Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Pa apiye sou pwòp entèlijans ou”

“Pa apiye sou pwòp entèlijans ou”

“Pa apiye sou pwòp entèlijans ou”

“Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pa apiye sou pwòp entèlijans ou.” — PWO. 3:5, NW.

1, 2. a) Ki pwoblèm nou kapab jwenn? b) Sou kiyès nou dwe apiye lè n ap soufri, lè n gen desizyon pou n pran oswa lè n ap goumen pou nou pa tonbe nan tantasyon, e poukisa?

PATWON Sintya * a deja revoke plizyè moun nan konpayi l la paske l vle redui kantite anplwaye l yo. Sintya santi tou pa l dèyè. Ki sa l ap fè si l pèdi travay li? Kote l ap jwenn lajan pou l viv? Gen yon sè ki rele Pamela ki ta renmen sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè, men, èske l ta dwe fè sa? Samyèl, yon jèn gason ki nan ventèn li kounye a, gen yon lòt pwoblèm li menm. Li te gen abitid gade pònografi lè l te pi jèn e kounye a li santi li anvi fè sa ankò. Ki jan l ap fè goumen pou l pa retonbe nan tantasyon sa a?

2 Sou kiyès ou apiye lè w ap soufri, lè w gen gwo desizyon pou w pran oswa lè w ap goumen pou w pa tonbe nan tantasyon? Èske se sou tèt ou sèlman ou apiye oubyen w “lage fado w yo sou Jewova”? (Sòm 55:22, NW.) Bib la di: “Senyè a ap veye moun ki mache dwat devan l yo. L’ap koute yo lè y’ap rele nan pye l.” ​(Sòm 34:15). Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou mete konfyans nou nan Jewova ak tout kè nou e pou nou pa apiye sou pwòp entèlijans nou! — Pwo. 3:5.

3. a) Ki jan yon moun ap montre li gen konfyans nan Jewova? b) Poukisa kèk moun ka gen tandans konte sou pwòp entèlijans yo?

3 Lè yon moun mete konfyans li nan Jewova ak tout kè l, nonsèlman l ap fè sa Jewova mande l, men tou, l ap fè sa jan Jewova mande a. Yon bagay ki enpòtan k ap ede nou fè sa, se lè nou kontinye priye Jewova ak tout kè nou pou nou mande l direksyon. Sepandan, anpil moun twouve sa vrèman difisil pou yo apiye nèt sou Jewova. Pa egzanp, gen yon sè ki rele Lynn ki di: “Pou m fè Jewova konfyans nèt, mwen oblije kontinye goumen ak tèt mwen.” Poukisa l di sa? Men sa l te di: “Mwen pa t janm konn papa m e manman m pa t janm ban m ni afeksyon ni sa m bezwen. Depi byen bonè nan lavi m, se mwen ki te konn veye sou tèt mwen.” Fason Lynn te grandi a te fè l difisil anpil pou l fè kèlkeswa moun nan konfyans nèt. Lè yon moun gen anpil kapasite e li reyisi nan lavi a, sa kapab fè l twò kwè nan tèt li. Pa egzanp, yon ansyen ki gen anpil eksperyans kapab vin twò kwè nan tèt li, sa ki ka fè l pa priye Jewova pou Jewova ede l jere pwoblèm ki gen nan kongregasyon an.

4. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

4 Jewova vle pou nou fè tout sa n kapab pou nou aji ann amoni ak priyè nou yo e pou nou fè volonte l. Si se konsa, ki lè pou nou lage pwoblèm nou yo sou Jewova e ki lè se nou menm ki dwe fè tout sa n kapab pou n rezoud yo? Ki prekosyon nou dwe pran lè nou gen desizyon pou n pran? Poukisa li enpòtan pou nou priye lè n ap goumen pou nou pa tonbe nan tantasyon? Ann pran egzanp kèk moun nan Bib la pou nou ka reponn kesyon sa yo.

Lè n ap soufri

5, 6. Ki jan Izkiya te reyaji lè wa asiryen an te voye moun al pwovoke l?

5 Men sa Bib la di konsènan Izkiya, yon wa nan peyi Jida: “Li te kenbe Bondye li fèm, li pat janm dezobeyi l. Li te fè tou sa Senyè a te mande dapre lòd Senyè a te bay Moyiz.” Jan vèsè a montre sa, li “te mete tout konfyans li nan Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la”. (2 Wa 18:5, 6.) Ki jan Izkiya te reyaji lè wa Senakerib, yon ansyen wa nan peyi Asiri, te voye Rabchake ak de lòt reprezantan l ansanm ak yon gwo fòs militè nan vil Jerizalèm? Lame Asiryen an te yon gwo lame ki te deja pran yon bann vil nan Jida ki te byen pwoteje, e kounye a, Senakerib bezwen pran Jerizalèm. Se sa k fè Izkiya te antre nan tanp Jewova a e li te kòmanse priye. Men sa l te di: “Senyè, Bondye nou an, tanpri, delivre nou anba men Senakerib, pou tout nasyon ki sou latè ka konnen se ou menm sèl, Senyè, ki Bondye.” — 2 Wa 19:14-19.

