou. Petèt li ka pi dispoze pale avè w si w adapte fason w kominike avè l.

Jacques, yon papa k ap viv an Frans, fè konnen li difisil pafwa pou l kominike ak Jérôme, pitit gason l. Li pa fòse pitit la pale, olye de sa li adapte l. Li jwe foutbòl ak pitit la. Men sa Jacques di: “Lè nou fin jwe, nou konn chita sou gazon an pou n fè yon ti repoze. Byen souvan, nan moman sa yo, pitit gason m nan konn ouvri kè l ban mwen. Mwen panse lefètke nan moman sa yo nou te ansanm e l te konnen mwen disponib pou li sèlman, sa te fè nou vin gen yon relasyon espesyal.”

E si pitit gason w pa renmen fè spò? André sonje li te konn pase plizyè èdtan ap gade zetwal yo ak pitit gason l lan. Men sa l di: “Nan nuit, lè l fè frèt, nou te konn mete chèz deyò a, nou mete bagay sou nou pou fredi a ak yon tas te nan men nou pou n gade syèl la. Nou te konn pale sou Sila a ki kreye zetwal yo. Nou te konn pale ti koze pèsonèl nou. Nou te konn pale sou prèske tout bagay.” — Ezayi 40:25, 26.

Bon e si w pa enterese nan menm bagay ak pitit gason w? Nan ka sa a, ou ka oblije pase sou preferans pèsonèl ou (Filipyen 2:4). Men sa Ian, k ap viv ann Afrik disid, di: “Mwen te pi enterese nan spò pase Vaughan, pitit gason m nan. Li menm li te renmen avyon ak òdinatè. Donk, m te vin enterese nan bagay sa yo tou. Mwen te konn mennen l al gade cho y ap bay ak avyon, e nou te konn jwe jwèt videyo kote n ap dirije avyon. Mwen santi li te vin pi fasil pou Vaughan pale avè m paske nou te konn pase bèl moman sa yo ansanm.”

Ede pitit gason w gen konfyans nan tèt li

“Gade papi, gade!” Lè pitit gason w te piti, èske li te konn di w sa lè l fèk aprann fè yon bagay? Si l adolesan kounye a, èske l toujou alèz pou l chèche konnen sa w panse? Petèt li pa fè sa ankò. Men, li vrèman bezwen sa pou l kapab yon moun ki ekilibre lè l vin pi gran.

Remake egzanp Jewova li menm li bay nan fason l te boule ak youn nan pitit li yo. Lè Jezi t apral kòmanse yon etap enpòtan nan lavi l sou tè a, Bondye te fè l konnen devan moun tout afeksyon li gen pou li. Li te di: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a.” ​(Matye 3:17; 5:48). Se vre, ou dwe disipline epi anseye pitit gason w (Efezyen 6:4). Men, èske w chèche okazyon tou pou w montre l ou apresye bon bagay li di ak bon bagay li fè?

Gen kèk gason ki twouve l difisil pou yo montre apresyasyon yo oswa afeksyon yo. Petèt yo te grandi nan yon fanmi kote yo plis mete aksan sou sa timoun yo fè ki pa bon olye yo felisite yo pou sa yo fè ki bon. Si se ka pa w, w ap bezwen fè efò pou w ede pitit ou vin gen konfyans nan tèt li. Ki jan w ka fè sa? Luca, nou te pale de li pi wo a, fè travay nan kay regilyèman ak Manuel, pitit gason l ki gen 15 an. Men sa Luca di: “Pafwa, mwen di Manuel pou l kòmanse fè yon travay e m ap vin jwenn li si l bezwen èd mwen. Pifò fwa, li rive fè travay la poukont li. Sa fè l jwenn satisfaksyon e sa ede l gen konfyans nan tèt li. Lè konsa, mwen felisite l. E si l pa rive fè sa l te vle fè a, mwen fè l konnen mwen apresye efò l fè.”

Epitou, ou kapab ede pitit gason w vin gen konfyans nan tèt li lè w ede l atenn pi gwo objektif nan lavi a. Men e si pitit gason w lan pa atenn objektif yo vit jan w ta vle a? Oswa si objektif li genyen yo pa menm ak sa w t ap chwazi pou li, byenke yo pa gen anyen mal? Nan ka sa a, ou ka bezwen chanje sa w atann de li. Men sa Jacques, nou te pale de li pi wo a, di: “Mwen eseye ede pitit gason m nan fikse objektif li kapab reyalize. Men tou, mwen fè efò pou m asire m se objektif pa l yo ye, se pa objektif pa m. Epi, mwen eseye sonje l ap reyalize objektif yo nan vitès pa l.” Si w koute opinyon pitit gason w, si w felisite l pou bon bagay li fè e w ankouraje l pou l amelyore kote l gen feblès, w ap ede l reyalize objektif li yo.

Nòmalman, relasyon w ak pitit gason w ap gen difikilte pa l. Men, pi devan, gen plis posiblite pou pitit gason w rete pwòch avèk ou. Kiyès ki pa ta renmen rete pwòch yon moun k ap ede yo reyisi?

[Nòt]

a Byenke atik sa a pale sou relasyon espesyal ant papa ak pitit gason yo, prensip li bay yo kapab itil tou pou relasyon ant papa ak pitit fi yo.