6 Izkiya te aji ann amoni ak priyè l te fè a. Anvan menm li te antre nan tanp lan pou l priye, li te bay pèp la lòd pou yo pa reponn pwovokasyon Rabchake yo. Anplis, Izkiya te voye yon delegasyon al mande pwofèt Izayi konsèy (2 Wa 18:36; 19:1, 2). Izkiya te fè sa l te dwe fè. Nan okazyon sa a, li pa t eseye chèche èd nan men Ejip ak lòt nasyon yo, sa ki pa t ap ann amoni ak volonte Jewova. Okontrè, li te mete konfyans li nan Jewova olye l te apiye sou pwòp entèlijans li. Apre zanj Jewova a te fin touye 185 000 sòlda asiryen, Senakerib “pati”, li retounen Niniv. — 2 Wa 19:35, 36.

7. Ki rekonfò nou kapab jwenn nan priyè Ana a ak priyè Yona a?

7 Ana, madanm yon Levit ki te rele Èlkana, t ap soufri poutèt li pa t kapab fè timoun. Li menm tou li te apiye sou Jewova (1 Sam. 1:9-11, 18). Jewova te delivre pwofèt Yona anndan vant yon gwo pwason apre Yona te fin priye l. Men sa Yona te di: “Nan mizè mwen te ye a, Senyè, mwen te rele nan pye ou, ou te reponn mwen. Byen fon nan peyi kote mò yo ye a, mwen te mande ou sekou, ou te tande vwa mwen.” ​(Jo. (Yona) 2:1, 2, 10). Èske sa pa rekonfòte nou dèske nou konnen nou kapab priye Jewova pou nou ‘mande l fè n favè’ ​(NW) menmsi nou ta nan yon sitiyasyon ki rèd anpil? — Li Sòm 55:1, 16.

8, 9. Nan priyè Izkiya, Ana ak Yona te fè yo, ki sa yo montre ki te pi enpòtan pou yo, e ki sa sa aprann nou?

8 Izkiya, Ana ak Yona aprann nou yon bagay ki enpòtan anpil nou pa ta dwe janm bliye lè n ap mande Bondye èd lè nou nan sitiyasyon difisil. Toule twa moun sa yo t ap soufri akoz yo t ap viv sitiyasyon ki te difisil anpil. Sepandan, priyè yo te fè te montre yo pa t wè tèt yo sèlman e se pa t annik soti yo te vle soti nan pwoblèm yo te ye a. Sa k te pi enpòtan pou yo se non Bondye, adorasyon yo t ap ba li a epi fè sa li te mande yo fè. Sa te fè Izkiya mal lè l te wè jan moun t ap dezonore non Jewova. Ana te pwomèt Jewova l ap ba l pitit gason li te tèlman anvi genyen an pou l sèvi l nan tabènak Chilo a. Yona te di Jewova: “M’a kenbe angajman mwen te pran an.” — Jo. 2:9.

9 Lè n ap priye Jewova pou l fè nou soti nan sitiyasyon ki difisil anpil, li bon pou nou egzamine rezon ki fè nou mande Jewova retire nou nan sitiyasyon sa a. Èske se annik soti nou bezwen soti nan pwoblèm nan oswa èske se Jewova ak objektif li ki pi enpòtan pou nou? Lè n ap soufri, li fasil pou bagay espirityèl yo vin gen mwens enpòtans pou nou afòs n ap reflechi sou sa k ap fè nou soufri a. Lè n ap priye Jewova pou nou mande l èd, nou dwe kenbe sangtifikasyon non l ak jistifikasyon souvrènte l nan lespri nou. Si nou sonje bagay sa yo, sa ap ede nou kontinye rete pozitif menmsi nou pa jwenn sa n t ap tann nan. Petèt fason Jewova reponn nou se ede li ede nou andire sitiyasyon nou ladan l lan. — Li Ezayi (Izayi) 40:29; Filipyen 4:13.

Lè nou gen desizyon pou n pran

10, 11. Ki sa Yewochafat te fè lè li t ap fè fas ak yon sitiyasyon kote li pa t konn sa pou l fè?

10 Ki sa w fè lè w gen gwo desizyon pou w pran? Èske w fin pran desizyon an epi apre sa ou priye Jewova pou l beni desizyon ou pran an? Ann wè ki sa Yewochafat, yon wa peyi Jida, te fè lè lame Mowabit yo ak lame Amonit yo te met ansanm pou yo fè lagè avèk li. Jida pa t kapab goumen avèk yo. Donk, ki sa wa a t apral fè?

11 Bib la fè konnen: “Yon sèl laperèz pran Jozafa [Yewochafat]. Li pran desizyon mande Senyè a sa pou l fè.” Li te mande tout moun nan peyi Jida pou yo fè jèn e li te fè tout pèp la “vin lapriyè nan pye Senyè a”. Annapre, li rete kanpe nan mitan moun peyi Jida yo ak moun Jerizalèm yo pou l priye. Men kèk bagay li te di nan priyè l la: “Ou se Bondye nou. Se ou menm ki pou pini yo paske nou pa gen fòs pou n kanpe devan tout gwo lame sa a k’ap vin atake nou an. Nou pa konn sa pou nou fè! N’ap tann sa ou pral fè pou nou.” Vrè Dye a te tande priyè Yewochafat te fè a, e l te fè yon mirak pou l delivre pèp la (2 Kwo. 20:3-12, 17). Lè nou gen desizyon pou n pran, sitou desizyon ki kapab gen enpak sou relasyon nou ak Bondye, èske nou pa ta dwe konte sou Jewova olye nou apiye sou pwòp entèlijans nou?

12, 13. Nan kesyon pran desizyon an, ki egzanp wa David te bay?

12 Ki sa nou ta dwe fè lè n ap fè fas ak sitiyasyon ki kapab parèt fasil pou nou rezoud, petèt paske eksperyans nou pèmèt nou wè yon fason pou nou rezoud pwoblèm nan byen rapid? Gen yon bagay ki te rive wa David k ap ede nou wè ki sa pou n fè nan ka sa yo. Lè Amalekit yo te anvayi vil Tsiklag, yo te ale avèk madanm David yo, pitit li yo ansanm ak madanm ak pitit mesye ki te avèk David yo. David te priye Jewova e l te mande l: “Eske se pou m ale dèyè bann moun sa yo?” Jewova di l: “Ou mèt ale dèyè yo. W’a rapousib yo, epi w’a sove moun yo fè prizonye yo.” David te fè sa Jewova te di l fè a e “David [te] sove dènye sa moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a” san wete moun yo. — 1 Sam. 30:7-9, 18-20.

13 Yon ti tan apre Amalekit yo te anvayi Izrayèl, Filisten yo te leve kont pèp Izrayèl la. Yon lòt fwa ankò, David te mande Jewova sa pou l fè e Jewova te ba l yon repons ki te byen klè: “Wi, atake yo. M’ap lage yo nan men ou.” ​(2 Sam. 5:18, 19). Filisten yo pa t pran anpil tan pou yo atake David yon lòt fwa ankò. Ki sa David t apral fè fwa sa a? Èske l t ap di tèt li: ‘Mwen te viv sitiyasyon sa a de fwa deja, ban m monte al atake ènmi Bondye yo menm jan m te deja fè sa?’ Oubyen, èske David t apral chèche direksyon nan men Jewova? David pa t konte sou eksperyans li te fè. Yon lòt fwa ankò, li te priye Jewova. Erezman l te fè sa! paske fwa sa a, Jewova te ba l lòt enstriksyon (2 Sam. 5:22, 23). Lè nou devan yon sitiyasyon nou te deja viv oswa nou devan yon pwoblèm nou te deja rankontre, nou dwe fè atansyon pou nou pa konte sèlman sou eksperyans nou te fè. — Li Jeremi 10:23.

14. Ki sa nou kapab aprann nan fason Jozye ak ansyen yo nan mitan pèp Izrayèl la te trete Gibeyonit yo?

14 Etandone nou tout nou enpafè, menm ansyen ki gen eksperyans yo bezwen veye pou yo pa rive nan yon sitiyasyon kote yo sispann chèche direksyon nan men Jewova lè yo gen desizyon pou yo pran. Annou wè ki sa Jozye, moun ki te ranplase Moyiz la, ansanm ak ansyen nan mitan pèp Izrayèl yo te fè lè Gibeyonit yo, ki te entèlijan, te pran pòz yo soti nan yon peyi ki byen lwen pou yo te kapab twonpe Jozye ak pèp la. Jozye ak lòt mesye yo te fè yon alyans ak Gibeyonit yo e yo te fè lapè avèk yo san yo pa t menm mande Jewova anyen. Menm lè Jewova te vin aksepte alyans yo te fè ak Gibeyonit yo annapre, li te fè mete istwa sa a nan Bib la yon fason pou nou konnen Jozye ak ansyen yo nan mitan pèp Izrayèl la pa t chèche direksyon nan men l. Nou dwe toujou mande Jewova direksyon anvan nou pran yon desizyon. — Joz. 9:3-6, 14, 15.

Lè n ap goumen pou nou pa tonbe nan tantasyon

15. Esplike poukisa li enpòtan pou yon moun priye pou l pa tonbe nan tantasyon.

15 Piske “lalwa peche” a nan kò nou, nou bezwen goumen anpil kont tandans nou genyen pou nou peche (Wom. 7:21-25). Sepandan, nou kapab genyen batay sa a. Ki jan? Jezi te di disip li yo li enpòtan pou yo priye pou yo ka reziste anba tantasyon. (Li Lik 22:40.) Apre nou fin priye Bondye pou l ede nou anba yon tantasyon, si nou kontinye gen move dezi ak move panse, n ap bezwen “kontinye mande Bondye” sajès pou nou ka goumen ak tantasyon sa a. Bib la ban nou asirans Bondye “donan ak tout moun, e li pa fè repwòch”. (Jak 1:5.) Disip Jak te di tou: “Èske gen yon moun pami nou ki malad [espirityèlman]? Se pou l rele ansyen yo nan kongregasyon an vin kote l, e se pou yo priye pou li, pou yo pase luil sou li nan non Jewova. E lapriyè yo fè ak lafwa ap fè moun ki malad la refè.” — Jak 5:14, 15.

16, 17. Lè n ap chèche èd pou nou pa tonbe nan tantasyon, ki lè li pi bon pou nou priye?

16 Pou nou pa tonbe nan tantasyon, li enpòtan pou nou priye. Men, nou bezwen konnen ki lè li pi bon pou nou priye. Ann pran egzanp yon jennonm yo pale de li nan Pwovèb 7:6-23. Anvan l fin fènwa nèt, jennonm nan al mache nan yon riyèl kote tout moun konnen gen yon pwostitye k ap viv la. Fi a konvenk misye, ti pawòl dous li t ap di misye yo pran tèt li e li pran suiv fi a tankou towo bèf y ap mennen labatwa. Ki sa misye t al chèche nan riyèl sa a? Labib di li te “manke bonsans”. Petèt tou, li t ap goumen ak move dezi (Pwo. 7:7, NW). Ki lè li t ap pi bon pou jennonm nan priye? Se vre li te kapab priye nenpòt ki lè apre l fin rankontre fi a pou l pa tonbe nan tantasyon. Men, li t ap pi bon si l te priye lè l te fèk gen lide al mache nan riyèl kote fi a rete a.

17 Jodi a, yon gason gendwa ap fè tout sa l kapab pou l pa tonbe nan gade pònografi. Sepandan, si l al vizite sit Entènèt kote li konnen l ap jwenn vye imaj ak videyo, èske li pa t ap sanble ak jennonm ki nan Pwovèb chapit 7 la? Se pa ti risk yon moun pran lè l kòmanse pran direksyon sa a! Si yon moun ta anvi gade pònografi sou Entènèt, li bezwen priye Jewova anvan pou l pa tonbe nan tantasyon sa a.

18, 19. a) Poukisa li kapab difisil pou nou reziste anba tantasyon, e ki jan nou kapab leve defi sa a? b) Ki detèminasyon w pran?

18 Li pa fasil pou nou reziste anba tantasyon oswa pou nou kite move abitid nou genyen. Men sa apot Pòl te ekri: “Lachè, nan dezi li genyen, kont lespri, e lespri kont lachè.” Se sa k fè, “menm sa nou ta vle fè, nou pa fè yo”. (Gal. 5:17.) Pou n leve defi sa a, se lè move panse yo oswa tantasyon yo fèk antre nan lespri nou nou bezwen priye Jewova ak tout kè nou epi aji ann amoni ak priyè nou fè yo. “Pa gen okenn tantasyon nou jwenn lòt moun pa konn jwenn.” Men, avèk èd Jewova, nou kapab kenbe fidelite nou. — 1 Kor. 10:13.

19 Kit n ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil, kit nou gen gwo desizyon pou n pran oswa n ap goumen pou n pa tonbe nan tantasyon, nou kapab toujou priye Jewova. Lapriyè se yon gwo kado ki gen anpil valè Jewova ban nou. Lè nou priye Jewova, nou montre l nou apiye sou li. Nou ta dwe kontinye mande Bondye lespri sen k ap gide nou e k ap ban nou fòs (Lik 11:9-13). Kidonk, annou met konfyans nou nan Jewova e annou pa apiye sou pwòp entèlijans nou.

[Nòt anba paj]

^ § 1 Yo chanje non moun yo.

Èske nou sonje?

• Nan kesyon mete konfyans nou nan Jewova a, ki sa nou aprann nan men Izkiya, Ana ak Yona?

• Ki jan David ak Jozye montre li enpòtan pou nou fè atansyon lè nou gen desizyon pou n pran?

• Ki lè li pi bon pou nou priye pou nou pa tonbe nan tantasyon?

[Kesyon]

[Foto nan paj 9]

Ki lè li pi bon pou nou priye pou n pa tonbe nan tantasyon?